2010–2019
Eklips spirityèl
Oktòb 2017


Eklips spirityèl

Pa kite distraksyon lavi yo eklipse limyè selès la.

21 Out  ane sa a, de evenman ra te pase ki te atire atansyon moun toupatou nan mond lan. Premye a sete selebrasyon 90zyèm anivèsè pwofèt byeneme nou an, Prezidan Thomas S. Monson. Nan moman sa a, m t ap ranpli yon tach nan Zòn Pasifik la e m te kontan pou wè ke Sen nan Ostrali, Vanuatu, Nouvèl Zelann, ak Polinezi Fransèz yo te non sèlman okouran anivèsè sa a, men yo te kontan selebre l tou. M te santi m te beni pou m te pataje bèl ekspresyon lafwa ak lanmou plen chalè yo pou gran gason sa a. Ala yon enspirasyon sa ye pou n wè koneksyon Sen Dènye Jou yo genyen avèk pwofèt yo a.

Natirèlman, Prezidan Monson, ki te konnen te gen moun ki te anvi swete l bòn fèt, te dekri kado fèt ideyal la: “Chèche jwenn yon moun k ap pase yon moman difisil oubyen ki malad oubyen ki poukont li epi fè yon bagay pou li. Se tout sa m mande.”1 Nou renmen ou, e nou soutni ou, Prezidan Monson.

Eklips Solè

Lòt evenman ra e selès ki te pase nan menm jou sa a e ki te kaptive dè milyon moun nan mond lan, sete yon eklips solè total. Sete premye fwa depi 99 van yon eklips konsa te pase nan tè Etazini an.2 Èske w konn wè yon eklips solè? Petèt m ta ka dekri sa an pi gwo detay.

Yon eklips solè total rive lè lalin nan deplase ant tè a ak solèy la, prèske totalman bloke tout limyè sou sifas solèy la.3 Lefèt ke sa ka rive a se yon mèvèy pou mwen. Si w imajine solèy la ki gwosè yon kawoutchou bisiklèt nòmal---lalin nan, an konparezon, apèn gwosè yon ti wòch.

Imaj
Yon wou bisiklèt ak yon ti wòch

Kijan sa fè posib ke sous chalè, limyè ak lavi a menm kapab si totalman kouvri pa yon ti bagay ki konparativman gen yon gwosè si ensiyifyan?

Byenke solèy la 400 fwa pi gwo pase lalin nan, li 400 fwa pi elwanye de tè a tou.4 Apati pèspektiv tè a, jeyometri sa a fè solèy la ak lalin nan parèt menm gwosè. Lè toulède byen aliyen, lalin nan sanble l kouvri tout solèy la. Zanmi m ak fanmi m ki te nan zòn kote eklips total la te rive a te dekri kijan limyè a te ranplase pa fènwa, zetwal te parèt, epi zwazo te kòmanse chante. Tanperati a te refwadi, paske lè gen yon eklips, tanperati a ka desann plis pase 20 degre Fahrenheit (11 degre Celsius).5

Imaj
Foul moun ki mete linèt pou eklips la

Yo te dekri yon santiman emèveyman, etonman, e menm anksyete, konesan ke yon eklips ka pote kèk danje avèk li tou. Men, yo tout te pran tout prekosyon pou anpeche domaj pèmanan nan zye yo oubyen “avègleman” eklips la ta ka lakoz. Yo pa t pè paske yo te mete linèt ki te ekipe avèk glas spesyal ki te pwoteje je yo kont tout danje potansyèl.

Analoji a

Nan menm fason ti lalin ki tou piti a kapab bloke solèy splendid la, e etenn limyè li ak chalè l la, yon ekplips spirityèl ka rive lè nou kite ti obstak tou piti—sa n ap rankontre nan lavi chak jou yo—vin si pre ke yo bloke grandè, ekla, ak chalè limyè Jezikri ak levanjil Li a.

Èldè Neal A. Maxwell te pouse analoji sa a pi lwen toujou lè l te deklare: “Menm yon bagay osi piti ke pous yon moun, lè l tou pre zye li, kapab anpeche l wè solèy la. Poutan, solèy la toujou la. Se moun nan ki mete avègleman an sou tèt li. Lè nou fokis twòp sou bagay insiyifyan, epi nou bayo priyorite, nou bouche vizyon nou sou syèl la.”6

Klèman, okenn nan nou pa t ap janm volontèman bouche vizyon nou sou syèl la ni kite yon eklips spirityèl rive nan lavi nou. Kite m pataje kèk panse ki ka ede nou anpeche eklips spirityèl lakoz domaj spirityèl pèmanan pou nou.

Linèt levanjil yo: Kenbe yon pèspektiv fonde sou levanjil la

Èske nou sonje deskripsyon m te bay sou linèt spesyal moun k ap gade eklips solè yo itilize pou pwoteje je yo kont domaj obyen kont avègleman eklips la ka lakoz la? Gade yon eklips spirityèl atravè linèt pwotektè ak adousi Lespri a ba nou yon pèspektiv levanjil, epi konsa, pwoteje nou kont avègleman spirityèl.

Ann egzamine kèk egzanp. Ak pawòl pwofèt yo nan kè nou ak Sentespri a kòm konseye nou, nou ka gade limyè selès ki bloke anpati a atravè “linèt levanjil”, pou evite yon eklips spirityèl.

Konsa, kijan pou n mete linèt levanjil sa yo? Men kèk egzanp. Linèt levanjil nou yo enfòme nou ke Senyè a vle pou nou pran Sentsèn chak semèn epi li vle pou n etidye ekriti ak priye chak jou. Yo enfòme nou tou ke Satan ap tante nou pou n pa fè yo. Nou konnen ke ajanda li se chèche pran libabit nou atravè distraksyon ak tantasyon mond lan. Menm nan epòk Jòb la, te gen moun ki petèt te sibi eklips spirityèl, yo dekri yo konsa: “Yo te bite nan fènwa gwo lajounen, e gwo midi y ap tatonnan tankou nan mitan lannuit.”7

Frè m ak sè m yo, lè m pale de gade atravè “linèt levanjil” yo, tanpri m vle nou konnen ke m p ap sigjere pou nou refize rekonèt ni diskite sou pwoblèm n ap rankontre yo ni pou nou mache nan totalman inyore pyèj ak mal enmi an mete devan nou yo. Mwen p ap pale de mete mask nan je nou---men okontrè. Mwen sigjere pou nou gade eprèv yo atravè linèt levanjil la. Èldè Dallin H. Oaks te deklare ke “pèspektiv se kapasite pou n wè tout enfòmasyon apwopriye nan yon relasyon enpòtan.”8 Yon pèspektiv levanjil elaji vizyon nou e rann ni etènèl.

Lè nou mete “linèt levanjil” la, n ap dekouvri ke pèsepsyon nou, fokis nou ak vizyon nou elaji nan fason nou panse sou priyorite nou, pwoblèm nou, tantasyon nou ak menm erè nou yo. N ap wè yon pi bèl limyè nou pa t ap kapab wè san yo.

Imaj
Linèt levanjil

Iwonikman, se pa sèl bagay negatif yo ki ka lakoz eklips spirityèl nan lavi nou. Souvan, se aktivite admirab oswa pozitif nou lage tèt nou yo ki kapab si akapare nou ke yo bloke limyè levanjil la epi yo pote fènwa. Danje oswa distraksyon sa yo ka enkli etid ak pwosperite, pouvwa ak renome, anbisyon, menm talan ak don.

Prezidan Dieter F. Uchtdorf te anseye ke: “tout vèti ki pouse alekstrèm kapab vin tounen yon vis. … Ap rive yon moman kote akonplisman yo ka vin tounen fado epi anbisyon yo vin tounen boulèt n ap trennen.”9

Kite m bay kèk egzanp pi presi sou bagay ki kapab ede nou evite eklips spirityèl nan lavi nou.

Medya sosyal

Sa gen kèlke mwa, m te fè yon diskou nan Konferans Fi yo nan Inivèsite Brigham Young.10 M te dekri kijan teknoloji, spesyalman medya sosyal yo, fasilite nou pwopaje “konesans sou yon Sovè … atravè tout nasyon, peyi, lang, ak pèp.”11 Teknoloji sa yo gen ladan yo: sit entènèt Legliz yo tankou LDS.org ak Mormon.org; app pou aparèy mobil, tankou Bibliyotèk Levanjil la, Mormon Channel, LDS Tools, ak Family Tree; ak platfòm rezo sosyal yo tankou Facebook, Instagram, Twitter, ak Pinterest. Modalite sa yo vin kreye dè santèn milyon “likes” (mwen renmen), shares (pataje), views (gade), retweets (reponn tweet) ak pins (epengle) ki vin zouti trè efikas ak trè itil nan pataje levanjil la avèk fanmi, zanmi, ak moun n ap kotwaye.

Malgre tout vèti sa yo ak itilizasyon apwopriye nan teknoloji sa yo, gen risk ki asosye avèk yo ki, si nou rale yo twò pre, ka mete nou nan yon pozisyon eklips spirityèl posib e potansyèlman bloke klète ak chalè levanjil la.

Itilizasyon medya sosyal, app pou aparèy mobil yo, ak jwèt yo ka fè nou ekstrèmeman pèdi tan e ka redui moman nou ta ka pase fasafas avèk yon moun yo. Mank dyalòg pèsonèl sa a ka afekte maryaj, ka pran plas pratik spirityèl enpòtan, e toufe devlopman talan sosyal, espesyalman pami jèn yo.

Gen de lòt risk anrapò ak medya sosyal yo ki se ideyalize reyalite a ak konparezon dekourajan.

Anpil (si se pa tout) nan foto yo poste sou mesya sosyal yo gen tandans pou montre lavi a nan pi bèl kote li—souvan se pa reyalite. Nou tout konn wè bèl foto dekorasyon kay, bèl lye vakans ekstraòdinè, sèlfi ak vizaj souriyan, anpil kalite preparasyon manje, ak foto kò ki aparaman inaksesib.

Paregzanp, men yon foto nou ka wè sou rezo sosyal yon moun. Men, li pa vrèman reprezante yon imaj total de sa ki reyèlman ap pase nan lavi reyèl.

Imaj
Foto moun k ap fè gato dèyè sèn nan

Lè nou konpare lavi aparaman mwayèn nou avèk lavi pafè yo reprezante sou medya sosyal yo, sa ka kite nou avèk santiman dekourajman, anvi, ak menm echèk.

Yon moun ki te pibliye anpil foto de li te di, petèt amwatye an blag, “A kwa bon pou yon moun gen kè kontan si l pa p pibliye li?”12

Jan Sè Oscarson te raple nou maten an, siksè nan lavi a pa soti nan ki kantite “like” nou genyen ni ki kanti “zanmi” ak “moun k ap suiv” nou nan medya sosyal. Sepandan, li gen rapò avèk lyen pwofon ki konekte nou avèk lòt moun ak limyè sa ajoute nan lavi nou.

Mwen espere nou ka aprann pou n pi reyèl, pou n gen plis imou, e santi nou mwens dekouraje lè nou wè foto ki gen dwa montre yon reyalite ideyalize e ki twò souvan mennen nou fè konparezon k ap kraze nou yo.

Aparaman, konparezon se pa sèlman yon pwoblèm epòk pa nou an men sete yon pwoblèm nan tan lontan yo tou. Apot Pòl te avèti moun nan epòk li yo ke “yo mezire tèt yo ak mezi yomenm yo fè, e yo konpare tèt yo ak pwòp tèt pa yo ankò, yo pa saj.”13

Etandone pil itilizasyon apwopriye ak enspire ki gen nan teknoloji a, annou itilize l pou anseye, enspire, ak ankouraje tèt nou ak ankouraje lòt moun pou yo vin pi bon---olye pou nou montre pòtre ideyalize sou noumenm. Annou anseye ak montre jenerasyon k ap grandi a itilizasyon kòrèk teknoloji a epi avèti yo kont danje ki asosye avèk li ak itilizasyon destriktè l tou. Si nou gade medya sosyal yo atravè linèt levanjil la, sa ka anpeche l vin tounen yon eklips spirityèl nan lavi nou.

Ògèy

Kounyea, ann pale sou pyèdachopman ki rele ògèy la. Lògèy se kontrè imilite, ki se yon “dispozisyon pou soumèt nou anba volonte Senyè a.”14 Lè nou ògeye, nou gen tandans pou n bay tèt nou onè olye nou bay lòt moun onè, enkli Senyè a. Lògèy souvan mennen yon espri konpetisyon; se yon tandans pou n chèche jwenn plis e asime ke nou pi bon pase lòt. Lògèy souvan pote santiman rankè ak rayiman; li pouse moun gen rankin oubyen yo pa ka padone. Men, lògèy kapab anglouti nan kalite kretyen ki se imilite a tou.

Relasyon yo, menm avèk fanmi pwòch nou ak moun nou renmen, specialman avèk fanmi pwòch nou ak moun nou renmen—menm ant mari ak madanm—devlope nan imilite e yo deteryore pa lògèy.

Sa gen kèk ane, yon direktè yon gwo magazen te rele m pou pale m de konpayi l lan ke youn nan konkiran l yo ta pral achte. Limenm ak yon pakèt lòt manm pèsonèl konpayi sa a te enkyè paske yo te ka pèdi djòb yo. Etandone l te konnen m te byen konn moun yo ki t ap achte konpayi an, li te mande si m te vle prezante l ba yo epi bay yon bon referans pou li, e menm aranje yon randevou avèk yo pou li. Li te fini ak deklarasyon sa a: “Ou konn sa yo di? “Moun ki dou a ap peri!’”

M te konprann ke l te di sa plis tankou yon plezantri. M te kapte blag la. Men te gen yon prensip enpòtan ke m te santi k ta ka finalman itil li. M te reponn: “Aktyèlman, se pa sa yo di. Anfèt, se jis lekontrè. Yo di ‘Moun dou a ap eritye tè a’.”15.

Nan eksperyans mwen nan Legliz la osibyen ke nan karyè pwofesyonèl mwen, kèk nan moun ki pi eksepsyonèl ak pi efikas m te janm rankontre sete pami moun ki te pi dou ak pi enb yo.

Imilite ak dousè mache men nan lamen. Se pou nou sonje ke “pèsonn pa akseptab devan Bondye, eksepte si li dou e l gen bon kè.”16

Mwen priye pou nou fè efò pou n evite eklips spirityèl lògèy la nan anbrase vèti imilite a.

Konklizyon

An konklizyon, yon eklips solè se anfèt yon fenomèn natirèl remakab kote bote, chalè, ak limyè solèy la kapab totalman kouvri pa yon objè relativman ensiyifyan ki lakoz fènwa ak fredi.

Menm fenomèn nan kapab rive nan yon sans spirityèl, lè nou kite ti bagay aparaman ensiyifyan yo vin twò akapare nou e bloke bote, chalè, ak limyè selès levanjil Jezikri a, e ranplase l pa yon fènwa tou frèt.

Linèt yo fè pou pwoteje zye moun ki nan zòn eklips solè total yo kapab anpeche domaj pèmanan e menm anpeche yo vin avèg.17 Linèt levanjil yo ki konpoze pa yon konesans ak yon temwayaj de prensip ak òdonans levanjil yo banou yon pèspektiv levanjil ki ka pote pi plis pwotekson spirityèl ak klète pou yon moun ki ekspoze anba danje yon eklips spirityèl.

Si w dekouvri yon bagay ki sanble l bloke lajwa ou ak limyè levanjil la nan lavi ou, mwen envite w pou w mete l nan yon pèspektiv levanjil. Gade atravè linèt levanjil yo epi rete vijilan pou w pa kite okenn bagay ensiyifyan ak san enpòtans nan lavi a bouche vizyon etènèl ou sou gran plan bonè a. Anbrèf, pa kite distraksyon lavi yo eklipse limyè selès la.

Temwayaj

Mwen rann temwayaj ke kèlkeswa obstak ki ka bouche vizyon nou pou anpeche nou wè limyè levanjil la, limyè a toujou la. Sous chalè, verite, ak klète sa a se levanjil Jezikri a. Mwen rann temwayaj de yon Pè Selès eman ak Pitit Gason l lan, Jezikri, ak wòl Pitit Gason an kòm Sovè ak Redanmtè nou. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Thomas S. Monson, nan Sarah Jane Weaver, “What Gift Does President Monson Want for His 90th Birthday?” Deseret News, Out 17, 2017, deseretnews.com.

  2. Gade Christina Zdanowicz and Judson Jones, “An Eclipse Will Cross the US for the First Time in 99 Years,” 24 Jiyè 2017, cnn.com.

  3. Gade “Eclipse: Who? What? Where? When? and How?” eclipse2017.nasa.gov.

  4. Gade EarthSky in Space, “Coincidence That Sun and Moon Seem Same Size?” earthsky.org.

  5. Gade Brian Lada, “5 Surprising Effects the Total Solar Eclipse Will Have besides Darkness,” accuweather.com.

  6. Neal A. Maxwell, Of One Heart: The Glory of the City of Enoch (1975), 19.

  7. Jòb 5:14.

  8. Dallin H. Oaks, address given at Salt Lake Bonneville Young Single Adult Stake fireside, Salt Lake City, Utah, Fev. 8, 2015.

  9. Dieter F. Uchtdorf, “Of Things That Matter Most,”Liahona, Nov. 2010, 20.

  10. Gade Gary E. Stevenson, “The Knowledge of a Savior” (Brigham Young University Women’s Conference, Me 5, 2017).

  11. Mozya 3:20.

  12. Jade, “The Obsession of Creating a Picture-Perfect Life on Social Media.”

  13. 2 Korentyen 10:12.

  14. Gade Preach My Gospel: A Guide to Missionary Service (2004), 120–21.

  15. Matye 5:5; 3 Nefi 12:5.

  16. Moroni 7:44.

  17. Gade “Solar Eclipse and Your Eyes,” preventblindness.org.