2010–2019
Kè vèv La
Oktòb 2017


Kè vèv la

Annou fè sa ki nesesè pou n ka gen yon kè menmjan ak vèv la, pou nou vrèman rejwi pou benediksyon ki pral reponn “bezwen” nou yo kòm rezilta a.

Mwen te gen gwo benediksyon pou m te sèvi nan pami Sen nan Pasifik yo pandan prèske tout lavi adilt mwen. Lafwa, lanmou, ak bèl sakrifis Sen devwe sa yo te ranpli m ak enspirasyon, gratitid, ak lafwa. Istwa yo sanble avèk istwa pa nou.

Mwen te remake ke Sen sa yo gen anpil an komen ak vèv la ke Sovè a te obsève pandan l te “chita ... epi t’ap gade moun yo ap mete lajan nan bwat kote yo met ofrann nan: epi plizyè moun rich t’ap mete anpil lajan.

“Yon pòv vèv vin rive tou; li mete de ti kòb ki pa t’ menm fè mwatye senk kòb.  …

“Jezi te rele disip li yo, li di yo; Anverite m’ap di nou, Vèv pòv sa a bay plis pase tout moun ki mete ofrann nan bwat la:

“Paske … tout moun sa yo mete sa yo pa bezwen; men li menm, nan tout mizè l, li bay tou sa l’ te genyen, tout sa l’ te gen pou l’ viv.”1

Menm si de ti pyès kòb li te mete yo se te yon ti kontribisyon fèb, pou Sovè a don l lan te gen yon valè siprèm, paske li te bay tout sa l te genyen. Nan moman sa a, Sovè a te konplètman konnen vèv la, paske kado l la te montre L kè li. Kalite ak pwofondè lanmou l ak lafwa li te tèlman wo ke l te bay sa l te genyen an ak konesans ke l ap jwenn pou “bezwen” l yo.

Mwen te wè menm kè sa a nan Sen yo nan Pasifik la. Nan yon ti vilaj nan youn nan zile sa yo, yon pèsonaj ak madanm ni te aksepte envitasyon misyonè yo pou yo te mande Senyè a sensèman si leson sa yo ke yo t ap anseye yo a sete verite. Nan pwosesis sa a, yo te reflechi sou konsekans angajman yo t apral oblije pran yo tou, si repons yo te jwenn nan te mennen yo aksepte levanjil retabli a. Yo te jene e priye pou yo te konnen si Legliz la ak Liv Mòmon an sete verite. Repons priyè yo a te vini sou fòm yon afimasyon dous men fèm: “Wi! Se verite!”

Lè yo te resevwa temwayaj sa a, yo te chwazi pou yo te batize. Se pa t yon chwa san pri pèsonèl. Desizyon yo ak batèm yo a te vini avèk yon gwo pri. Yo te pèdi travay yo, yo te sakrifye ran sosyal yo, amitye enpòtan te kraze, epi yo pa t gen sipò, lanmou, ak respè fanmi yo ankò. Kounyea yo t ap mache al Legliz chak Dimanch, pandan yo t ap resevwa koudèy enkonfòtab zanmi ak vwazen ki t ap mache nan direksyon opoze a.

Nan sikonstans difisil sa yo, yo te mande bon frè sa a kijan l te santi l pou desizyon l te pran pou l te vin manm Legliz la. Men sa l te senpleman reponn byen fèm: “Se verite, pa vre? Chwa nou an te klè.”

De nouvo konvèti sa yo te reyèlman gen kè vèv la. Menm jan avèk vèv la, yo te “mete” tout sa yo te ka bay, yo te volontèman bay nan “bezwen” yo. Kòm rezilta kè kwayan yo ak lafwa pèseveran yo pandan epòk difisil sa yo, fado yo te vin lejè. Yo te jwenn èd ak ankadreman manm Legliz yo ki te ba yo sipò e ede yo, epi yo te pèsonèlman fòtifye pa sèvis yo nan apèl yo nan Legliz la.

Apre yo te fin bay “tout” yo menm nan, pi gwo jou a pou yo sete jou yo te sele nan tanp kòm yon fanmi etènèl la. Menm jan L te fè pou nouvo moun ki te konvèti sou direksyon Alma yo, “Senyè a te Senyè a te fòtifye yo pou yo te kapab pote chay yo alèz, e yo te aksepte avèk kè kontan ak pasyans, tout sa Senyè a te vle.”2 Se konsa koup mèveye sa a te montre egzanp kè vèv la.

Ban m pale konsènan yon lòt eksperyans kote kè vèv la te grandman vizib. Nan Samoa, nou travay ak konsèy vilaj yo pou misyonè yo ka gen aksè ladan yo pou yo ka preche levanjil la. Sa gen kèk ane, m te gen yon konvèsasyon avèk chèf yon vilaj kote misyonè nou yo pa t gen dwa ale pandan anpil anpil ane. Konvèsasyon m nan te fèt prèske apre chèf siprèm sa a te louvri vilaj la pou legliz la, sa k te pèmèt misyonè nou yo ansenye moun ki te enterese aprann konsènan levanjil la ak doktrin li yo.

Mwen te anvi konnen kisa k te pase, ki te fè ke, apre sitèlman ane konsa, chèf vilaj sa a te pran desizyon mirakile sa a. Mwen te poze kesyon an epi, chèf m t ap pale avèk li a te reponn: “Yon moun ka viv nan fè nwa pandan yon sèten tan, men yon jou ap rive kote l ap anvi al nan limyè a.”

Lè l te ouvri vilaj la, chèf siprèm sa a te montre ke l te gen kè vèv la—yon kè ki adousi lè chalè ak limyè verite a revele. Dirijan sa a te dispoze pou l te abandone anpil ane tradisyon, afwonte anpil opozisyon, e rete fèm pou lòt moun te kapab beni. Sa a se te yon dirijan ki te gen kè l fikse sou byenèt ak bonè pèp li, olye ke l te fikse sou tradisyon, kilti, ak pouvwa pèsonèl. Li te kite enkyetid sa yo pou sa Prezidan Thomas S. Monson te ansenye nou: “Lè nou suiv egzanp Sovè a, n ap gen opòtinite pou nou vin yon limyè nan lavi lòt moun.”3

Finalman, ban m pataje avèk nou yon lòt eksperyans m te fè ankò nan pami Sen nan Pasifik yo, ki rete pwofondeman ak spirityèlman anrasinen nan nanm mwen. Sa gen kèk ane, mwen te yon jèn konseye yon evèk nan yon nouvo pawas nan Samoa Ameriken an. Nou te gen 99 manm, ki sete kiltivatè, ouvriye nan konsèvri, anplwaye gouvènman, avèk fanmi yo. Lè Premye Prezidans lan te anonse an 1977 ke yo ta pral konstwi yon tanp nan Samoa, tout moun te eksprime lajwa yo ak rekonesans yo. Nan epòk sa a, pou manm nan Samoa Ameriken yo te ale nan tanp, yo te konn oblije vwayaje al Awayi oubyen nan Nouvèl Zelann. Se te yon vwayaj ki te koute chè epi anpil manm Legliz fidèl yo nan zòn sa a pa t gen mwayen pou yo te fè l.

Nen epòk sa a, yo te ankouraje manm yo pou yo kontribye nan yon fon konstriksyon pou te ka pote asistans yo nan konstriksyon tanp. Nan espri sa a, episkopa nou an te mande manm pawas yo pou yo te reflechi, nan lapriyè, sou sa yo te kapab bay. Yo te fikse yon dat pou fanmi yo te rasanble pou yo te ka vin remèt don yo. Nan apre, lè yo te ouvri don sa yo an prive, episkopa nou an te touche pa lafwa ak jenewozite manm mèveye nou yo nan pawas la.

Paske m te konn chak fanmi yo ak sitiyasyon yo, m te santi yon pwofon santiman emèveyman, respè, ak imilite. Bagay sa yo, nan tout sans, sete egzanp modèn sou pyès kòb vèv la yo te pran nan “nesesite” yo pou yo te bay san regrè epi avèk yon lajwa nan benediksyon ki sete bati yon tanp sen Senyè a nan Samoa a. Fanmi sa yo te konsakre tout sa yo kapab pou Senyè a, avèk lafwa ke yo pa t ap janm rete nan bezwen. Don yo a sete manifestasyon kè vèv la. Tout moun ki te bay yo te fè sa ak tout kè yo epi avèk jwa paske kè vèv la ki nan yo a te kapab wè avèk je lafwa yo ke te gen gwo benediksyon ki t ap tann fanmi yo, ak tout moun nan Samoa ak Somoa Ameriken yo, pandan dè jenerasyon k t ap vini yo. Mwen konnen ke Senyè a te konnen epi l te aksepte ofrann konsakre yo a, pyès vèv yo a.

Kè vèv la ki te bay de pyès kòb li a se yon kè ki ap bay tout bagay nan fè sakrifis; nan andire difikilte, pèsekisyon, ak rejè; epi nan pote tout kalite fado. Kè vèv la se yon kè ki wè limyè verite a, ki santi li e ki konnen li, e ki ap bay tout bagay pou anbrase verite sa a. Li ede lòt moun wè menm limyè sa a tou epi vin nan menm mezi bonè ak lajwa etènèl sa a. Finalman, kè vèv la defini pa yon dispozisyon pou bay tout bagay pou bati wayòm Bondye a sou tè a.

Ann ini nou antanke Sen nan tout mond lan, pou nou fè sa ki nesesè pou n ka gen kè vèv la, pandan n ap vrèman rejwi nan benediksyon ki pral reponn “bezwen” nou yo kòm rezilta a. Priyè m pou nou chak se pou nou gen kouraj pou n pote fado nou yo, pou n fè sakrifis ki nesesè yo, epi pou nou gen volonte pou n bay ak aji. Mwen pwomèt ke Senyè a pa p kite nou nan bezwen. Kè vèv la chaje avèk gratitid ke Sovè a sete “yon nonm ki te soufri anpil, li te tout tan nan gwo lapenn”4 pou nou pa oblije goute “tas anmè” a.5 Malgre feblès nou ak mankman nou yo, epi akoz yomenm, Li kontinye ap ofri men Li, ki te pèse pou nou. L ap elve nou si nou dispoze pou nou vin nan limyè Levanjil Li a, pou nou anbrase Li, epi pèmèt Li ranpli “bezwen” nou.

Mwen rann temwayaj sou gwo lanmou nou kapab pataje antanke disip ak moun k ap suiv Senyè a, Jezikri. Mwen renmen Prezidan Thomas  S. Monson epi m soutni li kòm pwofèt Bondye sou tè a. Liv Mòmon an se yon lòt temwayaj konsènan Jezikri pou mound lan, e mwen envite tout moun pou yo li l epi dekouvri mesaj li genyen pou nou an. Tout moun ki aksepte envitasyon Senyè a pou vin jwenn ni an ap jwenn lapè, lanmou, ak limyè. Jezikri se gwo Egzanp nou ak Redanmtè nou. Se sèlman atravè Jezikri, ak mirak Ekspiyasyon enfini L lan, nou kapab resevwa lavi etènèl. Konsènan sa mwen rann temwayaj mwen, nan non sakre Li, non Jezikri, amèn.