2010–2019
Sèvi avèk pouvwa ak otorite Bondye
Avril 2018


Sèvi avèk pouvwa ak otorite Bondye

Nou pral sèvi nan non li, avèk pouvwa ak otorite li, epi avèk bonte l ak amou li.

Frè byeneme m yo, mèsi pou devouman nou pou Senyè a ak pou travay sakre l la. Se vrèman yon lajwa pou m avèk nou la a. Antanke Premye Prezidans, nou remèsye nou pou priyè nou ak soutyen nou. Nou rekonesan pou lavi nou ak pou sèvis n ap fè pou Senyè a. Devouman nou anvè devwa nou ak sèvis dezenterese nou tout osi enpòtan ke pa nou yo nan apèl pa nou an. Atravè yon lavi sèvis nan Legliz sa a, mwen te aprann ke se pa kote nou sèvi a ki konte. Senyè a sousye plis de fason nou sèvi.

Mwen eksprime rekonesans mwen pou Prezidan Thomas S. Monson, ki te yon egzanp pou mwen pandan plis pase 50 tan. A pou konseye l yo, Prezidan Henry B. Eyring ak Prezidan Dieter F. Uchtdorf, mwen eksprime admirasyon pwofon mwen. Mwen konplimante yo pou sèvis yo pou Senyè a ak pwofèt li yo. Toulède sèvitè devwe sa yo deja resevwa nouvo tach. Yo kontinye sèvi avèk vitalite ak angajman. Mwen rann yo omaj e m renmen yo toulède.

Se yon benediksyon remakab pou yon moun sèvi nan vrè Legliz vivan Senyè a avèk otorite li ak pouvwa li. Retablisman prètriz Bondye a, ansanm ak kle prètriz yo, louvri pou Sen Dènye Jou ki diy yo pi gwo nan tout benediksyon spirityèl yo. Nou wè benediksyon sa yo vide sou fi, gason, ak timoun toupatou nan mond lan.

Nou wè fi fidèl ki konprann pouvwa ki liye avèk apèl yo ak nan dotasyon an ak nan lòt òdonans tanp yo. Fi sa yo konn kijan pou yo rale pouvwa syèl yo desann pou pwoteje mari yo, pitit yo, ak lòt moun yo renmen. Yo se fi ki spirityèlman solid k ap dirije, anseye, ak sèvi san krent nan apèl yo avèk pouvwa ak otorite Bondye!1 Mwen rekonesan anpil pou yo.

Menmjan tou, nou wè gason k ap viv alawotè privilèj yo kòm detantè prètriz. Yo dirije ak sèvi nan fè sakrifis nan fason Senyè a avèk amou, jantiyès, ak pasyans. Yo beni, yo gide, pwoteje, ak fòtifye lòt moun pa pouvwa prètriz yo detni an. Yo fè mirak pou moun yo sèvi yo pandan ke yo kenbe maryaj yo ak fanmi yo an sekirite. Yo kouri pou mal epi yo se ansyen puisan an Izrayèl.2 Mwen vrèman rekonesan pou yo!

Kounyeya, èske m ka di nou sa k preyokipe m? Se sa a: Twòp nan frè n ak sè nou yo pa totalman konprann konsèp pouvwa ak otorite prètriz la. Yo aji kòmsi yo ta prefere satisfè pwòp dezi ak apeti egoyis pa yo pase pou yo ta itilize pouvwa Bondye a pou beni pitit li yo.

Mwen krenn ke twòp nan frè n ak sè nou yo pa konprann privilèj yo ta ka jwi.3 Paregzanp, kèk nan frè nou yo aji tankou yo pa konprann sa prètriz la ye ak sa l ka pèmèt yo fè. Kite m ba nou kèk egzanp byen presi.

Sa pa gen twò lontan, m te asiste yon reyinyon sentsèn kote yo t ap prezante yon tibebe epi papa l t ap ba l yon benediksyon. Jèn papa a te kenbe ti pitit presye l la nan bra li, li te ba l yon non, epi apresa li te fè yon bèl priyè. Men, li pa t bay timoun nan yon benediksyon. Bèl ti bebe sa a te resevwa yon non men okenn benediksyon! Frè sa a pa t konn diferans ant yon priyè ak yon benediksyon prètriz. Avèk otorite ak pouvwa prètriz li a, li te ka beni ti bebe l la, men li pa t fè l. M te panse nan tèt mwen “Ala yon okazyon li rate la a!”

Kite m site kèk lòt egzanp. Nou konn kèk frè ki mete sè yo apa kòm dirijant ak enstriktris nan Primè, Jènfi, oswa Sosyete Sekou men ki pa beni yo—ki pa beni yo avèk pouvwa pou yo ranpli apèl yo a. Yo bay avètisman ak enstriksyon sèlman. Nou wè yon papa diy ki pa bay madanm ni ak pitit li benediksyon prètriz alòske se egzakteman sa yo bezwen. Pouvwa prètriz la retabli sou tè sa a, epoutan, twòp frè ak sè travèse eprèv terib nan lavi a san yo pa janm resevwa yon vrè benediksyon prètriz. Ala yon trajedi! Sa se yon trajedi nou ka elimine.

Frè m yo, nou detni sent prètriz Bondye a! Nou gen otorite li pou n beni pèp li a. Jis panse a asirans remakab Senyè a te ba nou lè l te di: “Nenpòt moun ou beni m ap beni l.”4 Nou gen privilèj pou n aji nan non Jezikri pou beni pitit Bondye yo selon volote li pou yo. Prezidan pieu yo ak evèk yo, tanpri asire nou ke chak manm nan kowòm yo ki sou responsablite nou yo konprann kijan pou yo bay yon benediksyon prètriz—enkli diyite ak preparasyon spirityèl sa mande pou yo ka totalman fè apèl a pouvwa Bondye a.5

Tout frè ki detni Prètriz yo, mwen envite nou pou nou ankouraje manm yo pou yo kenbe alyans yo, pou yo jene ak priye, etidye ekriti yo, adore nan tanp, epi sèvi ak lafwa antanke gason ak fi Bondye. Nou ka ede tout moun wè avèk je lafwa yo ke obeyisans ak ladwati ap rapwoche yo de Jezikri, ap pèmèt yo jwi konpayi Sentespri a, ak gen lajwa nan lavi!

Karakteristik prensipal vrè Legliz vivan Senyè a ap toujou yon efò òganize e dirije pou sèvi chak grenn pitit Bondye ak fanmi yo.6 Paske sa a se Legliz li, noumenm antanke sèvitè li, n ap sèvi yo youn pa youn, jan l te fè a.7 N ap sèvi nan non li, avèk pouvwa ak otorite li, epi avèk bonte eman li.

Yon eksperyans m te fè sa gen plis pase 60 tan nan Boston te anseye m nan ki pwen privilèj pou nou sèvi endividyèlman an ka puisan. Nan epòk la m te yon entèn (rezidan) nan Lopital Jeneral Massachusetts la—m te travay chak jou, yon nuit sou de, ak chak de wikenn. M te yon ti tan tou piti pou madanm mwen, kat pitit mwen yo, ak aktivite Legliz yo. Men, prezidan branch nou an te ban m tach pou m te vizite fwaye fanmi Wilbur ak Leonora Cox avèk espwa ke Frè Cos ta ka retounen vin aktif nan Legliz la. Limenm ak Leonora te sele nan tanp.8 Men, Wilbur pa t vin legliz depi plizyè ane.

Konpayon m avèk mwen t al lakay yo. Lè nou te antre, Sè Cox te akeyi nou avèk chalè,9 men frè Cox te byen vit al nan yon lòt sal epi l te fèmen pòt la.

Mwen t al nan pòt fèmen an epi m te frape. Apre yon timoman, m te tande yon vwa di “Antre.” M te louvri pòt la epi m te wè Frè Cox ki te chita bò kot yon etalaj ekipman radyo amatè. Nan ti chanm piti sa a, li te limen yon siga. Klèman, vizi mwen an pa t byenveni ditou.

Mwen te gade sal la avèk emèveyman epi m te di: “Frè Cox, mwen te toujou anvi aprann plis sou montaj radyo amatè. Èske w vle montre m kijan? M regrèt m p ap ka rete aswè a, men èske m ka retounen yon lòt lè?”

Li te ezite pandan yon timoman, epi apresa l te di wi. Sete kòmansman sa k te vin tounen yon bèl amitye. Mwen te retounen epi l te anseye m. M te kòmanse renmen li ak respekte li. Atravè vizit sa yo, mwen te vin wè grandè mesye sa a. Nou te vin bon zanmi, tou kòm madanm nou te vin bon zanmi tou. Epi, avèk letan, fanmi nou te vin demenaje. Dirijan lokal yo te kontinye ankadre fanmi Cox.10

Apeprè yuitan apre premye vizit sa a, yo te kreye Pieu Boston an.11 Èske nou ka imajine kiyès ki te premye prezidan pieu a? Wi! Frè Cox! Pandan ane k te suiv yo, li te vin sèvi kòm prezidan misyon ak prezidan tanp tou.

Dèzane apre, lè m te manm Kolèj Douz yo, yo te ban m tach pou m te kreye yon nouvo pieu nan Sanpete County, nan Uta. Pandan entèvyou abityèl yo, m te grandman etone pou m te rankontre chè zanmi m nan , Frè Cox, ankò! M te santi m enspire pou m te aple l kòm patriyach nouvo pieu a. Apre m te fin òdone li, nou te bay akolad epi nou te kriye. Moun yo nan sal la t ap mande tèt yo poukisa de gwo mesye sa yo t ap kriye a. Men nou te konn poukisa. E Sè Cox te konn pouki. Dlo nou yo sete dlo lajwa! Nan kè nou, nou te sonje vwayaj lanmou ak repantans enkwayab sa a ki te kòmanse plis pase trantan desa a, yon jou swa, nan lakay yo a.

Istwa a pa fini la. Fanmi Frè ak Sè Cox te vin gen twa lòt pitit, ven pitit pitit, ak 54 pitit pitit pitit. Ajoute sou sa enpak yo te fè sou dè santèn misyonè, dè milye moun nan tanp, ak dè santèn moun ki te resevwa benediksyon patriyakal yo nan men Wilbur Cox. Enfliyans limenm ak Leonora ap kontinye gen repèkisyon sou anpil jenerasyon nan mond lan.

Eksperyans tankou eksperyans sa a avèk Wilbur ak Leonora Cox la rive chak semèn—m espere, chak jou—andedan Legliz sa a. Moun ki sèvitè devwe Senyè a, Jezikri, ap akonpli travay li, avèk pouvwa li ak otorite li.

Frè m yo, gen pòt nou ka louvri, benediksyon prètriz nou ka bay, kè nou ka geri, fado nou ka soulaje, temwayaj nou ka ranfòse, lavi nou ka sove, ak lajwa nou ka pote nan fwaye Sen Dènye Jou yo—tout sa paske nou detni prètriz Bondye a. Nou se gason “yo te rele yo epi yo te prepare yo depi nan fondasyon mond lan, dapre presyans Bondye, poutèt gwo lafwa ak bon zèv [nou],” pou fè travay sa a.12

Aswè a, m ap envite nou pou nou literalman leve kanpe avèk mwen nan gran fratènite etènèl nou an. Lè m site ofis prètriz nou an, tanpri kanpe epi rete kanpe. Dyak, tanpri kanpe! Enstriktè, kanpe! Prèt! Evèk! Ansyen! Gran Prèt! Patriyach! Swasanndis! Apot!

Kounyeya, frè m yo, èske nou vle rete kanpe pou nou chante anvanm ak koral la toulètwa kouplè kantik “Rise Up, O Men of God” la?13 Pandan n ap chante a, panse a devwa nou antanke lame puisan Bondye pou ede prepare mond lan pou Dezyèm Vini Senyè a. Sa se responsablite nou. Sa se privilèj nou. Mwen temwaye de sa nan non Jezikri, amèn.