2010–2019
Liv Mòmon an: Kisa lavi nou t ap ye san li?
Oktòb 2017


Liv Mòmon an: Kisa lavi nou t ap ye san li?

Nan yon fason pi mirakile ak enkonparab, Liv Mòmon an anseye nou sou Jezikri ak levanjil li a.

An 1986, yo te envite m pou m te bay yon konferans spesyal nan Inivèsite Accra a nan Ghana. La, mwen te rankontre yon kantite pèsonaj enpòtan, ladan yo yon wa tribal Afriken. Pandan nou t ap pale anvan konferans lan, wa a te pale avèk mwen sèlman palentèmedyè entèprèt li, ki te tradui pou mwen apresa. Mwen te reponn entèprèt la, epi li te tradui repons mwen yo pou wa a apresa.

Apre diskou a, wa a te vin jwenn mwen dirèkteman, men fwa sa a, san entèprèt li a. Mwen te sezi lè m te dekouvri ke l te pale yon Anglè pafè—m ka menm di Anglè Rèn nan!

Wa a te sanble l te etone. Li te mande “Kimoun ou ye egzakteman?”

Mwen te reponn: “Mwen se yon Apot òdone Jezikri.”

Li te mande: “Kisa w ka anseye m osijè Jezikri?”

Mwen te reponn avèk yon kesyon: “Èske m ka mande kisa w deja konnen osijè li?”

Repons wa a te revele ke l t ap etidye Bib la seryezman epi li sete yon moun ki te renmen Senyè a.

Apresa m te mande l si l te konn yon bagay sou ministè Jezikri nan pami pèp Ansyen Amerik la.

Jan m te atann mwen, li te di non.

Mwen te eksplike l ke, apre Krisifiksyon Sovè a ak Rezirèksyon li, li te vin bò kot pèp ki t ap viv nan ansyen Amerik la, kote li te anseye yo levanjil li a. Li te òganize legliz li a epi li te mande disip li yo pou yo te kenbe yon rejis sou ministè li nan pami yo a.

Mwen te kontinye: “Rejis sa a se sa nou rele Liv Mòmon an. Se yon lòt temwayaj konsènan Jezikri. Limenm ak Bib la mache ansanm.

Rive nan pwen sa a, wa a te vin trè enterese. M te vire gade prezidan misyon an ki te akonpaye m nan epi m te mande si l te gen yon Liv Mòmon avèk li. Li te rale youn nan valiz li.

Mwen te louvri l nan 3 Nefi chapit 11, epi ansanm, wa a avèk mwen te li diskou Sovè a te bay Nefit yo. Apresa mwen te ofri l Liv Mòmon an. Reyaksyon l la grave nan tèt mwen ak nan kèk ajamè: “Ou te gen dwa ofri m dyaman ak ribi, men, anyen pa pi presye pou mwen pase konesans adisyonèl sa a osijè Senyè Jezikri a.”

Apre l te fin santi puisans pawòl Sovè a yo kite nan 3 Nefi a, wa a te deklare: “Si m konvèti epi m antre nan legliz la, m ap mennen tout tribi m nan avèk mwen.”

Mwen te di: “O, Wa, se pa konsa sa fèt. Konvèsyon se yon bagay endividyèl. Sovè a te sèvi Nefit yo youn pa youn. Chak moun te resevwa yon temwayaj konsènan levanjil Jezikri a.”1

Imaj
Jezikri k ap ministre Nefit yo

Frè m ak sè m yo, nan ki nivo Liv Mòmon an presye pou nou? Si yo ta ofri nou dyaman oswa rivi oubyen Liv Mòmon an, kisa nou t ap chwazi? Onètman, kiyès ladan ki t ap gen plis valè pou ou?

Sonje nan sesyon Dimanch maten konferans jeneral Avril 2017 la, Prezidan Thomas S. Monson te egzòte nou pou “nou chak etidye ak medite sou Liv Mòmon an chak jou, nan lapriyè.”2 Anpil nan nou te suiv egzòtasyon pwofèt nou an te bay la.

Kite m di ke ni mwenmenm ni Riley ki gen uitan, pa t konnen ke yon moun t ap pran foto nou. Note ke Riley ap li Liv Mòmon an avèk èd yon makpaj “Je suis enfant de Dieu”.

Imaj
Prezidan Nelson ak Riley k ap etidye ekriti yo

Gen yon bagay puisan ki rive lè yon pitit Bondye ap chèche konnen plis sou Limenm ak Pitit Gason Byeneme l la. Pa gen okenn lòt kote yo anseye verite sa yo pi klèman ak pi puisan pase nan Liv Mòmon an.

Depi envitasyon Prezidan Monson nan sa gen sis mwa a, m eseye suiv konsèy li. Pami lòt bagay, mwen fè lis sou kisa Liv Mòmon an ye, kisa li afime, kisa li rejte, kisa li akonpli, kisa li klarifye, ak kisa li revele. Gade Liv Mòmon an atravè lis bagay sa yo sete yon egzèsis revelatwa ak enspiran pou mwen! Mwen rekòmande nou chak pou nou fè sa.

Pandan sis mwa sa yo, mwen te envite plizyè gwoup moun—enkli Frè m yo nan Kolèj Douz yo, misyonè nan Chili yo, ak prezidan misyon ak madanm yo nan Ajantin—pou yo te reflechi sou twa kseyon ki anrapò avèk sijè m mande nou pou nou reflechi sou li jodia:

Premyèman, kisa lavi nou t ap ye san Liv Mòmon an? Dezyèmman, kisa nou pa t ap konnen? Epi, twazyèmman, kisa nou pa t ap genyen?

Repons plen antouzyas gwoup moun sa yo te soti dwat nan fon kè yo. Men kèk nan kòmantè yo te fè:

“San Liv Mòmon an, mwen t ap dezoryante pa ansèyman ak opinyon kontradiktwa yo sou si anpil bagay. Mwen t ap jan m te ye anvan m te jwenn Legliz la, lè m t ap chèche konesans, lafwa ak esperans lan.”

Yon lòt te di: “Mwen pa t ap konn wòl Sentespri a kapab jwe nan lavi mwen.”

Yon lòt moun te reponn: “Mwen pa t ap konnen ke gen yon pwogresyon ki kontinye apre lavi sa a. Gras ak Liv Mòmon an, mwen konnen reyèlman gen lavi apre lanmò. Se pou objektif siprèm sa a n ap travay.”

Dènye kòmantè sa a te fè m reflechi sou lavi m dèzane desa pandan m te yon jèn rezidan an chiriji. Youn nan responsablite ki pa twò rejwisan yon chirijyen genyen se tanzantan enfòme yon fanmi lè yon moun ni mouri. Nan yon lopital kote m t ap travay, yo te amenaje yon sal espesyal avèk mi ranboure kote manm fanmi yo te kapab resevwa kalite nouvèl konsa. Nan sal sa a, gen kèk moun ki te konn frape tèt yo sou mi ranboure sa yo pou manifeste chagren yo. Ala m te anvi anseye moun sa yo ke lanmò, malgre l difisil pou moun ki rete dèyè a, se yon etap nesesè nan egzistans nou nan mòtalite a. Lanmò pèmèt nou pwogrese ale nan mond apre a.3

Yon lòt pèsonaj ankò ke m te poze kesyon an te di: “Lavi m te san enterè anvan m te li Liv Mòmon an. Malgre m te konn priye epi al legliz tout lavi mwen, Liv Mòmon an te ede m vrèman kominike avèk Pè Selès la pou lapremyèfwa.

Yon lòt te di: “San Liv Mòmon an, mwen pa t ap konprann ke Sovè a te non sèlman soufri pou peche mwen, men Li ka geri doulè m ak chagren m tou.”4

Epi yon lòt ankò: “Mwen pa t ap konnen ke nou gen pwofèt pou dirije nou.”

Plonje nou regilyèman nan verite yo ki nan Liv Mòmon an kapab chanje lavi nou. Youn nan pitit pitit fi m yo, Sè Olivia Nelson, ki nan misyon, te pwomèt yon envestigatè si l te li Liv Mòmon an chak jou, li t ap gen pi bèl nòt nan egzamen li nan inivèsite a. Li te fè sa, epi l te gen pi bèl nòt vre.

Imaj
Sè Olivia Nelson

Chè frè m ak sè m yo, mwen temwaye ke Liv Mòmon an se vrèman pawòl Bondye. Li gen repons pou kesyon ki pi difisil yo nan lavi a. Li anseye doktrin Kris la.5 Li devlope epi l klarifye anpil nan verite “klè epi presye”6 ki te pèdi atravè syèk yo ak pil tradiksyon yo te fè sou Bib la.

Liv Mòmon an ba nou yon konpreyansyon total e pi fyab sou Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a ke nou pa jwenn okenn lòt kote. Li anseye kisa sa vrèman siyifi pou yon moun nedenouvo. Nan Liv Mòmon an, nou aprann sou rasanbleman Izrayèl ki te dispèse a. Nou konnen poukisa nou isit sou tè a. Verite sa yo ak lòt anseye avèk plis puisans ak plis fòs nan Liv Mòmon an pase nan nenpòt lòt liv. Puisans total levanjil Jezikri a chita nan Liv Mòmon an.

Liv Mòmon an demontre nou ansèyman Mèt la te bay yo epi li denonse taktik advèsè a.7 Liv Mòmon an anseye vrè doktrin nan pou efase fos tradisyon relijye—tankou pratik enkòrèk pou batize timoun piti yo.8 Liv Mòmon an bay objektif lavi a kote l pouse nou pou nou reflechi sou lavi etènèl ak “bonè ki p ap janm fini.”9 ki posib la. Liv Mòmon an kraze fos kwayans ki di nou ka jwenn bonè nan inikite a10 epi bonte pèsonèl se tout sa nou bezwen pou nou retounen nan prezans Bondye a.11 Li ajamè aboli tout fos ide ki di ke revelasyon te fini avèk Bib la epi syèl la fèmen jodia.

Lè m panse ak Liv Mòmon an, mwen panse a mo pouvwa a. Verite ki nan Liv Mòmon an gen pouvwa pou yo geri, rekonfòte,retabli, sekouri, fòtifye, konsole, ak rejwi nanm nou.

Chè frè m ak sè m yo, mwen pwomèt nou ke si nou etidye Liv Mòmon an chak jou, nan yon espri lapriyè, n ap kapab pran pi bon desizyon—chak jou. Mwen pwomèt nou si nou reflechi sou sa nou etidye yo, fenèt syèl yo al louvri, epi n ap resevwa repons pou kesyon nou yo ak direksyon pou lavi nou. Mwen pwomèt ke si nou plonje nou nan Liv Mòmon an chak jou, nou kapab jwenn pwoteksyon kont mal ki nan mond lan, spesyalman kont fleyo pònografi ak lòt depandans ki angoudi lespri yo.

Chak fwa m tande yon moun, enkli mwenmenm, di: “Mwen konnen Liv Mòmon an se verite” mwen anvi reponn: “Se byen, men sa pa ase!” Nou bezwen santi nan “pati ki pi pwofon” an nan kè nou,12 ke Liv Mòmon an se pawòl Bondye, san okenn dout. Nou bezwen santi sa si pwofon ke nou p ap janm viv yon sèl jou san nou pa li li. Pou m repete fraz Prezidan Brigham Young nan, kote l te di: “Mwen swete m te gen vwa sèt tonnè pou m te ka reveye pèp la”13 pou fè yo konnen verite ak puisans Liv Mòmon an.

Nou oblije sanble avèk jèn misyonè sa a k ap sèvi an Ewòp la, ki te tèlman konnen ke Liv Mòmon an se verite ke li te literalman kouri avèk yon kopi anal sakre sa a pou pote l bay yon mesye limenm ak konpayon li te fèk jwenn nan yon pak.

Imaj
Yon misyonè k ap kouri

Mwen temwaye ke Joseph Smith sete epi li rete pwofèt dènye dispansasyon an. Se limenm ki, pa pouvwa don ak pouvwa Bondye, te tradui liv sakre sa a. Sa a se liv k ap ede prepare mond lan pou Dezyèm Vini Senyè a.

Mwen temwaye ke Jezikri se Pitit Gason vivan ak literal Bondye vivan nou an. Li se Sovè nou, Redanmtè nou, gran Egzanp nou, ak Avoka nou bò kote Papa a. Li sete Mesi yo te pwomèt la, epi se li k pral Mesi milenyòm nan. Mwen temwaye ak tout nanm mwen ke, nan yon fason mirakile ke nou pa ka konprann, Liv Mòmon an fè nou konnen Jezikri ak levanjil Li a.

Mwen konnen Prezidan Thomas S. Monson se pwofèt Bondye sou tè a jodia. Mwen renmen li e mwen soutni li ak tout kè m. Mwen temwaye kosa, nan non Jezikri, amèn.

Lis Prezidan Nelson prepare osijè Liv Mòmon an

Liv Mòmon an se:

  • Yon lòt temwayaj konsènan Jezikri. Otè prensipal li yo—Nefi, Jakòb, Mòmon ak Mowoni—ak tradiktè l la, Joseph Smith, yo tout te wè Senyè a.

  • Yon rejis sou ministè li bò nan pami pèp ki te viv nan ansyen Amerik la.

  • Vrè, jan Senyè a Limenm deklare.

Liv Mòmon an afime:

  • Idantite endividyèl Pè Selès la ak Pitit Gason Byeneme L la, Jezikri.

  • Nesesite pou Chit Adan an ak sajès Èv, pou lèzòm egziste pou yo te kapab gen lajwa.

Liv Mòmon an rejte nosyon ke:

  • Revelasyon te ini avèk Bib la.

  • Timoun piti bezwen batize a.

  • Nou kapab jwenn bonè nan inikite a.

  • Bonte endividyèl sifi pou egzaltasyon (nou bezwen òdonans ak alyans).

  • Chit Adan an te sal limanite avèk “peche orijinè” la.

Liv Mòmon an akonpli pwofesi biblik ki di ke:

  • “Gen lòt brebi” ki ap tande vwa li.

  • Bondye pral fè “yon travay mèveye ak yon pwodij,” k ap pale “soti nan tè a.”

  • Bwa Jida a” ak “bwa Joseph” la ap vin fè youn.

  • Izrayèl dispèse a ap rasanble ankò “nan dènye jou yo” ak kijan sa pral fèt.

  • Peyi eritaj linye Joseph la se Kontinan Amerik la.

Liv Mmon an klarifye konpreyansyon osijè:

  • Egzanstisans premòtèl nou

  • Lanm. Se yon konpozan nesesè nan gwo plan bonè Bondye a.

  • Egzistans apre lanmò a, ki kòmanse nan parade.

  • Kijan rezirèksyon kò a reyini avèk espri a vin yon nanm imòtèl.

  • Jijman nou, ke Senyè a ap fè, apral selon aksyon nou ak dezi kè nou.

  • Kijan pou akonpli òdonans yo kòrèkteman: paregzanp, batèm, sentsèn, don Sentespri a.

  • Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a.

  • Rezirèksyon an.

  • Wòl enpòtan zanj yo.

  • Nati etènèl prètriz la.

  • Kijan konpòtman lèzòm enfliyanse plis pa pouvwa pawòl la pase pa pouvwa epe.

Liv Mòmon an revele enfòmasyon ke nou pa t konnen anvan:

  • Yo te konn fè batèm anvan nesans Jezikri a.

  • Pèp nan ansyen Amerik la te konn bati konstwi tanp.

  • Josephm 11zyèm pitit Izrayèl la, te predi wòl pwofesik Joseph Smith la.

  • (An 600–592 AK) Nefi te predi dekouvèt ak kolonizasyon Amerik la.

  • Kèk pati klè ak presye nan Bib la te pèdi.

  • Chak moun resevwa limyè Kris la.

  • Enpòtans libabit ak nesesite lopozisyon nan tout bagay.

  • Avètisman kont “konbinezon sekrèt.”