2010–2019
Pou nou ka gen Lespri li avèk nou
Avril 2018


Pou nou ka gen Lespri li avèk nou

Mwen priye ak tout kè m pou nou koute vwa Lespri a, ke yo voye ba nou avèk si anpil jenewozite a.

Frè m ak sè m yo, mwen rekonesan pou opòtinite m genyen pou m pale avèk nou jodia nan jou Saba Senyè a, nan konferans jeneral Legliz sa a nan sezon Pak la. Mwen remèsye Pè Selès la pou don Pitit Gason Byeneme l la, ki te vini volontèman sou tè a pou l te vin Redanmtè nou. Mwen rekonesan pou m konnen ke l te ekspye pou peche nou epi l te leve nan Rezirèksyon an. Chak jou, m santi m beni paske, gras ak Ekspyasyon l lan, m ka resisite pou m al viv avèk yon fanmi eman yon jou.

Mwen konnen bagay sa yo atravè sèl fason nou chak ka konnen yo a. Sentespri a di m nan lespri m ak nan kè m ke yo se verite—non pa jis yon fwa men souvan. Mwen bezwen rekonfò pèmanan sa a. Nou tout konn travèse trajedi kote nou konn bezwen Lespri a rekonfòte nou. M te santi sa yon jou pandan m te kanpe bò kot papa m nan yon lopital. Nou t ap gade manman m ki t ap respire tou piti—epi apresa l te sispann respire. Pandan nou t ap gade figi li, nou te wè yon souri sou vizaj li paske doulè a te ale. Apre kèk moman silans, papa m te pale anpremye. Li te di: “Yon pitit fi retounen lakay li.”

Li te di sa tou dousman. Li te parèt anpè. Li te deklare yon bagay li te konnen k te vre. Li te kòmanse rasanble zafè manman m yo tou trankilman. Li te soti nan koulwa lopital la pou l t al remèsye enfimyè ak doktè k t ap okipe manman pandan dè jou yo.

Papa m te gen konpayi Sentespri a nan moman sa a pou l te santi, pou l te konnen ak pou l te fè sa l te fè yo jou sa a. Tankou anpil lòt moun, li te resevwa pwomès sa a: “Pou yo ka gen Lespri l avèk yo” a. (D&A 20:79).

Espwa m jodia se pou ogmante dezi nou ak kapasite nou pou n resevwa Sentespri a. Sonje, li se twazyèm manm Divinite a. Papa a ak Pitit Gaosn an se èt resisite. Sentespri a se yon pèsonaj lespri. (Gade D&A 130:22.) Chwa a nan men nou pou n resevwa li e akeyi l nan kè nou ak nan lespri nou.

Kondisyon pou nou resevwa benediksyon divin sa a klè nan pawòl yo pwononse chak semèn yo men ki pa toujou penetre byen fon nan kè nou ak nan lespri nou. Pou n gen Lespri a avèk nou, nou bezwen “toujou sonje” Sovè a ak “respekte kòmandman l yo”(D&A 20:77).

Epòk sa a nan ane a ede nou sonje sakrifis Sovè a ak soti l nan tonbo a kòm yon èt resisite. Anpil nan nou gen foto sèn sa yo nan memwa nou. Yon fwa, madanm mwen avèk mwen te kanpe devan yon tonm nan Jerizalèm. Anpil moun panse ke sete tonm kote Sovè krisifye a te leve soti antanke yon Bondye resisite ak vivan an.

Jou sa a, respektyezman, gid la te fè yon siy ak men li epi l te di: “Vin wè yon tonbo vid.”

Nou te panche pou n te antre. Nou te wè yon ban an wòch bò kot yon mi. Men nan lespri m, te gen yon lòt imaj ki te vini, osi reyèl ke sa nou te wè jou sa a. Sete foto Mari ke Apot yo te kite bò tonm nan. Men sa Lespri a te pèmèt mwen wè ak tande nan lespri m, osi klèman ke si m te la:

“Mari menm te rete deyò toupre kavo a. Li t ap kriye. Antan l t ap kriye konsa, li bese tèt li pou l gade anndan kavo a.

“Epi li wè de zanj Bondye abiye tout an blan, chita kote yo te mete kò Jezi a, yonn nan plas tèt la, lòt la nan plas pye yo.

“Zanj yo mande li: Madanm, poukisa w ap kriye konsa? Li reponn yo: Paske yo wete Senyè mwen an, m pa konn kote yo mete li.

“Lè l fin di sa, li vire tèt li, li wè Jezi ki te kanpe la, men li pa t rekonèt si se te Jezi.

“Jezi te mande li: Madanm, poukisa w ap kriye konsa? Ki moun w ap chache? Mari menm te kwè se te mèt jaden an. Se poutèt sa li di li: Mèt, si se ou menm ki wete l, di m ki bò ou mete li. M a v al pran li.

“Jezi di li: Mari! Mari vire gade Jezi, epi l di l nan lang ebre: Rabouni (sa vle di: Mèt).

“Jezi di li: Pa manyen m! Mwen poko monte al jwenn Papa mwen. Men, ale jwenn frè m yo, di yo m ap monte bò kot Papa m ki papa nou tou, m ap moute bò kot Bondye m ki Bondye nou tou” (Jan 20:11–17).

M te priye pou yo te ka pèmèt mwen santi yon ti kal nan sa Mary te santi nan bò tonm nan, ak sa de lòt disip yo te santi sou wout Emayis la pandan yo t ap mache avèk Sovè resisite a, an pansan ke l sete yon vizitè k te sot Jerizalèm.

“Men yo te kenbe l, yo te di li: Rete avèk nou. Solèy fin kouche, pral fènwa. epi li te antre pou l te rete avèk yo.

“Epi sete konsa, pandan l te chita avèk yo, li te pran pen an, epi l te beni l, epi l te kase l, epi l te ba yo li.

“Epi, menm lè a, je yo te louvri, yo te rekonèt li. Men, te li disparèt lamenm devan yo.

“Epi youn te pran di lòt: Eske nou pa t santi tankou yon dife k ap boule nan kè nou lè l t ap pale avèk nou sou tout wout la, lè l t ap esplike nou sak te ekri nan Liv ekriti yo? (Lik 24:29–32).

Gen kèk nan pawòl sa yo ki te pwononse nan yon reyinyon sentsèn m tale sa gen plis pase 70 zan. Nan epòk sa yo, yo te konn fè reyinyon sentsèn lèswa. Deyò a te fènwa. Kongregasyon an te chante pawòl familye sa yo. M te konn tande yo plizyè fwa. Men, souvni ki rete nan mwen se santiman yon sware patikilye. Santiman sa a rapwoche m de Sovè a. Petèt si m repete pawòl yo ankò, nou tout ka santi sa:

Demeure auprès de moi, Seigneur !

Le jour déjà s’enfuit!

Les ombres chassent sa lueur,

Et c’est déjà la nuit.

Pourtant un hôte dans mon cœur

M’éclaire et me conduit.

Demeure auprès de moi, Seigneur !

Et marche à mes côtés,

Quand j’ai recours à toi Sauveur

Je suis réconforté.

Tes mots, éloignant ma terreur,

Vers toi m’ont ramené.

Seigneur, reste avec moi ce soir!

Voici déjà la nuit!

Seigneur, reste avec moi ce soir !

Voici déjà la nuit!1

Sa k pi presye pase souvni evenman sa yo se souvni Sentespri a k ap touche kè nou ak kontinyèlman afime nou verite a. Sa k pi presye pase sa nou wè ak je nou, oubyen pase sonje pawòl nou tande ak li, se raple nou santiman ki akonpaye vwa dous Lespri a. Pafwa, m konn santi m egzakteman tankou vwayajè sou wout Emayis yo te santi yo—yon chalè dous nan kè mwen. Pi souvan, se yon santiman asirans trankil ak pezib.

Nou resevwa pwomès presye ke n ap gen Lespri a kòm konpanyon nou, epi nou gen bonjan direksyon sou fason pou n reklame don sa a. Sete sèvite otorize Sènyè a ki te di pawòl sa yo avèk men yo sou tèt nou: “Resevwa Sentespri a.” Nan moman sa a, ou menm avèk mwen te gen asirans ke l t ap vini. Men se noumenm ki gen obligasyon pou nou chwazi ouvri kè nou pou n ka resevwa ministè Lespri a pandan tout lavi nou.

Eksperyans Pwofèt Joseph Smith yo ka sèvi kòm gid pou nou. Li te kòmanse ministè li epi l te kontinye l avèk desizyon ke pwòp sajès l pa t ase pou l te konn kisa pou l te fè. Li te chwazi pou l te enb devan Bondye.

Apresa, Joseph te deside mande Bondye. Li te priye avèk lafwa ke Bondye t ap reponn ni. Repons la te vini pandan l te yon jèn ti gason. Mesaj sa yo te vini lè l te bezwen konnen kijan Bondye te vle etabli Legliz Li a. Sentespri a te rekonfòte li epi gide l pandan tout lavi l.

Li te obeyi enspirasyon an lè sa te difisil. Paregzanp, li te resevwa direksyon pou l te voye Douz Apot yo an Angletè lè l te plis bezwen yo. Li te voye yo.

Li te aksepte pou Lespri a te korije li ak ba l rekonfò lè l te nan prizon epi yo t ap oprese Sen yo tèribman. Li te obeyi lè l te desann sou wout Kataj la menm lè l te konnen li t ap pral fè fas ak danje mòtèl.

Pwofèt Joseph trase yon egzanp pou nou sou fason pou n resevwa direksyon ak rekonfò spirityèl atravè Sentespri a tout tan.

Premye chwa l te fè se te pou l te enb devan Bondye.

Dezyèm nan se te pou priye ak lafwa nan Senyè a, Jezikri.

Twazyèm nan se te pou l obeyi ekzakteman. Obeyisans ka vle di aji rapid. Li ka vle di prepare nou. Oubyen li ka vle di tann avèk pasyans pou n resevwa plis enspirasyon.

Katriyèm nan se priye pou nou konn bezwen ak kè lòt moun ak pou nou konn ki fason pou n ede yo pou Senyè a. Joseph te priye pou Sen an detrès yo lè l te nan prizon. M te gen opòtinite pou m te obsève pwofèt Bondye yo pandan y ap priye, mande enspirasyon, resevwa direksyon, epi aji selon direksyon yo resevwa.

Mwen te wè souvan ke priyè yo sete pou moun yo renmen ke y ap sèvi. Sousi yo pou lòt moun sanble l ouvri kè yo pou yo resevwa enspirasyon. Sa kapab vrè pou nou tou.

Enspirasyon ap ede nou sèvi lòt moun pou Bondye. Nou konn wè sa nan eksperyans nou fè, menmjan avèk mwen. Evèk mwen te di m yon fwa—nan yon epòk kote madanm mwen te gen anpil sou do l— “Chak fwa m tande yon moun nan pawas la ki bezwen èd, lè m ale pou m ede, m jwenn madanm ou te la anvan m. Kijan l fè fè sa?”

Li tankou tout moun ki se gran sèvitè nan wayòm Bondye a. Sanble gen de bagay yo fè. Gran sèvitè yo kalifye yo pou Sentespri a ka toujou rete konpayon yo. Epi yo kalifye yo pou yo gen don charite a, ki se lanmou pi Kris la. Don sa yo devlope nan yo pandan y ap itilize yo pou sèvi pa amou pou Senyè a.

Fason lapriyè, enspirasyon, ak lanmou pou Senyè a travay ansanm nan sèvis nou an dekri pafètman pou mwen nan pawòl sa yo:

“Si nou mande nenpòt bagay nan non m, m ap fè l.”

“Si nou renmen m, respekte kòmandman m yo.

“Epi m ap priye Papa a, epi l ap bannou yon lòt Rekonfòtè, pou l ka rete avè n pou tout tan;

“Menm Lespri verite a; ke mond lan pa kapab resevwa, paske l pa wè l, ni tou l pa konnen l: men nou konnen l; paske l rete avèk nou, epi l ap nan nou.

"M pap kite nou òfelen: m ap vin jwenn nou.

“Yon ti tan ankò, epi mond lan pa p wè m ankò; men nou wè m: paske m vivan, n ap vivan tou.

“Jou sa a n ap konnen ke mwen nan Papa a, e nou menm nou nan mwen, epi mwen menm mwen nan nou.

“Moun ki gen kòmandman m yo, epi ki kenbe yo, se li menm ki renmen m: epi Papa a ap moun ki renmen mwen, epi m ap renmen l, epi m ap manifeste tèt mwen devan l”(Jan 14:14–21).

Mwen rann temwayaj pèsonèl mwen ke, nan moman sa a menm, Papa a konnen nou, li konn santiman nou, ak bezwen spirityèl ak tanporèl tout moun ki bò kote nou. Mwen rann temwayaj ke Papa a ak Pitit Gason an ap voye Sentespri a pou tout moun ki gen don sa a, ki mande benediksyon sa a, epi ki chèche viv diy pou li. Ni Papa a, ni Pitit Gason an, ni Sentespri a p ap fòse tèt yo nan lavi nou. Nou lib pou n chwazi. Senyè a te di tout moun:

“Gade, Mwen kanpe devan pòt la, m ap frape. Si yon moun tande vwa m, epi si l ouvri pòt la ban mwen, m ap antre lakay li, m ap manje avè l, l ap manje avè m.

“Moun ki andire, m’ap fè l chita bò kote m sou twòn mwen, menm jan mwen menm m te andire a, epi m chita bò kot Papa m sou twòn ni an.

“Moun ki gen zòrèy, se pou l tande sa Lespri Bondye a di” (Revelasyon 3:20–22).

Mwen priye ak tout kè m pou nou tande vwa Lespri a, ke yo voye pou nou ak sitèlman jenewozite a. Epi m priye pou nou toujou ouvri kè nou pou n resevwa li. Si nou mande enspirasyon avèk yon entansyon reyèl ak lafwa nan Jezikri, n ap resevwa l nan fason Senyè a ak nan moman Senyè a deside. Bondye te fè sa pou jèn Joseph Smith. Li fè sa jodi a pou pwofèt vivan nou an, Prezidan Russell M. Nelson. Li mete n sou wout lòt pitit Bondye yo pou nou sèvi yo pou li. M konnen sa non sèlman atravè sa m wè ak je m men plis toujou atravè sa Lespri a chichote nan kè m.

Mwen santi lanmou Papa a ak Pitit Gason Byeneme l la pou tout pitit Bondye yo nan mond lan ak pou pitit li yo nan mondèzespri a. Mwen konn santi rekonfò ak direksyon Sentespri a. M priye pou nou ka gen lajwa sa a ki se gen Lespri a avèk nou kòm konpayon an. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. « Demeure auprès de moi, Seigneur ! », Cantiques, n° 93.