2010–2019
Repantans toujou pozitif
Oktòb 2017


Repantans toujou pozitif

Nan moman menm nou fè premye pa pou al nan repantans lan, nou envite pouvwa redanmtè Sovè a nan lavi nou.

Sa gen kèk ane, Prezidan Gordon  B. Hinckley te asiste yon match foutbòl ameriken. Li te la pou l te anonse ke estad la ta pral pote non mesye k t ap antrene ekip la depi byen lontan an, ke yo te trè apresye. Ekip la te dezespereman anvi genyen match la pou yo te ka onore antrenè yo a. Yo te envite Prezidan Hinckley pou l t al vizite yo nan vestyè a pou l t al bayo kèlke pawòl ankourajman. Paske yo te enspire pa pawòl li te di yo, ekip la te genyen match la jou sa a epi yo te fini sezon an avèk yon bèl rekò.

Jodia, mwen ta renmen pale avèk moun ki petèt ap bay tèt yo pwoblèm paske yo panse yo pa ganyan nan lavi yo. Laverite sèke, nòmalman, “tout moun fè peche, epi yo separe tèt yo de laglwa Bondye.”1 Pandan ke nan espò ka gen sezon san defèt ki egziste, pa gen sa nan lavi a. Men mwen temwanye ke Sovè a Jezikri te akonpli yon sakrifis ekspyatwa pafè epi Li banou don repantans lan—ki se chemen pou nou retounen nan yon esperans briyan ki pafè ak nan yon la plen viktwa.

Repantans pote bonè

Twò souvan nou konsidere repantans tankou yon bagay mizerab e depriman. Men plan Bondye a se yon plan bonè, se pa yon plan mizè! Repantans elve nou e rann nou nòb. Se peche ki pote malè.2 Repantans se yon wout pou nou soti anba peche! Jan Èldè D  Todd Christofferson te eksplike: “San repantans, pa gen okenn pwogrè veritab ni amelyorasyon nan lavi. Se sèlman atravè repantans n ap gen aksè nan lagras redanmtè Jezikri a ak nan sali. Repantans … mennen nou nan libète, konfyans, ak lapè.”3 Mesaj mwen pou nou tout—espesyalman pou jèn yo—sèke repantans toujou pozitif.

Lè nou pale de repantans, nou pa p pale de efò pou nou amelyore sèlman. Vrè repantans la plis pase sa—li enspire pa lafwa nan Senyè a, Jezikri, ak nan pouvwa Li pou padone peche nou. Jan Èldè Dale  G. Renlund te ansenye nou: “San Redanmtè a Redeemer, … repantans vin yon chanjman konpòtman òdinè tou senpleman.”4 Nou kapab eseye chanje konpotman nou poukont nou, men se sèlman Sovè a ki ka efase tach nou yo e soulaje fado nou, pou pèmèt nou kontinye avanse sou chemen obeyisans lan avèk konfyans ak fòs. Lajwa repantans lan plis pase lajwa viv yon lavi nomal. Se lajwa ki fè nou santi nou padone, nou vin pwòp ankò, epi n ap rapwoche nou de Bondye. Yon fwa nou fin fè eksperyans lajwa sa a, pa p gen anyen ki ap ka ranplase l.

Vrè repantans enspire nou pou nou fè obeyisans nou vin yon angajman—yon alyans, ki kòmanse avèk batèm epi ki renouvle chak semèn nan soupe Senyè a, ki se sentsèn nan. Ladan, nou resevwa pwomès ke nou kapab “toujou gen Lespri Li avèk [nou],”5 ak tout lajwa ak lapè ki soti nan konpayi konstan Li. Sa se fwi repantans la, e se sa ki rann repantans lan jwaye!

Repantans mande pèseverans

Mwen renmen parabòl anfan pwodig la.6 Gen yon bagay touchan apwopo moman kritik sa a kote anfan pwodig la “te rantre nan limenm” nan. Li te chita nan yon pak kochon, sitèlman grangou ke l te swete l ta ka “plen vant li avèk rès manje kochon yo,” ke l te finalman pran konsyans ke l te non sèlman gaspiye eritaj papa l la men pwòp lavi pa l tou. Avek lafwa ke papa li te kapab akseptel tounen---menmsi se pa kom pitit gason men omwens kom yon sevant---li te detemine pou li mete pase rebelyon li an deye li epi retounen lakay li.

Mwen souvan panse sou chemen long sa a pou pitit sa a te retounen lakay li a. Èske te gen moman kote l te ezite epi panse: “Kijan papa m pral resevwa mwen?” Petèt li te menm fè kèlke pa annaryè pou l te retounen al jwenn kochon yo. Imajine kijan istwa a t ap diferan si l te abandone. Men lafwa te pouse l avanse, epi lafwa te pèmèt papa a ap siveye epi ret tann avèk pasyans, jiskaske alafen:

“Misye te byen lwen kay la toujou lè papa a wè li, kè papa a fè l mal, li kouri al rankontre l, li pase men l nan kou pitit la epi li bo li.

“Epi pitit la di li, Papa, mwen peche kont Bondye, e mwen peche kont ou tou; mwen pa merite pou ou konsidere m kòm pitit ou ankò.

“Men papa a te di domestik li yo: Ale vit, pote pi bèl rad la, mete l sou li pou mwen, mete yon bag nan dwèt li, mete soulye nan pye li: …

“Paske pitit gason m sa a te mouri, men li tounen vivan ankò, li te pèdi, kounya mwen jwenn ni: …

Repantans se pou tout moun

Frè m ak sè m yo, nou tout se anfan pwodig. Nou tout gen pou nou “reprann bon sans nou” —jeneralman plis pase yon fwa—epi chwazi chemen ki mennen retounen lakay la. Se yon chwa nou fè chak jou, pandan tout lavi nou.

Souvan nou asosye repantans avèk peche grav ki mande “yon gran chanjman.”7 Men repantans se pou tout moun—pou moun k ap ere nan “wout entedi e [ki] pèdi yo”8 osibyen ke moun ki “antre nan chemen etwat ak kwense a” e ki kounyeya bezwen “avanse” yo.9 Repantans alafwa mete nou sou vrè chemen an e kenbe nou sou vrè chemen an. Li la pou moun ki fèk kòmanse kwè, pou moun ki te toujou kwè, ak moun ki bezwen rekòmanse kwè ankò. Jan Èldè David A. Bednar te ansenye: “laplipa nan nou konprann klèman ke Sakrifis Ekspyatwa a se pou moun ki peche. Men, mwen pa konn si nou konnen epi nou konprann ke Sakrifis Ekspyatwa a se pou sen yo tou—pou bon gason ak bon fi ki obeyisan, ki diy, epi k ap fè efò pou yo vin pi bon.”10

Dènyèman m te vizite yon sant fòmasyon misyonè kote m te wè yon gwoup nouvo misyonè ki te fèk rive. Mwen te touche anpil padan m t ap gade yo epi gade limyè ki te nan je yo. Yo parèt si reyonan, si kontan ak antouzyas. Epi yon ide te vin nan lespri mwen: “Yo te fè eksperyans lafwa ki mennen nan repantans lan. Se poutèt sa yo te ranpli ak lajwa ak espwa konsa.”

Mwen pa panse ke sa vledi yo te komèt gwo peche nan pase yo, men m panse ke yo te konn kijan pou yo te repanti; yo te aprann ke repantans se yon bagay pozitif, epi yo te pare e dispoze pou yo te pataje mesaj jwaye sa a avèk mond lan.

Se sa k pase lè nou santi lajwa repantans lan. Konsidere egzanp Enòs la. Li te fè eksperyans pwòp moman kote l te “rantre nan limenm”, epi apresa “santiman koupab li a te ale”, kè l te imedyatman panse a byennèt lòt moun yo. Enòs te pase rès lavi li ap envite tout moun pou yo repanti epi “rejwi nan li pase nan sa ki nan mond lan.”11 Repantans fè sa; li fè nou pase avèk pwochen nou, paske nou konnen lajwa nou santi a destine pou tout moun.

Repantans se rechèch tout yon lavi

Mwen gen yon zanmi ki te grandi nan yon fanmi Sen Dènye jou ki pat tèlman aktif. Lè l te yon jèn adilt, limenm tou li te “rantre nan limenm” epi l te deside prepare l pou yon misyon.

Li te vin yon gwo misyonè. Dènye jou anvan l te retounen lakay li a, prezidan misyon an te fè entèvyou avèk li epi l te mande l pou l te rann temwanyaj li. Li te fè sa, epi apre yon akolad ak dlo nan je, prezidan an te di: “Èldè, ou kapab bliye oubyen nye tout sa ou fèk sot temwaye la yo nan lespas kèlke mwa si w pa kontinye fè bagay k ap bati temwanyaj ou yo avantou.”

Zanmi m nan te di m nan apre ke l te priye epi l te li ekriti yo chak you depi l te retounen sot nan misyon l lan. Paske li te kontinyèlman “nouri pa bon pawòl Bondye” a, sa te pèmèt li rete “nan chemen dwat la.”12

Oumenm k ap prepare pou al fè misyon aplentan ak oumenm k ap retounen soti nan misyon an, pran nòt! Sa pa ase pou w gen yon temwanyaj; ou bezwen kenbe li e fòtifye li. Jan tout misyonè konnen, si w sispann pedale yon bisiklèt, l ap tonbe, e si w sispann nouri temwayaj ou, l ap febli. Menm prensip sa a aplike pou repantans tou—se yon rechèch tout yon lavi, se pa yon eksperyans nou fè yon sèl fwa nan lavi a.

Pou nou tout k ap chèche padon—jèn yo, jèn adilt, paran, granparan, e wi, menm gran granparan yo—mwen envite nou pou nou tounen lakay nou. Kounyea se moman pou nou kòmanse a. Pa ranvwaye jou repantans nou.13

Epi, yon fwa nou fin pran desizyon sa a, toujou suiv chemen an. Papa nou ap tann, li anvi resevwa nou. Bra l louvri “tout jounen” pou nou.14 Rekonpans lan vo efò a.

Sonje pawòl sa yo Nefi te di: “Se poutèt sa nou dwe avanse avek fèmte nan Kris la, avèk yon esperans pafètman klè, e avèk lanmou pou Bondye ak pou tout moun. Se poutèt sa, si nou kenbe fèm, nou fè yon festen ak pawòl Kris la, si nou pèsevere jiskalafen, gade, Papa a di: N ap gen lavi etènèl.”15

Pafwa vwayaj la ap sanble l long—apre tou, se yon vwayaj ki mennen nan lavi etènèl. Men li kapab yon vwayaj jwaye si nou fè l ak lafwa nan Jezikri ak espwa nan Sakrifis Ekspyatwa L la. Mwen temwanye ke nan moman nou mete pye nou sou chemen repantans lan, nou envite pouvwa redanmtè Sovè a nan lavi nou. Pouvwa sa a ap kenbe pye nou fèm, l ap elaji vizyon nou epi l ap ranfòse rezolisyon nou pou n kontinye avanse, pazapa, jiskaske nou rive nan jou gloriye sa a kote n ap finalman retounen nan fwaye selès nou an epi tande Papa nou ki nan Syèl la di nou: “Se byen” an. 16 Nan non Jezikri, amèn.