2010–2019
Yon jou anplis
Avril 2018


Yon jou anplis

Nou tout gen yon “jodia” pou nou viv, epi kle ki pou fè jounen nou reyisi a se dispoze pou nou fè sakrifis.

Sa gen kèk ane, zanmi m yo te fè yon bèl ti bebe yo te rele Brigham. Apre nesans li, yo te dekouvri ke Brigham ki te gen yon maladi ki ra ki rele Sendrom Hunter, sa ki malerezman te vledi lavi l t ap kout. Yon jou pandan Brigham ak fanmi l t ap vizite lakou tanp lan, Brigham te pwononse yon fraz patikilye; andefwa l te di, “Yon jou anplis.” Nan demen apre l te fin di sa a, Brigham te mouri.

Imaj
Brigham
Imaj
Fanmi Brigham
Imaj
Tonm Brigham

M vizite tonb Brigam plizyè fwa, e chak fwa m fè sa, m reflechi sou fraz “yon jou ankò” a. M ap mande tèt mwen ki sa t ap siyifi e ki efè sa t ap gen nan lavi m si m ta konnen m gen yon sèl jou k rete pou m viv. Kijan m t ap trete madanm mwen, pitit mwen yo, ak lòt moun? Ki kantite pasyans ak jantiyès m tap genyen? Kijan m t ap pran swen kò m? ak ki fèvè m t ap priye ak sonde ekriti yo? M panse ke, yon fason oubyen yon lòt, nou tout ap rive nan yon pwen pou n pran konsyans ke nou gen sèlman “yon jou anplis”—e reyalize ke nou ta dwe itilize tan nou genyen an avèk sajès.

Nan Ansyen Testaman an nou li istwa Ezekyas, wa Jida. Pwofèt Ezayi te anonse Ezekyas lavi l ta pral fini. Lè l te tande pawòl pwofèt la, Ezekyas te kòmanse priye, li te sipliye epi l te kriye anpil. Nan okazyon sa a,  Bondye  te ajoute 15 an sou lavi Ezekyas. (Gade Ezayi 38:1–5.)

Si yo ta vin anonse nou ke nou pa gen anpil tan pou nou viv, nou menm tou nou  ta ka sipliye pou yo ta banou plis jou nan lavi nou, kote nou t ap site bagay nou ta dwe fè oubyen bagay nou te fè nan fason diferan.

Kèlkeswa tan Senyè a, nan sajès li, detèmine pou l akòde nou chak, gen yon bagay nou kapab sèten: nou tout gen yon “jodia” pou n viv, epi kle pou fè jounen nou an reyisi a se dispozisyon nou pou nou fè sakrifis.

Senyè a te di, “Gade, sa m rele jodi a, se peryòd ki separe nou avèk vini Pitit Gason Lòm nan, epi an verite se yon jou” (D&A 64:23; italik ajoute).

Mo sakrifis la soti nan mo laten sacer, kivle di “sakre,” ak facere, ki vle di “fè”—otremandi, fè bagay yo vin sakre, oubyen onore yo.

“Sakrifis mennen benediskyon syèl la” (“Au Grand Prophète,” Cantiques, no. 16).

Nan ki fason sakrifis kapab fè jounen nou yo pi beni e bayo plis sans?

Premyèman, sakrifis pèsonèl fòtifye nou epi bay bagay nou fè sakrifis pou yo a plis valè.

Sa gen kèk ane, yon jou Dimanch jèn, yon sè aje nou pa t konnen te monte sou chè a pou l rann temwanyaj li. Li te di nou li t ap viv nan yon vil ki rele Ikitos, ki se Amazoni Perivyen an. Li te di nou depi lè batèm ni, li te toujou gen bi pou l te resevwa òdonans tanp yo nan tanp Lima a, nan Pewou. Li te fidèlman peye yon dim konplè epi l te ekonomize tikras lajan l pandan dèzane.

Li te eksprime lajwa l te santi pou l t al nan tanp pou l te resevwa òdonans sakre yo nan pawòl sa yo: “Jodi a m kapab di m finalman santi m pare pou m travèse vwal la. Mwen se moun ki pi kontan nan mond lan; nou pa p ka konnen konbyen tan m t ap ekonomize lajan pou m t al nan tanp sa a, epi apre sèt jou ap travèse rivyè sou bato ak 18 èdtan nan bis, m te finalman rive nan kay Senyè a. Lè m t ap kite kote sakre sa a, m te di tèt mwen, apre tout sakrifis m te oblije fè pou m te ka vin nan tanp lan, m pa p kite anyen fè m pran alyans m sot fè yo alalejè; sa t ap yon gaspiyaj. Sa se yon angajman trè serye!”

M te aprann nan men bon sè sa a ke sakrifis pèsonèl se yon fòs inestimab ki gide desizyon nou ak detèminasyon nou. Sakrifis pèsonèl dirije aksyon nou, angajman nou ak alyans nou yo epi li bay bagay sakre yo valè.

Dezyèman, sakrifis nou fè pou lòt moun, ak sakrifis lòt moun fè pou nou, pote benediksyon pou nou tout.

Lè m te yon etidyan nan lekòl dantè, pèspektiv ekonomik nan zòn nou yo pa t twò ankouranan. Enflasyon te redui valè kòb nou an anpil, jou pou jou.

M sonje ane kote m te gen pou m te enskri pou suiv kou Teknik chirijikal yo; m te sipoze gen tout ekipman chirijikal nesesè yo anvan pou m te enskri pou semès la. Paran m te ekonomize lajan m te bezwen an. Men yon jou swa, yon bagay terib te rive. Nou te soti pou n t al achte ekipman yo, epi nou te dekouvri ke, lajan nou  te ekonomize pou n t achte tout ekipman yo te apèn ase pou nou te achte yon sèl pè sizo chirijikal—epi anyen ankò. Nou te retounen lakay avèk men nou vid ak kè alide ke m t ap oblije pèdi yon semès nan fakilte a. Men toudenkou, manman m te di: “Taylor, vini avèk mwen; ann sòti.”

Nou te desann lavil, nan yon katye kote k te gen anpil magazen ki t ap achte ak vann bijou. Lè nou te rive nan youn, manman m te rale yon ti sak ble nan valiz li ki te gen yon bèl braslè annò ki te gen mo sa yo ekri sou li: “Pou chè pitit fi m nan, de papa ou.” Sete yon braslè granpapa m te ba li nan youn nan jou fèt li yo. Epi, la devan je m, li te vann ni.

Lè l te resevwa lajan an, li te di m, “Si gen yon bagay mwen sèten, sèke w ap vin yon dantis. Al achte tout ekipman w bezwen yo.” Kounyea, èske nou ka imajine ki kalite etidyan m te vin ye apati moman sa a? M te vle pi bon nan tout bagay epi fini etid mwen vit paske m te konn gwo pri sakrifis li te fè a.

M te aprann ke sakrifis moun ki chè a noumenm yo fè pou nou, yo tankou dlo fre nan mitan yon dezè. Kalite sakrifis sa yo pote esperans ak motivasyon.

Twazyèman, kèlkeswa sakrifis nou fè, li piti konpare avèk sakrifis Pitit Gason Bondye a.

Ki valè menm yon braslè lò nou renmen genyen konpare avèk sakrifis Pitit Gason Bondye a? Kijan nou kapab onore sakrifis enfini sa a? Chak jou nou ka raple nou ke nou gen yon jou anplis pou nou fidèl. Amilèk te ansenye: “Wi, m ta vle nou vini, pou nou pa fè kè di ankò; paske, reyèlman, kounyeya se lè a ak jou a pou sali ou; epi se poutèt sa si nou repanti epi nou pa fè kè di, imedyatman gwo plan redanmsyon an ap akonpli pou nou.” (Alma 34:31). Otremandi, si nou ofri Senyè a sakrifis yon kè brize ak yon lespri kontri, benediksyon gwo plan bonè a ap manifeste nan lavi nou imedyatman.

Plan redanmsyon an posib gras ak sakrifis Jezikri a. Jan Li Menm te dekri l, sakrifis ki “ki te fè, mwen menm, Bondye, ki pi gran pase tout moun, tranble anba doulè, epi ki te fè m senyen nan chak twou swè nan kò m, epi ki te fè m soufri nan ni kò m ni nan lespri m—epi m te swete pou m pa t bwè tas anmè a, epi tou m te pa t fè bak” (D&A 19:18).

Epi se gras ak sakrifis sa a k fè, apre nou fin repanti sensèman, nou ka santi pwa erè ak peche nou yo soulaje. Anfèt, kilpabilite, lawont, lapenn, tristès, ak mepri pou tèt nou vin ranplase pa yon konsyans klè, kontantman, lajwa, ak esperans.

An menm tan tou, lè nou onore sakrifis li a epi nou rekonesan pou li, nou ka resevwa yon pi gwo dezi pou n vin pi bon pitit Bondye, pou n evite peche, epi pou n respekte kòmandman yo jan nou pa t janm santi n avan.

Epi, menm jan ak Enòs, apre nou fin resevwa padon pou peche nou yo, n ap santi dezi pou n sakrifye tèt nou epi chèche byennèt frè n ak sè nou yo (gade Enòs 1:9). Epi n ap plis dispoze pou chak “jou nou gen anplis” pou n suiv envitasyon Prezidan Howard W. Hunter te bannou lè l te di: “Regle yon kont. Chèche wè yon zanmi nou te bliye. Sispann sispèk men ranplase l pa konfyans. ... Bay yon repons ki dous. Ankouraje jèn yo. Manifeste lwayote nou nan pawòl ak nan aksyon. Kenbe yon pwomès. Pa kenbe moun nan kè nou. Padone yon ènmi. Mande padon. Eseye konprann. Reflechi sou sa nou egzije nan men lòt moun. Panse ak yon lòt moun dabò. Rete janti. Rete bon. Ri yon ti kras plis. Eksprime gratitid nou. Swete yon etranje byenveni. Fè kè yon timoun kontan. ... Eksprime lanmou nou epi eksprime l ankò” (Enseignements des presidents de l’église: Howard W. Hunter [2015], 32; adapte nan “What We Think Christmas Is,” McCall’s, Des. 1959, 82–83).

Se pou nou ranpli jounen nou avèk anvi ak fòs sa a ki soti nan sakrifis pèsonèl ak sakrifis nou fè pou lòt moun oubyen nou resevwa nan men lòt moun nan. Epi, nan yon fason tou patikilye, ke nou goute lapè ak lajwa sakrifis Sèl Pitit Gason Literal la ofri nou an; wi, lapè sa a yo mansyone lè nou li ke Adan te tonbe pou lèzòm te kapab fèt; epi lèzòm fèt —ou fèt—pou yo kapab gen lajwa a. (gade 2 Nefi 2:25). Lajwa sa a se lajwa reyèl ke sèl sakrifis ak Ekspyasyon Sovè nou an, Jezikri, ka pote pou nou.

Priyè mwen se pou nou suiv Li, pou nou kwè nan li, pou nou renmen l, epi pou nou santi lanmou l demontre nou pa sakrifis li a chak fwa nou gen opòtinite pou nou viv yon lòt jou anplis. Nan non Jezikri, amèn.