2010–2019
Vòt soutyen pou Dirijan Legliz yo
Oktòb 2017


Soutyen Ofisye yo nan Legliz la

Frè m ak sè m yo, kounyea m pral prezante nou Otorite Jeneral yo, Swasanndis Otorite Rejyonal yo, ak Prezidans Jeneral Oksilyè yon nan Legliz la pou vòt soutyen.

Yo pwopoze pou nou soutni Thomas Spencer Monson kòm pwofèt, vwayan, ak revelatè e kòm Prezidan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo; Henry Bennion Eyring kòm Premye Konseye nan Premye Prezidans lan; ak Dieter Friedrich Uchtdorf, kòm Dezyèm Konseye nan Premye Prezidans lan.

Moun ki anfavè ka manifeste sa.

Moun opoze, si genyen, ka manifeste sa.

Yo pwopoze pou nou soutni Russell Marion Nelson kòm Prezidan Kolèj Douz Apot yo ak moun sa yo kòm manm Kolèj sa a: Russell M. Nelson, Dallin H. Oaks, M. Russell Ballard, Robert D. Hales, Jeffrey R. Holland, David A. Bednar, Quentin L. Cook, D. Todd Christofferson, Neil L. Andersen, Ronald A. Rasband, Gary E. Stevenson, ak Dale G. Renlund.

Moun ki anfavè, tanpri manifeste sa.

Avi kontrè ka manifeste sa.

Yo pwopoze pou n soutni konseye yo nan Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz Apot yo kòm pwofèt, vwayan, ak revelatè.

Tout moun ki anfavè, tanpri manifeste sa.

Avi kontrè, si genyen, pa menm siy nan.

Èldè Donald L. Hallstrom ak Èldè Richard J. Maynes te relve apre yo fin sèvi kòm manm Prezidans Swasanndis yo.

Tout moun ki ta renmen montre apresyasyon yo pou Frè sa yo pou sèvis yo te rann yo gen dwa montre sa nan leve men yo.

Yo pwopoze pou nou soutni Èldè Juan A. Uceda ak Èldè Patrick Kearon, ki te aple pou yo sèvi kòm manm Prezidans Swasanndis la.

Moun ki vle soutni Frè sa yo nan nouvo apèl yo a, tanpri manifeste sa.

Si gen opoze, yo ka manifeste sa pa menm siy nan.

Yo pwopoze pou nou relve Èldè Stanley G. Ellis, Larry R. Lawrence, ak W. Craig Zwick kòm Swasanndis Otorite Jeneral avèk apresyasyon pou sèvis devwe yo epi pou nou rele yo kòm Otorite Emerit.

Moun ki ta renmen mete avèk nou pou eksprime gratitid yo pou Frè sa yo pou sèvis remakab yo, tanpri manifeste sa.

Yo pwopoze pou nou relve moun sa yo kòm Swasanndis Otorite Rejyonal: Pedro U. Adduru, Detlef H. Adler, Angel H. Alarcon, Winsor Balderrama, Christopher Charles, Robert M. Call, Gene R. Chidester, Ralph L. Dewsnup, Ángel A. Duarte, Peter F. Evans, Francisco D. N. Granja, Yuriy A. Gushchin, Clifford T. Herbertson, Aniefiok Udo Inyon, Luiz M. Leal, Alejandro Lopez, L. Jean Claude Mabaya, Declan O. Madu, Alexander T. Mestre, Jared R. Ocampo, Andrew M. O’Riordan, Jesús A. Ortiz, Abenir V. Pajaro, Siu Hong Pon, Robert C. Rhien, Jorge Luis Romeu, Jorge L. Saldívar, Ciro Schmeil, Alin Spannaus, Moroni B. Torgan, Steven L. Toronto, Ricardo Valladares.

Moun ki ta renmen mete avèk nou pou eksprime apresyasyon yo pou sèvis ekselan moun sa yo, tanpri manifeste sa.

Yon pwopoze pou nou soutni Torben Engbjerg pou sèvi kòm yon Swasanndis Otorite Rejyonal.

Tout moun anfavè, tanpri manifeste sa.

Opoze, si genyen.

Yon pwopoze pou nou soutni lòt Otorite Jeneral yo, Swasanndis Otorite Rejyonal yo, ak Prezidans Jeneral Oksilyè yo jan yo konstitye prezantman an.

Tout moun anfavè, tanpri manifeste sa.

Avi kontrè, si genyen, pa menm siy nan.

Tout moun ki bay avi kontrè pou nenpòt nan soutyen sa yo dwe kontakte prezidan pieu yo.

Frè m ak sè m yo, nou rekonesan pou lafwa kontinyèl nou ak priyè nou pou dirijan Legliz yo.