2010–2019
Don presye Bondye yo
Avril 2018


Kado presye Bondye yo

Lavi a ka ranpli ak lafwa, lajwa, bonè, esperans, ak lanmou si nou egzèse menm yon ti kal lafwa reyèl nan Kris la.

Frè m ak sè m yo, nou fèk sot patisipe nan yon asanble solanèl, yon pratik nou ka retrase soti depi nan Bib la lè ansyen Izrayèl la te rasanble pou l te santi prezans Senyè a ak selebre benediksyon l yo.1 Nou gen privilèj pou n viv nan yon epòk kote ansyen pratik sa a te retabli palentèmedyè Pwofèt Joseph Smith.2 Mwen priye nou pou n ekri sa nou te santi konsènan okazyon trè sakre sa a nou sot patisipe a nan jounal pèsonèl nou.

Dènyèman, nou te di trè chè zanmi nou ak pwofèt nou, Prezidan Thomas S. Monson orevwa. Byenke nou tout sonje li, nou rekonesan anpil dèske Senyè a aple yon nouvo pwofèt, Prezidan Russell M. Nelson, pou prezide sou Legliz li a. Nan yon fason byen òdone, nou kòmanse yon nouvo chapit nan istwa Legliz nou an kounyeya. Sa se yon kado presye Bondye ba nou.

Pandan nou chak te soutni Prezidan Nelson nan leve men nou anlè a, nou te kanpe kòm temwen devan Bondye epi nou te rekonèt ke l se siksesè lejitim Prezidan Monson. Avèk men nou leve, nou te pwomèt pou nou koute vwa li pandan l ap resevwa direksyon nan men Senyè a.

Senyè a di:

“Ou dwe koute tout pawòl ak kòmandman li [kivle di Prezidan Legliz la] ba ou, lè l resevwa yo … ;

Paske, nou pral resevwa pawòl li, tankou l te soti nan pwòp bouch pa m, nan tout pasyans ak lafwa.”3

Mwen konn nouvo pwofèt prezidan nou an depi plis pase 60 tan. M ap sèvi avèk li nan Kolèj Douz yo depi 33 zan epi, mwen se yon temwen ke men Senyè a t ap prepare li pou l te vin apot ak pwofèt prezidan pou administre tout kle sent prètriz yo sou tè a. Se pou nou chak totalman soutni limenm ak konseye l yo epi suiv direksyon yo. Epi nou chalerezman swete byenveni a Èldè  Gong ak Èldè  Soares kòm manm Kolèj Douz Apot yo.

Apre Rezirèksyon Jezi a, yon evenman n ap selebre nan bèl wikenn Pak sa a, li te parèt devan disip li yo epi l te di yo: “Lapè avèk nou: menmjan Papa a voye m nan, se konsa m ap voye nou tou.”4 Remake yon aksyon an de etap—Bondye voye sèvitè li—gason ak fi mòtèl—pou akonpli travay Yo a.

Sa pa dwe etone pou n konnen ke moun sa yo ki aple pou fè travay Senyè a, yo pa moun ki pafè. Istwa nan ekriti yo bay detay sou ensiden osijè gason ak fi Bondye te aple pou akonpli yon gran travay—bon pitit gason ak pitit fi Pè Selès nou an—ki aple pou sèvi nan tach yo ba yo nan Legliz la, k ap eseye fè pi byen yo kapab, men okenn nan yo pa t ko pafè. Se menm bagay la pou nou tou jodia.

Etandone reyalite feblès ak enpèfeksyon imen nou yo, kijan nou pral fè pou nou youn sipòte ak soutni lòt? Sa kòmanse ak lafwa—lafwa reyèl, sensè nan Senyè a, Jezikri. Lafwa nan Sovè a se premye prensip doktrin ak levanjil Kris la.

Sa gen plizyè ane, m t al vizite Tè Sent la. Pandan nou t ap pase devan yon pye moutad, direktè Sant Inivèsite Brigham Young nan Jerizalèm nan te mande si m te janm wè grenn moutad. M potko, konsa, li te rete. Li te montre m grenn ki t ap soti nan pye moutad la. M te etone wè konbyen yo te piti.

Lè sa a, m te sonje ansèyman Jezi yo: “Paske, an verite, m ap di nou, si nou gen lafwa tankou gwosè yon ti grenn moutad, nou ta di ti mòn sa a: wete kò w la, al laba; epi l t ap chanje plas. Pa gen anyen nou pa ta kapab fè.”5

Si nou gen lafwa osi piti ke yon grenn moutad, Senyè a ka ede nou deplase montay dekourajman ak dout nan tach k ap tann nou pandan n ap sèvi pitit Bondye yo, enkli manm fanmi nou, manm Legliz yo, ak moun ki poko manm Legliz la.

Frè m ak sè m yo, lavi a ka ranpli ak fwa, lajwa, bonè, lespwa, ak lanmou lè nou egzèse menm yon ti kal kantite lafwa reyèl nan Kris la—menm lafwa ki gwosè yon grenn moutad.

Èldè George A. Smith te sonje kèk konsèy Pwofèt Joseph Smith te ba li: “Li te di m pou ke m pa dwe janm dekouraje, kèlkeswa difikilte ki antoure mwen. Si m ta plonje nan pi ki pi pwofon nan Nouvèl Ekòs la epi tout montay ki nan Rocheuses yo ta anpile sou tèt mwen, mwen pa dwe dekouraje men, m dwe pèsevere, egzèse lafwa, epi gade kouraj mwen e m ap fini pa monte anwo pil la.”6

Nou dwe sonje deklarasyon Pòl la: “Mwen ka fè tout bagay granmesi Kris la ki ban m fòs kouraj.”7 Lefèt ke nou konnen sa a se yon lòt kado presye Bondye ba nou.

Anplis kado m sot mansyone yo, gen anpil lòt toujou. Kounyeya, kite m pale de kèk ladan yo—kado jou Saba a, sentsèn nan, sèvi lòt moun, ak kado enkonparab Sovè a Bondye ba nou an.

Pouvwa jou Saba a se pou ke, nan legliz la ak nan fwaye nou, nou fè eksperyans delis, lajwa, ak chalè pou n santi Lespri Senyè a san okenn lòt kalite distraksyon.

Gen si anpil moun ki pèmèt tèt yo viv prèske sou entènèt avèk aparèy elektwonik yo—ekran ki ilimine figi yo lajounen kou lannuit ak ekoutè (oubyen kask) nan zòrèy yo ki anpeche yo tande ti vwa dous Lespri a. Si nou pa chèche jwenn tan pou n debouche zòrèy nou, nou ka rate opòtinite pou n tande vwa Limenm ki te di: “Rete kalm, epi sonje m se Bondye”8 a. Pa gen anyen ki mal nan pwofite tout avantaj pwogrè teknoloji yo ke Senyè a enspire, men, nou dwe saj nan fason n ap itilize yo. Sonje, kado jou Saba a.

Benediksyon ki se resevwa sentsèn nan reyinyon sentsèn nan pa dwe janm vin tounen woutin oubyen jis yon bagay nou fè. Se sèlman 70 minit nan tout semèn nan nou genyen pou n fè yon poz epi jwenn plis lapè, lajwa, ak bonè nan lavi nou.

Lè nou pran sentsèn nan epi nou renouvle alyans nou, se yon siy pou nou montre Senyè a ke n ap toujou sonje li. Sakrifis Ekspyatwa l la se yon kado byenveyan Bondye ba nou.

Privilèj pou n sèvi pitit Pè Selès yo se yon lòt opòtinite pou nou suiv egzanp Pitit Gason Byeneme l la nan sèvi youn lòt.

Gen kèk sèvis ki tou nòmal—nan fanmi nou, apèl nan Legliz nou, ak patisipasyon nou nan òganizasyon sèvis kominotè yo.

Manm legliz yo—ni gason ni fi—si yo ta anvi fè sa, pa ta dwe ezite poze kandidati yo pou eleksyon nan nenpòt nivo nan gouvènman kote y ap viv la. Vwa nou endispansab jodia e l enpòtan nan lekòl nou yo, nan vil nou yo, ak nan peyi nou. Kote demokrasi egziste, se devwa nou antanke manm pou n vote pou gason ak fi onorab ki dispoze pou sèvi.

Gen anpil opòtinite sèvis ki pa ofisyèl—sa yo pa ba nou tach—e ki prezante lè nou lonje lamen bay moun nou rankontre nan lavi nou. Sonje Jezi te anseye doktè lalwa a ke nou dwe renmen Bondye ak pwochen nou kote l te itilize bon Samariten an kòm egzanp.9

Sèvis louvri yon fenèt ki ka pèmèt nou konprann lavi ak ministè Kris la. Li te vini pou sèvi, jan ekriti yo anseye, “Se konsa, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen pa vini pou moun rann mwen sèvis, men mwen vini pou m rann moun sèvis.”10

Se petèt Pyè ki te bay pi bon deskripsyon lavi Sovè a nan motalite a nan senk mo kote l te fè referans ak Jezi , “ki t ale toupatou ap fè byen .”11

Senyè a, Jezikri, se kado ki pi presye nan tout kado Bondye ba nou yo. Jezi te di: “Se mwen menm ki chemen an. Se mwen menm ki verite a, se mwen menm ki lavi a. Pesonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase pa mwen.”12

Nefi te byen kapte enpòtans Sovè nou an lè l te deklare: “Epi, nou pale konsènan Kris la, nou pran plezi nan Kris la, nou preche konsènan Kris la, nou pwofetize konsènan Kris la, e nou ekri dapre pwofesi nou yo, pou pitit nou yo kapab konnen nan ki sous pou yo chèche padon pou peche yo.”13 Nou dwe kenbe Kris la nan sant lavi nou tout tan ak nan tout kote.

Nou dwe sonje ke se non li ki ekri nan lye adorasyon nou yo; nou batize nan non li; epi nou konfime, òdone, dote, e sele nan maryaj nan non li. Nou pran sentsèn epi nou pwomèt n ap pran non l sou tèt nou—epi n ap vin vrè Kretyen. Finalman, yo mande nou nan priyè sentsèn nan pou nou “toujou sonje li.”14

Pandan n ap prepare pou Dimanch Pak la demen, annou sonje ke Kris la siprèm. Li se Jij ki jis nou, Avoka fidèl nou, Redanmtè beni nou, Bon Bèje a, Mesi yo te pwomèt la, yon vrè Zanmi, e anpil, anpil bagay ankò. Li se anfèt yon kado trè presye  Papa nou ba nou.

Nan lavi disip nou, nou gen anpil egzijans, sousi, ak responsablite. Sepandan, gen kèk aktivite ki dwe toujou nan sant apatenans nou nan legliz la. Senyè a kòmande: “Se poutèt sa, ou dwe fidèl; kanpe nan ofis m te lonmen ou la; pote moun ki fèb yo sekou, leve men ki pandye yo, epi ranfòse jenou ki fèb yo.”15

Sa se Legliz ann aksyon an! Se relijyon pur la! Sa se levanjil la nan vrè sans li lè nou sekouri, fòtifye, ak ranfòse moun ki gen bezwen spirityèl ak tanporèl yo! Pou nou fè l, sa mande pou n vizite yo ak asiste yo,16 pou temwayaj lafwa yo nan Pè Selès la ak nan Jezikri ak Ekspyasyon l lan ka ankre nan kè yo.

Se pou Senyè a ede nou epi ba nou benediksyon pou n apresye pil don presye Bondye ba nou yo, enkli apatenans nou nan Legliz retabli l la. Mwen priye pou nou ka ranpli ak lanmou pou tout pitit Pè Selès yo epi pou nou kapab wè bezwen yo epi dispoze pou nou reponn kesyon yo ak sousi yo konsènan levanjil la nan fason klè ak janti k ap ogmante konpresyon ak apresyasyon nou youn pou lòt.

Mwen temwaye ke Jezikri se Sovè nou. Sa yo pral anseye nou nan konferans jeneral sa a, nou resevwa yo pa enspirasyon, nan men apot ak pwofèt, nan men Otorite Jeneral, ak sè dirijant ki se Osifye Jeneral nan Legliz la. Se pou lajwa ak lapè Senyè a demere avèk nou chak, se enb priyè mwen, nan non Senyè a, Jezikri, amèn.