2010–2019
Remak entwodiksyon
Avril 2018


Remak entwodiksyon

Nou anonse yon gwo reyòganizasyon nan kowòm Prètriz Mèlkisedèk nou yo pou yo ka akonpli travay Senyè a pi efikasman.

Mèsi, Frè Holmes, pou mesaj enpòtan w la.

Chè frè m yo, nou pwofondeman sonje Prezidan Thomas S. Monson ak Èldè Robert D. Hales. Sepandan, nou tout ap kontinye avanse nan travay Senyè a.”1

Mwen rekonesan pou chak gason ki detni sent prètriz la. Nou se lespwa Redanmtè a ki vle pou “chak moun kapab pale nan non Senyè Bondye a, Sovè mond lan menm.”2 Li vle tout pitit gason òdone l yo reprezante li, pale pou li, aji pou li, ak beni lavi pitit li yo nan tout mond lan pou “lafwa kapab ogmante sou [tout] tè a.”2

Gen kèk nan nou k ap sèvi nan kote Legliz la etabli depi dè jenerasyon. Gen lòt k ap sèvi nan kote Legliz la tou nouvo. Genyen ki nan gwo pawas ki gen anpil moun. Gen lòt ki nan ti branch sou distans byen lwen. Kèlkeswa sikonstans pèsonèl nou, nou chak se yon manm kowòm prètriz Bondye a ki gen yon manda diven pou n aprann ak anseye; pou n renmen ak sèvi pwochen nou.

Aswè a, n ap anonse yon gwo reyòganizasyon enpòtan nan kolèj Prètriz Mèlksedèk yo pou n ka akonpli travay Senyè a pi efikasman. Nan chak pawas, gran prèt yo ak ansyen yo pral konbine ansanm kounyeya pou fòme yon sèl kowòm ansyen. Chanjman sa a pral grandman amelyore kapasite mesye ki detni prètriz yo pou yo sèvi lòt moun. Se pou nou akeyi moun ki pral vin ansyen yo epi entegre yo nan kowòm sa a tou. Nan chak pieu, prezidans pieu a ap kontinye prezide sou kolèj gran prèt pieu yo. Men, konpozisyon kolèj sa a pral baze sou apèl aktyèl yo nan prètriz la, jan yo pral eksplike nou nan yon ti moman.

Èldè D. Todd Christofferson ak Èldè Ronald A. Rasband nan Kolèj Douz Apot yo pral anseye nou plis kounyeya sou chamjman enpòtan sa yo.

Nou te etidye chanjman sa yo depi pandan dè mwa. Nou te santi yon bezwen presan pou amelyore fason nou sousye pou manm nou yo ak fason nou bay rapò vizit kontak nou yo avèk yo. Pou n fè sa pi byen, nou bezwen ranfòse kowòm prètriz yo pou yo ka pi byen dirije sèvis lanmou ak sipò Senyè a atann pou Sen l yo.

Se Senyè a ki enspire nou chanjman sa yo. Lè nou enplante yo, n ap vin pi efikas pase jan nou te ye anvan.

Se nan travay Bondye Toupuisan an nou angaje. Jezi se Kris la! Nou se enb sèvitè li. Ke Bondye beni nou chè frè m yo pandan n ap aprann ak akonpli devwa nou yo, mwen priye nan non Jezikri, amèn.