2010–2019
Bi a, se moun yo
Avril 2018


Bi a, se moun yo

Bi Legliz la se noumenm, disip Senyè a—moun ki renmen li epi k ap suiv li epi kip ran non l sou yo.

Pandan nou t ap prepare pou konstriksyon si bèl tanp Paris a an Frans lan, m te fè yon eksperyans mwen p ap janm bliye. Nan ane 2010, lè nou te jwenn pwopriyete pou tanp lan, majistra vil la te mande pou l rankontre avèk nou pou l te aprann plis konsènan Legliz nou an. Reyinyon sa a sete yon etap kapital pou n te jwenn yon pèmi konstriksyon. Ak anpil swen, nou te prepare yon prezantasyon Powerpoint ki te gen plizyè foto enpresyonan tanp Sen Dènye Jou yo. Pi gwo espwa m se te pou bote achitekti batiman sa yo te konvenk majistra a pou l te soutni pwojè nou an.

Ak gran etònman, majistra a te di nou ke olye l te gade prezantasyon nou an, li menm ak ekip li a te prefere fè pwòp ankèt pa yo pou yo dekouvri ki jan de Legliz nou ye. Nan mwa k te suiv la, yo te te envite nou ankò pou n t al tande yon rapò ki te prezante pa konseye minisipal vil la ki te yon pwofesè istwa relijyon. Li te kanpe epi l te di, “Plis pase tout lòt bagay, nou te vle konprann kiyès manm Legliz ou yo ye. Premyèman, nou te asiste yonn nan reyinyon sentsèn nou yo. Nou te chita dèyè chapèl la epi nou te obsève moun yo avèk swen nan kongregasyon an ak sa yo t ap fè. Aprèsa nou te rankontre vwazen yo—sila yo k ap viv tou pre sant pieu a—epi nou te mande yo ki jan de moun nou menm Mòmon yo ye.”

M te mande avèk yon ti enkyetid: “Donk ki konklizyon nou?” Li te reponn, “Nou te dekouvri ke Legliz Jezikri pou Sen Dènyè yo se Legliz ki pi pwòch Legliz orijinal Jezikri a pase nenpòt lòt Legliz nou konnen.” Mwen te prèske fè objeksyon pou m te di, “Sa pa konplètman egzat! Se pa Legliz ki pi pwòch la; li se Legliz Jezikri a—menm Legliz la, vrè Legliz la!” Men m te mètrize tèt mwen epi olye de sa m te fè yon priyè rekonesans an silans. Aprèsa majistra a te di nou, selon sa yo te konstate, li menm ak ekip li a pa t gen okenn objeksyon pou kite nou bati yon tanp nan kominote yo a.

Jodia, lè m panse ak eksperyans mirakile sa a, mwen santi rekonesans pou sajès majistra a ak lespri disènman li. Li te konnen ke kle pou konprann Legliz la se pa wè l atravè aparans eksteryè kontriksyon l yo ni menm antanke yon enstitisyon ki byen òganize, men atravè plizyè milyon manm fidèl li yo, k ap fè efò chak jou pou yo suiv egzanp Jezikri.

Nou ka jwenn definisyon Legliz la nan yon pasaj nan Liv Mòmon an ki deklare: “Epi … yo [ki vledi Senyè a] ki te batize nan non Jezi yo te rele legliz Kris la.”1

Otremandi, Legliz la se moun yo. Se noumenm disip Senyè a—moun ki renmen l epi k ap suiv li epi ki te pran non l sou yo pa alyans yo.

Prezidan Russell M. Nelson yon fwa te konpare Legliz la ak yon bèl otomobil. Nou tout renmen lè machin nou pwòp e byen klere. Men rezondèt machin nan se pa pou l parèt yon machin atiran; se pou l pote moun yo ki andedan machin nan.2 Nan menm fason an, nou menm, antanke manm Legliz la, nou apresye lè nou genyen bèl lye adorasyon ki pwòp ak byen byen antreteni, epi nou pran plezi tou nan lè nou gen pwogram ki byen fonksyone. Men sa yo se sèlman sistèm sipò. Sèl objektif nou se envite chak pitit gason ak pitit fi Bondye vin jwenn Kris la ak gide yo sou chemen alyans lan. Pa gen okenn lòt bagay ki pi enpòtan. Travay nou konsène moun yo ak alyans yo.

Èske se pa mèvèye ke non ki te bay pa revelasyon pouLegliz retabli a liye toulède eleman k pi enpòtan nan chak alyans levanjil yo ansanm? Premye a se non Jezikri. Legliz sa se Legliz li, epi Sakrifis Ekspyatwa l la ak alyans yo se sèl chemen ki mennen nan sali ak egzaltasyon. Dezyèm non an refere a noumenm: sen yo, oubyen, otremandi, temwen li ak disip li.

Mwen te aprann enpòtans pou pote atansyon nou sou moun yo lè m t ap sèvi kòm prezidan pye an Frans. Nan kòmansman sèvis mwen an, mwen te gen kèk objektif trè anbisye pou pye a nan tèt mwen: kreye nouvo pawas, bati nouvo chapèl, epi menm bati yon tanp nan zòn nou an. Lè m te relve sizan aprè, okenn nan objektif sa yo pa t reyalize. Sa te kapab sanble yon echèk total sof ke, pandan pakou sis ane sa yo, objektif mwen te vin toutafè diferan.

Te gen frè ak sè sa yo ki te antre nan dlo batèm yo, sila mwen te siyen premye rekòmandasyon yo a pou yo te kapab resevwa òdonans sakre tanp yo, ak jèn moun ak koup mwen te mete apa oubyen relve kòm misyonè aplentan. Te gen anpil lòt mwen te sèvi pandan yo t ap travèse eprèv ak advèsite nan lavi yo. Mwen te santi yon gran lanmou fratènèl pou yo chak. M te jwenn lajwa total nan sèvi yo epi m te rejwi nan ogmantasyon lwayote ak lafwa yo nan Sovè a.

Prezidan M. Russell Ballard te ansenye, “Sa k pi enpòtan nan responsablite nou yo nan Legliz la se pa estatistik nou rapòte yo oubyen reyinyon ki fèt yo, men se si wi ou non chak moun—nou te sèvi endividyèlman jan Sovè a te fète —te edifye epi ankouraje epi finalman chanje.”3

Chè frè m ak sè m yo, èske nou aktif nan levanjil la, oubyen èske nou senpleman okipe nan Legliz la? Kle a se suiv egzanp Sovè a nan tout bagay. Si nou fè sa, nou pral natirèlman konsantre nou sou sove moun yo olye nou egzekite tach ak aplike pwogram.

Èske nou janm mande tèt nou kisa k t ap pase si Sovè a ta vin vizite pawas oubyen branch nou an Dimanch pwochen? Kisa l t ap fè? Eske l t ap sousye pou l konnen si èd vizyèl yo te bon ase oubyen si chèz yo te byen dispoze nan sal de klas la? Oubyen èske l t ap jwenn yon moun li te ka renmen, ansenye epi beni? Petèt li t ap chèche yon nouvo manm oubyen yon zanmi pou l swete byenveni, yon frè oubyen yon sè malad ki bezwen rekonfò, oubyen yon jèn moun k ap vasiye kie bezwen yo edifye l ak ankouraje l.

Ki klas Jezi t ap vizite? Mwen pa t ap etone si l ta vizite timoun Primè yo anpremye. Petèt li t ap mete l ajenou epi pale avèk yo fas a fas. Li t ap eksprime lanmou l pou yo, rakonte yo istwa, felisite yo pou desen yo, epi temwanye de Papa l ki nan Syèl la. Atitid li t ap senp, sensè, epi san afektasyon. Èske nou ka fè menm bagay la?

Mwen pwomèt nou ke si nou efòse nou pou n suiv ajanda Senyè a, anyen p ap vin pi enpòtan pase jwenn moun nou ka ede ak beni. Nan legliz la n ap plis konsantre sou ansenye moun yo ak touche kè yo. Preyokipasyon nou se t ap ankouraje yon eksperyans espirityèl olye de òganize yon aktivite pafè, se t ap sèvi sanblab nou yo olye de tcheke yon bwat pou kantite vizit nou te fè. Sa k t ap konte se pa t ap noumenm men, se t ap yo menm nou rele frè ak sè nou yo.

Kèk fwa nou pale de ale legliz. Men Legliz la plis pase yon batiman oubyen yon lye patikilye. Li tout osi reyèl ak vivan nan demè ki pi enb nan zòn elwanye yo nan mond lan ke l ye nan syèj Legliz la nan Salt Lake City. Senyè a li menm te di, “Paske kote de oubyen twa moun reyini nan non m, mwen la nan mitan yo.”4

Nou mennen Legliz la avèk nou tout kote nou ale: nan travay, nan lekòl, an vakans, epi espesyalman lakay nou. Prezans nou ak enfliyans nou poukont yo kapab ase pou fè nenpòt kote nou ye vin yon lye sen.

Mwen sonje yon konvèsasyon m te genyen avèk yon zanmi ki pa manm legliz nou an. Li te etone aprann ke tout gason ki diy nan Legliz nou an te kapab resevwa prètriz la. Li te mande, “Men konbyen detantè prètriz nou genyen nan pawas nou an ?’’

Mwen te reponn, “Ant 30 ak 40.”

Yon ti jan twouble, li te kontinye: “Nan kongregasyon m nan, nou sèlman gen yon prèt. Poukisa nou bezwen tout prèt sa yo le Dimanch maten?”

Entrige pa kesyon l lan, mwen te santi m enspire pou m te reponn, “Mwen dakò avèk ou. Mwen pa panse nou bezwen tout detantè prètriz sa yo nan legliz la le Dimanch. Men nou vrèman bezwen yon detantè prètriz nan chak fwaye. Epi lè pa gen detantè prètriz nan yon fwaye, yo aple lòt detantè prètriz pou veye sou fanmi sa a ak pou sèvi li.”

Legliz nou an se pa sèlman yon legliz jou Dimanch. Adorasyon nou kontinye chak jou nan semèn nan, nenpòt kote nou ye ak nan nenpòt sa n ap fè. Fwaye nou yo an patikilye se “ sanktyè prensipal lafwa nou.’’5 Pi souvan se nan fwaye nou nou priye, nou beni, nou etidye, nou ansenye pawòl Bondye a, epi nou sèvi avèk lanmou ki pi. Mwen kapab temwanye apati eksperyans pèsonèl ke fwaye nou yo se lye sakre kote Lespri a kapab abite—osibyen, e pafwa menm plis ke nan lye adorasyon ofisyèl nou yo.

Mwen rann temwanyaj ke Legliz sa a se Legliz Jezikri. Fòs li ak vitalite li soti nan aksyon kotidyen plizyè milyon disip li yo k ap fè efò chak jou pou yo suiv egzanp siprèm li nan pran swen lòt, nenpòt kote yo ye. Kris la vivan, epi l ap dirije Legliz sa a. Prezidan Russell M. Nelson se pwofèt li chwazi pou dirije nou ak gide nou epòk nou an. Konsènan bagay sa yo mwen temwanye nan non Jezikri, amèn.