2010–2019
Resevwa Konfyans nan men Seyè a ak Fanmi nou
Oktòb 2017


Merite konfyans Senyè a ak konfyans fanmi ou

Moun ki gen “entegrite nan kè” yo se moun nou ka fè konfyans---paske konfyans bati sou entegrite.

Frè m yo, petèt, pa gen pi gran konpliman nou ta ka resevwa nan men Senyè a pase konnen l gen konfyans ke nou se detantè prètriz ki diy ak bon mari ak papa.

Gen yon bagay ki sèten: akeri konfyans Senyè a se yon benediksyon ki sòti nan gwo efò bò kote pa nou. Konfyans se yon benediksyon ki baze sou obeyisans nan lwa Bondye yo. Akeri konfyans Senyè a vini kòm rezilta lè nou fidèl nan alyans nou fè nan dlo batèm yo ak nan tanp sakre yo. Lè nou kenbe pwomès nou te fè Senyè a, konfyans Li genyen nan nou an grandi.

M renmen ni ekriti ansyen ni ekriti modèn ki itilize fraz sa a “entegrite nan kè” a pou dekri karaktè yon moun ki jis.1 Entegrite oubyen manke entegrite se yon eleman fondamantal nan pèsonalite yon moun. Gason ki gen “entegrite nan kè” yo se moun yo ka fè konfyans—paske, konfyans bati sou entegrite.

Lè nou se dèzòm ki gen entegrite, sa senpleman vle di ke entensyon nou, ansanm avèk aksyon nou pur e jis nan tout aspè nan lavi nou, an piblik ak an prive. Nan chak desizyon nou pran, nou oubyen merite konfyans Bondye oubyen nou pa merite li. Petèt prensip sa a manifeste pi klèman nan responsablite diven nou kòm mari ak papa yo.

Antanke mari ak papa, nou resevwa yon responsablite diven nan men pwofèt, vwayan, ak revelatè epòk nou yo nan dokiman ki se: “Fanmi: Yon Pwoklamasyon pou mond lan.” Dokiman sa a anseye nou ke (1) “papa yo dwe dirije fanmi yo avèk lanmou ak jistis,” (2) papa yo responsab pou yo bay fanmi yo tout sa yo bezwen nan lavi a” epi (3)  papa yo responsab pou bay fanmi yo pwoteksyon.”2

Pou Bondye ka gen konfyans nan nou, nou dwe ranpli twa responsablite sa yo anvè fanmi nou nan fason Senyè a. Jan nou wè pi lwen nan pwoklamasyon pou fanmi an, fason Senyè a se pou nou ranpli responsablite sa yo ansanm avèk madanm nou “antanke asosye egal-ego.”3 Pou mwenmenm, sa vle di ke nou pa ka pran onkenn desizyon enpòtan konsènan twa responsablite sa yo san inite total avèk madanm nou.

Premye etap nan rechèch pou nou merite pou Senyè a fè nou konfyans la se mete konfyans nou nan Li. Pwofèt Nefi sete yon egzanp sou kalite angajman sa a lè l te priye: “ O Senyè, m te konfye m nan ou, epi m ap konfye m nan ou pou tout tan. M p ap mete konfyans mwen nan bra lachè.”4 Nefi te pran angajman total pou l te fè volonte Senyè a. Anplis ke l te di li t ap “fè sa Senyè a te kòmande” li, Nefi te inebranlab nan angajman li pou l te akonpli sa yo te mande l yo, jan yo di nou nan deklarasyon sa a: “Menmjan Senyè a vivan an, e menmjan nou vivan an, nou p ap desann kote papa nou nan dezè a jistan nou akonpli bagay Senyè a te kòmande nou yo.”5

Poutèt Nefi te konfye l premyeman nan Bondye, Bondye te mete anpil konfyans nan Nefi. Seyè a te beni l avèk gwo devèsman Lespri a ki te beni lavi l, lavi fanmi l, ak lavi pèp li a. Poutèt Nefi te prezide avèk amou ak jistis, epil te pran swen ak pwoteje fanmi l ak pèp li a, li te ekri, “Nou te viv ak kè kontan.”6

Pou m ka reprezante pèspektif yon fi sou sijè sa, m te mande two pitit fi m yo ki marye yo pou yo ede m. M te mande si yo te ka ban m yonn oubyen de fraz sou fason yo wè enpòtans konfyans jan l afekte maryaj yo ak lavi fanmi yo. Men panse Lara Harris ak Christina Hansen.

Premyeman, Lara: “Yonn nan bagay ki pi enpòtan pou mwen se pou m konnen, lè mari m al fè aktivite li chak jou, li fè chwa ki montre respè ak amou pou mwen. Lè nou ka konfye yonn lòt nan fason sa, sa pote lapè nan fwaye nou, kote nou ka gen jwisans pou nou elve fanmi nou ansanm.”

Kounyeya, panse Christina: “Gen konfyans nan yon moun sanble menm bagay avèk gen fwa nan yon moun. San konfyans ak fwa sa, gen krent ak dout. Pou mwen, yonn nan pi gran benediksyon ki vini nan lè m ka konfye mari m konplètman avèk lapè—lapè nan panse m lèm konnen anreyalite li fè sa l di lap fè. Konfyans pote lapè, amou, nan yon anviwonman kote amou sa ka grandi.”

Lara ak Christina pa janm wè sa yonn lòt te ekri. Sa enteresan anpil pou m wè yo chak konsidere separeman benediksyon lapè ki nan yon kay kote sa gen yon konsekans dirèk lè gen yon mari yo ka kwè.Jan egzanp pitit fi m yo demontre a, prensip konfyans la jwe yon wòl ekstrèmman enpòtan nan devlopman yon fwaye ki santre sou Kris la.

Mewn menm tou, m te jwi menm kilti sa ki santre sou Kris la pandan m tap grandi nan yon fwaye kote papa m te onore prètriz li a epi l te resevwa konfyans tout fanmi l akoz “entegrite kè li.”7 LKite m pataje yon ti eksperyans m te fè lè m te jèn gason avèk nou, ki demontre enpak pozitif enfini ke yon papa ki konprann epi ki pratike prensip konfyans ki baze sou entegrite a ka gen sou fanmi l.

Lè m te jèn anpil, papa m te fonde yon konpayi ki te espesyalize nan otomatize faktori. Konpayi sa te fè plan, li te fabrike, epi l te enstale yon seri pwodiksyon otomatize nan tout mond la.

Lè m te nan klas elemantè, papa m te vle m aprann travay. Ep itou, li te vle m aprann pwofesyon an depi nan kòmansman jis nan tèt. Premye travay mwen sete kenbe lakou a pwòp ak pentire zòn nan batiman an ki pa t vizib pou piblik la anjeneral yo.

Lè m te antre nan klas segondè, m te fè pwomosyon pou m travay andedan faktori a. M te kòmanse aprann li chema enjenyè ak travay sou machin fabrikasyon fè lou. Apre gradyasyon Lekòl segondè, m tal nan inivèsite epi apresa, m te antre nan chan misyon an. Lè m te retounen al lakay mwen apre misyon, m te retounen dwat nèt al travay. M te bezwen fè lajan pou m peye depans pwochèn ane lekòl la.

Yon jou apre misyon m, m tap travay nan faktori a epi papa m te rele m al nan biwo l, pou l mande m si m ta renmen fè yon vwayaj dafè avèk li al nan Lòs Angelès, nan Kalifòni. Sete premye fwa papa m te mande m al nan yon vwayaj dafè avèk li. Aktyèlman, li tap kite m al nan piblik pou ede l reprezante konpayi an.

Anvan nou pati al nan vwayaj la, li te prepare m avèk kèk enfòmasyon detaye konsènan posiblite pou nou genyen nouvo kliyan sa. Premyeman, kliyan sa te yon kòporasyon entènasyonal. Dezyèmman, yo tap modènize seri pwodiksyon yo a nan tout mond la avèk dènye modèl teknoloji otomasyon. Twazyèmman, konpayi nou an pat janm ko sèvi yo founi sèvis enjenyè oubyen teknoloji. Epi finalman, direktè anchèf kòporasyon dacha a te konvoke reyinyin sa pou l revize pri nap mande pou yon nouvo pwojè. Reyinyon sa te reprezante yon nouvo opòtinite ki gen potansyalite pou l enpòtan pou konpayi nou an.

Lè nou te rive nan Lòs Angelès, papa m tal nan hotèl direktè anchèf la pou reyinyon an. Premye egzekisyon dafè a sete pou diskite ak analize plan enjenyè presi pwojè a. Sijè swivan pou diskite a te konsène detay operasyonèl, ansanm avèk, detay koòdinasyon ak dat pou livrezon travay la. Eleman final nan orè a te fokalize sou pri, agreman ak kondisyon. Se nan pwen sa bagay la te vin pi enteresan.

Direkè anchèf sa te eksplike nou ke pri nou te pwopoze a te pri ki pi ba pami pri ki te pwopoze pou pwojè a. Apresa, san poze kesyon, li te di nou pri dezèm pwopozisyon ki pi ba a. Apresa, li te di nou si nou ta vle retire pwopozisyon nou an pou nou prezante l ankò. Li te di nou konsa, pri nou an ta dwe parèt yon ti jan pi ba pase dezyèm pri ki te piwo a. Epi l te eksplike pou nou ta pataje nouvo lajan ki ajou a mwatye pou mwatye avèk li. Li rezone pou fè nou konnen ke konsa, sa tap nan avantaj tout moun. Konpayi nou an tap gen avantaj paske nou tap fè plis lajan anpil pase pwopozisyon original nou an. Konpayi li a tap gen avantaj paske yo tap fè kontra avèk konpayi ki mande pri pipiti a. Epi, natirèlman, li tap gen avantaj lè m pran mwatye pa l la poutèt li fè bèl kontra sa.

Apresa, li te ban nou yon nimewo bwat postal kote pou nou voye lajan pa li a. Apre tout bagay sa yo, li te gade papa m epi l te di, “Èske noun a biznis?” M te etone lè m te wè papa m kanpe, Papa m te ba l nan men, epil te di l nap retounen sou sa pita.

Apre reyinyon an, nou monte nan machin nou te lwe a, epi papa m te vire gade m, li te di, “Enben, kisa ou panse nou ta dwe fè?”

M te reponn, m di, m pa panse nou ta dwe aksepte pwopozisyon li a.

Papa m te mande, “Èske ou pa panse nou dwe anplwaye nou yo pou nou kenbe yon bon lis travay pou yo fè?”

Pandan m tap panse sou kesyon li a, epi anvan m te menm reponn, li te reponn pwòp kesyon li a. Li te di, “Koute, Rick, yon fwa ou aksepte yon movezafè oubyen ou knpwomèt entegrite ou, li difisil anpil pou ou retounen annaryè. Pa janm fè sa, pa menm yon sèl fwa.”

Rezon k fè map pataje eksperyans sa avèk nou an, sav le di m pa janm bliye sa papa m te aprann mwen nan premye vwayaj dafè avèk li a. M pataje eksperyans sa pou m montre enfliyans dirab nou genyen kòm papa. Nou ka imajine konfyans m te gen nan papa m akoz entegrite kè li. Li te pratike menm prensip sa yo nan lavi prive li avèk manman m, pitit li yo, epi avèk tout moun li te asosye.

Frè m yo, se priyè m apremidi a, pou nou tout ta mete konfyans nou nan Seyè a premyèman, Jan Nefi te yon egzanp la, epi atravè entegrite kè nou pou nou jwenn konfyans Seyè a, ansanm avèk konfyans madanm ak pitit nou yo. Lè nou konprann epi nou aplike prensip sakre konfyans ki bati sou entegrite sa, nap fidèl nan alyans sakre nou yo. Nap gen siksè lè nap prezide nan fanmi nou avèk amou ak jistis, pou nou reponn a nesesite lavi a, ak pwoteje fanmi nou kont mal ki nan mond la. Sou verite sa yo, mwen temwaye avèk imilite nan non Jezikri, amèn.