2010–2019
Menmjan Kris la padone ou la, se konsa oud we fѐ
Avril 2018


Menmja Kris la padone w la, ou dwe padone tou

Nou tout ka resevwa yon lapè enkonparab epi vin patnè avèk Sovè nou an si, ak tout kè nou, nou aprann padone moun ki ofanse nou.

“Nan premye jou semèn nan, byen bonè nan maten, yo te ale nan kavo a. Yo te pote luil santi bon yo te prepare, ak lòt avèk yo.

“Epi, yo te jwenn wòch ki te fèmen kavo a te woule byen lwen soti devan bouch kavo a.

“Yo te antre, men yo pa t jwenn kò Senyè Jezi.

“Epi sete konsa, pandan yo te kanpe san yo pa t konn sa pou yo te fè, gade, de moun parèt devan yo ak rad yo byen klere.

“Epi yo te pè anpil, yo te bese tèt yo atè; men de moun yo te di yo konsa: Poukisa n ap chèche moun ki vivan an pami mò yo?

“Li pa isit la; li resisite.”1

Demen, jou Saba Pak la, nou pral sonje nan yon fason espesyal sa Jezikri te fѐ pou nou: “Paske Bondye sitѐlman renmen mond la, li te bay sѐl Pitit Gason literal li a, pou nenpòt moun ki kwѐ nan Li pa peri, men pou yo gen lavi etѐnѐl.”2 Yon jou, nou pral resisite menmjan avѐk li, pou nou viv pou tout tan.

Atravѐ mirak sakrifis ekspyatwa sakre Jezikri a, nou ka resevwa kado padon pou peche nou ak move aksyon nou yo, si nou aksepte opòtinite ak responsablite repantans yo. Epi lѐ nou resevwa òdonans ki nesesѐ yo, nou kenbe alyans yo, epi nou obeyi kòmandman yo, nou ka jwenn lavi etѐnѐl ak egzaltasyon.

Jodi a, m ta vle mete aksan sou padon, yon kado esansyèl ak presye Sovѐ ak Redanmtѐ nou an, Jezikri, ofri nou.

Nan jou swa mwa Desanm an 1982, madanm mwen, Terry avèk mwen te reveye pa yon apѐl telefonik lakay nou nan Pocatello, Idaho. Lѐ m te reponn telefòn nan, m te sѐlman tande yon moun kap kriye. Finalman, vwa sѐ m nan te di avèk difikilte, “Tommy mouri.”

Yon chofѐ machin 20 tan ki te sou, ki t ap kondi a yon vitès plis pase 135 km, te pase sou yon limyѐ wouj san fѐ atansyon nan yon ti vil nan Denver, nan Colorado. Li te fè yon gwo kolizyon avèk machin tifrè m nan Tommy, li te touye limenm ak madanm li Joan lamenm. Yo t ap retounen lakay al jwenn yon jèn tipitit fi yo apre yon fѐt nwѐl.

Imedyatman, madanm mwen avѐk mwen te pran avyon al Denver epi nou t ale nan mòg la. Nou te reyini avѐk paran mwen ak frѐ ak sѐ m yo epi nou te kriye pou lanmo frѐ byenneme nou an Tommy ak madanm ni Joan. Nou te pѐdi yo akoz yon zak kriminѐl san sans. Kѐ nou te brize, epi m te kòmanse santi yon kòlè k t ap monte andedan mwen kont jèn delenkan sa a.

Tommy t ap travay kòm avoka nan Depatman Lajistis Etazini an epi li ta pral vin yon gwo avoka pou pwoteksyon tѐ ak resous natirѐl Endyen Ameriken yo nan ane k t ap vini yo.

Apre kѐk tan te fin pase, yo te fè yon jijman nan tribinal pou te jije jenòm ki te responsab aksidan, santans la sete omisid envolontè ki te lakoz pa yon aksidan machin. Anba doulè ak chagren, paran mwen, ak gran sѐ m nan, Katy, t al nan tribinal la. Paran chofѐ k te sou a te la tou, epi apre seyans tribunal la te fini, yo te rete chita sou yon ban epi yo te kriye. Paran m yo ak sѐ m nan te chita tou pre, epi yo tap chѐche kontwole emosyon yo. Apre yon moman, paran m yo ak sѐ m nan te kanpe, yo te mache al devan paran chofѐ a epi yo te pwononse kèk pawòl rekonfò ak padon. Gason yo te bay lanmen; fi yo te kenbe men; yo tout te gen gwo chagren epi yo te kriye, pandan yo te rekonѐt ke toulède fanmi yo te soufri anpil. Manman m, papa m, ak Katy te pran devan avѐk ti fòs ak kouraj yo te genyen an epi yo te montre fanmi an akisa padon sanble.

Padon sa a yo te akòde nan moman sa a te lakoz kѐ m te adousi epi l te ouvri chemen gerizon an pou mwen. Avèk letan, m te aprann kijan pou m te gen yon kè dispoze pou padone. Se sѐlman avѐk ѐd Prens Lapѐ a fado douloure m nan te aleje. M ap toujou sonje Tommy ak Joan, men, padon vin fѐ m sonje yo avѐk yon lajwa san restriksyon kounyeya. Epi m konnen nou pral ansanm ankò an fanmi.

M pa p sigjere pou nou apwouve konpòtman ilegal. Nou konnen trѐ byen ke chak moun dwe responsab zak kriminѐl yo ak move zaksyon yo devan lalwa. Men, nou konnen tou, antanke pitit kason ak pitit fi Bondye, n ap suiv ansѐyman Jezikri yo. Nou dwe padone moun menm lѐ yo pa sanble yo merite padon nou an.

Sovѐ a te anseye:

“Si nou padone moun ki ki fè nou mal, Papa nou ki nan syèl la va padone nou tou.

“Men, si nou pa padone moun ki fè nou mal, Papa nou p ap padone ofans nou yo non plis.”3

Nou tout ka resevwa yon lapѐ enkwayab ak yon asosyasyon avѐk Sovѐa lѐ nou aprann padone moun ki “ofanse nou” san fòse nou. Asosyasyon sa a pote pouvwa Sovѐ a nan lavi nou nan yon fason klѐ, epi nou pap janm bliye li.

Apot Pòl te konseye:

“Se pou nou mete sou nou, kòm eli Bondye, … zantray mizѐrikòd, jantiyès, imilite nan panse, dousè, ak pasyans;

“Se pou nou youn sipòte lòt, pou nou youn padone lòt … : , menm jan Kris la te padone nou an, se konsa nou dwe padone tou.4

Senyѐ a limenm te deklare:

“Se poutèt sa, m di nou, nou dwe padone youn lòt; paske yon moun ki pa padone peche frè l, li kondane devan Senyè a; paske pi gwo peche a rete nan li.

“Mwenmenm Senyè a, m ap padone moun m vle padone, men, pou nou menm se yon egzijans pou nou padone tout moun.”5

Ansѐyman Sovѐ ak Redanmtѐ nou yo klѐ; pechѐ a dwe dispoze pou l padone lòt moun si l espere jwenn padon.6

Frѐ m ak sѐ m yo, ѐske gen moun nan lavi nou ki te blese nou? Ѐske n ap nouri santiman rankin ak kòlѐ nou panse ki totalman jistifye? Ѐske nou kite lògѐy anpeche nou padone ak bliye? Mwen envite nou tout pou nou padone konplѐtman, epi kite gerizon an fѐt andedan nou. Epi, menmsi padon an pa vini jodia, nou dwe konnen ke si nou vle li epi nou travay sou sa, l ap vini—menmjan l te finalman vini pou mwen apre lanmò frѐ m nan.

Tanpri, raple nou tou ke yon nan eleman esansyѐl nan padon se padone tèt nou.

Seynѐ a te di konsa: “Yon moun ki repanti pou peche l, moun sa a padone, epi mwenmenm Senyè a m pa sonje peche l yo ankò.”7

M ap sipliye nou chak jodia pou nou sonje egzanp Jezikri a epi pou nou suiv li. Sou kwa a nan Gòlgota, nan soufrans li, Li te pwononse pawòl sa yo: “Papa, padone yo; paske yo pa konn sa y ap fѐ.”8

Lѐ nou gen yon espri padonan epi nou aji nan sans sa a, tankou paran m yo ak gran sѐ m nan te fè a, nou ka wè pwomès sa a Sovѐ a fè nou an akonpli: “M ap kite lapè m pou nou, m ap fè kè nou poze. Mwen p ap fè l menmjan ak mond la. Pa kite anyen toumante tèt nou, nou pa bezwen pè.”9

Mwen temwaye ke lapѐ sa a ap vin nan lavi nou si nou koute ansѐyman Jezikri yo, epi nou suiv egzanp li nan padone lòt moun. Si nou padone, m pwomѐt nou Sovѐ a ap fòtifye nou, epi pouvwa li ak lajwa li ap vide nan lavi nou.

Tonbo a vid. Kris la vivan. M konnen Li. M renmen Li. M rekonesan pou gras li, ki se pouvwa fòtifyan ki sifi pou geri tout bagay la. Nan non sakre Jezikri, amѐn