2010–2019
Yon valè inestimab
Oktòb 2017


Yon valè inestimab

Nou ka toujou savoure bèl chichotman Sentespri yo, ki temwaye nou de valè spirityèl nou.

Pandan m t ap vizite Sierra Leone a nan Lwès Afrik la, m te patisipe nan yon reyinyon ki te dirije pa yon dirijant Primè pieu ki te rele Mariama. Li te dirije avèk sitèlman lanmou, gras, ak konfyans ke l te fasil pou yon moun te panse ke l te manm Legliz la depi lontan. Sepandan, Mariama pa t gen lontan depi l te konvèti.

Imaj
Mariama ak pitit fi li

Ti sè l la te batize nan Legliz la epi l te envite Mariama pou l te vin asiste yon klas avèk li nan legliz la. Mariama te pwofondeman enpresyone pa mesaj la. Leson an sete sou lwa chastete. Li te mande pou misyonè yo te vin anseye l plis epi byen vit li te resevwa yon temwayaj konsènan Pwofèt Joseph Smith. Li te batize an 2014, epi pitit fi l la sot batize mwa pase a. Imajine, de ansèyman fondamantal ki te mennen nan konvèsyon Mariama yo sete lwa chastete a ak Pwofèt Joseph Smith, de verite ke mond la souvan konsidere kòm yon bagay san enpòtans, demode oubyen anbarasan. Men, Mariama te temwaye ke l te santi l tankou yon papiyon ki te atire vè yon limyè. Li di: “Lè m te jwenn levanjil la, m te jwenn tèt mwen.” Li te dekouvri valè li atravè prensip diven. Valè li kòm yon pitit fi Bondye te revele pou li atravè Sentespri a.

Kounyeya, ann fè konesans avèk sè Singh yo ki soti nan End. Renu, nan fon adwat la, premye nan senk sè yo ki te antre Legliz la, te rakonte:

Imaj
Sè Singh yo

“Anvan m te kòmanse envestige Legliz la, m pa t reyèlman santi m kòm yon moun spesyal. M sete jis yon moun pami anpil lòt, epi, ni sosyete m t ap viv la ni kilti mwen pa t reyèlman anseye m ke m te gen valè antanke moun. Lè m te aprann levanjil la epi m te aprann ke m sete yon pitit fi Pè Selès la, yon chanjman te fèt nan mwen. Toudenkou, m te santi m vrèman spesyal---Bondye te aktyèlman kreye mwen epi li te kreye nanm mwen epi lavi m te gen yon sans.

“Anvan m te gen levanjil la nan lavi m, m te toujou ap eseye pwouve lòt moun ke m te yon mou spesyal. Men, lè m te vin aprann verite a, ke m se yon pitit fi Bondye a, m pa t gen pou m te pwouve pèsòn anyen ankò. M te konnen ke m te spesyal. … Pa janm panse ke w pa anyen.”

Prezidan Thomas S. Monson te di sa klèman lè l te site pawòl sa yo: “Valè yon moun se kapasite li pou l vin menmjan ak Bondye.”1

Imaj
Taiana

Sa pa gen lontan m te gen benediksyon rankontre yon lòt jènfi ki konprann menm verite sa a. Non li se Taiana. M te rankontre l nan lopital pou timoun nan (Primary Children’s Hospital) nan Vil Salt Lake. Taiana t ap kòmanse etid li nan lekòl segondè lè yo te dekouvri l te gen kansè. Li te batay bravman pandan 18 mwa anvan l te mouri, sa gen sèlman kèk semèn. Taiana te plen limyè ak lanmou. Li te rekoni pou souri kontajye li ak mak fabrik li ki sete: “leve de pous li anlè” pou di l dakò. Lè lòt moun te konn mande: “Poukisa se ou, Taiana?” li te konn reponn “Poukisa pou se pa ta mwenmenm?” Taiana te chèche vin sanble ak Sovè l la, ke l te renmen anpil. Pandan konvèsasyon nou yo, m te aprann ke Taiana te konprann valè divin ni. Konesan ke l sete yon pitit fi Bondye a te ba l lapè ak kouraj pou l te travèse eprèv terib li yo nan fason pozitif li te fè a.

Mariama, Renu, ak Taiana anseye nou ke Lespri a ap konfime valè divin nou pou nou chak endividyèlman. Vrèman konnen ke ou se yon pitit fi Bondye ap enfliyanse chak aspè lavi ou e gide w nan sèvis w ap rann chak jou. Prezidan Spencer W. Kimball te eksplike nan pawòl mayifik sa yo:

“Bondye se Papa ou. Li renmen ou. Limenm ak manman selès ou a estime w odela tout mezi. …Ou unique. Yon èt ki fèt apati entelijans etènèl ki ba w dwa a lavi etènèl.

“Ou pa dwe gen okenn kesyon nan tèt ou sou valè ou antanke moun. Sèl bi plan levanjil la se pou bay nou chak posiblite pou n atenn potansyèl maksimòm nou, ki se pwogresyon etènèl ak posibilite pou nou vin divinite.”2

Kite m souliyen ke l nesesè pou nou fè diferans ant de mo enpòtan: valè ak diyite. Yo se pa menm. Valè spirityèl vledi bay tèt nou valè jan Pè Selès la ba nou valè a, non pa jan mond lan valorize nou an. Valè nou te detèmine anvan menm ke nou te vin sou tè sa a. “Lanmou Bondye enfini epi li dire pou tout tan.”3

Yon lòtbò, nou atenn diyite atravè obeyisans. Si nou peche, nou mwens diy, men nou pa janm pèdi valè nou! Nou kontinye repanti epi eseye vin tankou Jezi avèk valè nou entak. Jan Prezidan Brigham Young te anseye: “Espri ki pi piti a, ki pi enferyè a kounyeya, sou tè a,  … vo dè mond.”4 Kèlkeswa sa k pase, nou toujou gen valè nan je Papa nou ki nan Syèl la.

Malgre verite mèveye sa a, konbyen nan nou k ap lite, tanzantan, anba panse oswa santiman negatif osijè tèt nou? Sa rive m. Se yon pyèj fasil. Satan se papa tout mansonj, sitou lè se pou l twonpe nou sou nati divin nou ak bi diven nou. Denigre tèt nou pa p itil nou anyen. Men, sa anpeche nou pwogrese. Jan yo souvan konn anseye nou: “Okenn moun pa ka fè w santi w enferyè san konsantman ou.”5 Nou ka sispann konpare sa k pi mal nan noumenm yo avèk sa k pi byen nan yon lòt moun. Konparezon se vòlè lajwa.”6

An kontras, Senyè a asire nou ke, lè nou gen panse vètye, l ap banou konfyans, konfyans pou nou ka konnen kiyès nou reyèlman ye. Pa t janm gen yon tan pi enpòtan pou n tande pawòl Li sa yo pase jodia: “Se pou vèti gani panse ou san rete.” Li di, “Apre sa konfyans ou ap grandi anpil nan prezans Bondye; epi  … Sentespri a ap konpayon ou tout tan.”7

Senyè a te revele verite adisyonèl sa a bay Pwofèt Joseph Smith: “Yon moun ki resevwa nan men Bondye, se pou l admèt sa soti nan Bondye; epi se pou l rejwi paske Bondye twouve l diy pou l resevwa.”8 Lè nou santi Lespri a, jan vèsè sa a eksplike a, nou rekonèt ke sa nou santi a soti nan Pè Selès eman nou an. Nou rekonèt sa epi nou louwe li dèske L beni nou. Apresa nou rejwi dèske li twouve nou diy pou nou resevwa.

Imajine ke w ap li ekriti yo yon maten epi Lespri a chichote w tou dousman ke sa w ap li a se verite. Èske w ka rekonèt Lespri a epi kontan dèske ou santi amou li epi dèske w te diy pou w resevwa?

Oumenm manman, petèt ou te santi l lè w te ajenou bò kote pitit katran w lan pandan l ap fè priyè l anvan l dòmi. Yon santiman te anvayi ou pandan w t ap koute li. Yon santiman chalè ak lapè. Santiman sa a brèf, men ou rekonèt ke, nan moman sa a, yo konsidere w diy pou w resevwa. Nou gen dwa raman, pou m pa di jamè, resevwa gwo manifestasyon spirityèl spektakilè nan lavi nou; men, nou ka toujou goute bèl chichotman Sentespri yo, ki temwaye nou de valè spirityèl nou.

Senyè a te eksplike relasyon ant valè nou ak gran sakrifis ekspyatwa l la lè l te di:

“Sonje, nanm yo genyen yon gwo valè nan je Bondye;

“Paske, gade, Senyè Redanmtè w la te soufri lanmò nan kò fizik la; se poutèt sa li te soufri doulè tout moun, pou rezon sa a tout moun dwe repanti epi vin jwenn li.”9

Sè m yo, akoz sa l te fè pou nou, “nou liye avèk li pa lyen lanmou.”10 Li di: “Papa m te voye m pou yo te kapab leve m sou kwa a, e apre yo fin leve m sou kwa a pou m kapab atire tout moun kote m.”11

Wa Benjamen te eksplike koneksyon sa a avèk Sovè nou an tou: “Epi, li pral soufri tantasyon, ak doulè fizik, ak grangou, ak swaf, ak fatig plis pase lèzòm kapab soufri san yo pa mouri; paske, gade, san menm sòti nan chak twou swè li yo, tèlman li pral soufri pou mechanste ak abominasyon pèp li a.”12 Soufrans sa a ak rezilta soufrans sa a ranpli kè nou avèk lanmou ak rekonesans. Èldè Paul E. Koelliker te anseye: “Si nou retire distraksyon k ap atire nou pou n al jwenn mond lan yo epi nou egzèse libabit nou pou n chèche Li, n ap ouvri kè nou pou yon fòs selès ki ap atire nou vè Limenm.”13 Si lanmou nou santi pou Sovè a ak sa l te fè pou nou an pi gran pase enèji nou mete nan feblès nou, dout nou yo, oswa move abitid nou yo, enben, l ap ede nou simonte sa k lakoz soufrans nan lavi nou yo. Li sove nou malgre noumenm.

Kite m redi ankò: si atirans pou mond lan pi fò pase lafwa ak konfyans nou genyen nan Sovè a, enben, atirans mond lan ap genyen nou chak fwa. Si nou chwazi pou n konsantre sou panse negatif nou yo epi doute diyite nou, olye nou akwoche n a Sovè a, l ap vin pi difisil pou n santi enspirasyon Sentespri a ap banou yo.

Sè m yo, annou pa gen konfizyon osijè kiyès nou ye! Byenke l pi fasil pou n spirityèlman pasif pase pou n fè tout efò spirityèl nou pou n sonje ak anbrase idantite divin nou, nou pa ka pèmèt nou tonbe nan bagay sa a nan dènye jou sa yo. Se pou, antanke sè, nou “fidèl nan Kris la; …se pou Kris la leve [nou] anlè, epi se pou soufrans li ak lanmò li, … ak mizèrikòd li, ak pasyans li, ak esperans laglwa li, e esperans lavi etènèl la repoze nan [lespri nou] pou tout tan.”14 Lè Sovè a leve nou mete nou pi wo, nou ka pi klèman wè non sèlman kiyès nou ye men nou vin pwoche kote l plis pase nou ta janm imajine. Nan non sakre Jezikri, amèn.