2010–2019
Vwa Senyè a
Oktòb 2017


Vwa Senyè a

Mwen temwaye ke nan konferans sa a, nou te tande vwa Senyè a. Tès la pou nou chak se fason n ap reyaji.

Toudabò, yon mo janti pou timoun piti yo. Wi, se dènye sesyon an, e wi, mwen se dènye oratè a.

Dènyèman, pandan m t ap vizite tanp santrevil Provo a, m te admire yon tablo ki te rele Premye Vizyon an delwen. Tablo a dekri limyè ak puisans syèl la nan moman Papa a ak Pitit Gason an te parèt devan Joseph Smith la.

Imaj
Premye Vizyon an delwen

San m pap fè konparezon avèk evenman trè sakre sa a ki te louvri Retablisman an, mwen ka imajine yon tablo konsa ki t ap reflete limyè ak pouvwa spirityèl Bondye k ap desann sou konferans jeneral sa a epi, apresa, puisans ak limyè sa a k ap bouje nan tout mond lan.

Imaj
Limyè ak pouvwa spirityèl k ap desann sou nou nan konferans jeneral
Imaj
Pouvwa ak limyè k ap deplase nan tout mond lan

Mwen rann nou temwayaj mwen ke Jezi se Kris la, l ap gide bagay yo nan travay sakre sa a, epi konferans jeneral se youn nan moman pi enpòtan kote l bay direksyon pou Legliz li a ak pou nou pèsonèlman.

Resevwa ansèyman nan men anwo

Jou yo te òganize Legliz la, Senyè a te deziyen Joseph Smith kòm pwofèt, vwayan, ak apot Senyè a, Jezikri Christ1 epi l te di Legliz la:

“Paske, nou pral resevwa pawòl li, tankou l te soti nan pwòp bouch pa m, nan tout pasyans ak lafwa.

“Paske, lè nou fè sa, pòt lanfè yo p ap gen viktwa sou nou; wi, epi Senyè Bondye a ap dispèse pouvwa tenèb yo devan nou, epi l ap fè syèl yo souke pou byen nou, ak pou laglwa non li.”2

Nan apre, yo te soutni tout manm Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz Apot yo e òdone yo kòm apot, vwayan, ak revelatè.3

Kounyeya, lè nou reyini sou direksyon Prezidan Thomas S. Monson, nou atann pou nou tande “volonte Senyè a, … panse Senyè a, … vwa Senyè a, ak pouvwa Bondye pou sali.”4 Nou gen konfyans nan pwomès sa a: “Kit se avèk pwòp vwa pa m oubyen avèk vwa sèvitè m yo, se menm bagay la.”5

Nan ajitasyon ak konfizyon mond modèn nou an, mete konfyans e kwè nan pawòl Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz Apot yo se yon bagay ki endispansab pou kwasans ak pèseverans spirityèl nou.6

Nou reyini ansanm pou bèl konferans sa a. Dè milyon Sen Dènye Jou ak lòt moun lòt relijyon nan plis pase 200 peyi, ap pale plis pase 93 lang, ap asiste sesyon sa yo oubyen li mesaj konferans yo.

Nou vini tou prepare paske nou te priye. Pou anpil nan nou, gen sousi presan ak kesyon sensè. Nou vle renouvle lafwa nou nan Sovè nou an, Jezikri, ak ranfòse kapasite nou pou n reziste anba tantasyon ak evite distraksyon. Nou vini pou nou resevwa ansèyman nan men anwo.

Panse ak volonte Senyè a

Pou Premye Prezidans lan ak DOuz yo, ki nòmalman pale chak konferans yo, kokennchenn responsablite ki se prepare diskou yo se yon chay peryodik ak yon konfyans sakre.

Sa gen kèk ane, anvan m te sèvi kòm Otorite Jeneral, mwen te mande Èldè Dallin H. Oaks si l te prepare yon diskou diferan pou chak konferans pieu. Li te reponn mwen non men l te ajoute: “Men, diskou konferans jeneral mwen yo diferan. M ka fè 12 rive 15 bwouyon pou m asire m ke m di sa Senyè a vle m di.”7

Kilè ak kijan nou resevwa enspirasyon pou diskou konferans jeneral yo?

Paske yo pa enpoze nou yon sijè, nou wè kijan syèl la mayifikman kowòdone sijè ak tèm verite etènèl yo chak konferans.

Youn nan Frè yo te di m ke l te resevwa sijè pa l la pou konferans sa a imedyatman apre diskou l te fè Avril dènye a. Yon lòt te mansyone ke, twa semèn desa, li te ankò ap priye e mande èd Senyè a. Yon lòt, lè m te mande l konbyen tan sa te pran pou l te prepare yon diskou sou yon sijè patikilyèman delika, te reponn: “Vennsenkan.”

Pafwa, ide prensipal la gen dwa vini rapidman, men kontni an ak detay yo toujou mande yon gwo elevasyon spirityèl. Jèn ak priyè, etid ak lafwa, toujou fè pati pwosesis la. Senyè a pa vle okenn similak diminye vwa pawòl li vle adrese Sen yo.

Enspirasyon pou yon diskou konferans jeneral souvan vini lannuit oubyen nan premye èdtan nan maten yo, kote diskou a lwen panse nou. Toudenkou, ide nou pa t atann, ak, pafwa, pawòl ak fraz spesifik devèse kòm revelasyon pur.8

Pandan w ap koute yo, mesaj nou resevwa yo gen dwa literal, oubyen yo gen dwa jis pou ou menm.

Sa gen kèlke ane, pandan m t ap pale nan konferans jeneral, m te di yon fraz ki te vin nan lespri m pandan m te prepare pou m te sèvi yon misyon. Fraz la sete: “Ou pa konn tout bagay, men ou konn ase!”9 Yon jènfi ki t ap asiste konferans jeneral la jou sa a te di m ke l t ap priye osijè yon demann an maryaj, epi l t ap mande l jiska ki pwen l te konnen jenòm sa a. Lè m te pwononse pawòl: “Ou pa konn tout bagay, men ou konn ase” a, Lespri a te konfime l k eke l te konnen jenòm sa a ase. Yo marye kounyeya epi yo gen lajwa depi anpil ane.

Mwen pwomèt nou ke si nou prepare lespri nou epi nou vini avèk entansyon pou nou tande vwa Senyè a, panse ak santiman ap vin nan lespri nou, ki adapte espesyalman pou ou. Ou te deja santi yo nan konferans sa a, oubyen ou pral santi yo pandan w ap etidye mesaj yo nan semèn apre yo.

Pou kounyeya ak mwa apre yo

Prezidan Monson te di:

Pran tan pou nou li mesaj konferans yo.”10

“Medite [yo]. … Mwen dekouvri … ke m resevwa anpil nan diskou enspire sa yo lè m etidye yo an pwofondè.”11

Ansèyman konferans jeneral yo se remak Senyè a ta renmen nou etidye kounyeya ak nan mwa k ap vini yo.

Bèje a “mache devan [brebi l yo], epi brebi yo suiv li: paske yo konn vwa li.”12

Souvan vwa li mande nou pou nou chanje yon bagay nan lavi nou. Li envite nou pou nou repanti. Li envite nou pou nou suiv li.

Reflechi sou deklarasyon sa yo ki te fèt nan konferans sa a:

Prezidan Henry B. Eyring te di maten an: “Mwen rann temwayaj ke Bondye Papa a vivan epi li vle nou retounen al jwenn ni. Sa a se vrè Legliz Senyè Jezikri a. Li konnen ou; Li renmen ou; L ap veye sou ou.”13

Yè, Prezidan Dieter F. Uchtdorf te di: “Mwen temwaye ke si nou anbake nou oubyen nou kontinye nan vwayaj enkwayab sa a ki mennen al jwenn Bondye a, lavi nou ap vin pi bon … epi Senyè a ap itilize nou nan fason remakab pou beni moun bò kote nou ak pou nou reyalize objektif etènèl li.”14

Yè aprèmidi, Prezidan Russell M. Nelson te di: “Mwen pwomèt nou si nou plonje nou nan Liv Mòmon an chak jou, nou ka jwenn pwoteksyon kont mal yo nan epòk nou an, menm kont fleyo tenas pònografi ak lòt adiksyon ki angoudi lespri yo.”15

Yè, Èldè Dallin H. Oaks te di: “Mwen temwaye ke pwoklamasyon sou fanmi an se yon deklarasyon verite etènèl, se volonte Senyè a pou pitit li k ap chèche lavi etènèl yo.”16

Epi sa gen jis kèlke minit, Èldè M. Russell Ballard sot di: “Nou bezwen antoure pitit Bondye yo avèk konpasyon epi elimine tout prejije, ankli prejije rasyal, prejije sèks, ak natyonalis.”17

Etandone nou gen yon ti tan anplis, mwen ta renmen jis ajoute yon brèf reflekson sou Èldè Robert D. Hales. Premye Prezidans lan te di Èldè Hales ke l te ka bay yon brèf mesaj nan sesyon Dimanch maten an si sante l te pèmèt li. Byenke eta sante li pa t pèmèt li, li te prepare yon mesaj kanmèm, ke l te fini semèn pase a epi li te pataje l avèk mwen. Etandone li fèk mouri sa gen twazèdtan, m ap pataje kèlke fras nan diskou l la avèk nou.

Men sa Èldè Hales te di: “Lè nou chwazi pou nou gen lafwa, nou prepare pou n kanpe nan prezans Bondye. … Apre Krisifiksyon Sovè a, li te parèt devan ‘moun ki te fidèl nan temwayaj yo konsènan [li] pandan yo t ap viv nan mòtalite a.’ [D&A 138:12.] Moun ‘ki te rejte temwayaj … pwofèt yo [pa t ka wè] prezans [Sovè a], ni tou yo pa t gade figi l.’ [D&A 138:21.] … Lafwa nou prepare nou pou nou kanpe nan prezans Senyè a.”

Ala Senyè a gen mizèrikòd dèske l te enspire Prezidan Russell M. Nelson pou l te kite sant konferans lan tousuit nan fen sesyon maten an, li pa t menm gentan manje, pou l te kouri al wè Èldè Hales, kòm prezidan kowòm ni, kote li te ka rive e prezan, bò kote Mary Hales nan moman Èldè Hales te kite lavi nan mòtalite a.

Reponn vwa Senyè a

Mwen temwaye ke nan konferans sa a, nou te tande vwa Senyè a.

Nou pa dwe alame nou lè pawòl sèvitè Senyè a yo ale alankont kouran panse mond lan, e pafwa alankont pase pa nou. Sa te toujou konsa. Mwen mete ajenou nan tanp lan avèk Frè m yo. Mwen temwaye de bonte nanm yo. Pi gwo dezi yo se pou yo fè Senyè a plezi epi ede pitit Bondye yo retounen nan prezans li.

Swasanndis; Episkopa a; Prezidans Jeneral Sosyete Sekou, Jènfi, ak Primè; ak lòt dirijan oksilyè te ajoute anpil anpil enspirasyon sou konferans sa a, san bliye bèl mizik yo ak priyè sensè yo.

Mesaj konferans jeneral yo gen anpil trezò revelasyon divin kache k ap tann pou nou dekouvri yo. Tès la pou nou chak se fason n ap reyaji ak sa nou tande, sa nou li, ak sa nou santi.

Kite m pataje yon eksperyans sou reponn pawòl pwofesik nou tire nan lavi prezidan Russell M. Nelson yo:

An 1979, senkan anvan li te aple kòm Otorite Jeneral, Frè Nelson te patisipe nan yon reyinyon jis anvan konferans jeneral la. “Prezidan Spencer W. Kimball egzòte tout moun ki prezan yo pou yo fè efò pou yo pote levanjil la nan tout mond lan. Pami peyi Prezidan Kimball te mansyone yo, te gen peyi la Chin, kote l te di ‘Nou dwe sèvi Chinwa yo. Nou dwe aprann lang yo. Nou dwe priye pou yo epi ede yo.’”18

Imaj
Prezidan RussellM. Nelson kòm yon chirijyen

Nan laj 54 tran, Frè Nelson te santi nan reyinyon an ke l ta dwe etidye lang Mandarin nan. Malgre l sete yon kadyològ trè okipe, li te imedyatman pran yon pwofesè.

Pa lontan apre l te kòmanse etid li, Doktè Nelson, ki t al asiste yon konvansyon, te twouve l chita sanzatann bò kote “yon gwo chirijyen Chinwa, Dr. Wu Yingkai. … Paske [Frè Nelson] t ap etidye lang Mandarin an, li te kòmanse [yon] konvèsasyon [avèk Doktè Wu].”19

Imaj
Dr. Russell M. Nelson avèk Dr. Wu Yingkai

Dezi Doktè Nelson pou l te suiv pwofèt la te lakoz Doktè Wu vizite Salt Lake City epi Doktè Nelson te vwayaje al an Chin pou l te fè konferans ak operasyon chirijikal.

Lanmou li pou pèp Chinwa a, ak lanmou yo ak respè yo pou li te grandi.

An Fevriye 1985, dis mwa apre apèl li nan Kolèj Douz Apot yo, Èldè Nelson te resevwa yon apèl telefòn sipriz soti la Chin ki te mande pou Doktè Nelson te vini nan Beijing pou l te fè yon operasyon kè pou chantè opera ki te pi renome nan Chin nan. Ak ankourajman Prezidan Gordon B. Hinckley, Èldè Nelson te retounen la Chin. Li te fè dènye operasyon chirijikal li nan Repiblik popilè Chin.

Imaj
Yo te onore Prezidan RussellM. Nelson

Sa gen dezan, an Oktòb 2015, yo te onore Prezidan Russell M. Nelson yon fwa ankò avèk yon deklarasyon ofisyèl, ki te kalifye li kòm yon “ansyen zanmi la Chin.”

Epi, yè, nou te tande Prezidan Russell M. Nelson ki gen 93 zan kounyeya, pale de egzòtasyon Prezidan Thomas S. Monson nan pou “nou chak [nan dènye konferans lan] al etidye ak medite sou Liv Mòmon an chak jou, nan yon espri lapriyè.”

Menmjan li te fè lè l te yon chirijyen kè trè okipe a, lè l te anplwaye yon pwofesè Mandaren an, Prezidan Nelson te imedyatman suiv konsèy sa a Prezidan Monson te bay la epi l te mete l an aplikasyon. Plis pase yon senp lekti, li te di ke l “te fè lis sou sa Liv Mòmon an ye, sa l afime, sa l rejte, sa l akonpli, sa l klarifye, ak sa l revele.20

Epi apresa, sa k enteresan, jis maten an, antanke yon dezyèm temwen, Prezidan Henry B. Eyring pale de egzòtasyon Prezidan Monson nan. Èske nou sonje pawòl li yo? “Menmjan ak anpil nan nou, mwen te tande pawòl pwofèt yo kòm vwa Senyè a ki te pale avèk mwen. Epitou, menmjan avèk anpil nan nou, m te deside pou m obeyi pawòl sa yo.”21

Se pou nou imite egzanp sa yo nan pwòp lavi nou.

Yon pwomès ak yon benediksyon

Mwen pwomèt nou ke si nou koute sa Senyè a di nou nan ansèyman yo nan konferans jeneral sa a, epi, si nou aji konfòmeman avèk enspirasyon sa yo, n ap santi men syèl la sou nou, epi lavi nou ak lavi moun bò kote nou ap beni.22

Pandan konferans sa a, nou te panse avèk chè pwofèt nou an. Nou renmen ou, Prezidan Monson. M ap fini avèk mo sa yo li te bay sou chè sa a. Mwen kwè ke se yon benediksyon li ta renmen bay nou chak jodia, si l te ka avèk nou la a. Li te di: “Nan moman n ap kite konferans sa a, m ap envoke benediksyon syèl yo sou nou chak. … Mwen priye pou Pè Selès la beni nou avèk fanmi nou. Se pou mesaj ak espri konferans sa a eksprime nan tout sa n ap fè—nan fwaye nou, nan travay nou, nan reyinyon nou yo, ak nan tout sa n ap fè.”

Li te fini konsa: “Mwen renmen nou. Mwen priye pou nou. Se pou Bondye beni nou. Se pou lapè li pwomèt la avèk nou kounyeya e pou toujou.”23

Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gade Doktrin ak Alyans 21:1.

  2. Doktrin ak Alyans 21:5–6.

  3. Joseph Smith rakonte sa k te fèt nan konsekrasyon tanp Kirtland nan jou 27 Mas  1836 la:

    “Mwen te fè yon ti bout diskou, epi m te mande plizyè kowòm, ak tout kongregasyon Sen yo, pou rekonèt [Premye] Prezidans lan kòm Pwofèt ak Vwayan, epi sonje yo nan priyè yo. Yo tout te kanpe pou yo te fè alyans pou yo te fè sa.

    “Apresa, m te mande kowòm yo ak kongregasyon Sen yo pou yo rekonèt Douz Apot yo, ki te prezan yo, kòm Pwofèt, Vwayan, Revelatè, ak temwen spesyal pou tout nasyon sou tè a, yo detni kle wayòm yo, pou yo ka ouvri li, oubyen fè yo ouvri l nan pami yo, epi soutni yo pa priyè yo, sa yo te kanpe pou yo te bay akò yo” (Enseignements des presidents de l’église: Joseph Smith [2007], 199).

  4. Doktrin ak Alyans 68:4.

  5. Doktrin ak Alyans 1:38.

  6. Prezidan Henry B. Eyring te di yon fwa:

    Desizyon pou nou pa aksepte konsèy pwofèt yo chanje menm teren nou kanpe a. Li vin pi danjere. Lè nou pa aksepte konsèy pwofèt yo, sa diminye pouvwa nou pou aksepte konsèy enspire yo nan lefiti. Pi bon moman pou te deside ede Nowe bati ak la sete premye fwa l te mande a. Chak fwa l te mande apresa, chak refi te diminye sansiblite yo a Lespri a. Epi konsa, chak fwa demann li a te parèt pi ensansi, jiskaske lapli a te tonbe. Epi, nan moman sa a, li te twò ta.

    “Chak fwa m pèsonèlman deside pou m pa aksepte suiv konsèy enspire yo oubyen m deside pa okipe yo, mwen rann mwen kont ke m mete tèt mwen andanje. Chak fwa m koute konsèy pwofèt yo, e santi konfimasyon yo nan lapriyè, epi apresa m suiv li, mwen twouve m ansekirite” (“Finding Safety in Counsel,” Ensign, Me 1997, 25).

  7. Gade Neil L. Andersen, “Teaching Our Children to Love the Prophets,” Ensign, Avr. 1996, 47.

  8. Boyd K. Packer te di yon fwa:

    “M te konn souvan tande Prezidan Harold B. Lee kòmanse fraz li yo konsènan revelasyon an avèk yon ekspresyon konsa: ‘Byen bonè nan maten, pandan m t ap medite sou sijè sa a …’ Li te bay tèt li abitid pou l te travay byen bonè sou sijè ki mande revelasyon yo pandan lè frèch maten yo.

    “Senyè a te konn sa l t ap fè lè l te deklare nan Doktrin ak Alyans yo: ‘Sispann dòmi plis pase sa ki nesesè; kouche nan kabann nou bonè, pou nou kapab pa fatige; leve bonè, pou kò nou ak panse nou kapab rafrechi.’ (D&A 88:124.) …

    “Mwen ka aprann pouvwa pwovèb ki di ‘kouche bonè, leve bonè’ a. Lè m sou presyon, ou pap janm wè m rete ta pou m al dòmi. Mwen prefere kouche bonè epi leve bonè, kote m ka pi pwòch moun k ap dirije travay sa a” (Teach Ye Diligently [2005], 244–45).

  9. Neil L. Andersen, “You Know Enough,” Liahona, Nov. 2008, 13.

  10. Thomas S. Monson, “Until We Meet Again,” Liahona, Me 2014, 115.

  11. Thomas S. Monson, “God Be with You Till We Meet Again,”Liahona, Nov. 2012, 110.

  12. Jan 10:4.

  13. Henry B. Eyring, “Fear Not to Do Good,” Liahona, Nov. 2017, 103.

  14. Dieter F. Uchtdorf, “A Yearning for Home,” Liahona, Nov. 2017, 22, 24.

  15. Russell M. Nelson, “The Book of Mormon: What Would Your Life Be Like without It?Liahona, Nov. 2017, 63.

  16. Dallin H. Oaks, “The Plan and the Proclamation,” Liahona, Nov. 2017, 30.

  17. M. Russell Ballard, “The Trek Continues!Liahona, Nov. 2017, 106.

  18. Spencer J. Condie, Russell M. Nelson: Father, Surgeon, Apostle (2003), 215.

  19. Spencer J. Condie, Russell M. Nelson, 215.

  20. Russell M. Nelson, “The Book of Mormon: What Would Your Life Be Like without It?” 61.

  21. Henry B. Eyring, “Fear Not to Do Good,” 100.

  22. Gordon B. Hinckley te di yon fwa:

    “Tès la ap vini nan aplikasyon ansèyman yo ba nou yo. Si, apresa, nou vin yon tijan pi janti, si nou vin yon ti gen plis amou pou pwochen nou, si nou pwoche pi pre Sovè a, avèk yon fèm rezolisyon pou nou suiv ansèyman li ak egzanp li, enben, konferans sa a ap gen yon gwo reyisit. Si, yon lòtbò, pa gen amelyorasyon nan lavi nou, enben, moun ki te pale yo te pale anven.

    “Chanjman sa yo gen dwa pa reyalizab nan yon semè, nan yon jou oswa nan yon mwa. Nou vin pou pran rezolisyon e vit pou bliye yo. Men, nan ennan, si nou fè pi byen pase nou te fè nan lepase, enben, efò jounen sa yo pap anven” (“An Humble and a Contrite Heart,” Ensign, Nov. 2000, 88).

  23. Thomas S. Monson, “A Word at Closing,” Liahona, Me 2010, 113.