2010–2019
Gade! Yon Lame Wayal
Avril 2018


Gade! Yon Lame Wayal

Ala yon lajwa sa ye pou  tout detantè Prètriz Mèlkisedèk yo dèske yo gen benediksyon pou ansenye, aprann, epi sèvi kotakot la.

Frè byeneme m yo nan prètriz la, se avèk anpil imilite m kanpe devan nou nan okazyon istorik sa a, sou direksyon chè pwofèt ak Prezidan nou, Russel M. Nelson. Mwen renmen gason Bondye sa a ak nouvo Premye Prezidans nou an epi m soutni yo. M ap ajoute temwayaj mwen sou pa a Èldè D. Todd Christofferson nan ak lòt frè m yo nan Kolèj Douz Apot yo pou m di ke chanjman sa yo ki te anonse aswè a se volonte Senyè a.

Jan Prezidan Nelson te di a, se yon bagay Otorite Jeneral yo nan Legliz la te reflechi anpil sou li epi yo te pase anpil tan ap etidye l nan lapriyè. Dezi yo se te pou yo te chèche konn volonte Senyè a ak pou fòtifye kowòm Prètriz Mèlkisedèk yo. Yo te jwenn enspirasyon an, epi aswè a, pwofèt la te fè nou konnen volonte Bondye. “Ou mèt sèten, Senyè a p ap janm fè anyen san li pa fè pwofèt, sèvitè l yo, konnen!”1 Ala nou beni pou n gen yon pwofèt vivan jodi a!

Pandan tout vi nou, Sè Rasband ak mwen te vwayaje tout kote nan mond lan pou aktivite Legliz ak pwofesyonèl. Mwen wè prèske tout kalite inite nan Legliz la: yon ti branch nan LaRisi kote yo kapab konte kantite detantè Prètriz Mèlkisedèk yo sou dwèt; yon nouvo pawas k ap grandi ann Afrik kote granprèt yo ak ansyen yo reyini ansanm paske kantite detantè Prètriz Mèlkisedèk yo te piti; ak pawas ki byen etabli kote gwo kantite ansyen k genyen yo oblije fè yo divize kowòm nan an de!

Tout kote nou t ale, nou te wè men Senyè a aprale devan sèvitè l yo, pou prepare pèp la ak chemen an devan yo pou tout pitit Li yo ka beni selon bezwen yon. Èske l pa t pwomèt ke l “prale devan nou. Epi l “ap sou kote dwat nou ak sou kote goch nou” epi “Lespri l ap nan kè nou, epi zanj li yo ap alantou nou pou pote nou anlè]”?2

Lè m ap panse avèk nou, m sonje kantik “Gade! Yon Ame Wayal” (Vois, cette armée royale) la.

Vois cette armée royale,

étendards déployés,

marchant à la bataille

sans souci du danger.

Suivant leur chef fidèle,

soldats, fiers et vaillants,

font résonner la terre

de l’écho de leur chant.3

Èldè Christofferson te reponn plizyè kesyon ki sètènman pral soulve pa anons ke gwoup granprèt yo ak kowòm ansyen yo, nan nivo pawas, pral konbine pou vin fè yon sèl ame frè Prètriz Mèlkisedèk ini e puisan an.

Chanjman sa yo ap ede kowòm ansyen yo ak Sosyete Sekou amonize travay yo. Y ap senplifye koòdinasyon kowòm nan avèk episkopa a ak konsèy pawas la tou. Epi y ap pèmèt evèk la delege plis responsablite bay prezidan kowòm ansyen yo ak prezidant Sosyete Sekou yo pou evèk la ak konseye l yo kapab fokis sou devwa prensipal yo—patikilyèman prezide sou jènfi, ak jènjan ki gen Prètriz Aawon yo.

Chanjman nan òganizasyon ak fonksyon yo nan Legliz la pa ra. An 1883, Senyè a te di Prezidan John Taylor: “[Konsènan] jesyon ak òganizasyon Legliz mwen an ak Prètriz mwen an.... tanzantan M ap revele w tout sa k nesesè pou devlopman ak pèfeksyonman fiti Legliz mwen an atravè mwayen m te tabli, pou ajisteman ak pwogresyon wayòm mwen an.”4

Kounyeya, kèlke mo pou nou menm frè ki se granprèt yo—konnen nou renmen nou! Papa nou ki nan syèl la renmen nou! Nou se yon gran pati nan ame wayal prètriz la, epi nou pa kapab fè travay sa avanse san bonte nou, sèvis nou, eksperyans nou, ak ladwati nou. Alma te ansenye ke lèzòm te aple pou yo vin granprèt akoz gwo lafwa yo ak bon travay y ap fè pou ansenye ak sèvi lòt moun.5 Nou bezwen eksperyans sa a kounyea plis pase jamè.

Nan anpil pawas, nou gen dwa gen gran prèt k ap gen opòtinite kounyeya pou yo prezide sou yon ansyen oubyen pa yon ansyen kòm prezidan kowòm yo. Sa te deja konn fèt, nou konn gen ansyen k ap prezide sou granprèt deja: ansyen ki aktyèlman ap sèvi kòm prezidan branch nan kèk rejyon nan mond lan kote gen granprèt ki fè pati branch lan, epitou gen branch kote se sèl yon kowòm ansyen ki òganize malgre gen granprèt ki ladan yo.

Ala yon lajwa sa ap ye pou tout detantè Prètriz Mèlkisedèk yo gen benediksyon pou yo ansenye, aprann, ak sèvi kòtakòt ak tout manm nan pawas yo a. Kèlkeswa kote nou ye epi kèlkeswa sikonstans nou, nou envite n pou, nan lapriyè, nou fidèlman, e jwayezman aksepte nouvo opòtinite pou n dirije oubyen pou n sèvi ansanm kòm yon gwoup frè prètriz ki ini.

Kounyea m pral abode kèk lòt sijè, ki ka bezwen klarifikasyon, pandan n ap avanse pou n ekzekite volonte Bondye konsènan òganizasyon kowòm ni yo nan sent prètriz la.

Ki chanjman k genyen pou kolèj granprèt pieu a? Kolèj granprèt pye yo ap kontinye fonksyone. Prezidans pye a ap kontinye sèvi kòm prezidans kowòm granprèt pieu a. Men, jan Èldè Christofferson te fè remake, manm kolèj granprèt pieu a ap konpoze kounyeya pa granprèt ki ap sèvi aktyèlman nan prezidans pye yo, sa k ap sèvi kòm manm episkopa nan pawas yo, sa k ap sèvi kòm manm gran konsèy pye yo, ak patriyach an fonksyon yo. Grefye yo ak sekretè ekzekitif pawas ak pieu yo pa fè pati kolèj granprèt la. Lè yon frè k ap sèvi aktivman kòm granprèt, patriyach, Swasanndis, oubyen Apot ap vizite yon pawas epi l vle asiste yon reyinyon prètriz, li pral reyini avèk kowòm ansyen an.

Lè frè ki nan apèl sa yo relve, y ap retounen nan inite yo antanke manm kowòm ansyen an.

Ki wòl kolèj granprèt pieu a? Prezidans pye a ap reyini avèk manm kolèj granprèt pieu a pou yo fè konsèy, temwaye, ak bay fòmasyon. Reyinyon pieu yo ap kontinye jan yo prezante yo nan manyèl nou yo, men yo pral gen de chanjman:

Premyèman, pawas yo ak pieu yo pa bezwen fè reyinyon komite ekzekitif prètriz ankò. Si gen yon pwoblèm espesifik ki prezante nan pawas la, tankou yon zafè fanmi delika oubyen yon pwoblèm antrèd ki pa abityèl, nou ka trete l nan yon reyinyon episkopa elaji. Sijè ki mwens delika yo kapab trete nan konsèy pawas la. Sa nou te rele reyinyon komite ekzekitif prètriz pieu a ap rele “reyinyon gran konsèy” kounyea.

Dezyèmman, reyinyon anyèl pou tout granprèt nan pye yo pa p fèt ankò. Men, prezidans pye a ap kontinye fè yon reyinyon anyèl pou kolèj gran prèt pye a jan yo te anonse jodia.

Èske yon pawas ka gen plis pase yon sèl kowòm ansyen? Repons lan se wi. Annakò avèk Doktrin ak Alyans seksyon  107, vèsè 89 la, lè yon pawas gen yon gwo kantite detantè Prètriz Mèlkisedèk ki aktif, dirijan yo ka òganize plis pase yon sèl kowòm ansyen. Nan ka sa yo, chak kowòm dwe gen balans rezonab nan tèm laj, eksperyans, ak ofis ak fòs nan prètriz la.

Mwen temwaye ke, si nou avanse avèk nouvo reyòganizasyon kowòm enspire sa a nan pawas nou yo ak nan pye nou yo, n ap wè yon pakèt benediksyon. Ban m site kèk ekzanp.

Sou direksyon evèk la, plis detantè prètriz kapab ede nan travay Sali a. Sa ap enkli rasanbleman Izrayèl atravè travay tanp ak istwa familyal, travay avèk fanmi ak moun ki nan bezwen, ede misyonè yo mennen nanm bay Jezikri.

Lè ansyen dirijan ki te konn prezide yo retounen vin pataje eksperyans yo avèk kowòm ansyen yo, nan ap vin gen kowòm ki pi solid kòm rezilta.

Ap gen plis divèsite talan ak kapasite andedan kowòm nan.

Ap gen plis fleksiblite ak disponiblite pou satisfè bezwen aktyèl ak ijan yo nan pawas la ak nan kowòm nan ak pou akonpli devwa sèvis nou yo.

Ap gen yon pi wo nivo nan fòmasyon ak inite lè yon nouvo ansyen ak yon granprèt plen eksperyans ap pataje eksperyans yo, kòtakòt, nan reyinyon kowòm yo ak nan responsablite yo.

Nou espere tach evèk yo ak prezidan branch yo pral soulaje pou yo ka gen plis tan pou mayifye apèl yo ki se pran swen twoupo yo ak sèvi moun ki nan bezwen bezwen yo.

Nou konprann ke chak pawas ak chak pye diferan. Men, pandan nou konprann diferans sa yo, nou espere ke n ap fè suivi ak tout chanjman sa yo rapidman apre konferans jeneral sa a. Yon pwofèt Bondye banou direksyon! Ala yon gwo benediksyon ak responsablite. Annou ranpli l ak tout ladwati ak dilijans nou!

M ap raple nou ke: otorite prètriz la vini pa mwayen mizapa ak òdinasyon, men vrè pouvwa prètriz la, pouvwa pou aji nan non Senyè Jezikri a, ka vini sèlman lè n ap viv nan ladwati.

Senyè a te deklare Pwofèt Joseph Smtih, pwofèt Retablisman an:

“Gade, m ap pran swen twoupo w yo, epi m ap leve ansyen pou m voye ba yo.

“Gade, m ap akselere travay mwen an nan tan pa li.”6

Anfèt, tan sa a se yon tan kote Senyè a ap akselere travay li.

Annou chak itilize opòtinite sa a pou n reflechi ak amelyore lavi nou pou n ka pi byen konfòme nou a volonte li pou nou ka merite tout benediksyon l pwomèt moun lwayal ak fidèl yo.

Frè m yo, mèsi pou tout sa n ap fè pou nou kapab patisipe nan travay mayifik sa a. Ke nou avanse nan gran kòz onorab sa a.

Maintenant plus de guerre,

de conflits, de combats!

Ils sont devant le Père,

l’Éternel Roi des rois.

Dans la paix, l’allégresse

Ils chantent à présent.

Vers Dieu montent sans cesse

leurs accents triomphants.

En avant! En avant!

Marchons à la victoire!

En avant ! En avant !

Pour le Christ notre Roi !

En avant ! En avant ! En avant!

Pour le Christ notre Roi!7

Jodi a nou tout kanpe kòm temwen Senyè a k ap revele volonte l atravè pwofèt Li a, Prezidan Russell M. Nelson. Mwen temwaye ke l se pwofèt Bondye sou tè a. Mwen ran temwayaj mwen konsènan Jezikri, ki se gran Redanmtè ak Sovè nou. Sa se travay Li; sa se volonte L, e mwen pataje temwayaj solanèl mwen konsènan sa, nan non Jezikri, amèn.