2010–2019
Sèvis Pastoral enspire
Avril 2018


Sèvis Pastoral enspire

Nou resevwa Sentespri a lè nou konsantre nou sou sèvi lòt moun. Se pou rezon sa a nou gen responsablite nan prètriz la pou nou sèvi pou Sovè a.

Frè byeneme m yo, mwen rekonesan pou privilèj m genyen pou m pale avèk nou an nan konferans jeneral istorik sa a. Nou te soutni Prezidan Russell M. Nelson kòm 17tyèm Prezidan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Paske m te gen benediksyon pou m te travay avèk li chak jou, m santi yon konfimasyon nan men Lespri a ki di m se Bondye ki aple Prezidan Nelson pou l dirije vrè Legliz Senyè a.

Mwen gen temwayaj tou ke se Senyè a ki aple Èldè Gerrit W. Gong ak Èldè Ulisses Soares pou yo sèvi kòm manm Kolèj Douz Apot yo. Mwen renmen yo e m soutni yo. Atravè ministè yo, yo pral beni lavi anpil moun nan tout mond lan e pandan dè jenerasyon.

Konferans sa a istorik pou yon lòt rezon ankò. Prezidan Nelson te anonse yon etap enspire nan plan òganize Senyè a pou Legliz li a. Plan sa a enkli yon nouvo aranjman pou kowòm prètriz yo nan pawas yo ak nan pieu yo pou nou ka pi byen ranpli responsablite prètriz nou. Tout responsablite sa yo gen pou wè avèk sa detantè prètriz nou yo ap fè pou pran swen pitit Pè Selès yo.

Plan Senyè a pou Sen l yoveye sou lòt avèk amou an te akonpli sou tout fòm atravè ane yo. Nan premye jou yo nan Novou, Pwofèt Joseph Smith te bezwen yon fason òganize pou l te pran swen pil konvèti ki te pou laplipa grandman pòv yo ki t ap rive nan vil la. Kat nan aryè gran paran m yo te nan pami yo—fanmi Eyring, Bennion, Romney, ak Smith. Pwofèt la te jeyografikman òganize Sen sa yo. Nan Ilinwa, yo te rele divizyon sa yo “pawas.”

Lè Sen yo te travèse plèn yo, yo te òganize wen youn t ap bay lòt yo an “konpayi.” Youn nan gran granpapa patènèl mwen yo t ap retounen sot nan misyon li nan sa ki rele Oklahoma kounyeya lè l te rankontre yon konpayi sou wout li. Li te si fèb anba maladi ke limenm ak konpayon li te kouche sou tèt yon ti charyo.

Chèf konpayi an te voye de jènfi pou t al ede moun ki te nan charyo abandone sa a. Youn ladan yo, yon jèn sè ki te konvèti nan peyi LaSuis, te gade youn nan misyonè yo epi l te santi konpasyon pou li. Konpayi Sen sa a te sove li. Li te vin refè ase pou l te fè rès chemen an ap mache al nan Vale Salt Lake la avèk jèn sovtè sa a bò kote li. Yo te tonbe damou epi yo te marye. Li te vin aryè gran papa Henry Eyring, e li te vin aryè granmè mwen, Maria Bommeli Eyring.

Dèzane apre, lè moun te konn fè remak sou gwo difikilte ki genyen nan travèse yon kontinan, li te konn di: “O non, sa pa t difisil. Pandan nou t ap mache a, nou te konn pale pandan tout jounen an sou mirak sa te ye pou n te jwenn vrè levanjil Jezikri a. Sete pi bèl moman m ka sonje.”

Depi lè sa yo, Senyè a itilize yon varyete fason pou ede Sen l yo pou youn pran swen lòt. Kounyeya, nou gen benediksyon pou n gen kolèj ki fòtifye ak ini nan nivo pawas ak pieu—kolèj ki travay an kowòdinasyon avèk tout òganizasyon nan pawas yo.

Pawas minisipal, konpayi, ak kowòm fòtifye yo, tout mande omwen de bagay pou reyisi nan akonpli entansyon Senyè a pou Sen l yo pran swen youn lòt nan fason li sousye pou yo a. Yo reyisi lè Sen yo santi amou Kris la youn pou lòt ki depase pwòp enterè pèsonèl yo. Ekriti yo rele l “charite … amou pi Kris la” (Mowoni 7:47). Epi yo reyisi lè Sentespri a gide moun k ap bay swen an pou l konnen sa Senyè a konnen k pi bon pou moun l ap eseye ede a.

An plizyè fwa nan semèn ki sot pase yo, gen manm nan Legliz la ki te aji nan prezans mwen kòmsi yo te prevwa sa Senyè a ta pral fè, jan yo te anonse la a jodia. Kite m jis ba nou de egzanp sou sa. Youn se yon senp diskou nan yon reyinyon Sentsèn ki te fèt pa yon enstriktè 14 zan nan Prètriz Aawon an ki konprann kisa detantè prètriz yo ka akonpli nan sèvis yo pou Senyè a. Dezyèm nan se yon detantè prètriz Mèlkisedèk ki, avèk amou Kris la, te enspire pou l sèvi yon fanmi.

Toudabò, kite m di nou pawòl jènjan ki t ap pale nan reyinyon sentsèn pawas la. Mwen te la. Eseye sonje kijan nou te ye lè nou te gen 14 zan epi nou t ap koute l k ap di pawòl ki depase sa yon jenòm si jèn konsa ta ka rezonableman konnen:

“Mwen kontan dèske m se yon manm kowòm enstriktè nan pawas mwen depi lè m te gen 14 zan ane pase a. Yon enstriktè toujou gen tout responsablite yon dyak anplis kèk nouvo responsablite.

“Kòm gen kèk nan nou ki se enstriktè, e kèk lòt ap vin enstriktè yon jou, epi tout moun nan Legliz la beni pa prètriz la, li enpòtan pou nou tout konn plis sou devwa yon enstriktè.

“Toudabò, Doktrin ak Alyans 20:53 di konsa, ‘Devwa enstriktè a se pou l toujou veye sou legliz la, se pou l avèk yo epi pou l fòtifye yo.’

“Apresa, Doktrin ak Alyans 20:54–55 di konsa:

“‘Epi pou l pa kite gen inikite nan legliz la, ni mechanste youn kont lòt, ni manti, kalomni, ni medizans;

“‘Epi pou l fè legliz la reyini ansanm souvan, epi pou l fè tout manm yo fè devwa yo.’”

Jenòm nan te kontinye:

“Senyè a di nou se responsablite nou pou n non sèlman veye sou Legliz la, men pou nou veye sou moun yo ki andedan Legliz la nan fason Kris la t ap fè paske sa a se Legliz li. Si n ap eseye respekte kòmandman yo, pou n janti youn anvè lòt, pou n onèt, pou n bon zanmi, epi rejwi ansanm, enben, n ap kapab gen Lespri a avèk nou epi n ap konnen kisa Pè Selès la vle pou nou fè. Si nou pa fè sa, nou p ap ka ranpli apèl nou.”

Li te kontinye:

“Lè yon enstriktè chwazi pou l bay bon egzanp nan rete yon bon enstriktè ofwaye, nan akeyi manm yo nan legliz la, nan prepare sentsèn, ede lakay li, ak nan rete yon patizan lapè, li chwazi pou l onore prètriz li ak ranpli apèl li.

“Pou w yon bon enstriktè, sa pa sèlman vledi pou w gen yon konpòtman responsab lè nou nan legliz la oubyen nan aktivite legliz yo. Apot Pòl te anseye: ‘Se pou w yon egzanp pou kwayan yo, nan pawòl, nan konvèsasyon, nan charite, nan lespri, nan lafwa, nan pite’ (1 Timote 4:12).”

Apresa li te di:

“Kèlkeswa kote nou ye oubyen sa n ap fè, nou ka yon bon egzanp ladwati tout tan ak nan tout kote.”

“Papa m avèk mwen se enstriktè ofwaye fanmi Brown.1 Chak fwa n al lakay yo, mwen pase yon bon moman ap pale avèk yo e aprann konnen yo. Youn nan bagay m reyèlman renmen osijè Brown yo sèke chak fwa n al kote yo, yo tout dispoze pou yo koute epi yo tout toujou gen bèl istwa pou yo rakonte.

“Lè nou konnen moun nan pawas nou yo byen gras ak vizit ofwaye, sa rann ni pi fasil pou n ranpli responsablite yon enstriktè, epi akeyi manm yo nan legliz la. Ede moun yo santi yo byenveni e entegre nan legliz la ap ede tout manm yo nan pawas la santi moun renmen yo epi y ap prepare pou yo pran sentsèn nan.

“Apre yo fin akeyi manm ki vin legliz yo, enstriktè yo ede prepare Sentsèn nan chak Dimanch. Mwen renmen prepare ak distribye sentsèn nan pawas sa a paske tout mou si plen reverans. Mwen toujou santi Lespri a lè m ap prepare ak distribye sentsèn nan. Se yon benediksyon reyèl pou mwen dèske m kapab fè sa chak Dimanch.

“Kèk sèvis, tankou distribye sentsèn, se yon bagay moun ka wè e yo remèsye nou dèske nou fè li, men gen lòt sèvis tankou prepare sentsèn nan ki abityèlman fèt san okenn moun pa remake. Sa pa si enpòtan si moun nou k ap sèvi; sa k enpòtan sèke Senyè a konnen n ap sèvi li.

“Antanke enstriktè, nou dwe toujou eseye fòtifye Legliz la, zanmi nou, ak fanmi nou nan ranpli responsablite prètriz nou. Sa pa toujou fasil, men Senyè a pa ba nou okenn kòmandman ‘san li pa prepare yon mwayen pou [nou] kapab akonpli bagay li kòmande yo’ (1 Nefi 3:7).”

“Mwen konnen n ap vin pi bon si nou chwazi pou n suiv [Jezikri].”

Sa gen yon mwa, m te tande yon lòt istwa sou sèvis prètriz nan yon reyinyon sentsè pawas. M te la lè sa a tou. Nan ka sa a, detantè Prètriz Mèlkisedèk plen eksperyans sa a pa t konnen ke, pandan l t ap pale a, li t ap dekri egzakteman sa Senyè a vle k pou fèt nan kowòm prètriz fòtifye yo. Men esansyèl nan sa l te di yo:

Limenm ak konpayon vizit ofwaye li te resevwa tach pou yo te vizite sèt fanmi. Prèske tout nan yo pa t vle resevwa vizit. Lè enstriktè ofwaye yo t al lakay yo, yo te refize ouvri pòt la. Lè yo te telephone, pèsonn pa t reponn. Lè yo te kite yon mesaj, okenn moun pa t retounen apèl la. Konpayon senyò a te finalman deside pou l te fè vizit yo pa mwayen lèt ke l t ap ekri. Li te menm kòmanse itilize bèl anvlòp jòn nan espwa pou l te jwenn yon repons.

Youn nan sèt fanmi yo te gen yon sè selibatè inaktif ki te soti Ewòp. Li te gen de timoun piti.

Apre plizyè tantativ pou kontakte li, li te resevwa yon mesaj tèks. Sè a te sèchman enfòme li ke l te twò okipe pou l te resevwa enstriktè ofwaye. Li te gen de djòb epi l te sèvi nan lame tou. Travay prensipal li sete kòm ofisye polis, epi objektif pwofesyonèl li sete pou l te vin yon detektiv epi apresa pou l retounen nan peyi li pou l al kontinye travay.

Enstriktè ofwaye a pa t janm reyisi vizite l lakay li. Li te konn voye tèks ba li tanzantan. Chak mwa, li te voye yon lèt, ansanm ak kat anivèsè pou chak timoun.

Li pa t janm resevwa repons. Men sè a te konn kiyès enstriktè ofwaye l yo te ye, kijan pou l kontakte yo, e l te konnen yo t ap pèsiste nan sèvis prètriz sa a.

Epi, yon jou, enstriktè a te resevwa yon apèl ijan nan men sè sa a. Li te dezespereman bezwen èd li. Li pa t konn kiyès ki te evèk li men li te konn enstriktè ofwaye l yo.

Nan kèk jou, li t ap gen pou l kite peyi a pou yon mwen pou l t al pran fòmasyon militè pandan yon mwa. Li pa t ka mennen timoun yo avèk li. Manman l, ki ta pral vini pou okipe timoun yo, te fèk vwayaje al an Ewòp pou l t al okipe mari li, ki te gen yon ijans medikal.

Sè selibatè inaktif sa a te gen lajan sèlman pou l t achte yon biyè avyon pou l te voye pi piti a al an Ewòp men li pa t gen lajan pou pi gran tigason douzan an, Eric.2 Li te mande enstriktè ofwaye a si l te ka jwenn yon bon fanmi SDJ ki ta ka pran Erik lakay yo pandan 30 pwochen jou yo!

Enstriktè ofwaye a te voye repons ba li pou di l li ta pral fè sa l te kapab. Apresa, li te kontakte dirijan prètriz li yo. Evèk la, ki sete gran prèt ki t ap prezide a, te ba l otorizasyon pou l t al kote manm konsèy pawas yo, ansanm ak prezidant Sosyete Sekou a.

Prezidant Sosyete Sekou a te rapidman jwenn kat bon fanmi SDJ, ki te gen timoun apeprè laj Eric, ki te dakò pou yo te pran Eric lakay yo pou yon semèn, youn apre lòt. Nan mwen k te suiv la, fanmi sa yo te pran swen Eric, yo te fè plas pou li andedan apatman yo oswa ti kay yo ki te deja plen moun, yo te mennen l avèk yo nan vakans fanmi yo te deja pwograme, yo te mennen l legliz, yo te fè l patisipe nan sware familyal yo, eksetera.

Fanmi ki te gen tigason ki te nan laj Eric yo te entegre l nan reyinyon ak aktivite kowòm dyak yo. Pandan peryòd 30 jou sa a, Eric t al legliz chak Dimanch pou lapremyè fwa nan lavi li.

Lè manman l te retounen sot nan fòmasyon l lan, Eric te kontinye al legliz, abityèlman avèk youn nan kat fanmi SDJ ki te okipe l yo oubyen avèk lòt moun ki te vin zanmi li, enkli enstriktè ofwaye manman l yo. Finalman, li te òdone kòm dyak epi l te kòmanse distribye sentsèn regilyèman.

Kounyeya, annou predi avni Eric. Nou p ap etone si l vin yon dirijan nan Legliz la nan peyi manman li lè fanmi l retounen nan peyi sa a—tout sa gras ak Sen ki te travay ansanm nan inite pou sèvi sou direksyon yon evèk, pou sèvi motive pa charite ki te nan kè yo epi sou enfliyans Sentespri a.

Nou konnen charite esansyèl pou nou sove nan wayòm Bondye a. Mowoni ekri: “Epi si nou pa gen charite, pa gen okenn fason n ap kapab sove nan wayòm Bondye a” (Mowoni 10:21; gade Etè 12:34 tou).

Nou konnen tou ke charite se yon don nou resevwa apre tout sa nou kapab fè. Nou dwe “priye Papa a avèk tout enèji kè nou, pou nou kapab chaje avèk lanmou l, li te devèse sou tout moun ki se vrè disip Pitit Gason li a, Jezikri” (Moroni 7:48).

Pou mwenmenm, nou resevwa Sentespri a pi byen lè nou konsantre n nan sèvi lòt moun. Se poutèt sa nou gen responsablite prètriz pou n sèvi pou Sovè a. Lè nou angaje nan sèvi lòt moun, nou panse mwens a tèt nou, epi Sentespri a ka pi fasilman vini pou ede nou nan rechèch tout yon lavi a pou n ka gen resevwa don charite a.

Mwen rann nou temwayaj mwen ke Senyè a deja fè yon gran pa annavan nan plan Li pou nou vin pi enspire ak pi charitab nan sèvis atansyon nou nan prètriz la. Mwen rekonesan pou lanmou li, ke l ba nou avèk anpil jenewozite a. Mwen temwaye konsa nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Non yo chanje.

  2. Non yo chanje.