2010–2019
Fè limyè nou briye
Oktòb 2017


Fè limyè nou briye

Pwofèt yo ap rele nou, sè m yo. Èske n ap rete jis? Èske n ap byen eksprime lafwa nou? Èske n ap fè limyè nou briye?

Nou gen dwa pa konn sa men, Prezidan Monson avèk mwen se jimo. Egzakteman jou m te fèt nan Nò Kalifòni a, yo te soutni Thomas S. Monson, ki te gen 36 zan, kòm yon nouvo Apot. Mwen renmen lyen spesyal e pèsonèl sa a m genyen avèk pwofèt Bondye a, Prezidan Monson.

Pwofèt yo pale de fi yo.1 Nou pral tande kèk nan pawòl yo nan reyinyon sa a. Pou diskou sa a, m ap retounen prèske 40 tan annaryè sou yon pwofesi remakab Prezidan Spencer W. Kimball te ekri. Septanm 1979 sete dezyèm fwa kote tout fi yo nan Legliz la te reyini nan pwòp reyinyon jeneral pa yo. Prezidan Kimball te prepare diskou li, men, lè jou konferans lan te rive, li te lopital. Konsa, li te mande madanm ni, Camilla Eyring Kimball, pou l te li diskou a pou li.2

Imaj
Sè Camilla Kimball k ap pale sou chè a

Sè Kimball te li pawòl pwofèt la, ki te mete aksan sou enfliyans fi nan Legliz nou yo genyen sou bon fi yo nan mond lan anvan Dezyèm Vini Sovè a. Prèske nan fen diskou a, te gen yon tach elektrifyan pou fi yo nan Legliz la ke nou toujou kontinye pale sou li depi lè sa a.

Kite m li sa Prezidan Kimball te di:

“Finalman, chè sè m yo, kite m sigjere nou yon bagay ki pa t janm te di anvan oubyen pa nan fason sa a. Pifò nan gwo pwogresyon k ap vini nan Legliz la nan dènye jou yo ap vini paske anpil bon fi nan mond lan … apral atire vè Legliz la an gran kantite. Sa ap rive si fi yo nan Legliz la reflete ladwati ak pale klè nan lavi yo ak nan mezi yo konsidere ke fi yo nan Legliz la distenk ak diferan—nan bon fason—de fi yo nan mond lan.

“Pami vrè ewoyin nan mond lan k ap vin nan Legliz la, gen fi ki pi sousye pou yo rete jis pase pou yo egoyis. Vrè ewoyin sa yo gen vrè imilite, ki mete yon pi gwo valè nan entegrite pase sou aparans. …

“ … Se pral … fi egzanplè yo nan Legliz la [ki] pral yon fòs siyifikan nan kwasans nimerik ak spirityèl Legliz la nan dènye jou yo.”3

Ala yon deklarasyon pwofesik sa ye. Jis pou n rezime:

  • Se pral bon relasyon fi yo ki pral mennen pifò nan gwo kwasans k ap genyen nan Legliz la nan ane k ap vini yo.

  • Lyen amitye fi yo nan Sosyete Sekou, Jènfi, ak ti fi nan Primè yo bati avèk fi ak tifi sensè, fidèl, ak kwayan nan lòt relijyon ak kwayans yo se pral yon fòs enpòtan nan fason legliz la pral grandi nan dènye jou yo.

  • Prezidan Kimball rele fi sa yo ki soti nan lòt orijin sa yo “ewoyin” ki ap pi sousye pou yo rete jis pase pou yo egoyis, ki pral montre nou ke entegrite gen plis valè pase aparans.

Mwen rankontre anpil nan bon fi sa yo pandan m ap fè travay mwen toupatou nan mond lan. Amitye yo presye pou mwen. Nou konnen yo tou pami zanmi nou ak vwazen nou. Yo petèt manm oubyen pa manm Legliz la pou moman an, men nou konekte nan yon amitye ki trè enpòtan. Kijan pou nou jwe pati pa nou an? Kisa pou nou fè? Prezidan Kimball mansyone senk bagay:

Premye a se rete jis. Rete jis pa vledi ke nou pafè ni nou pa janm fè erè. Sa vledi devlope yon koneksyon alenteryè nou avèk Bondye, repanti pou peche ak erè nou yo, epi ede lòt moun san kontrent.

Fi ki repanti yo chanje kous listwa. M gen yon zanmi ki te fè yon aksidan machin lè l te jèn epi l te vin devlope yon adiksyon nan medikaman pou doulè. Nan apre, paran l te divòse. Li te vin ansent nan yon premye relasyon, epi adiksyon an te kontinye. Men, yon jou swa, li te gade pwoblèm ak boulvèsman lavi li epi l te di ‘Ase.” Epi li te sipliye Sovè a, Jezikri, pou ede li. Li di l te aprann ke Jezikri pi solid pase sitiyasyon terib li t ap travèse a epi li te ka apiye sou fòs Li pandan l t ap mache sou wout repantans lan.

Nan retounen al jwenn Senyè a ak wout Li, li te chanje kous istwa li, pa ti pitit gason l lan ak nouvo mari l la. Se yon fi ki jis, epi kè l ouvri si gran pou lòt moun ki fè menm kalite erè yo e ki anvi chanje yo. Menmjan ak nou tout, lavi li pa pafè, men li konn kijan pou l repanti e kontinye fè efò.

Dezyèm nan se pale klè. Pale klè vledi klèman eksprime kijan nou santi nou osijè yon bagay ak poukisa. Nan kòmansman ane sa a, te gen yon mesaj sou paj Facebook mwen ki te denigre Krisyanis la. M te li l epi l te yon tijan kontratye mwen, men m te inyore li. Men, yon zanmi m ki pa manm legliz la te reponn mesaj la. Li te ekri: “[Sa] se egzateman lekontrè de sa Jezi t ap defann paske—paske li te … revolisyonè [nan] epòk pa l la paske l te … mete tout mond lan sou yon pye degalite … Li [te pale] avèk pwostitiye, li [te manje] avèk pèseptè kontribysyon… , li te fè zanmi avèk fi ak timoun ki pa t puisan … , epi li te rakonte nou istwa Bon Samariten an … Sa vle di … ke vrè Kretyen ta dwe eseye pou yo se moun ki PI eman nan mond lan.” Lè m te li bagay sa a, m te panse: “Poukisa m pa t ekri sa?”

Nou tout bezwen aprann pou nou pi byen eksprime rezon lafwa nou. Kijan nou santi n osijè Jezikri? Poukisa nou rete nan Legliz la? Poukisa nou kwè Liv Mòmon an se ekriti? Ki kote nou jwenn lapè nou an? Poukisa sa enpòtan ke pwofèt la gen yon bagay pou l di an 2017 la? Kijan nou fè konnen l se yon vrè pwofèt? Itilize vwa nou ak puisans nou pou nou ekspirme sa nou santi ak sa nou konnen—nan medya sosyal, nan konvèsasyon pezib avèk zanmi nou, nan tipale avèk pitit pitit nou. Di yo poukisa nou kwè, sa nou santi, dout nou ka genyen, kijan nou te simonte dout sa yo, kisa Jezikri reprezante pou nou. Jan Apot Pyè te di: “Pa pè … ; men sanktifye Senyè a, Bondye nou nan kè nou; epi toujou pare pou nou bay yon repons pou chak moun ki mande nou rezon esperans ki nan nou an.”4

Twazyèm nan se pou nou diferan. Kite m rakonte nou yon istwa k te rive Jiyè sa a sou Plaj Panama a nan Florid.5 Byenta, yon aprèmidi, Roberta Ursrey te wè de jèn pitit gason l yo ki t ap rele pou mande èd nan distans 100 yards (90 m) nan lanmè a. Yo te pran nan yon gwo kouran epi kouran an t ap bwote yo ale. Yon koup ki te tou pre a te eseye al sove timesye yo, epi yomenm tou yo te pran nan kouran an. Manm fanmi Ursrey yo te kouri al pote èd bay najè ki te an difikilte yo, epi byen vit, nèf moun te pran nan kouran dlo a.

Pa t gen okenn kòd. Pa t gen okenn sovtè. Lapolis te voye al chèche yon bato sekou, men moun yo nan lanmè a t ap lite depi 20 minit epi yo te kòmanse fatige epi yo te prèske koule anba dlo a. Pami moun ki t ap gade yo sou plaj la te gen Jessica Mae Simmons. Limenm ak mari li te gen ide pou yo te fòme yon chenn moun. Yo te rele moun yo sou plaj la pou te vin ede yo, epi dè dizèn moun te mete men yo ansanm epi yo te mache antre nan lanmè a. Jessica te ekri: “Sete yon bagay toutafè ekstraòdinè pou mwen, pou m te wè moun ki te soti nan ras diferan ak sèks diferan antre an aksyon pou yo te ede moun ki te TOTALMAN etranje pou yo!!”6 Yon chenn 80 moun te fòme pou al jwenn najè yo. Gade foto moman enkwayab sa a.

Imaj
Najè ki kreye yon chenn

Sa tout moun sou plaj la te ka sèlman sete solisyon tradisyonèl epi yo te paralyze. Men, nan yon grenn segond, yon koup te panse avèk yon solisyon diferan. Inovasyon ak kreyasyon se don spirityèl. Lè nou kenbe alyans nou, sa ka rann nou diferan de lòt moun nan kilti nou ak sosyete nou yo, men sa ba nou aksè nan enspirasyon pou nou ka panse a solisyon diferan, apwòch diferan, ak aplikasyon diferan tou. Nou pa p toujou byen entegre avèk mond lan, men lè nou diferan nan fason pozitif, sa ka yon direksyon pou lòt moun k ap lite.

Katriyèm nan se pou nou distenge nou Distente vledi pou yo byen rekonèt nou. Kite m retounen nan istwa Jessica Mae Simmons la sou plaj la. Osito ke chenn moun sa a te deplwaye al jwenn najè yo, li te konnen l te ka ede. Jessica Mae di: “Mwen ka kenbe souf mwen epi naje nan yon pisin Olenpik alèz! [M te konn kijan pou m soti nan gwo kouran dlo] M te konn m te ka pran chak najè yo mennen bay chenn moun nan.”7 Limenm ak mari li te pran planch yo epi yo te naje toutolon chenn moun yo jiskaske yomenm ak yon lòt sekouris te atenn najè yo, epi yo te transpòte yo youn pa youn al jwenn chenn moun nan, ki yomenm te mennen yo retounen sou plaj la. Jessica te gen yon talan trè distenktif: li te konn kijan pou l te naje kont yon kouran dlo move.

Levanjil retabli a byen defini e byen idantifyab. Men nou dwe distenge nou nan fason n ap suiv li. Tankou Jessica ki te fè anpil antrenman nan natasyon an, nou bezwen antrene nou pou nou viv levanjil la anvan yon sitiyasyon ijans prezante pou ke, san nou pa pè, nou ka solid ase pou nou ede lòt moun lè yo pran nan kouran k ap pote yo ale.

E finalman, senkyèm nan se fè bagay sa yo nou sot pale la yo avèk kè kontan. Gen kontantman pa vledi pou nou mete yon souri atifisyèl sou figi nou kèlkeswa sa k ap pase nou. Men sa vledi kenbe lwa Bondye yo epi fòtifye e edifye lòt moun.8 Lè nou fòtifye lòt moun, lè nou ede yo pote fado yo, nou resevwa benediksyon ke eprèv nou yo pa ka retire. Gen yon sitasyon Prezidan Hinckley mwen mete nan yon andwa kote m ka wè li chak jou. Li di: “Nou pa ka … bati avèk pesimis ak sinism. Nou dwe gen yon vizyon optimis, travay ak lafwa, epi bagay yo ap rive.”9

Kòm egzanp sou espri kontantman ak optimis sa a, mwen konn yon tifi 13zan ki rele Elsa, fanmi l ap demenaje al abite Baton Rouge, nan Lousianne, a 2.900 kilomèt lwen zanmi l yo. Sa pa fasil lè w gen 13 zan pou w demenaje al viv yon lòt kote. Nou ka konprann ke Elsa pa t santi l rasire osijè demenajman an konsa li te mande papa l pou l te ba l yon benediksyon. Nan menm moman benediksyon an, telefòn manman l lan te montre l te resevwa yon tèks. Jènfi nan pawas Lousianne yo te voye yon foto ki te ekri “Tanpri, vini nan pawas nou an!”10

Imaj
Jènfi ki kenbe yon pannkat

Jènfi sa yo te konnen yo t ap renmen Elsa san yo pa t menm ko rankontre li. Antouzyas yo te kreye bonè ak optimis nan Elsa osijè demenajman an epi sete repons priyè l te fè pou tout bagay te ka mache byen an.

Gen yon enèji ki soti nan bonè ak optimis ki pa jis beni noumenm sèlman men ki ankouraje tout moun ki bò kote nou. Nenpòt ti bagay nou fè pou kreye vrè bonè nan lòt moun montre ke nou deja ap pote tòch limyè Prezidan Kimball te limen an.

M te gen 14 zan lè Prezidan Kimball te fè diskou sa a. Noumenm ki gen plis pase 40 tan yo, n ap pote responsablite sa a Prezidan Kimball te bay la depi jou sa a. Kounyeya, mwen gade timoun yuitan, 14 zan, ak 20 tan, ak 35 an yo, epi m pral pase flanbo sa a ba nou. Nou se fiti dirijan legliz sa a, e se pral responsablite pa nou pou n fè limyè sa a avanse pou n akonpli pwofesi sa a. Noumenm ki gen plis pase 40 tan yo, nou pase bra nou nan bra pa ou, epi nou santi fòs ou ak enèji ou. Nou bezwen ou.

Tande ekriti sa a nou jwenn nan D&A 49:26–28. Li te petèt ekri anba sikonstans diferan, men aswè a, atravè Sentespri a, mwen espere n ap pran li kòm apèl pèsonèl pa nou nan travay sakre sa a.

“Gade, m di nou, ale jan m te kòmande nou an; repanti pou tout peche nou yo; mande epi n ap resevwa; frape epi y ap louvri pou nou.

“Gade, m prale devan nou epi se mwen k ap avangad nou; epi m ap nan mitan nou epi yo p ap nan konfizyon.

“Gade, m se Jezikri, epi m ap vini rapid rapid.”11

M ap priye nou chak pou nou kenpe nan kote nou ka santi gran amou Bondye gen pou nou an. Pa retire tèt nou alapòte amou sa a. Lè nou santi amou li, lè nou renmen li, n ap repanti epi n ap respekte kòmandman l yo. Lè nou respekte kòmandman l yo, li ka itilize nou nan travay li. Travay li ak laglwa li se egzaltasyon ak lavi etènèl fi ak gason yo.

Pwofèt yo ap rele nou, sè m yo. Èske n ap rete jis? Èske n ap montre lafwa nou klè? Èske nou ka rete distenk ak diferan? Èske bonè nou, malgre eprèv nou yo, pral atire lòt moun ki bon ak nòb e ki bezwen amitye nou? Èske n ap limen limyè nou? Mwen temwaye ke Senyè Jezikri aprale devan nou epi l ap nan mitan nou.

M ap fini avèk pawòl pwofèt byeneme nou an, Thomas S. Monson: “Chè sè m yo, epòk sa a se epòk pa nou.”12 Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Prezidan Brigham Young: “Kite [sè yo] òganize Sosyete Sekou Feminen yo nan dives pawas yo. Nou gen anpil nan pami fi ki plen talan yo pami nou, e nou anvi jwenn èd yo nan domèn sa a. Gen moun ki ka panse ke se yon bagay ensiyifyan, men se pa vre; epi w ap wè ke sè yo pral tounen moun k ap reyisi mouvman sa a” (nan Filles dans mon royaume: l’histoire et l’oeuvre de la Société de Secours [2011], 41).

    Prezidan Lorenzon Snow: “Yo toujou wè nou bò kote detantè prètriz yo, toujou pare … pou nou fè pati pa nou pou ede fè wayòm Bondye a avanse; epi, pandan n ap pataje travay sa yo, n ap sètènman pataje triyonf travay la ansanm ak egzaltasyon ak laglwa Senyè a ap bay pitit fidèl li yo” (nan Filles dans mon royaume , 7).

    Prezidan Spencer W. Kimball: “Gen yon pouvwa nan òganizasyon [Sosyete Sekou] sa a ki poko totalman egzèse pou fòtifye fwaye Siyon yo ak bati wayòm Bondye a—ni sa p ap fèt pazavan sè yo ak [frè yo] nan prètriz la ka kapte vizyon Sosyete Sekou a” (nan Filles dans mon royaume, 142).

    Prezidan Howard W. Hunter: “Gen yon gwo bezwen pou nou rasanble fi yo nan legliz la pou yo kanpe avèk Frè yo pou sispann flo mal ki antoure nou an ak pou fè travay Sovè nou an avanse. … Konsa, nou sipliye nou pou n egzèse gwo enfliyans benefik nou pou fòtifye fanmi nou yo, legliz nou an, ak kominote nou yo” (nan Filles dans mon royaume, 157).

    Prezidan Gordon B. Hinckley: “Gen fòs ak gwo kapasite nan fi yo nan Legliz sa a. Yo konn dirije, yo gen yon sèten espri endepandans, men, yo santi yon gwo satisfaksyon dèske yo fè pati wayòm Senyè a, epi pou yo travay men nan lamen avèk prètriz la pou yo ka fè l pwogrese” (nan Filles dans mon royaume, 143).

    Prezidan Thomas S. Monson, pandan l t ap site Belle Smith Spafford, nevèm Prezidant Jeneral Sosyete Sekou a: “‘Se premye fwa fi yo gen yon gwo enfliyans konsa nan mond jodia. Posiblite yo pa t janm te si gran konsa. Epòk nou an se yon epòk ki plen envitasyon pou nou aji, defi pou nou leve, ak egzijans pou fi yo satisfè. Se yon epòk ki rich nan rekonpans si nou gade ekilib nou, aprann vrè valè lavi yo, epi sajman detèmine priyorite nou yo’ [A Woman’s Reach (1974), 21]. Chè sè m yo, epòk sa a se epòk pa nou” (“The Mighty Strength of the Relief Society,” Ensign, Nov. 1997, 95).

    Prezidan Russell M. Nelson: “Mwen priye sè m yo nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo pou yo pran plas yo! Pran plas ki pou nou an nan fwaye a, nan kominote nou, ak nan wayòm Bondye a—plis pase jamè anvan. Mwen priye nou pou nou akonpli pwofesi Prezidan Kimball la. E mwen pwomèt nou nan non Jezikri ke, si nou fè sa, Sentespri a ap ogmante enfliyans nnan yon fason nou pa t janm wè anvan!” (“A Plea to My Sisters,” Liahona, Nov. 2015, 97).

  2. Gade videyo Sè Camilla Kimball k ap li diskou Prezidan Spencer W. Kimball la nan conference.lds.org; gade tou Spencer W. Kimball, “The Role of Righteous Women,” Ensign, Nov. 1979, 102–4.

  3. Spencer W. Kimball, “The Role of Righteous Women,” 103–4; italik ajoute.

  4. 1 Pyè 3:14–15.

  5. Gade McKinley Corbley, “80 Beachgoers Form Human Chain to Save Family Being Dragged Out to Sea by Riptide,” Jiyè 12, 2017, goodnewsnetwork.org.

  6. Jessica Mae Simmons, nan Corbley, “80 Beachgoers Form Human Chain.”

  7. Simmons, nan Corbley, “80 Beachgoers Form Human Chain.”

  8. Gade Alma 41:10; 34:28; Doktrin ak Alyans 38:27; Lik 16:19–25.

  9. Enseignements des presidents de l’église: Gordon B. Hinckley (2016), 71.

  10. Nòt fanmi Virginia Pearce.

  11. Doktrin ak Alyans 49:26–28.

  12. Thomas S. Monson, “The Mighty Strength of the Relief Society,” 95.