2010–2019
Èske nou fè l konfyans? Difikilte se bon bagay
Oktòb 2017


Èske nou kwè nan Li? Difikilte se bon bagay

Kèlkeswa sitiyasyon an, difikilte se ka yon bon bagay pou moun k ap avanse ak lafwa yo e ki mete konfyans yo nan Senyè a ak nan plan l lan.

Anvan m kòmanse, kòm yon moun ki reprezante nou tout ki te touche nan katastwòf siklòn ak tranblemandtè k sot pase yo, m ap eksprime rekonesans pwofon mwen pou tout Men Edan yo ak dirijan yo, ki te ba nou espwa ak èd yo.

An Oktòb 2006, m te bay premye diskou konferans jeneral mwen. M te santi ke yon mesaj ki enpòtan pou Legliz la nan tout mond lan ta dwe gen ladan afimasyon ke: “Senyè a fè nou konfyans!”

Li reyèlman fè nou konfyans nan plizyè fason. Li ba nou levanjil Jezikri a, epi nan dispansasyon sa a, li banou plenitid li. Li konfye nou otorite prètriz la ansanm ak kle pou n byen itilize li. Avèk pouvwa sa a, nou ka beni, sèvi, resevwa òdonans, e fè alyans. Li konfye nou Legliz retabli l la, ansanm avèk tanp sakre l yo. Li konfye sèvitè l yo pouvwa sèlman an---pou lye sou tè a e lye nan syèl la! Li menm fè nou konfyans e pèmèt nou vin paran terès, enstriktè, ak moun k ap pran swen pitit li yo.

Apre ane sèvis sa yo kòm Otorite Jeneral nan plizyè kote nan mond lan, m ap deklare avèk plis sètitid toujou: Li fè nou konfyans.

Kounyeya, kesyon pou konferans sa a se “Èske nou fè l konfyans?

Èske nou fè l konfyans?

Prezidan Thomas S. Monson souvan raple nou pou n “mete konfyans ou nan Senyè a ak tout kè w; e pa apiye sou pwòp sajès pa w.

“Rekonèt Li nan tout sa w ap fè, e l ap dirije chemen ou.

“Pa panse w saj nan pwòp je pa w” (Pwovèb 3:5–7).

Èske nou gen konfyans ke kòmandman l yo se pou byen nou? Dirijan l yo, malgre yo pa pafè, ap dirije nou byen? Ke pwomès li yo asire? Èske nou kwè ke Pè Selès la ak Jezikri konnen nou e yo vle ede nou? Menm nan mitan eprèv, pwoblèm, ak tan difisil, èske nou toujou kwè nan Li?

Lè m ap gade dèyè, m te aprann kèk nan pi bon leson yo pandan tan k te pi difisil yo---keseswa lè m te jèn, nan misyon, nan kòmansman yon nouvo karyè, pandan m t ap eseye mayifye apèl mwen, elve yon gwo fanmi, oubyen lite pou m ka otonòm. Sa klè ke difikilte se bon bagay!

Difikilte bon

Difikilte rann nou pi solid, li ba nou imilite, ak yon chans pou nou pwouve tèt nou. Pyonye byeneme nou yo ki t ap pouse charyo abra yo te vin konnen Bondye nan sitiyasyon ekstrèm yo. Poukisa sa pran Nefi ak frè l yo de chapit pou yo te jwenn plak eren yo e sa pran twa vèsè sèlman pou yo te pèsyade fanmi Izmayèl pou l t al jwenn yo nan dezè a? (gade 1 Nefi 34; 7:3–5). Sanble ke Senyè a te vle fòtifye Nefi atravè difikilte pou l te jwenn plak yo.

Bagay difisil nan lavi nou yo pa dwe etone nou. Youn nan premye alyans nou te fè avèk Senyè a se viv lwa sakrifis la. Pa definisyon, sakrifis enplike renonse ak yon bagay dezirab. Avèk ekperyans, nou reyalize ke se yon ti pri tou piti pou n peye parapò ak benediksyon ki soti ladan yo. Sou direksyon Joseph Smith, yo te di ke: “yon relijyon ki pa mande sakrifis tout bagay pa janm gen pouvwa ase pou l pwodui lafwa ki nesesè pou lavi ak sali a.”1

Manm Divinite yo pa epanye anba bagay difisil nonplis. Bondye Papa a te sakrifye Sèl Pitit Literal Li a anba soufrans tèrib Sakrifis Ekspyatwa a, ansanm ak lanmò pa krisifiksyon. Ekriti yo di ke Jezi te aprann “obeyisans pa atravè sa l te soufri yo” (Ebre 5:8). Li te volontèman soufri agoni Ekspyasyon an. Sentespri a dwe gen pasyans anpil pou l enspire nou, avèti nou, ak gide nou, menmsi pafwa nou inyore l, nou mal enteprete l oubyen nou bliye li.

Yon pati plan an

Difikilte fè pati plan levanjil la. Youn nan bi lavi sa a se pou mete nou aleprèv. (gade Abraram 3:25). Pa gen anpil moun ki te pi soufri san yo pa merite sa pase pèp Alma a. Yo te kouri pou mechan Wa Nowe a epi yo te tonbe nan esklavaj anba men Lamanit yo! Atravè eprèv sa yo, Senyè a te anseye yo ke Li chatye pèp Li epi l teste pasyans yo ak lafwa yo ” (Mozya 23:21).

Pandan epòk terib nan Prizon Libète a, Senyè a te anseye Joseph Smith pou l te “sipòte byen” (D&A 121:8) epi li te pwomèt li si l te fè sa “tout bagay sa yo ap ba l eksperyans, epi se t ap pou byen li” (D&A 122:7).

Prezidan Thomas S. Monson rekòmande nou: “Se pou nou toujou chwazi sa ki byen, menm kan sa difisil, olye nou chwazi sa k mal.”2 Konsènan tanp nou yo, li deklare ke “okenn sakrifis pa twò gran, okenn pri pa twò chè, okenn difikilte pa twò difisil, pou nou ka resevwa benediksyon tanp yo.”3

Nan mond lanati a, difikilte fè pati sèk lavi a. Li difisil pou yon tipoul soti nan yon ze ki kouve paske po ze a di. Men, si yon moun fasilite l tache la, tipoul la pa p devlope fòs ki nesesè pou l viv la. Nan menm fason tou, lit yon papiyon pou l soti nan kokon li fòtifye l pou lavi l pral viv la.

Atravè egzanp sa yo, nou wè ke difikilte se yon konstant! Nou tout gen difikilte. Varyab la se reyaksyon nou anfas difikilte a.

Nan yon pwen, kèk moun nan Liv Mòmon an te soufri “gwo pèsekisyon” ak “anpil afliksyon” (Elaman 3:34). Kijan yo te reyaji? Yo te jene e yo te priye souvan, yo te vin gen plis fòs nan imilite yo e yo te vin pi fèm nan lafwa Kris la jistan nanm yo te ranpli ak lajwa ak konsolasyon” (Helaman 3:35). Yon lòt egzanp ankò te rive apre dèzane lagè: “Poutèt tout lagè te dire nan pami Nefit yo ak Lamanit yo, kè anpil moun te vin di, … anpil moun te touche poutèt afliksyon yo epi yo te gen imilite devan Bondye” (Alma 62:41).

Nou chak chwazi fason nou reyaji anfas difikilte.

Mefye nou de fasilite

Anvan apèl sa a, m sete yon konsiltan finans nan Houston, Texas. Pifò nan travay mwen sete avèk miltimilyonè ki te posede pwòp biznis yo. Prèske yo tout te kreye biznis plen siksè yo a apati anyen, atravè anpil travay di. Sa k te pi tris pou mwen sete tande kèk nan yo ap di ke yo te vle rann bagay yo fasil pou pitit yo. Yo pa t vle pou pitit yo soufri jan yo te soufri a. Otremandi, yo t ap prive pitit yo de egzakteman bagay ki te pèmèt yo reyisi a.

Pa kontras, nou konn yon fanmi ki te adopte yon apwòch diferan. Paran yo te enspire pa eksperyans J. C. Penney an kote, lè l te gen yuitan, papa l te di l li te responsab tèt li finansyèman. Fanmi an te aplike pwòp vèsyon pa yo: lè chak timoun te fini lekòl segondè, yo te responsab tèt yo finansyèman---si yo te vle fè plis etid (kolèj, inivèsite) ak pou antretyen finansye yo (vrè otonomi) (gade D&A 83:4). Erezman, timoun yo te reyaji avèk sajès. Yo tout diplome, e plizyè fini inivèsite yo---pa pwòp mwayen yo. Sa pa t fasil, men yo te fè l. Yo te fè l avèk anpil efò ak lafwa.

Lafwa pou nou fè l konfyans

Kesyon “Èske nou fè l konfyans? lan ta pi byen eksprime si nou ta di “Èske nou gen lafwa pou nou fè l konfyans?”

Èske nou gen lafwa pou n kwè pwomès li konsènan ladim, ki di ke, avèk 90 pousan nan ogmantasyon nou plis èd Senyè a, n ap reyisi pi byen pase avèk 100 pousan pa pwòm mwayen pa nou?

Èske nou gen ase lafwa pou n kwè ke L ap vizite nou nan afliksyon nou yo (gade Mozya 24:14), ke l ap konbat moun k ap konbat nou (gaede Ezayi 49:25; 2 Nefi 6:17), epi L ap konsakre afliksyon nou yo pou byen nou (gade 2 Nefi 2:2).

Èske nou egzèse lafwa nesesè pou n kenbe kòmandman L yo pou l ka beni nou tanporèlman ak spirityèlman? Epi èske n ap kontinye rete fidèl jiskalafen pou L ka resevwa nou nan prezans Li? (gade Mozya 2:41).

Frè m ak sè m yo, nou ka gen ase lafwa pou n fè L konfyans! Li vle sa ki pi bon an pou nou (gade Moyiz 1:39). L ap reponn priyè nou (gade D&A 112:10). L ap kenbe pwomès Li (gade D&A 1:38). Li gen pouvwa pou kenbe pwomès Li (gade Alma 37:16). Li konn tout bagay! Epi, pi enpòtan toujou, Li konn sa k pi bon (gade Ezayi 55:8–9).

Yon mond danjere

Mond nou an difisil jodia. Nou wè mal toupatou, koripsyon nan tout peyi, teworis ki touche menm kote gen sekirite yo, ekonomi k ap tonbe, chomaj, maladi, dezas natirèl, gè sivil, dirijan diktatè, ekstera. Kisa n dwe fè? Èske nou dwe kouri oubyen goumen? Kiyès ki gen rezon? Chak nan chwa sa yo kapab danjere. Sa te danjere pou George Washington ak lame l yo t al nan batay men sa te danjere pou zansèt pyonye nou yo te kouri tou. Sa te danjere pou Nelson Mandela te lite pou libète. Yo di ke pou mal triyonfe, li sifi ke bon moun pa fè anyen.4

Pa pè!

Nan kèlkeswa sa n ap fè, nou pa dwe deside, ni aji nan yon espri laperèz. Vrèman, “Bondye pa ba nou yon espri laperèz” (2 Timote 1:7). (Èske nou pa reyalize ke yo mete aksan sou ide pou nou “pa pè” a nan tout ekriti yo?) Senyè a te anseye m ke dekourajman ak laperèz se zouti advèsè a. Repons Senyè a pou tan difisil se avanse avèk lafwa.

Kisa k difisil?

Nou chak ka gen yon opinyon diferan osijè sa k difisil. Gen moun petèt twouve sa difisil pou yo peye ladim lè yo gen difikilte finansye. Dirijan yo pafwa twouve l difisil pou yo mande pòv yo pou yo peye dim. Sa ka difisil pou kèk nan nou pran desizyon, ak lafwa, pou nou marye oubyen fonde yon fanmi. Gen moun ki twouve l difisil pou “kontante yo avèk sa Senyè a ba yo ]” (Alma 29:3). Sa ka difisil pou n kontan avèk apèl nou genyen aktyèlman an (gade Alma 29:6). Konsèy disiplinè legliz la ka sanble trè difisil, men pou kèk moun, se kòmansman pwosesis vrè repantans lan.

Kèlkeswa sitiyasyon an, difikilte ka bon pou moun k ap avanse devan ak lafwa e ki gen konfyans nan Senyè a ak nan plan L lan.

Temwayaj mwen

Frè m ak sè m yo, mwen temwaye ke dirijan sa yo ki chita dèyèm nan se Bondye ki aple yo. Dezi yo se pou sèvi Senyè a byen ak pou ede nou etabli levanjil la nan kè nou. Mwen renmen yo e m soutni yo.

Mwen renmen Sovè nou an, Jezikri. Mwen etone dèske Li renmen Papa a avèk nou ase pou l vin Sovè nou ak Redanmtè nou, e pou sa te fèt, Li te oblije soufri sitèlman ke sa te lakoz “li tranble anba doulè, epi ki te fè l senyen nan chak twou swè nan kò l, epi ki te fè l soufri nan ni kò l ni nan lespri l” (D&A 19:18). Men, anfas sitiyasyon atwòs sa a ak nesesite li, Li te afime Papa a: “Se pa volonte pa m ki pou fèt, men se volonte pa ou” (Lik 22:42). Mwen rejwi nan pawòl zanj yo: “Li pa isit la, paske li resisite” (Matye 28:6).

Egzanp li se vrèman “chemen an, verite a, ak lavi a” (Jan 14:6). Se sèlman si nou suiv egzanp li n ap ka jwenn “Lapè nan mond sa a, ak lavi etènèl nan mond ki gen pou vini an” (D&A 59:23). Mwen aprann pou tèt pa m ke, si nou suiv egzanp li epi nou aplike ansèyman l yo, chak nan “gran pwomès presye l yo” (2 Pyè 1:4) se verite.

Pi gwo dezi m se pou m kanpe avèk Mòmon antanke vrè disip Jezikri (gade 3 Nefi 5:13) epi pou yon jou, m tande nan bouch li: “Se byen, bon sèvitè fidèl” (Matye 25:21). Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Lectures on Faith (1985), 69.

  2. Thomas S. Monson, “Chwa,” Liahona, Me 2016, 86.

  3. Thomas S. Monson, “Tanp sakre a, yon Beacon to the World,” Liahona, Me 2011, 92.

  4. Gade John Stuart Mill, Inaugural Address: Delivered to the University of St. Andrews, Fev. 1, 1867 (1867), 36.