2010–2019
Men Mesye a!
Avril 2018


Men Mesye a!

Moun ki jwenn yon mwayen pou yo vrèman gade Mesye sa a, yo jwenn pòt ki mennen nan pi gwo lajwa nan lavi a ak remèd ki ka geri pi gwo dezespwa yo.

Frè ak sè byeneme, chè zanmi mwen, mwen rekonesan pou m avèk nou nan bèl wikenn konferans jeneral sa a. Harriett avèk mwen rejwi avèk nou pou n soutni Èldè …  Gong ak Soares ak tout lòt frè ak sè yo ki resevwa nouvo apèl yo pandan konferans jeneral sa a.

Malgre m sonje chè zanmi mwen, Prezidan Thomas S. Monson anpil, mwen renmen, e m soutni e m sipòte pwofèt ak Prezidan nou an Russell M. Nelson ak nòb konseye l yo.

Mwen rekonesan e m santi m onore tou pou m sèvi yon fwa ankò bò kote chè Frè m yo nan Kolèj Douz Apot la.

Plis pase tout bagay, mwen santi m enb e kontan anpil pou m se yon manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, yon legliz kote dè milyon gason, fi, ak timoun dispoze pou edifye kote yo ye—nan kèlkeswa kapasite oubyen apèl yo ba yo—epi y ap eseye ak tout kè yo pou yo sèvi Bondye ak pwochen yo, pandan y ap bati wayòm Bondye a.

Jodia se yon jou sakre. Se Dimanch Pak, kote nou komemore maten gloriye sa a kote Sovè nou an te kase chenn lanmò yo1 epi l te soti triyonfan nan tonbo a.

Jou ki pi gran nan listwa a

Dènyèman, m te mande sou entènèt: “Ki jou k te plis chanje kous listwa?”

Pil repons yo te bay yo te soti nan kategori etonan ak etranj pou rive nan enteresan ak pouse moun reflechi. Pami yo, te gen jou kote yon asteroyid preyistorik te frape Penensil Yucatan an; oubyen lè, an 1440, Johannes Gutenberg te fini près enprimri an; epi, natirèlman, jou an 1903 a kote frè Wright yo te montre ke moun ka reyèlman vole a.

Si yo ta poze nou menm kesyon sa a, kisa n t ap reponn?

Nan lespri m, repons la klè.

Pou n ka jwenn jou k pi enpòtan nan listwa a, nou dwe retounen nan jou swa sa a, sa gen prèske 2.000 an, nan Jaden Jetsemani an kote Jezikri te ajenou nan priyè entans epi l te ofri tèt li kòm ranson pou peche nou yo. Se te pandan gwo sakrifis enfini sa a anba doulè enkonparab nan kò l an nan lespri li ke Jezikri, ki se Bondye, te senyen nan tout twou syè nan kò li. Nan amou pafè li, li te bay tout bagay pou l te ka resevwa tout bagay. Sakrifis etènèl li a, ki difisil pou konprann, ke nou ka santi sèlman si nou itilize tout kè nou ak tout lespri nou, raple nou dèt inivèsèl gratitid nou dwe Kris la pou don diven l lan.

Nan apre nan jou swa sa a, yo te mennen Jezi devan otorite relijye ak politik yo ki te pase l nan betiz, ki te bat li, epi kondane l pou l sibi yon lanmò plen lawont. Li te kloure an agoni sou kwa a jiskaske, finalman, “tout bagay [te] fini.”2 Yo te depoze kò san vi li nan yon tonm yo te prete. Epi apresa, nan maten twazyèm jou a, Jezikri, Pitit Gason Bondye Toupuisan an, te leve soti nan tonbo a kòm yon èt gloriye resisite, plen splandè, limyè, ak majeste.

Wi, gen anpil evenman atravè listwa ki pwofondeman afekte destine nasyon yo ak pèp yo. Men, menmsi nou konbine yo tout ansanm, yo p ap menm ka kòmanse konpare avèk enpòtans sa k te pase nan premye jou maten Pak sa a.

Kisa k fè sakrifis enfini an ak Rezirèksyon Jezikri a evenman ki pi enpòtan nan listwa a—pi enfliyan pase gè mondyal, dezas, ak dekouvèt syantifik ki mennen gwo chanjman yo?

Gras avèk Jezikri, nou ka viv ankò

Repons la chita nan de gwo difikilte ensimontab nou chak ap fè fas.

Premyèman, nou tout ap mouri. Keseswa nou jèn, bèl, ansante, oubyen vijilan, yon jou, kò nou ap vin san vi. Zanmi ak fanmi ap kriye pou nou. Men yo p ap ka mennen nou retounen.

Men, gras ak Jezikri, lanmò nou ap tanporè. Espri nou ap gen pou l reyini avèk kò nou yon jou. Kò resisite sa a pa p ka mouri ankò,3 epi nou pral viv nan letènite yo, libere anba doulè ak soufrans fizik.4

Sa ap rive gras avèk Jezikri, ki te bay lavi li epi ki te prann ankò.

Li te fè sa pou tout moun ki kwè nan li.

Li te fè sa pou tout moun ki pa kwè nan li.

Li te fè sa menm pou moun ki moke li, ki joure l, ak modi non l yo.5

Gras avèk Jezikri, nou ka viv avèk Bondye

Dezyèmman, nou tout fè peche. Peche nou yo t ap ajamè anpeche nou viv avèk Bondye, paske, “okenn bagay sal pa kapab antre nan wayòm ni an.”6

Kòm rezilta, chak gason, chak fi ak chak timoun pa t kalifye pou rete nan prezans li—jiskaske Jezikri, Anyo san tach la, te ofri lavi l kòm ranson pou peche nou yo. Paske Jezi pa t gen okenn dèt anvè lajistis, li te ka peye dèt nou an epi konsa reponn egzijans lajistis yo pou chak moun. E sa enkli oumenm avèk mwen.

Jezikri te peye pri peche nou yo.

Pou yo tout.

Nan jou k pi enpòtan sa a nan listwa a, Jezikri te louvri pòt lanmò yo epi l te kraze baryè ki te anpeche nou antre nan koulwa sen ak sakre lavi etènèl yo. Gras avèk Senyè ak Sovè nou an, oumenm avèk mwen resevwa don ki pi presye ak pi inestimab la—kèlkeswa pase nou, nou ka repanti epi suiv chemen ki mennen nan limyè ak laglwa selès la, antoure pa pitit fidèl Pè Selès yo.

Poukisa nou rejwi

Men sa nou selebre jou Dimanch Pak la—nou selebre lavi!

Gras ak Jezikri, n ap soti anba dezespwa lanmò e anbrase moun nou renmen yo, pandan n ap vèse dlo lajwa ak gratitid debòdan. Gras ak Jezikri, nou pral egziste kòm èt etènèl, nan mond ki san fen.

Gras ak Jezikri, peche nou ka non sèlman efase; men y ap bliye yo tou.

Nou ka vin pirifye ak egzalte.

Sen.

Gras ak Sovè Byeneme nou an, nou ka bwè nan fontèn dlo ki jayi rive jis nan lavi etènèl la7 ajamè. Nou ka viv pou tout tan nan palè Wa etènèl nou an, nan laglwa nou pa ka imajine ak nan bonè pafè.

Èske nou “Gade Mesye a”?

Malgre tout bagay sa yo, gen anpil moun nan mond lan jodia ki oubyen pa konnen li oubyen pa kwè nan kado presye Jezikri ba nou an. Yo petèt konn tande pale de Jezikri epi yo rekonèt li kòm yon pèsonaj istorik, men yo pa wè l pou sa l vrèman ye a.

Lè m panse sou sa, mwen raple m Sovè a ki te kanpe devan prefè Women peyi Jide a, Pons Pilat, kèlke èdtan anvan lanmò li.

Pilat te konsidere Jezi nan yon pwendvi estrikteman monden. Pilat te gen yon djòb pou l te fè, epi djòb la te enplike de gwo tach: ranmase taks pou Wòm ak asire l ke gen lapè. Kounyeya, men Sanedren Juif la ki mennen yon moun devan li yo deklare k se yon obstak pou toulède tach sa yo.8

Apre l fin entèwoje prizonye a, Pilat te anonse: “M pa wè rezon pou m kondane li.”9 Men li te santi l te dwe kalme moun ki t ap akize Jezi yo, konsa, Pilat te fè apèl ak yon koutim peyi a ki te otorize yo lage yon prizonye pou sezon Pak la. Èske yo pa t ap libere Jezi olye yo ta libere gwo vòlè ak asasen ki rele Barabas la?10

Men, foul moun ankòlè a te mande pou Pilat lage Barabas e krisifye Jezi.

Pilat te mande: “Poukisa? Ki mal li fè”?

Men, yo te kontinye rele pi fò: “Krisifye li!”11

Nan yon dènye efò pou satisfè foul la, Pilòt te bay lòd pou yo te bat Jezi.12 Yo te fè sa, yo te kite kò l kouvri anba san ak blesi. Yo te pase l nan betiz, yo te mete yon kowòn pikan sou tèt li, epi yo te abiye l ak yon rad wouj.13

Petèt Pilat te panse sa t ap satisfè dezi sanginè foul la. Petèt yo t ap gen pitye pou mesye a. Pilat te di: “Koute. Mwen pral mennen l ba nou, pou nou ka konprann mwen pa jwenn okenn rezon pou m kondane li … Men nonm lan!”14

Pitit Gason Bondye a te kanpe anpèsòn devan pèp Jerizalèm nan.

Yo te ka wè Jezi, men yo pa t vrèman gade li.

Yo pa t gen je pou yo te wè.15

Nan yon sans figire, noumenm tou yo envite nou pou n “gade nonm nan.” Opinyon yo bay sou li yo varye nan mond lan. Ansyen pwofèt ak pwofèt modèn temwaye ke l se Pitit Bondye. Li enpòtan e menm esansyèl pou nou chak vin konn sa pèsonèlman. Konsa, lè n ap medite sou lavi ak ministè Jezikri, kisa nou wè?

Moun ki jwenn yon mwayen pou yo vrèman gade Mesye sa a, yo jwenn pòt ki mennen nan pi gwo lajwa nan lavi a ak remèd ki ka geri pi gwo dezespwa yo.

Konsa, lè w anvayi anba chagren ak doulè, gade Mesye sa a.

Lè w santi w pèdi oubyen yo bliye ou, gade Mesye sa a.

Lè w santi w dezespere, abandone, lè w doute, ou blese, oubyen kraze, gade Mesye sa a.

L ap rekonfòte ou.

L ap geri w e l ap bay lavi w yon sans. L ap devèse Lespri li epi l ap ranpli kè w ak lajwa depasan.16

“Lè yon moun pèdi souf, li ba l fòs; epi lè yon moun febli, li ba l kouraj ankò.”17

Lè nou vrèman gade Mesye sa a, nou aprann nan men li epi nou chèche aliyen lavi nou avèk li. Nou repanti epi nou chèche rafine nati nou e rapwoche n yon tijan pi pre l chak jou. Nou fè l konfyans. Nou montre amou nou pou li nan respekte kòmandman l yo ak nan viv annakò ak alyans sakre nou yo.

Otreman di, nou vin disip li.

Limyè pirifyan li ranpli nanm nou. Gras li elve nou. Fado nou yo vin lejè, lapè nou vin pi pwofon. Lè nou vrèman gade Mesye sa a, nou gen pwomès yon fiti beni ki enspire nou ak edifye nou atravè detou ak obstak vwayaj nou nan lavi a. Lè n gade dèyè, n ap rekonèt ke gen yon chema divin ki egziste, ki vrèman konekte tout pwen yo.18

Si nou aksepte sakrifis li a, nou vin disip li, epi nou finalman rive nan fen vwayaj nou sou tè a, kisa k pral pase ak lapenn nou te andire yo nan lavi sa a?

Yo prale.

Desepsyon, trayizon, pèsekisyon nou te rankontre yo?

Yo disparèt.

Soufrans, chagren, kilpabilite, lawont, ak angwas nou te travèse yo?

Y ale.

Nou bliye yo.

Konsa, èske sa etonan ke “nou pale konsènan Kris la, nou pran plezi nan Kris la, nou preche konsènan Kris la, nou pwofetize konsènan Kris la … pou pitit nou yo kapab konnen nan ki sous pou yo chèche padon pou peche yo”?19

Èske sa etonan ke nou eseye ak tout kè nou pou n vrèman gade Mesye sa a?

Frè ak sè byeneme m yo, mwen temwaye nou ke jou k pi enpòtan nan istwa limanite a sete jou kote Jezikri, Pitit Gason Bondye a, te ranpòte viktwa sou lanmò ak peche pou tout pitit Bondye yo. Epi, jou k pi enpòtan nan lavi noumenm avèk mwen an se jou kote nou aprann “gade mesye sa a”; kote nou wè l pou sa l vrèman ye a; kote, ak tout kè nou ak lespri nou, nou patisipe nan pouvwa ekspyatwa l la; kote avèk antouzyas ak fòs renouvle nou pran angajman pou n suiv li a. Mwen priye pou jou sa a ka repete plizyè fwa toutolon lavi nou.

M ap kite temwayaj mwen ak benediksyon m pou nou, pou, si nou “gade mesye sa a” nou va jwenn yon rezondèt, lajwa, ak lapè nan lavi terès sa a ak lavi etènèl nan mond k ap vini an. Nan non sakre Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gade Mosiah 15:23.

  2. Jean 19:30.

  3. Gade Alma 11:45.

  4. Gade Revelation 21:4.

  5. Gade 1 Corinthians 15:21–23.

  6. 3 Nefi 27:19.

  7. Gade Jean 4:14.

  8. Gade Lik 23:2.

  9. Jean 18:38. Pour éviter de devoir juger Jésus, Pilate a essayé de confier l’affaire à Hérode Antipas. Si Hérode, qui avait commandé la mort de Jean-Baptiste (gade Matthieu 14:6–11), condamnait Jésus, Pilate pourrait consentir au jugement sans discussion et prétendre qu’il ne s’agissait que d’une affaire locale qu’il approuvait de manière à maintenir la paix. Mais Jésus n’a pas adressé un mot à Hérode (gade Lik 23:6–12), et celui-ci l’a renvoyé à Pilate.

  10. Gade Mark 15:6–7; John 18:39–40. One New Testament scholar writes, “It seems to have been the custom, that at the Passover the Roman Governor released to the Jewish populace some notorious prisoner who lay condemned to death” (Alfred Edersheim, The Life and Times of Jesus the Messiah [1899], 2:576). The name Barabbas means “son of the father.” The irony of giving the people of Jerusalem a choice between these two men is interesting.

  11. Gade Marc 15:11–14.

  12. This scourging was so terrible it was called “the intermediate death” (Edersheim, Jesus the Messiah, 2:577).

  13. Gade Jean 19:1–3.

  14. Jean 19:4–5.

  15. Plus tôt, Jésus avait déclaré: Car le cœur de ce peuple est devenu insensible ; ils ont endurci leurs oreilles, et ils ont fermé leurs yeux, de peur qu’ils ne voient de leurs yeux, qu’ils n’entendent de leurs oreilles, qu’ils ne comprennent de leur cœur, qu’ils ne se convertissent, et que je ne les guérisse. Puis, avec tendresse, il a dit à ses disciples : « Mais heureux sont vos yeux, parce qu’ils voient, et vos oreilles, parce qu’elles entendent ! » (Matthieu 13:15–16). Will we allow our hearts to be hardened, or will we open our eyes and hearts that we may truly behold the Man?

  16. Gade Mosiah 4:20.

  17. Isaiah 40:29.

  18. Gade Dieter F. Uchtdorf, “The Adventure of Mortality” (worldwide devotional for young adults, Jan. 14, 2018), broadcasts.lds.org.

  19. 2 Nefi 25:26.