2010–2019
Moun ki pèsevere jiskalafen, li va sove
Avril 2018


Moun ki pèsevere jiskalafen, li va sove

Annou fidèl nan sa nou kwè ak nan sa nou konnen yo.

Chè frè m ak sè mwen, mwen trè rekonesan pou opòtinite m genyen pou m eksprime nou kèk nan santiman mwen.

Sa gen kèk ane, madanm mwen avèk mwen te prezan nan seremoni inogirasyon ekspozisyon entèraktif pou timoun yo nan Mize Istwa Legliz la nan Salt Lake City. Nan fen seremoni an, Prezidan Thomas S. Monson te pwoche kote nou, epi pandan l t ap ba nou lamen, li te di: “Pèsevere epi na triyonfe”—yon ansèyman pwofon epi yon  verite ke, natirèlman, nou tout ka afime.

Jezikri te asire nou ke “moun ki pèsevere jiskalafen AN, li va sove.”1

Pèsevere vle di “rete fèm nan angajman pou n fidèl nan kòmandman Bondye yo malgre tantasyon, lopozisyon, ak advèsite.”2

Menm moun ki fè gwo eksperyans spirityèl yo epi ki rann sèvis fidèl yo ka egare yon jou oubyen ka tonbe nan inaktivite si yo pa pèsevere jiskalafen. Se pou nou toujou kenbe fraz sa a byen klè nan lespri nou ak nan kè nou: “Sa p ap janm rive m.”

Lè Jezikri te anseye nan Kapènawòm nan, “anpil nan disip li yo t ale, epi yo pa t mache avèk li ankò.

“Epi Jezi te di douz yo ‘èske nou pa prale tou?”3

Mwen kwè ke jodia, Jezikri mande nou tout ki fè alyans avèk li yo, “Èske noumenm nou pa prale tou?”

Mwen priye pou ke nou tout, lèavèk pwofon refleksyon sou sa letènite gen an rezèv pou nou yo, nou ka reponn jan Simon Pyè te reponn nan: “Mèt, ki kote pou n ale? se oumenm ki gen pawòl lavi etènèl yo.”4

Annou rete fidèl nan sa nou kwè ak sa nou konnen. Si nou pa p viv konfòm avèk konesans nou, annou chanje. Pechè ki pèsiste nan peche yo, e ki pa repanti yo, ap anfonse plis anplis nan vis, jiskaske Satan reklame yo, sa ki grandman mete andanje opòtinite pou yo repanti, resevwa padon, ak beni avèk tout benediksyon letènite yo.

M konn tande anpil jistifikasyon nan men moun ki sispann patisipe aktivman yo nan legliz la e ki pèdi vizyon kòrèk sou bi vwayaj nou sou tè sa a. Mwen egzòte yo pou yo reflechi epi retounen, paske m kwè okenn moun p ap kapab jwenn ekskiz devan Senyè nou an, Jezikri.

Lè nou batize, nou fè alyans---non pa avèk nenpòt moun, men, avèk Sovè a, nou dakò pou n “pran non Jezikri sou [tèt nou], ak yon detèminasyon pou n sèvi l jiskalafen.”5

Asiste nan reyinyon sentsèn yo se youn nan mwayen kle pou n evalye detèminasyon nou pou n sèvi li, fòs espirityèl nou, ak pwogresyon lafwa nou nan Jezikri.

Pran Sentsèn se bagay ki pi enpòtan nou fè nan jou Saba a. Senyè a te eksplike Apot li yo òdonans sa a anvan l te mouri. Li te fè menm bagay la nan kontinan Amerik la. Li di nou si nou patisipe nan òdonans sa a, l ap yon temwayaj pou Papa a ke nou toujou sonje li, e pa konsekan, li pwomèt n ap gen Lespri l avèk nou.6

Nan ansèyman Alma, pitit la, te bay pitit gason l Shiblon yo, nou jwenn konsèy saj ak avètisman ki ka ede nou rete fidèl nan alyans nou yo:

“Pa gonfle kò w avèk lògèy; wi, pa fè lwanj pou lasajès pa w, ni pou pakèt fòs ou.

“Pale kare, men pa depase limit ou, epi bride pasyon ou yo pou w kapab chaje avèk lanmou; pa fè parès.”7

Sa gen kèk ane, pandan m te an vakans, m te anvi al fè ‘kayaking’ (monte sou kannòt yo gonfle) pou lapremyè fwa. M te lwe yon kayak, epi plen antouzyas, m te lanse l nan lanmè a.

Apre kèlke minit, yon gwo vag te chavire kayak la. Avèk yon pakèt efò, kote m te kenbe ràm nan nan yon men ak kayak la nan lòt men an, m te reyisi  reprann pye ankò.

M te eseye rame kayak la, men kèk minit apre, li te chavire ankò. M te kontinye ap pèsiste, san siksè, jiskaske yon moun ki te konprann kayaking byen te di m siman te gen yon fant nan kayak la epi siman l dwe te ranpli ak dlo, sa k te fè l enstab ak enposib pou kontwole konsa. M te trennen kayak la sou rivaj la epi m te retire bouchon an, epi sètènman, yon gwo kantite dlo te sòti.

M panse pafwa, nou travèse lavi a avèk peche ki, menmjan ak fant nan kayak mwen an, ka anpeche pwogresyon spirityèl nou.

Si nou pèsiste nan peche nou yo, n ap bliye alyans nou te fè avèk Senyè a, menmsi nou kontinye ap chavire akoz dezekilib peche sa yo kreye nan lavi nou.

Tankou fann nan kayak mwen an, nou bezwen pran swen fann nan lavi nou yo. Gen kèk peche ki mande plis efò pase lòt pou n repanti.

Se poutèt sa, nou ta dwe mande tèt nou: Nan ki pwen nou ye nan atitid nou anvè Senyè a ak travay li a? Èske nou nan sitiyasyon Pyè lè l te renye Jezikri a? Oubyen èske nou pwogrese nan pwen kote nou gen atitid ak detèminasyon l te genyen apre “gwo tach” li te resevwa nan men Sovè a?8

Nou dwe fè efò pou n obeyi tout kòmandman yo epi pote yon atansyon patikilye a sa k pi difisil pou n respekte yo. Senyè a ap bò kote nou, pou ede nou nan moman bezwen ak feblès yo, epi, si nou demontre yon dezi sensè epi nou aji an konsekans, l ap fè “bagay fèb yo vin fò.”9

Obeyisans ap ba nou fòs pou n simonte peche. Nou dwe konprann tou ke eprèv lafwa nou mande nou pou n obeyi, souvan san konn rezilta yo.

M ap sigjere nou yon fòmil ki ap ede nou pèsevere jiskalafen:

  1. Priye ak li ekriti yo chak jou.

  2. Pran Sentsèn chak semèn, avèk yon kè brize ak yon lespri kontri.

  3. Peye dim nou ak ofrann de jèn nou chak mwa.

  4. Chak dezan—chak ane pou jèn yo—renouvle rekòmandasyon tanp nou.

  5. Pandan tout lavi nou, sèvi nan travay Senyè a.

Se pou gwo verite levanjil sa yo rete nan lespri nou, epi se pou nou kenbe lavi nou lib yon fason pou n ka evite fann ki ka anpeche nou vwayaje an sekirite atravè lanmè lavi sa a.

Siksè nan fason Senyè a gen yon pri, e sèl mwayen pou n atenn ni se peye pri sa a.

Ala m rekonesan dèske Sovè nou an te pèsevere jiskalafen, pou l te akonpli gran sakrifis ekspyatwa l la.

Li te soufri pou peche nou, lapenn nou, depresyon, angwàs, enfimite, ak laperèz nou, epi konsa, li konn kijan pou l ede nou, kijan pou l enspire nou, kijan pou l rekonfòte nou, ak kijan pou l fòtifye nou pou nou kapab pèsevere epi jwenn kowòn ki rezève pou moun ki pa sibi defèt yo.

Lavi a diferan pou nou chak. Nou tout gen yon tan eprèv, yon tan pou bonè, yon tan pou pran desizyon, yon tan pou n simonte obstak, ak yon tan pou n pwofite okazyon yo.

Kèlkeswa sa sitiyasyon pèsonèl nou ka ye, mwen temwaye ke Papa nou ki nan Syèl la ap di nou san rete: “Mwen renmen w, mwen soutni w, mwen avèk ou. Pa lage sa. Repanti epi pèsevere nan chemen m montre w la. Epi, m asire w ke nou youn va wè lòt ankò nan fwaye selès nou an.” Nan non Jezikri, amèn.