2010–2019
Èske m te yon pitit Bondye?
Avril 2018


Èske m se yon pitit Bondye?

Ki fason nou chak ka benefisye pouvwa ki genyen nan konprann idantite divin nou an? Sa kòmanse nan chèche konn Bondye, Papa nou.

Dènyèman, m t al legliz avèk manman m nan ansyen chapèl an wòch nou an. Atire pa ti vwa k t ap soti nan menm sal Primè m te konn ye sa gen dè dizèn ane a, m te mache antre nan fon sal Primè a epi m  t ap gade bon dirijan ki t ap anseye tèm ane sa a: “M se pitit Bondye.”1 M te souri lè m te sonje enstriktris eman ak pasyan m yo ki, pandan peryòd chan yo, te konn souvan ap gade m—tigason dezòd sa a, chita nan pwent ban an, kòmsi yo t ap mande tèt yo: “Èske l se vrèman yon pitit Bondye? E kimoun ki voye l isit la?”2

M envite nou chak pou n louvri kè nou bay Sentespri a, ki “rann lespri nou temwayaj ke nou se pitit Bondye.”3

Pawòl Prezidan Boyd K. Packer yo klè ak presye: “Ou se yon pitit Bondye. Li se Papa espri ou. Spirityèlman ou gen yon nesans nòb, pitit Wa Syèl la. Fikse verite sa a nan lespri w epi konsève li. Kèlkeswa kantite jenerasyon zansèt ou genyen nan mòtalite a, kèlkeswa ras oubyen pèp ou reprezante a, jeneyaloji lespri w ka dekri nan yon sèl fraz. Ou se pitit Bondye!”4

Brigham Young te di: “Lè w va … wè Papa a, ou pral wè yon moun ou te konnen depi lontan, epi l ap resevwa w nan bra li, epi w ap pare pou w tonbe nan bra li epi bo li.”5

Gwo lagè sou idantite divin nou an

Moyiz te aprann eritaj divin ni nan pale avèk Senyè a fasafas. Apre eksperyans sa a, “Satan te vin tante li,” sibtilman, men avèk entansyon pou l te defòme, menm detwi idantite Moyiz, “li te di konsa: Moyiz, pitit gason lòm nan, adore m. Epi … Moyiz te gade Satan epi l te di: Kiyès ou ye? Paske gade m se yon pitit Bondye.6

Gwo lagè sa a sou idantite divin nan kontinye ap fè raj, paske deplwaman tout zàm Satan yo vize pou detwi kwayans ak konesans nou sou relasyon nou avèk Bondye. Erezman, nou gen benediksyon yon  vizyon ak yon konpreyansyon klè sou vrè idantite nou depi nan kòmansman an: “Epi Bondye te di: Annou fè lòm dapre [pwòp] imaj nou, sanble avèk nou,”7  epi pwofèt vivan l yo reyafime nou: “Chak [kretyen vivan] se yon pitit lespri gason oubyen fi ki soti nan paran selès, epi konsa, nou chak gen yon nati ak yon destine diven.”8

Si nou rive konnen verite sa yo avèk sètitid9 sa ap ede nou simonte eprèv, difikilte, ak afliksyon tout kalite.10 Lè yo te mande yon Apot Senyè a kijan l fè pou ede moun k ap lite anba pwoblèm pèsonèl yo?” li te reponn: “Anseye yo idantite yo ak bi yo.”11

“Konesans ki pi presye m posede”

Verite pwofon sa yo te chanje lavi zanmi m, Jen,12 ki, pandan l te tinedjè, te lakoz yon gwo aksidan machin. Malgre blesi fizik li yo te grav, li te santi yon doulè atwòs paske lòt chofè a te pèdi lavi l. Li di: “Gen yon moun ki pèdi manman l, epi se mwen k lakoz.” Jen, ki nan kèlke jou anvan te kanpe pou l te resite: “Nou se pitit yon Papa ki nan Syèl la, ki renmen nou,”13 an kounyea t ap poze tèt li kesyon: “Kijan l ka fè renmen mwen?”

Li di: “Doulè fizik la pase, men, m pa konn si m ap janm ka geri anba blesi emosyonèl ak spirityèl yo.”

Pou l kontinye viv, Jen te kache santiman l byen fon, li te vin distan ak ensansib. Apre ennan, lè l te finalman ka pale de aksidans an, yon psikològ enspire te envite l pou l te ekri fraz “M se pitit Bondye” a epi repete l 10 fwa chak jou.

Jen di: “Ekri fraz la te fasil, men, m pa t ka pwononse li. … Sa te fè l reyèl, e m pa t reyèlman panse Bondye te vle m pou pitit li. M te rantre nan mwenmenm epi m te kriye.”

Apre plizyè mwa, Jen te finalman kapab konplete tach chak jou a. Li di: “M te devèse tout nanm mwen, pou m te sipliye Bondye. … Epi m te kòmanse kwè pawòl yo.” Kwayans sa a te pèmèt Sovè a kòmanse geri nanm blese l la. Liv Mòmon an te pote rekonfò ak kouraj nan Ekspyasyon an.14

Jen fini konsa: “Kris la te santi soufrans mwen, chagren m ak kilpablite mwen. M te santi amou pi Bondye e m pa t janm fè eksperyans okenn bagay puisan konsa! Konnen ke m se yon pitit Bondye a se konesans ki pi puisan m posede!”

Chèche konn Bondye, Papa nou an

Frè m ak sè m yo, ki fason nou chak ka benefisye pouvwa ki gen nan konpreyansyon sou idantite divin nou an? Sa kòmanse nan chèche konn Bondye, Papa nou.15 Preezidan Russell M. Nelson te temwaye: “Gen yon bagay puisan k rive lè yon pitit Bondye chèche pi byen konnen limenm ak Pitit Gason Byeneme l la.”16

Aprann konnen Sovè a ak suiv li ap ede nou vin konn Papa a. “Paske l se … pòtre Papa li],”17 Jezi te anseye, “Pitit Gason an pa fè anyen de limenm, men sa l wè Papa l fè.”18 Chak pawòl ak chak aksyon Kris la revele vrè nati Bondye ak relasyon nou avèk li.19 Èldè Jeffrey R. Holland te anseye: “Avèk san k t ap koule nan tout twou nan kò li ak yon kri angwas sou lèv li, Kris la te adrese l a moun li te toujou adrese l la—Papa li. Li te di: ‘Abba,’ ‘Papa.’”20

Menmjan Jezi te sensèman fè apèl a Papa l nan Jetsemani an, se konsa tou, an 1820, jèn Joseph Smith te adrese Bondye nan Boskè Sakre a. Apre l te fin li “Si nenpòt moun manke bon konprann, se pou l mande Bondye,”21 Joseph t al yon kote pou l priye.

Li te ekri: “M te ajenou epi m te kòmanse ofri sa kè m te vle a bay Bondye.  …

“… m te wè yon kolòn limyè ki te egzakteman anlè tèt mwen

“M te wè de pèsonaj, ekla yo ak laglwa yo te depase tout deskripsyon, ki te kanpe sispandi anlè devan mwen. Youn ladan yo te pale avèk mwen, li te site non mwen, epi l te di, padan l te lonje dwèt li sou lòt la—[Joseph,] Se Pitit Gason Byenneme m nan. Koute l!22

Si nou suiv egzanp Sovè a ak Pwofèt Joseph  la epi nou chèche Bondye sensèman, n ap vin konprann nan yon fason reyèl, jan Jen vin konprann nan, ke Papa nou konnen nou pa non nou, nou se pitit li.

Pou manman yo, espesyalman jèn manman yo, ki souvan santi yo depase e y ap nwaye pandan y ap elve “yon jenerasyon ki reziste anba peche,”23 a, pa janm souzestime wòl santral nou nan plan Bondye a. Nan moman strès yo—petèt lè n ap kouri dèyè timoun piti yo epi yon odè boule k ap sot nan kuizin nan fè nou konnen dine nou te pran san nou pou n te prepare a vin tounen chabon kounyeya---konnen ke Bondye sanktifye jounen k pi difisil nou yo.24 “Pa pè, paske m avèk ou,”25 Li rasire nou pezibleman. Nou onore efò nou pou reyalize espwa Sè Joy D. Jones nan, ki te deklare: “Pitit nou yo merite pou yo konprann vrè idantite divin yo.”26

Mwen envite nou chak pou n chèche konnen Bondye ak Pitit Gason Byeneme l la. Prezidan Nelson te di: “Pa gen okenn lòt kote yo anseye nou verite sa yo pi klèman e avèk plis puisans pase nan Liv Mòmon an.”27 Ouvri paj li yo epi aprann ke Bondye fè “tout bagay pou byennèt nou ak bonè nou”;28 ke l “mizèrikòdye, plen lagras, li pa ankòlè fasil, li pasyan e plen bonte”;29 epi “tout moun egal devan li].”30 Lè nou santi n blese, dezoryante, efreye, kontrarye, tris, grangou, oubyen dezespereman abandone nan sitiyasyon ekstrèm lavi yo31—ouvri Liv Mòmon an, epi n ap vin konnen “Bondye p ap janm abandone nou. Li pa janm fè sa, e li p ap janm fè sa. Li pa ka fè sa. Sa pa nan karaktè l pou l fè sa.].”32

Lè nou konn Papa nou, sa chanje tout bagay, espesyalman kè nou, pandan Lespri janti li ap konfime vrè idantite nou ak gwo valè nou pou li.33 Bondye ap mache avèk nou sou chemen alyans lan si nou chèche l atravè lapriyè, etid ekriti yo, ak fè efò pou n obeyi li.

Ekselans pèsonalite Bondye---Temwayaj mwen

Mwen renmen Bondye zansèt mwen yo,34 “Senyè Bondye Toupuisan an,”35 ki kriye avèk nou lè nou gen chagren, ki chatye nou avèk pasyans pou inikite nou, e ki rejwi lè nou fè efò pou n “abandone tout peche nou pou n ka konnen [li].”36 Mwen adore limenm, ki se “papa òfelen yo”37 ak zanmi tou moun yo delese yo. Avèk rekonesans, mwen temwaye ke m vin konnen Bondye, Papa mwen, e m rann temwayaj de pèfeksyon li, kalite li, ak “ekselans pèsonalite [li].”38

M priye ak tout kè m pou nou chak ka vrèman konprann ak apresye “nesans nòb nou”39 kòm pitit Bondye  a nan vin konnen limenm, “sèl vrè Bondye a, ak Jezikri, li voye a”40, nan non Jezikri , amèn.