2010–2019
Bezwen ki devan je nou yo
Oktòb 2017


Bezwen ki devan je nou yo

Kèk nan bezwen ki pi enptan nou ka satisfè yo egziste andedan fanmi nou, pami zanmi nou, nan pawas nou, ak nan kominote nou yo.

Sa pa gen lontan, nou sot wè yon pakèt dezas natirèl nan Meksik, nan Etazini, an Azi, nan Karayib la ak an Afrik. Sa te fè parèt pi bon santiman ki nan kè tout moun, kote yo te entèveni pa milye pou yo te ede moun ki te andanje, moun ki te nan bezwen, ak moun ki te pèdi moun pwòch yo. M te kontan anpil lè m te wè jènfi nan Texas ak Florid, ansanm avèk anpil lòt moun, ki te mete mayo jòn Men Edan yo sou yo epi yo t al ede netwaye debri nan kay yo apre siklòn ki sòt pase yo. Gen anpil lòt milye nan nou ki tap kontan pou nou ale nan sant èd yo si distans te pèmèt nou. Kòm nou pat ka ale, nou te bay lajan ak tout jenewozit enou pou soulaje soufrans yo. Jenewozite nou ak konpasyon nou enspiran e yo sanble ak pa Kris la.

Imaj
Jènfi ki ansanm avèk Prezidan Eyring

Jodia, mwen vle mansyone yon aspè nan sèvis mwen santi ki enpòtan pou tout moun—kèlkeswa kote nou abite. Pou sila nan pami nou ki te gade nouvèl sou katastwòf ki sot pase yo epi ki pa konn kisa pou nou fè, repons lan siman gen dwa la devan je nou.

Sovè a te anseye, “Paske, nenpòt moun ki sove lavi li lap pèdi l: men, nenpòt moun ki pèdi lavi l poutèt mwen, moun sa a ak gen lavi l.”1 Prezidan Thomas S. Monson te di konsènan ekriti sa a: “Mwen kwè ke Sovè a vle di nou konsa, si nou pa lage tèt nou nan sèvi lòt moun, lavi pa nou pa gen anpil enpòtans. Moun kap viv sèlman pou tèt pa yo, yo vin deseche alafen, epi nan yon sans figire, yon pèdi lavi yo, alòske moun ki lage tèt yo nan sèvis lòt moun ap pwogrese epi yo fleri—epi, anfèt, yo sove lavi yo.”2

Nap viv nan yon kilti kote nou plis anplis konsantre sou ti ekran ki nan men nou yo pase sou moun ki bò kote nou. Nou vin fè mesaj tèks ak tweet ranplase gade yon moun nan je, souri ba li, oubyen menm, sa ki pi ra toujou, fè yon konvèvasyon fasafas. Nou souvan pi preyokipe pa kantite “moun kap suiv nou” nou ak “renmen” sa nou poste yo, pase pou n ta pase men nan kou yon zanmi pou nou montre amou nou, atansyon nou ak yon enterè reyèl. Byenke teknoloji modèn nan ka ekstraòdinè pou fè sikile mesaj levanjil Jezikri a, e ede nou rete konekte avèk fanmi nou ak zanmi nou, si nou pa pran prekosyon nan fason n ap itilize aparèy elektwonik pèsonèl nou yo, noumenm tou nou ka kòmanse vin santre sou tèt pa nou sèlman, epi bliye ke, esans viv levanjil la se sèvis.

Mwen gen anpil amou pou noumenm adolesan yo ak jèn adilt yo, ak anpil lafwa nan nou. M temwen e m santi dezi nou genyen pou nou sèvi ak fè yon diferans nan mond lan. Mwen kwè ke majorite manm nou yo konsidere sèvis kòm bagay santral nan alyans yo ak pozisyon yo kòm disip. Men, m panse tou ke, kèkfwa, li fasil pou nou rate kèk nan pi gwo opòtinite pou sèvi lòt moun yo paske nou distrè oubyen paske n ap chèche pi gwo fason pou n chanje mond lan, epi nou pa wè ke, kèk nan bezwen ki pi enpòtan nou te ka satisfè yo egziste andedan pwòp fanmi nou, pami zanmi nou yo, nan pawas nou, ak nan kominote nou. Sa touche nou lè n wè soufrans ak gwo nesesite moun ki byen lwen nan mond lan, men nou gen dwa pa menm wè ke gen yon moun ki bezwen amitye nou ki chita bòkote nou nan yon klas.

Sè Linda K. Burton te rakonte istwa yon prezidant Sosyete Sekou nan yon pieu ki te travay avèk lòt moun pou yo te kolekte dra pou moun ki te nan nesesite pandan ane 1990 yo. “Limenm avèk pitit fi l la te kondi yon kamyon ki te chaje avèk dra sa yo soti Londre pou al nan Kosovo. Sou chemen pou l retounen lakay li a, li te resevwa yon enpresyon espirityèl trè klè, ki te antre fon nan kè li. Men enpresyon an: ‘Sa w fè a se yon trè bon bagay. Kounyeya, al lakay ou, mache travèse lari a, epi al rann vwazen w lan sèvis!’”3

Ki enterè nou genyen pou n sove mond lan si nou neglije bezwen moun ki pipre nou, ak moun nou pi renmen yo? Ki valè sa genyen pou nou rekonstwi mond lan si moun ki bò kote nou ap depafini san nou pa menm remake sa? Papa nou ki nan Syèl la gen dwa mete moun ki bezwen nou yo pipre nou, paske l konnen nou pi byen pare pou nou pran swen yo.

Imaj
Sarah ak sè l la k ap mache

Tout moun ka jwenn fason pou yo rann sèvis kretyen. Konseyè mwen, Sè Carol F. McConkie, te fèk sot rakonte m yon istwa konsènan yon pitit-pitit fi li, Sarah, ki gen 10 zan, ki, lè l te reyalize manman l te malad, te deside poukont li pou l te ede. Li te reveye ti sè l la, li te ede l abiye, bwose dan li, penyen cheve li, epi prepare dejene li pou manman l te ka repoze. Li te akonpli senp aksyon sèvis sa a diskrètman, san yo pat mande li, paske l te wè yon bezwen epi l te vle ede. Non sèlman Sarah te fè byen pou manman l, men m pa gen dout ke l te santi lajwa nan konnen ke l te soulaje fado yon moun li renmen, epi, an menm tan, li te ranfòse relasyon li avèk sè l la. Prezidan James E. Faust te di: “Sèvi lòt moun ka kòmanse a prèske nenpòt ki laj. … Li pa bezwen yon pakèt afè, e sèvis ki pi nòb la se andedan fanmi nou.”4

Imaj
Sarah ak sè l la k ap li yon liv

Noumenm timoun yo, èske nou reyalize kisa sa vle di pou paran nou ak manm fanmi nou lè nou chèche fason pou n sèvi nan kay la? Pou noumenm ki adolesan yo, fòtifye ak sèvi manm fanmi nou ta dwe pami premye priyorite nou lè n ap chèche fason pou chanje mond lan. Lè nou montre jantiyès ak konsiderasyon pou sè n ak frè nou ak paran nou, sa ede nou kreye yon atmosfè inite epi sa envite Lespri a nan fwaye nou. Chanje mond la kòmanse avèk fòtifye pwòp fanmi pa nou.

Yon lòt kote pou b konsantre sèvis nou se nan pawas nou. Pafwa, pitit mwen yo te konn poze nou kesyon sa a: “Poukisa m oblije al nan Aktivite Jènjan ak Jènfi? M pa aprann anpil ladan yo.”

Si m te byen dispoze, m te konn reponn, “Kisa k fè w panse w al nan Aktivite Mityèl poutèt sa ou aprann ladan l?”

Jèn zanmi m yo, m ka ba nou garanti, nan chak reyinyon nou asiste nan Legliz la, ap toujou gen yon moun ki santi l solitè, k ap travèse moman difisil e ki bezwen yon zanmi, oubyen ki santi l pa nan plas li. Ou gen yon bagay enpòtan pou w pote nan chak reyinyon ak chak aktivite, epi Senyè a vle pou w gade jèn parèy ou ki bò kote w yo, epi sèvi yo jan Li tap fè.

Elder D. Todd Christofferson te anseye: “Yon nan rezon prensipal ki fè Senyè a gen yon legliz se pou kreye yon kominote Sen ki ap soutni yonn lòt nan ‘chemen dwat ak kwense ki mennen nan lavi etènèl la.’” Li kontinye pou l di: “Relijyon sa a pa konsène tèt nou sèlman, men okontrè, nou tout aple pou nou sèvi. Nou se je, ak men, ak tèt, ak pye ak lòt manm kò Kris la.”5

Se vre ke, n al nan reyinyon Legliz yo chak semèn pou nou patisipe nan òdonans yo, pou nou aprann doktrin nan, ak pou nou resevwa enspirasyon, men, yon lòt rezon ki enpòtan anpil pou n ale, sèke, antanke fanmi pawas la epi antanke disip Sovè a, Jezikri, nou youn veye sou lòt, nou youn ankouraje lòt, epi nou chèche jwenn fason pou nou youn sèvi ak ranfòse lòt. Nou pa ale sèlman pou n resevwa ak pran sa yo ofri nou nan legliz la; prezans nou nesesè pou sa n ap pote ak sa n ap bay tou. Jènfi ak jènjan yo, pwochèn fwa nou ale nan Mityèl, olye ke nou rale telefòn nou pou n gade kisa zanmi nou yo ap fè, fè yon kanpe, gade bò kote nou, epi mande tèt nou, “Kiyès ki bezwen m jodia?” Gen dwa se oumenm sèlman ki ka lonje lamen pou touche lavi yon kanmarad oubyen ankouraje yon zanmi k ap lite an silans.

Mande Pè Selès la pou l montre ou moun bòkote w ki bezwen èd ou epi pou l fè w konnen ki pi bon fason pou w sèvi yo. Sonje ke Sovè te konn pi souvan sèvi yon moun alafwa.

Imaj
Ethan ak fanmi li

Pitit pitit mwen an, Ethan, gen 17 an. Sa te touche pandan ete sa a lè l te di m ke, enspire pa egzanp manman li, li priye chak jou pou l ka jwenn opòtinite pou l sèvi yon moun. Pandan nou t ap pase yon ti tan avèk fanmi li, m te remake kouman Ethan te trete frè l ak sè l yo avèk pasyans, amou, ak jantiyès; epi li ede paran li e l chèche fason pou lonje lamen bay lòt moun. Sa enpresyone m pou m wè konbyen li pote atansyon a moun ki bòkote li ak dezi li pou l sèvi yo. Li se yon egzanp pou mwen. Si nou fè tankou Ethan—pou n mande Senyè a pou l ede nou jwenn fason pou nou sèvi—sa ap pèmèt Lespri a ouvri je nou pou n wè bezwen moun ki bòkote nou, pou nou wè “moun” ki bezwen nou an jou sa a, epi pou n konnen kijan pou nou sèvi li.

Imaj
Foto Ethan

Anplis rann fanmi nou ak manm pawas nou yo sèvis la, nou dwe chèche okazyon pou nou sèvi nan katye nou ak nan kominote nou tou. Pandan ke pafwa, yo mande nou pou nou ede apre yon gwo dezas la, yo ankouraje nou tou pou, chak jou, nou chèche okazyon pou n sèvi nan zòn pa nou ak pou nou soutni ak ede moun ki nan bezwen. Dènyèman, yon Prezidan Entèrejyon, ki ap sèvi nan yon peyi ki gen anpil difikilte materyèl, te anseye m ke pi bon fason pou nou ede moun ki nan bezwen yo nan lòt kote nan mond lan se peye dondejèn avèk jenewozite, bay kontribisyon nou nan Fon Imanitè Legliz la, epi chèche fason pou nou ede moun ki nan kominote nou, kèlkeswa kote n ap viv. Jis imajine kijan tout mond lan t ap beni si chak moun ta suiv konsèy sa a!

Frè ak sè m yo, espesyalman jèn yo, lè nou fè efò pou n vin plis tankou Sovè a, Jezikri, epi nou respekte alyans nou yo, n ap toujou jwenn benediksyon ki se dezi pou nou soulaje soufrans ak ede lòt moun ki mwens favorize yo. Sonje ke, kèk nan bezwen ki pi gran yo ka la devan je nou. Kòmanse sèvis ou nan pwòp lakay ou ak andedan fanmi ou. Sa yo se relasyon ki ka etènèl. Menmsi—e petèt espesyalman si—sitiyasyon familyal ou pa pafè, ou ka jwenn mwayen pou w sèvi, pou w edifye ak fòtifye. Kòmanse kote ou ye a, renmen yo jan yo ye a, epi prepare ou pou fanmi w vle genyen yon jou a.

Priye pou w ka jwenn èd pou w ka rekonèt moun nan pawas familyal ou ki bezwen amou ou ak ankourajman ou. Olye w al legliz la avèk kesyon : “Kisa m pral tire nan reyinyon sa a?” mande tèt ou: “Kiyès ki bezwen m jodia? Ki kontribisyon m ka pote?”

Pandan w ap fè byen pou pwòp fanmi ou ak manm pawas ou yo, chèche fason pou w fè menm bagay la pou moun nan kominote w yo. Keseswa w gen tan pou anpil sèvis oubyen pou kèlke èdtan chak mwa, efò ou ap beni lavi lòt moun epi yo ap yon benediksyon pou ou nan fason ou pa ka menm kòmanse imajine.

Prezidan Spencer W. Kimball te anseye: “Bondye wè nou, e l ap veye sou nou. Men, se abityèlman palentèmedyè yon lòt moun li satisfè bezwen nou.”6 Se pou nou chak rekonèt ki privilèj ak benediksyon sa ye pou nou patisipe nan akonplisman travay Pè Selès nou an lè n ap satisfè bezwen pitit Li yo. Sa se priyè mwen, nan non Jezikri, amèn.