2010–2019
Senyè, èske w ka fè je m louvri
Oktòb 2017


Senyè, èske w ka fè je m louvri

Nou dwe gade lòt moun atravè je Sovè nou an.

Le Roi Lion se yon fim desen anime klasik konsènan savann Afrikèn nan. Lè wa lyon an mouri pandan l ap sove pitit gason l lan, jèn prens lyon an oblije al an egzil pandan ke yon   prezidan diktatè detwi balans savann nan. Prens   lyon an reklame wayòm nan atravè èd yon konesye. Je l louvri epi li wè nesesite pou gen balans nan gwo sèk lavi a nan savann nan. Li reklame plas lejitim ni kòm wa a, epi li suiv  konsèy pou “gade odela sa nou wè”1 a.

Pandan n ap aprann pou n vin eritye tout sa Papa a genyen an, levanjil la pèmèt nou gade odela sa nou wè. Pou nou gade odela sa nou wè, nou dwe gade lòt moun nan fason Sovè wè nou. Filè levanjil la ranpli avèk moun tout varyete. Nou pa ka totalman konprann chwa ak psikoloji moun nan mond nou yo, nan kongregasyon legliz yo, e menm nan fanmi nou, paske sou raman gen yon vizyon konplè sou sa moun sa yo ye. Nou dwe gade odela prejije ak sipozisyon fasil yo e elaji linèt limite eksperyans pa nou yo.

Mwen te gen zye m louvri pou m te “gade pi lwen ke sa m te ka wè” 30 an pase pandan m t ap sèvi kòm prezidan misyon. Yon jèn èldè te rive avèk apreyansyon nan zye li. Lè nou te rankontre nan yon entèvyou, li te di avèk dekourajman: “Mwen vle retounen lakay mwen.” Mwen te di tèt mwen: “Bon, nou kapab ranje sa.” Mwen te konseye l pou l te travay di epi pou l te priye sou sijè a pandan yon semèn epi apre sa pou l te rele m. Yon semèn apre, preske nan menm minit la, li te rele. Li te toujou vle tounen lakay li. Mwen te konseye l ankò pou l te priye, travay di, epi rele m ankò nan yon semèn. Nan pwochen entèvyon nou, bagay yo pa t chanje. Li te toujou ensiste pou l te tounen lakay li.

Mwen te jis pa t ap kite sa rive. M te kòmanse ansenye l sou nati sakre apèl li a. Mwen te ankouraje l pou l te “bliye [tèt li] epi al travay.”2 Men kèlkeswa fòmil m te ofri, desizyon l lan pa t chanje. Finalman sa te pase nan tèt mwen ke petèt m pa konn tout sitiyasyon an. Se nan moman sa a mwen te santi m pouse pou m te poze l kesyon: “Èldè, kisa k difisil pou ou a?” Repons li a te brize kè mwen: “Prezidan, mwen pa konn li.”

Konsèy saj sa a mwen te panse ki te si enpòtan pou l te tande a pa t gen okenn rapò avèk bezwen li. Sa l te plis bezwen sete pou m te mete jijman rapid m te fè a dekote epi kite Lespri ede m konprann kisa k te reyèlman nan lespri èldè sa a. Li te bezwen pou m te wè l jan l te ye a epi ofri l yon rezon pou l espere. Olye de sa, mwen te aji nan yon fason otoritè ak destriktè. Misyonè vanyan sa a te finalman aprann li epi l te vin yon gwo disip Jezikri. Li te louvri je m pou pawòl Senyè a: “Paske lèzòm gade sou aparans, men Senyè a gade nan kè moun” (1 Samyèl 16:7).

Ala yon benediksyon sa ye lè Lespri Senyè a elaji vizyon nou. Sonje Pwofèt Eli, ki te reveye eou k te wè lame Siryen ansèkle vil li a avèk cheval yo ak charyo yo? Sèvitè l la te pè epi li te mande Eli kisa yo ta pral fè nan sitiyasyon sa a. Eli te di l li pa bezwen pè, avèk pawòl memorab sa yo: “Pa pè: paske sa ki avèk nou yo plis pase sa ki avèk yo” (2 Wa 6:16). Sèvitè a pa t gen okenn ide de kisa pwofèt la t ap pale a. Li pa t kapab gade odela sa l te kapab wè a. Men, Eli te wè batayon zanj ki te prepare pou batay pou pèp pwofèt la. Konsa, Eli te priye Senyè a pou l te louvri zye jenòm nan, “epi li te wè: epi, gade, montay la te chaje cheval ak chadegè ki gen dife alantou Eli (2 Wa 6:17).

Imaj
Eli ak lame selès la

Nou souvan separe tèt nou de lòt moun paske nou wè bagay yo diferaman. Nou santi nou pi alèz bò kot moun ki panse menmjan avèk nou, ki pale, abiye, e menm aji menmjan avèk nou epi, nou pas anti nou konfòtab avèk moun ki soti nan sikonstans oswa milye ki diferan avèk pa nou. An reyalite, èske nou tout pa soti nan peyi diferan epi pale lang diferan? Eske nou tout pa wè mound lan atravè yon vizyon ekstrèmeman limite sou pwòp eksperyans lavi pa nou? Paske gen moun ki wè e ki pale avèk zye spirityèl yo, tankou pwofèt Eli, epi gen kèk lòt ki wè e kominike avèk zye natirèl yo, jan m te fè eksperyans avèk misyonè analfabèt mwen an.

N ap viv nan yon mond ki nouri tèt li avèk konparezon, kritik ak mete etikèt sou moun. Olye ke nou gade atravè linèt medya sosyal yo, nou bezwen gade andedan nou pou n chèche kalite divin nou chak posede yo. Bon kalite ak aspirasyon divin sa yo, nou pa ka poste yo sou Pinterest ni sou Instagram.

Aksepte ak renmen lòt moun pa vle di nou dwe anbrase ide yo. Aparaman, laverite mande tout lwayote nou, malgre li pa ta dwe janm yon baryè pou jantiyès. Lè nou renmen lòt moun tout bon, sa mande pou nou kontinyèlman aksepte efò sensè moun nou gen dwa petèt pa janm totalman konnen eksperyans lavi yo ak limitasyon yo. Gade odela de sa nou kapab wè mande yon efò konsyan pou konsantre nou sou Sovè a.

Imaj
Yon machin tou teren

Jou 26 Me  2016 la, Beau Richey ki te ge 16 an, ak zanmi li Austin, te nan yon fèm familyal nan Kolorado. Beau ak Austin te monte nan machin tout teren yo ak gwo antisipasyon pou yon jounen avanti. Yo pa t ko al lwen lè yo te tonbe nan sitiyasyon danjere ki te mennen yon evenman trajik. Machin Beau t ap kondui a te chavire toudenkou, epi li te kwense Beau anba 400 liv (180 kg) asye. Lè Austin, zanmi Beau a te kouri apwoche, li te jwenn Beau ap batay pou lavi li. Ak tout fòs li, li te eseye soulve machin nan pou retire l sou zanmi l lan. Machin nan pat bouje. Li te fè yon priyè pou Beay epi l te kouri vit al chèche èd. Sèvis dijans te rive finalman, men apre kèlke èdtan Beau te mouri. Li te libere anba lavi mòtèl sa a.

Paran l te rive ak kè brize. Pandan yo te kanpe nan ti lopital la avèk pi bon zanmi Beau a ak manm fanmi li, yon ofisye polis te antre nan sal la epi l te lonje telefòn selilè Beau a bay manman li. Pandan l t ap pran telefòn nan, li te tande yon alam sonnen. Li te ouvri telefòn nan epi l te wè alam Beau pou chak jou a. Awotvwa, li te li mesaj pitit gason l amizan e plen afeksyon sa a ki te si renmen avanti a te ekri pou jounen sa a. Li te di: “Sonje mete Jezikri nan sant lavi ou jodi a.”

Fokis Beau sou Redanmtè li a pa t fè moun pwòch li yo mwens tris nan absans li. Men, sa te bayo gwo esperans ak sans pou lavi Bo ak chwa l te konn fè nan lavi l yo. Sa te pèmèt fanmi ak zanmi l yo gade odela doulè lanmò li a pou yo te wè reyalite jwaye lavi apre a. Ala yon bèl mizèrikòd sa te ye pou paran Beau, dèske, atravè zye pitit gason yo a, yo te wè bagay ki te pi presye pou li yo.

Antan ke manm Legliz la, nou resevwa kòm kado alam spirityèl pèsonèl ki avèti nou lè nou ap gade avèk zye mòtèl epi nou pa ka distenge sous sali nou an. Sentsèn nan raple nou chak semèn pou nou kontinyèlman konsantre sou Jezikri pou nou kapab toujou sonje li epi pou nou kapab toujou gen Lespri li avèk nou (gade D&A 20:77). Men, pafwa nou inyore santiman rapèl alam sa yo. Lè nou mete Jezikri nan sant lavi nou, l ap fè je nou ouvri pou nou ka wè pi gwo posiblite ke nou menm pou kont nou pa kapab konprann.

Mwen te resevwa lèt enteresan sa a konsènan yon alam pwotektif yon sè fidèl te fè eksperyans. Li te di m ke, nan yon tantativ pou l te ede mari l konprann jan l te santi l, li te kòmanse fè yon lis elektwonik sou telefòn ni sou bagay li te fè oubyen l te di ki te irite li. Li te panse ke lè moman an te apwopriye, li t apral gen yon prèv ekri pou l te prezante li epi sa t apral pouse l pou l chanje fason l t ap aji. Men, yon jou dimanch pandan l t ap pran sentsèn epi konsantre l sou Ekspiyasyon Sovè a, li te reyalize ke ekri santiman negatif sou mari l la te vrèman elwanye l de Lespri a sa pa ta pral janm chanje li.

Yon alam spirityèl te deklanche nan kè li ki te di: “Kite sa pase; kite tout bagay sa yo pase. Efase nòt sa yo. Yo pa p ede ou.” Apre sa li te ekri: “Sa te pran m yon ti tan pou m te klike sou mo ‘seleksyone tout’ yo e plis tan toujou pou m te klike sou mo ‘efase’ a. Men, lè m te fè sa, tout santiman negatif sa yo te disparèt. Kè m te chaje ak lanmou—lanmou pou mari mwen ak lanmou pou Senyè a.” Menm jan ak Saul sou wout Damas la, vizyon l te chanje. Kal yo te soti nan je li.

Souvan Sovè nou an te konn ouvri zye moun ki avèg fizikman ak spirityèlman. Ouvri je nou devan verite diven nan, nan sans literal ak figire, ap prepare nou pou nou geri anba feblès vizyon nou sou mòtalite a. Si nou pote atansyon sou alam spirityèl k ap siyale ijans pou nou korije trajektwa nou oubyen elaji pèspektiv etènèl nou yo, n ap resevwa pwomès nan sentsèn nan ki di n ap Lespri l avèk nou an. Se sa k te rive Joseph Smith ak Oliver Cowdery nan tanp Kirtland nan lè Jezikri te ansenye yo gwo verite yo, epi l te pwomèt yo ke “vwal” limitasyon mòtèl yo t ap “soti nan panse nou, epi je konpreyansyon nou pou louvri” (D&A 110:1).

Mwen temwaye ke, atravè pouvwa Jezikri, nou vin kapab gade spirityèlman odela sa nou kapab wè fizikman yo. Si nou toujou sonje li epi nou gen Lespri l avèk nou, je konpreyansyon nou ap louvri. Lè sa a, gran reyalite plan sali Sovè a a andedan nou chak la ap vin pwofon e pi reyèl sou kè nou. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Soti nan The Lion King 1½ (2004); andeyò Amerik diNò a, koni kòm The Lion King 3: Hakuna Matata.

  2. Enseignements des presidents de l’église: Gordon B. Hinckley (2016), 201.