2010–2019
Chèche konesans nan pi bon liv yo
Oktòb 2017


Chèche nan pi bon liv yo

Lè nou etidye nan pi bon liv yo, nou pwoteje kont bouch menasan moun k ap chèche wonje rasin spirityèl nou yo.

Byen bonè yon jou maten, m te wè yon cheni grangou e byen kamoufle sou yon bèl pye wozye. Lè m te gade kèk nan tij san fèy yo, sa te evidan, menm pou yon moun ki pa t twò obsèvatè, ke cheni an te debwouye l jwenn yon wout atravè fèy yo avèk machwa menasan l yo. Figirativman, m pa ka anpeche m panse ke gen kèk moun ki tankou cheni sa a; nou jwenn yo nan tout mond lan, e genyen ki si byen degize ke nou ka kite yo vin enstale yo nan lavi nou epi, anvan nou menm reyalize, yo manje rasin spirityèl nou ak pa manm fanmi nou ak zanmi nou.

N ap viv nan yon epòk kote move enfòmasyon sou kwayans nou simaye. Nan epòk tankou sa yo, si nou pa pwoteje ak apwofondi rasin spirityèl nou, se kòmsi nou envite moun k ap chèche detwi lafwa nou nan Kris la ak kwayans nou nan Legliz retabli li a pou yo detwi nou. Nan epòk Liv Mòmon an, sete Zeezrom ki t ap chèche detwi lafwa kwayan yo.

Aksyon li ak pawòl li se te “yon pyèj advèsè a te pare pou l kapab pran pèp [la], pou l te kapab soumèt [yo] devan l, pou l te kapab makonnen [yo] avèk chenn li yo, pou l te kapab anchene [yo]” (Alma 12:6). Menm pyèj sa yo egziste jodia tou, e si nou pa spirityèlman vijilan e bati sou fondasyon asire Redanmtè nou an (gade Elaman 5:12), nou ka twouve tèt nou mare anba chenn Satan yo epi l ap mennen nou desann avèk prekosyon nan chemen entèdi yo pale nan Liv Mòmon an (gade 1 Nefi 8:28).

Apot Pòl te lanse yon avètisman nan epòk li a ki aplikab pou epòk pa nou an: “Paske mwen konnen … gen moun k ap parèt nan mitan nou menm, k ap anseye move bagay, pou rale disip yo dèyè yo” (Travay 20:29–30).

Avètisman l lan ak avètisman pwofèt ak apot nou yo raple nou ke nou dwe fè tout sa nou kapab pou fòtifye tèt nou spirityèlman kont pawòl opozisyon ak mansonj yo. Pandan m ap vizite pawas ak pieu yo nan Legliz la, mwen edifye pa sa m wè, sa m tande, ak sa m santi pandan Sen yo ap pozitivman e fidèlman reponn a ansèyman Sovè a ak sèvitè l yo.

Ogmantasyon nan obsève jou Saba a se youn nan egzanp sou manm k ap spirityèlman fòtifye tèt yo nan suiv envitasyon pwofèt yo. Yon lòt egzanp ankò se ogmantasyon travay tanp ak istwa familyal k ap fèt pa fanmi yo pandan y ap reyini zansèt yo atravè òdonans tanp yo. Rasin spirityèl nou vin pi fon lè priyè pèsonèl ak familyal sensè nou yo vin tounen ranpa lafwa nou, pandan n ap repanti chak jou, pandan n ap chèche konpayi Sentespri a, ak aprann sou Sovè a ak kalite li epi efòse nou pou n vin menmjan avèk li (gade 3 Nefi 27:27).

Sovè nou an, Jezikri, se Limyè mond lan, e Li mande nou pou nou suiv li. Nou dwe suiv li tout tan e espesyalman nan lanuit fènwa ak ajite yo kote tanpèt dout ak ensètitid ap glise antre tankou yon gwo bwouya. Si dwèt moun ki sou lòtbò rivyè dlo a, [kote] yon kay byenlaj [kanpe] a” (1 Nefi 8:26) parèt y ap dirije sou ou nan yon atitid pou moke ou, pou rabese w, ak rele ou, m ap mande w pou vire do w imedyatman pou w pa kite w pèsyade pa tantativ plen riz yo ak detounen yo pou elwanye w de verite a ak benediksyon l yo.

Sepandan, nan pou epòk sa a kote se bagay pèvès sèlman moun yo ap pale, ap ekri, ap montre, sa poukont li pa p sifi. Èldè Robert D. Hales te anseye nou: “Si nou pa totalman angaje nou nan viv levanjil la---pou nou viv li ak tout kè nou, tout lespri nou, tout panse nou ak tout fòs nou---nou pa p ka gen ase limyè spirityèl pou n repouse fèvwa a” (“Des ténèbres à son admirable lumière,” Liahona, Jiyè 2002, 78). Se sèten ke dezi nou pou suiv Kris la, ki se Limyè Mond lan, (gade Jan 8:12), vledi ke nou dwe aplike ansèyman l yo. Nou spirityèlman fòtifye, ranfòse, ak pwoteje lè nou aplike pawòl Bondye a.

Plis lavi nou ranpli ak limyè, se mwens n ap gen fènwa. Men, menm nan yon abondans limyè, nou ekspoze anba moun ak kòmantè ki defòme kwayans nou e teste lafwa nou. Apot Jak te ekri: “Eprèv lafwa [nou] mache avèk pasyans” (Jak 1:3). Avèk ide sa a, Èldè Neal A. Maxwell te anseye: “yon disip pasyan … pap etone ni detounen lè moun ap pale Legliz la mal” (“Patience” [Brigham Young University devotional, Nov. 27, 1979], speeches.byu.edu).

Kesyon sou istwa Legliz nou an ak sou kwayans nou ap soulve. Nou dwe fè atansyon a sous kote nou prale pou n jwenn repons kòrèk yo. Nou pa p tire okenn benefis nan egzamine pwendvi ak opinyon moun ki mal enfòme oubyen ki dezanchante. Pi bon konsèy la, se Apot Jak ki te bay li: “Si nenpòt nan nou manke bon konprann, se pou l mande Bondye” (Jak 1:5).

Anvan nou mande Bondye, nou dwe fè bon jan etid, paske nou resevwa kòmandman nan ekriti yo pou nou chèche “pawòl sajès nan pi bon liv yo” ak pou nou “chèche konesans, menm nan etid epi avèk lafwa” (D&A 88:118). Gen yon pakèt liv sa yo, ki ekri pa dirijan Legliz enspire ak moun ki se maton nan istwa ak doktrin Legliz la. Men, okenn nan yo pa depase majeste pawòl revele Bondye nan ekriti kanonik yo. Andedan paj sa yo ki ranpli ak ansèyman spirityèl yo, nou aprann laverite atravè Sentespri a epi konsa, nou vin gen plis limyè.

Prezidan Thomas S. Monson egzòte nou pou nou “etidye ak medite sou Liv Mòmon an chak jou, nan lapriyè” (“Pouvwa Liv Mòmon an,” Liahona, Me 2017, 87).

Sa gen kèk ane, pandan m t ap sèvi kòm prezidan Misyon Suva a nan Fiji, gen kèk misyonè ki te viv yon eksperyans ki te ranfòse nan yo pouvwa Liv Mòmon an genyen pou konvèti a. Nan yon jou imid ki te plen chalè, de èldè yo te rive nan yon kay nan yon ti kominote nan Labasa.

Yo te frape nan pòt la epi yon mesye te ouvri epi l te koute pandan misyonè yo t ap temwaye de verasite Liv Mòmon an. Yo te ba l yon kopi epi yo te envite l pou l te li ak priye pou l te ka konnen, menmjan avèk yo, ke se pawòl Bondye. Repons li te brèf: “Demen m ap retounen al lapèch. M ap li l pandan sou lanmè a, epi lè m tounen, nou ka vizite m ankò.”

Pandan l t ale a, yo te fè transfè, epi kèlke semèn apre, de nouvo misyonè t al vizite mesye a. Antretan, li te gen tan li tout Liv Mòmon an, li te resevwa konfimasyon sou verasite li, epi l pa t ka tann pou l aprann plis sou li.

Mesye sa a te konvèti pa Sentespri a, ki te temwaye l verite pawòl presye ki nan chak paj yo sou evenman ak doktrin ki te anseye depi lontan e ki te prezève pou epòk pa nou an nan Liv Mòmon an. Menm benediksyon sa a disponib pou nou chak.

Fwaye a se yon kote ideyal pou fanmi yo etidye ak diskite sou verite plen valè yo ki nan ekriti yo, ak pawòl pwofèt yo, ak nan materyèl Legliz yo nan LDS.org. Ladan, n ap jwenn yon abondans enfòmasyon sou sijè levanjil tankou resi Premye Vizyon an. Si nou etidye nan pi bon liv yo, n ap pwoteje tèt nou kont machwa menasan yo k ap chèche manje rasin spirityèl nou yo.

Malgre tout priyè, etid, ak meditasyon sa yo, ap toujou rete kèk kesyon ki poko gen repons, men nou pa dwe kite sa etenn flanm lafwa ki limen andedan nou an. Kesyon sa yo se yon envitasyon pou bati lafwa nou e yo pa dwe alimante pa yon moman dout ki twonpè. Esans menm relijyon nou se pa gen yon repons sèten pou chak kesyon, paske se youn nan rezondèt lafwa. Konsènan sa, Èldè Jeffrey R. Holland te anseye nou: “Lè moman sa yo rive e pwoblèm parèt, e pa gen solisyon tousuit, se pou nou akwoche fèm nan sa nou konnen deja a epi kanpe djanm jiskaske nou resevwa konesans adisyonèl ” (“Senyè, mwen kwè,” Liahona, Me 2013, 94).

Tout bò kote nou, nou wè lajwa si anpil moun ki kanpe solid nan kontinyèlman nouri rasin spirityèl yo. Lafwa yo ak obeyisans yo sifi pou ba yo gwo esperans nan Sovè yo a, epi konsa, sa pote gwo lajwa. Yo pa di ke yo konn tout bagay, men yo peye pri pou yo konn ase pou yo ka gen lapè epi viv avèk pasyans pandan y ap chèche konn plis la. Liy apre liy, lafwa yo simante nan Kris la, epi yo kanpe fèm kòm sitwayen avèk Sen yo.

Annou chak viv pou ke machwa menasan cheni ki kamoufle yo pa jwenn plas, ni kounyeya ni jamè, nan lavi nou  pou nou ka rete “fèm nan lafwa Kris la, jiskalafen” (Alma 27:27). Nan non Jezikri, amèn.