2010–2019
Vwayaj long nan kontinye!
Oktòb 2017


Vwayaj long nan ap kontinye!

Vwayaj ki pi enpòtan nan lavi nou an se sa ki mennen nou retounen al jwenn Pè Selès la.

Sa gen swasanndizan, Brigham Young te pakouri Vale Salt Lake la pou lapremyè fwa epi l te deklare: “Sa a se kote a!”1 Li te konn sa paske Senyè a te revele l li.

Rive 1869, plis pase 70.000 Sen te fè menm vwayaj long sa a. Malgre pil diferans nan lang, kilti, ak nasyonalite yo, yo te gen yon bagay an komen, sete yon temwayaj konsènan Papa a, Pitit la, ak Sentespri a, konsènan Retablisman levanjil Jezikri a, ak yon dezi pou yo te bati Siyon---yon lye lapè, bonè, ak bote an preparasyon pou Dezyèm Vini Sovè a.

Imaj
Jane Manning James

Pami premye Sen sa yo ki te rive Uta a, te gen Jane Mannings James---pitit fi yon esklav lib, yon konvèti nan Legliz retabli a, ak yon disip trè remakab ki te fè fas ak anpil difikilte. Sè James te rete yon Sen Dènye Jou fidèl jiskaske l te mouri an 1908.

Li te ekri: “Mwen vle di la a, ke lafwa m nan levanjil Jezikri a jan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo anseye l la, osi solid jodia, non, si posib, pi solid toujou pase jan l te ye jou m te fèk batize a. Mwen peye dim ak ofran mwen, m respekte pawòl sajès la, m kouche bonè e m leve bonè, m esye nan ti fason pa m, pou m montre yon bon egzanp pou tout moun.”2

Menmjan avèk anpil lòt Sen Dènye Jou, Sè James te non sèlman bati Siyon avèk san li, syè li, ak dlo nan je l,en tou, li te chèche benediksyon Senyè a nan viv prensip levanjil yo osibyen ke l te kapab pandan ke l te kenbe fèm nan lafwa li nan Jezikri---pi gran gerisè pou tout moun k ap sensèman chèche l yo.

Premye Sen yo pa t pafè, men yo te bati fondasyon kote nou bati fanmi ak yon sosyete ki renmen alyans e ki kenbe alyans, sa ki ilistre nan plizyè nouvèl ki parèt atravè mond lan akoz angajman nou anvè Jezikri ak efò volontè nou pou ede moun tou pre nou ak moun ki lwen nou.3

Prezidan Eyring, èske m mèt ajoute apresyasyon m sou pa w la pou dè milye zanj ak mayo jòn yo k ap rann sèvis nan Texas, Meksik, ak lòt kote yo.

Mwen gen yon pwofon konviksyon ke si nou koupe lyen nou avèk sila yo ki ale anvan nou yo, spesyalman zansèt gason ak fi pyonye nou yo, n ap pèdi yon trezò trè presye. Nan lepase, m te pale de “Lafwa nan chak pa” e m ap kontinye pale de sa nan lefiti paske m konnen jenerasyon k ap grandi a bezwen gen menm kalite lafwa premye Sen sa yo te genyen nan Senyè Jezikri a ak nan levanjil retabli l la.4

Pwòp zansèt pyonye pa m yo te pami pyonye fidèl sa yo ki t ap rale charyo, kondui charèt, e mache apye al Uta yo. Menmjan ak Sè Jane Manning James, yo te gen lafwa pwofon nan chak pa yo te fè pandan vwayaj long yo a.

Jounal yo ranpli ak deskripsyon sou pwoblèm yo, grangou, ak maladi yo ansanm avèk temwayaj sou lafwa yo nan lafwa yo nan Bondye ak nan levanjil retabli l la tou.

Yo pa t posede anpil byen materyèl men yo te jwenn yon abondans benediksyon nan fratènite ak konpayi yo te jwenn nan Legliz Jezikri a. Lè yo te kapab, yo te konn soulaje moun ki te oprime e beni moun malad atravè sèvis youn te rann lòt e pa pouvwa Prètriz Bondye a.

Sè nan Cahe Valley, nan Uta yo te pran swen Sen yo nan espri Sosyete Sekou a ki se “travay nan inite pou ede moun ki nan bezwen.”5 Gran grann mwen, Margaret McNeil Ballard te sèvi bò kote mari li, Henry, pandan l t ap prezide kòm evèk nan Dezyèm Pawas Logan an pandan 40 tan. Margaret te prezidant Sosyete Sekou pandan 30 nan ane sa yo. Li te konn envite pòv, malad, vèv ak òfelen lakay li, epi li te menm konn abiye moun mouri avèk rad tanp byen pwòp yo.

Malgre ke sa apwopriye e enpòtan pou n sonje vwayaj istorik pyonye Mòmon 19vyèm syèk yo, nou bezwen sonje tou ke “vwayaj long lavi a ap kontinye!” pou nou chak pandan n ap pwouve pwòp “lafwa pa nou nan chak pa.”

Imaj
Manm ki reyini nan kongregasyon lokal yo

Nouvo konvèti yo pa rasanble nan koloni pyonye nan lwès Etazini ankò. Men, yo reyini nan kongregasyon lokal yo, kote Sen yo adore Papa nou ki nan Syèl la nan non Jezikri. Avèk plis pase 30.000 kongregasyon ki etabli nan tout mond lan, tout moun rasanble nan pwòp Siyon pa yo. Jan ekriti yo di: “paske sa se Siyon—moun ki gen kè pi yo.”6

Pandan n ap mache sou wout lavi a, yo pase nou tès pou wè si n ap “obsève tout sa [Senyè a] kòmande.”7

Anpil nan nou ap fè vwayaj dekouvèt ekstraòdinè---ki mennen nan akonplisman pèsonèl ak epanouisman spirityèl. Sepandan, gen kèk nan nou ki sou yon wout ki mennen nan tristès, peche, angwas, ak dezespwa.

Nan kontèks sa a, tanpri, mande tè ou: Ki destinasyon final mwen? Ki kote chemen m pran an mennen m? E èske pakou m pran an ap mennen m nan “miltip benediksyon” sa a Sovè a pwomèt la?8

Vwayaj long pou retounen al jwenn Pè Selès la se vwayaj ki pi enpòtan nan lavi nou, e li kontinye chak jou, chak semèn, chak mwa, e chak ane pandan n ap ogmante lafwa nou nan li ak nan Pitit Gason Byeneme l la, Jezikri.

Nou dwe veye nan ki direksyon pa nou nan lavi a ap mennen nou. Nou dwe vijilan epi suiv konsèy Jezikri te bay disip li yo lè l te reponn kesyon sa yo: “Di nou, kilè bagay sa yo ap rive? E kisa k ap siy vini w lan, ak siy fen mond lan?

“Epi Jezi te reponn epi l te di yo: “Fè atansyon pou okenn gason [e m ap ajoute okenn fi] pa twonpe nou.”9

Jodia m ap repete konsèy dirijan Legliz yo te konn bay anvan yo.

  • Frè m ak sè m yo, kenbe pite doktrin Kris la epi pa janm kite moun k ap falsifye doktrin yo twonpe nou. Levanjil Papa a ak Pitit la te retabli palentèmedyè Joseph Smith, pwofèt dènye dispansasyon an.

  • Pa koute moun ki pa t òdone ni resevwa mizapa pou ranpli apèl yo nan Legliz la, e ki pa t resevwa soutyen pa konsantman komen manm Legliz yo.10

  • Mefye nou de òganizasyon, gwoup, oswa moun ki pretann ke yo gen repons sekrè pou kesyon doktrinal yo di apot yo ak pwofèt jodia yo pa genyen ni pa konprann yo.

  • Pa koute moun k ap atire nou avèk pwogram pou n ka vin rich yo. Manm nou yo pèdi twòp lajan nan bagay sa a, konsa, pran prekosyon nou.

Nan kèk kote, gen twòp moun k ap gade odela mak la e k ap chèche konesans sekrè nan pratik chè ak kesyonab ki sanse pote gerizon ak sipò yo.

Gen yon deklarasyon ofisyèl legliz la te pibliye ane pase ki di: “Nou egzòte manm Legliz yo pou yo fè atansyon pou pa patisipe nan gwoup moun ki---an echanj lajan---pwomèt gerizon mirakile oubyen ki deklare ke yo gen metòd spesyal pou jwenn pouvwa gerizon andeyò detantè prètriz ki ofisyèlman òdone yo.”11

Manyèl Enstriksyon Jeneral Legliz la konseye: “Manm yo pa ta dwe itilize pratik medikal oswa pratik sante ki moralman e legalman kesyonab. Dirijan lokal yo dwe konseye manm ki gen pwoblèm sante yo pou yo konsilte doktè pwofesyonèl konpetan ki otorize pou yo fonksyone nan peyi kote y ap pratike a.”12

Frè m ak sè m yo, se pou nou saj e se pou nou konnen ke pratik sa yo ka parèt atiran emosyonèlman men yo ka finalman pwouve ke yo spirityèlman e fizikman danjere.

Pou zansèt pyonye nou yo, endepandans ak otonomi te enpòtan anpil, men sans kominote yo te osi enpòtan tou. Yo te travay ansanm e youn te ede lòt simonte pwoblèm fizik ak emosyonèl epòk yo a. Pou gason yo, te gen kowòm prètrizyo epi Sosyete Sekou te pran fi yo anchaj. Òganizasyon sa yo pa chanje nan epòk nou an.

Sosyete Sekou ak kowòm prètriz yo asire yo de byennèt spirityèl ak tanporèl manm nou yo.

Rete sou chemen levanjil la kote n ap gen “lafwa nan chak pa” nou pou nou ka retounen an sekirite nan prezans Papa nou ki nan syèl la ak Senyè a, Jezikri. Senyè a se Sovè presye nou. Li se Redanmtè mond lan. Nou dwe onore non sakre li e pa mal itilize l nan okenn fason, pandan n ap toujou chèche kenbe kòmandman l yo. Si nou fè sa, l ap beni nou e l ap dirije nou retounen al jwenn Pè Selès la an sekirite.

Mwen envite tout moun k ap tande son vwa m la a pou yo akeyi ak antoure tout moun k ap antreprann pwòp vwayaj pa yo jodia, kèlkeswa nan stad yo ye nan vwayaj la.

Toujou sonje ke pa gen okenn benediksyon okenn moun ka ofri ki pi gran pase mesaj Retablisman an, ki, lè nou resevwa li epi nou viv li, pwomèt lajwa ak lapè dirab---menm lavi etènèl. Annou itilize enèji nou, fòs nou, ak temwayaj nou pou ede misyonè nou yo jwenn moun pou yo anseye e batize pitit Bondye yo pou yo ka gen pouvwa doktrin levanjil la pou gide lavi chak jou yo.

Nou bezwen anbrase pitit Bondye yo avèk konpasyon epi elimine tout diskriminasyon, espesyalman rasis, diskriminasyon sèks, ak nasyonalis. Se pou yo di de nou ke nou vrèman kwè ke benediksyon levanjil retabli Jezikri yo se pou chak grenn pitit Bondye.

Mwen temwaye ke ‘vwayaj long nan ap kontinye’ epi mwen egzòte nou pou nou rete sou chemen levanjil la pandan n ap kontinye avanse pou n lonje lamen bay tout pitit Bondye yo nan lanmou ak konpasyon pou ke, ansanm, nou ka pirifye kè nou epi e fè men nou pwòp pou nou ka resevwa “miltip benediksyon” k ap tann tout moun ki vrèman renmen Pè Selès la ak Pitit Gason Byeneme l la. Pou sa mmwen priye enbleman, nan non Jezikri, amèn.