2010–2019
Temwayaj konvenkan Bondye: Liv Mòmon an
Oktòb 2017


Liv Mòmon an: Yon temwen konvenkan ki fòje pa men Bondye

Liv Mèmon an se temwayaj konvenkan Bondye sou divinite Jezikri, sou apèl Joseph Smith kòm pwofèt la, ak sou verite absoli Legliz sa a.

Liv Mòmon an se non sèlman fondman relijyon nou an, men li ka tounen fondman temwanyaj nou tou pou ke, lè n ap konfwonte eprèv ak kesyon san repons yo, li kapab kenbe temwanyaj nou solid. Sou yon balans ki mezire laverite, pwa liv sa a depase pwa konbine tout kritik yo fè sou li. Poukisa? Paske, si l se verite, donk Joseph Smith sete yon pwofèt e legliz sa a se legliz retabli Jezikri a, kèlkeswa agiman istorik oubyen lòt agiman ki di lekontrè. Se pou rezon sa a, kritik yo detèmine pou yo pa aksepte orijin divin Liv Mòmon an, men obstak yo rankontre yo ensimontab paske liv sa a vrè.

Premyèman, kritik yo dwe eksplike kijan k fè Joseph Smih, yon jèn peyizan 23 zan ki te gen yon enstriksyon limite, te ka konsevwa yon liv ki mansyone dè santèn non ak kote, osibyen ke istwa ak evenman detaye konsa. Konsa, anpil kritik te di ke l sete yon jeni kreyatif ki te ale nan plizyè liv ak lòt resous lokal pou l te ka kreye kontni istorik Liv Mòmon an. Men, kontrèman ak afimasyon yo a, pa gen yon grenn temwen ki temwaye ke yo te wè Joseph Smith itilize okenn nan swadizan resous sa yo anvan tradiksyon an te kòmanse.

Menm si agiman sa a sete verite, li pa t ap sifi pou eksplike egzistans Liv Mòmon an. Yo ta dwe reponn kesyon sa a tou: kijan Joseph te fè pou l te li tout swadizan sous sa yo, pou l te seleksyone sa k pa t enpòtan yo, pou l te amonize tout enfòmasyon sou lye yo ak tan yo, epi apresa dikte yo avèk yon memwa pafè konsa? Paske, lè Joseph t ap tradui, li pa t gen okenn nòt. Anfèt, madanm ni Emma te di: “Pa t gen okenn maniskri ni liv pou l te li.  ... Si l te gen nenpòt bagay konsa, li pa t ap kapab kache m sa.”1

Konsa, kijan Joseph te fè akonpli bagay remakab sa ki se dikte yon liv ki gen plis pase 500 paj san okenn nòt? Pou l te ka fè sa, li t ap bezwen non sèlman se yon jeni kreyatif men li t ap oblije gen yon memwa fotografik remakab tou. Men, si sa se verite, poukisa kritik li yo pa atire atansyon sou talan remakab sa a?

Men gen plis toujou. Agiman sa yo adrese sèlman kont kontni istorik liv la. Vrè pwoblèm nan toujou rete: kòman Joseph te ka fè pwodui yon liv ki chaje ak Lespri a, epi ki kote l te jwenn doktrin si pwofon sa a, anpil bagay ladan l klarifye oubyen kontredi kwayans Kretyen epòk pa l yo?

Pa egzanp, kontrèman ak pifò kwayans Kretyen yo, liv Mòmon an ansenye ke Chit Adan an sete yon etap pozitif pou pwogresyon. Li revele alyans nou fè nan batèm yo, ke Bib la pa menm mansyone.

Epitou, yon moun ta kapab mande: ki kote Joseph te jwenn afimasyon puisan sa a ki di ke, gras ak ekspyasyon Kris la, Li kapab non sèlman pwòpte nou men pèfeksyone nou tou? Ki kote l te jwenn kokennchenn diskou sou lafwa a ki nan Alma 32 la? Oubyen diskou Wa Benjamin an sou Ekspyasyon Sovè a, ki se petèt diskou ki pi remakab sou sijè sa a nan tout ekriti yo? Oubyen alegori pye olivye a ak tout konpleksite l ak richès doktrinal li? Lè m ap li alegory sa a, mwen oblije fè yon chema pou m ka suiv tout sibtilite l yo. Èske nou dwe kwè kounyea ke Joseph Smith te jis dikte diskou sa yo soti nan memwa li, san okenn nòt?

Kontrèman ak konklizyon sa a, nou ka wè men Bondye toupatou nan Liv Mòmon an, jan nou gen prèv la atravè bèl verite doktrinal li yo, spesyalman diskou remakab yo sou Ekspyasyon Jezikri a.

Donk si Joseph pa t yon pwofèt, kritik yo dwe fè agiman ke li te yon jeni nan teyoloji pou yo kapab rann kont pou sa yo ak anpil lòt refleksyon doktrin. Men si se te sa, yon moun kapab mande, Poukisa Joseph se te sèl moun nan 1800 ane apre ministè Kris la ki te pwodui tout doktrin inik epi klarifyan sa yo? Repons lan: paske se te revelasyon, pa briyans, ki te enspirasyon liv sa a.

Men menm si nou sipoze ke Joseph sete yon kreyatè ak yon teyolojyen plen jeni, avèk yon memwa si fotografik konsa—talan sa yo poukont pa yo pa fè de li yon ekriven ki gen don. Pou eksplike egzistans Liv Mòmon an, kritik yo dwe afime tou ke Joseph, nan laj 23 zan, te gen yon don natirèl pou l te ekri. Sinon, kijan l te fè antremele pil non, pil andwa, ak pil evenman sa yo nan yon si bèl amoni e san fot konsa? Kijan l te ka fè imajine kalite strateji militè, konpoze diskou elokan, e envante pil fraz konsèy sa yo ke dè milyon moun souliyen, memorize, site e plase sou pòt frijidè yo, fraz tankou: “Lè n ap sèvi pwochen nou yo, se sèlman nan sèvis Bondye nou ye.” (Mozya 2:17) oubyen “Lèzòm te fèt pou yo kapab gen lajwa.” (2 Nefi 2:25). Bagay sa yo se mesaj vivan—mesaj ki penetre andedan nou e enspire nou. Psouf epi ki enspire. Sigjere ke, a 23 zan, Joseph Smith te posede kapasite nesesè pou l te ekri travay monimantal sa a, yon sèl kou, apeprè nan 65 jou, se yon bagay ki senpleman depase reyalite.

Prezidan Russell M. Nelson, yon ekriven abil plen eksperyans, te eksplike ke te gen yon diskou nan dènye konferans jeneral la ke l te reekri plis pase 40 fwa. Èske nou dwe kwè ke Joseph Smith, poukont li, te dikte tout Liv Mòmon an nan yon sèl esè, avèk senpleman kèk ti koreksyon gramatikal k l te fè apre?

Madanm Joseph, Emma te konfime enposibilite bagay sa a: “Joseph Smith [lè l te yon jenòm] pa t kapab ekri ni dikte yon lèt ki te koyeran oubyen ki te ekri byen; alevwa pou l ta dikte yon liv tankou Liv Mòmon an.”2

Epi finalman, menm si yon moun aksepte tout agiman m sot di la yo, osi plen dout ke yo ye, kritik yo fè fas ak yon lòt kokennchenn obstak. Joseph te di ke liv Mòmon an te ekri sou plak lò. Afimasyon sa a te soulve anpil kritik nan epòk li a—paske “tout moun” te konnen ke istwa ansyen yo te ekri sou papiris oubyen pachemen nan epòk sa a, jiskaske dèzane apre yo te vin dekouvri plak metal ki te gen ansyen ekriti grave sou yo. Epitou, kritik yo te di ke itilizasyon siman, jan sa te dekri nan liv Mòmon an, te depase teknik premye abitan Amerik sa yo—jiskaske yo te vin jwenn batiman an siman nan ansyen Amerik la. Kòman kritik yo reponn pou dekouvèt bagay sa yo ak lòt dekouvèt menmjan yo tou? Nou wè, siman Joseph dwe te yon devinè ki te gen anpil anpil chans. Nan yon fason, malgre tout pwobabilite kont li yo, malgre tout konesans syantifik ak akademik ki te egziste, li te byen devine lè tout lòt moun yo te nan lerè.

Finalman, nou gen dwa mande tèt nou nan kijan yon moun ta ka kwè ke tout faktè ak fòs sa yo kritik yo pwopoze yo fè si byen konbine konsa ke yo te pèmèt Joseph ekri Liv Mòmon an e pwodui yon zèv satanik. Èske sa fè sans? An opozisyon dirèk avèk deklarasyon sa a, liv sa a enspire dè milyon moun pou yo rejte Satan epi viv yon lavi ki pi kretyen.

Pandan ke yon gen dwa chwazi pou l kwè rezonman kritik sa yo, pou mwenmenm, sa se yon enpas entelektyèl ak espiriyèl. Pou m ta kwè yon bagay konsa, mwen ta dwe aksepte yon seri ipotèz ki pa pwouve. Epitou, mwen t ap oblije inyore temwayaj chak nan onz 11 temwen,3 yo, menm si yo chak te rete fidèl a temwayaj yo a jiskalafen; mwen t ap oblije rejte doktrin divin ki ranpli liv sakre sa a paj apre paj avèk verite selès li yo; mwen t ap oblije inyore lefèt ke dè miltitid moun, enkli mwenmenm, vin rapwoche yo de Bondye nan li liv sa a plis pase nenpòt lòt; epi anwo tout bagay, mwen t ap oblije renye enspirasyon konfiman Sentespri yo. Sa t ap kontrè ak tout sa mwen konnen ki se verite.

Youn nan bon zanmi m yo te kite Legliz la pandan yon sèten tan. Resamman, li te ekri m pou l te anonse m ke l retounen: “Okòmansman, m te vle yo ban m prèv d Liv Mòmon an istorikman, jeyografikman, lengwistikman, ak kiltirèlman. Men lè m te chanje fokis e pote atansyon sou sa l ansenye konsènan levanjil Jezikri a ak misyon salvatris li, mwen te kòmanse resevwa yon temwayaj sou verasite li. Yon jou, pandan m t ap li Liv Mòmon an nan chanm mwen, mwen te fè yon ti poz epi m te mete m ajenou epi ofri m te priye ak tout kè m, epi, mwen te santi trè klèman ke Pè Selès la te chichote nan lespri m ke Legliz la ak Liv Mòmon an te absoliman vrè. Peryòd 3 ane edmi m te fè ap reyenvestige Legliz la te mennen m retounen avèk konviksyon total ak temwayaj sou verasite li.”

Si yon moun vle pran tan pou l enbleman li Liv Mòmon an e medite sou li, jan zanmi m nan te fè a, epi pote atansyon sou fwi dous Lespri yo, enben, l ap fini pa resevwa temwayaj l ap chèche a.

Liv Mòmon an se youn nan pi gwo kado Bondye bannou. Li se alafwa yon epe ak yon boukliye—li voye pawòl Bondye a nan batay pou goumen pou kè moun ki jis yo epi pou sèvi kòm defansè siprèm laverite. Antanke Sen, non sèlman nou gen privilèj pou n defann Liv Mòmon an men nou gen okazyon pou pran lofansif tou—pou preche doktrin divin ni an avèk otorite epi rann temwayaj de temwayaj triyonfan l lan konsènan Jezikri ak divinite Li.

Mwen temwaye solanèlman ke Liv Mòmon an te tradui pa don ak pouvwa Bondye. Li se temwayaj konvenkan Bondye bay de divinite Jezikri, de apèl pwofetik Joseph Smith lan, ak verite absoli Legliz sa a. Mwen priye pou l ka vin fondman temwayaj nou, pou ke yo ka di de nou, jan yo te di de Lamanit ki te konvèti yo: “yo pa t janm kite legliz la” (Alma 23:6). Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Emma Smith, in “Last Testimony of Sister Emma,” Saints’ Herald, Oct. 1, 1879, 289, 290.

  2. Emma Smith, in “Last Testimony of Sister Emma,” 290.

  3. Gade “Temwayaj Twa Temwen yo” ak “Temwayaj Yuit Temwen yo,” Liv Mòmon an