2010–2019
Pa dekrè diven
Oktòb 2017


Pa dekrè diven

Men Senyè a ap gide nou. Pa “dekrè diven”, men li nan tout ti detay nan lavi nou osi byen ke nan gwo bagay n ap antreprann.

Frè ak sè m yo, pandan m kanpe la a nan konferans jeneral mondyal enspiran sa a, e m santi fòs nou ak lespri nou an, m paka anpeche tèt mwen panse ak pawòl Apot pyè yo: “[Senyè], sa bon pou nou la a.”1

Se pa egzakteman sa Alma te di apre l te fin preche pèp nan Amoniya a. Alma te kite vil la akoz mechanste pèp la. Byento, yon zanj te parèt devan Alma epi l te mande l pou l te “tounen nan vil Amoniya a, pou l preche pèp ki nan vil la ankò.”2

Alma te fè sa“rapidman,” li te antre nan “vil la pa yon lòt chemen.”3

“Pandan l tap antre nan vil la, li te grangou, epi l te di yon nonm: èske w ka bay yon enb sèvitè Bondye yon ti bagay pou l manje?

“Epi nonm nan te di l: “M se yon Nefit, e m konnen ou se yon sen pwofèt Bondye, paske w se yon moun zanj la te di m nan yon vizyon: pou m resevwa.”4

Mesye sa a sete Amilèk.

Èske se pa aza Alma te te tonbe sou Amilèt? Non, se pat yon koensidans ki fè l te antre nan nan vil la pa wout ki pou te mennen l rankontre nonm fidèl sa a, ki te gen pou l te vin tounen konpayon misyonè li.

Èldè Neal A. Maxwell te eksplike yon fwa: “Nou yonn pa janm konplètman itilize moun ki prezante devan nou andedan sèk zanmi nou yo kòm opòtinite. Oumenm avèk mwen gen dwa rele rankont sa yo ‘koensidans.’ Sa konpreyansib ke moun mòtèl itilize mo sa a, men koensidans se pa yon mo apwopriye pou nou dekri sa yon Bondye omnisyan fè. Li pa fè anyen pa ‘koensidans’ men selon yon ‘plan diven.’”5

Nou ka wè yon kalite entèvansyon divin konsa lè Nefi te retounen al chèche plak yo nan men Laban. “Lespri a te dirije l, san l pat konnen anvan kisa [l ta] dwe fè.”6 Byento, li te retwouve l devan Laban, ki te sou jiskaske l te gaga epi Nefi te touye li, li te pran plak yo, epi l te kouri al jwenn frè l yo. Èske sete chans li te genyen pou l te jis tonbe sou Laban? Oubyen èske se pa “dekrè diven”?

Evènman siyifikan ap dewoule nan levanjil la ak nan Legliz la, ki kontribye nan fè wayòm Bondye a avanse sou tè a. Yo pa rive pa aksidan, men, selon plan Bondye. Limenm ki te fè mond sa a, Li ka kalme lanmè a ak pawòl Li, epi L pouse Alma ak Amilèk, Nefi ak Laban pou yo presizeman nan kote yo dwe ye nan moman ekzat la.

Se konsa tou, evènman ak asosyasyon dewoule nan lavi nou chak, pou fè travay Bondye a avanse sou tè a.

Èldè Joseph B. Wirthlin te pale konsènan yon okazyon kote Prezidan Thomas S. Monson te di l konsa: “Gen yon men k ap dirije tout bagay. Souvan lè bagay yo rive, se pa pa aksidan. Yon jou, lè nou gade dèyè pou n wè bagay ki te parèt koensidans nan lavi nou yo, n ap reyalize ke petèt yo pat koensidans apretou.”7

Pi souvan, se sèlman kèk grenn moun ki konnen bon zèv nou yo. Sepandan, yo ekri nan syèl la. Yon jou, nou pral kanpe kòm temwen devouman total nou nan travay lajistis la. Onkenn eprèv oswa kalamite paka kontrekare plan bonè Bondye a. Anfèt, pa “dekrè diven,” “lajwa vini lè maten.”8 “Jezi te anseye : “Mwen vin nan mond la pou m fè volonte [Papa] a,”9. Chè frè ak sè m yo, ni noumenm tou.

Atravè eksperyans mwen fè nan lavi mwen, m konnen Senyè a ap deplase nou tankou yon pyon sou jwèt echèk sa a pou n fè travay Li. Yon bagay ki petèt ka parèy yon aza pou nou se, anfèt, yon bagay ki fè sou sipèvizyon yon Papa eman ki nan syèl la, ki ka konte chak gren cheve ki nan tèt chak moun.10 Pa gen yon ti zwazo k ap tonbe atè san Papa a pa wè.11 Senyè a nan tout ti detay ki nan lavi nou, epi objektif ensidan ak opòtinite sa yo se pou prepare nou pou n edifye fanmi nou ak lòt moun pandan n ap patisipe nan etablisman wayòm Bondye a sou tè a. Sonje, jan Senyè a te di Abraram nan, “M konnen lafen depi nan kòmansman; se poutèt sa, men mwen pral sou ou.”12

Senyè a te mete m nan yon fwaye avèk paran eman. Selon kritè mond lan, yo sete moun ki trè òdinè; papa m, yon mesye devwe, sete yon chofè kamyon; manman m sete yon moun anjelik ki te rete lakay pou elve nou. Senyè a te ede m jwenn bèl madanm mwen, Melanie; Li te enspire yon biznismen, ki te vin tounen yon bon zanmi, pou l te ban m yon travay. Senyè a te aple m pou m te sèvi nan chan misyon an, pandan m te jèn gason epi kòm prezidan misyon; Li te aple m nan Kolèj Swasanndis la, epi kounyeya Li aple m kòm yon Apot. Lè m gade dèyè, m reyalize ke se pa t mwen k te derape okenn nan mouvman sa yo; se Senyè a ki te fè sa, menmjan L ap òkestre mouvman enpòtan pou nou menm ak moun nou renmen yo.

Kisa w ta dwe chèche nan lavi pa w? Ki mirak Bondye ki raple w ke l toupre ou, epi l ap di w: “Mwen la”? Panse sou moman sa yo, genyen ki fèt chak jou, kote Senyè a te aji nan lavi w—epi aji ankò. Ancheri moman sa yo kòm moman kote Senyè a te montre w li gen konfyans nan ou ak nan chwa w yo. Men, kite l fè plis pou ou pase sa w ka fè pou tèt pa w. Apresye patisipasyon li. Pafwa nou konsidere chanjman nan plan nou yo kòm fopa nan vwayaj nou an. Gade yo pito kòm premye etap pou nou “nan travay Senyè a.”14

Sa gen kèk mwa, pitit pitit fi nou t al vizite plizyè sit istorik Legliz la avèk yon gwoup jèn. Itinerè final la te di ke l t ap gen pou l pase nan zòn kote frè l la, pitit pitit gason mwen, t ap sèvi misyon an. Pitit pitit fi m nan pa t gen okenn entansyon pou l t al wè frè l la nan misyon an. Men, pandan otobis la te antre nan vil kote frè l la t ap sèvi a, li te wè de misyonè ki tap mache nan lari a. Yonn nan misyonè yo sete frè l la.

Te gen anpil eksitasyon nan otobis la pandan jèn yo t ap mande chofè a pou l te kanpe machin nan pou l te ka salye frè l la. Nan mwens ke yon minit, apre dlo nan je ak bon ti pawòl, frè l la te retounen al ranpli devwa misyon li. Nan apre, nou te aprann ke frè l la pa t menm te gen senk minit depi l te sou wout la, pou l te mache al nan machin ni apre yon randevou.

Imaj
Pitit pitit Èldè Rasband yo rankontre

Papa nou ki nan syèl la ka mete nou nan kèk sitiyasyon avèk yon entansyon byen presi. Li fè sa nan lavi m, epi l ap fè l nan lavi pa w tou, jan L te fè nan lavi pitit pitit mwen yo.

Nou chak presye pou Senyè a, ki renmen nou, ki sousye pou nou, ki chichote nan zòrèy nou, e k ap veye sou nou nan fason patikilye a nou chak. Li enfiniman saj epi L gen plis pouvwa pase lòm ak fi ki mòtèl. Li konn difikilte nou, viktwa nou, ak bon dezi kè nou.

Sa gen plis pase ennan, pandan m tap mache nan Temple Square, yonn nan sè misyonè yo te pwoche kote m epi l te mande “Éske w sonje m? Mwen soti nan Florid.” Li te di m non li, Sè Aida Chilan. Wi, m te sonje m te rakontre l ansanm avèk fanmi li. Prezidan pieu l la te sijere pou nou t al vizite fanmi Chilan. Sanble nou te la pou pitit fi yo a, Aida, ki pat ko batize. Apre vizit nou an, ak lis pase yon ane ansèyman ak ankourajman, Aida te batize.

Imaj
Èldè Rasband avèk Aida Chilan ak konpay li

Apre nou te fin pale nan Temple Square la, Aida te ekri m yon lèt. Li te di: “M konnen avèk tout kè m ke Pè Selès la konnen nou chak, epi L kontinye fè nou youn ap kwaze lòt pou yon rezon. Mèsi dèske w sete yonn nan misyonè ki te anseye m yo, mèsi dèske w te lonje lamen pou w te jwenn mwen sa gen senkan.”14 Aida te voye istwa konvèsyon l ban mwen tou, li te rakonte m “koensidans divin” ki te fèt nan lavi li, ki te vin abouti nan batèm ni ak konfimasyon li, nan sèvi yon misyon nan Temple Square, ak maryaj li resamman nan tanp.15

Èske sete yon senp koensidans ki te fè prezidan pieu a te voye nou lakay fanmi Chilan an oubyen k te fè limenm avèk mwen te rakontre nan Temple Square nan apre a? Temwayaj Aida sèke tout sa te fè pati “plan diven” Bondye a.

Senyè a renmen rete avèk nou. Se pa yon koensidans ki fè lè w santi lespri Li epi w suiv premye enpresyon w yo, ou santi prezans Li jan L te pwomèt la: “M pral devan ou. M pral sou kote dwat ak sou kote goch ou, epi Lespri m pral nan kè ou, epi zanj mwen yo ap antoure ou, pou pote ou anlè.”16

Nou tout konn gen bagay konsa ki konn rive nan lavi nou. Nou ka rankontre yon moun ke nou gen enpresyon nou te konnen deja, oubyen nou jwenn pwen komen avèk yon etranje. Lè sa rive, petèt, Senyè a vle fè nou sonje ke nou tout se “vrèman frè ak sè.” Nou reyèlman angaje nan menm koz la; nan sa Joseph Smith rele “koz Kris la.”17

Kounyeya, ki kote libabit nou chita nan yon “plan diven”? Nou gen chwa pou nou suiv oubyen pou nou pa suiv Sovè nou an ak dirijan L chwazi yo. Chema a klè nan Liv Mòmon an lè Nefit yo te vire do bay Senyè a. Mòmon te lamante:

“Epi yo te wè … Lespri Senyè a pat prezève yo ankò; wi, li te sòti nan pami yo, paske Lespri Senyè a pa rete nan tanp ki pa sen—

“Se poutèt sa, Senyè a te sispann prezève yo avèk pouvwa mirak san parèy li a, paske yo te tonbe nan yon eta enkredilite ak mechanste terib.”18

Se pa tout bagay Senyè a mande nou ki se rezilta fòs nou genyen, fason nou fidèl, oubyen sa nou konnen. Sonje Sayil, ke Senyè a te stope sou wout Damas la. Li t apral nan move direksyon nan lavi li; epi sa pat gen onkenn rapò avèk nò oubyen sid. Sòl te redirije divinman. Lè yo te vin rekonèt li kòm Pòl nan apre, ministè apostolik li te reflete sa Senyè a te deja konnen li te kapab fè, sa l te ka vin tounen an, non pa sa l te met deyò pou l t al fè antanke Sayil la. Nan menm fason sa a, Senyè a konnen sa nou chak ka fè ak sa nou ka vin tounen. Kisa Apot Pòl te anseye? “Epi nou konnen tout bagay travay ansanm pou byen moun ki renmen Bondye, pou moun li aple selon objektif pa Li.”19

Lè nou jis, nou byen dispoze epi nou kapab, lè nap fè efò pou n rete diy ak kalifye, nou pwogrese al nan nivo nou pat janm imajine epi nou vin fè pati “plan diven” Pè Selès la. Nou chak gen divinite l nan nou. Lè nou wè Bondye ap travay atravè nou, epi avèk nou, se pou sa ankouraje nou, pou nou menm rekonesan pou direksyon sa a. Lè Pè Selès la di: “Sa se travay mwen ak laglwa mwen—pou m reyalize imòtalite ak lavi etènèl lèzòm nan,”20 Li t ap pale pou tout pitit Li—oumenm an patikilye.

Men Senyè a ap gide ou. Pa “dekrè diven” Li nan tout ti detay nan lavi w osibyen ke nan gwo akonplisman yo. Jan yo di nan Pwovèb la, “Mete konfyans nan Senyè a ak tout kè ou … epi L ap dirije wout ou.”21 Mwen temwaye ke Lap beni ou, soutni ou, epi Lap ba ou lapè. Nan non Jezikri, amèn.