2010–2019
Prepare pou n rankontre Bondye
Avril 2018


Prepare pou n rankontre Bondye

Lè nou ranpli responsablite yo konfye nou divinman yo nan ladwati, nan inite, ak egalite, sa ap prepare nou pou n rankontre Bondye.

Pandan l t ap pale de konsekrasyon Tanp Kirtland nan (ke l te asiste), Eliza R. Snow te di: “Yon moun gen dwa ka pale de seremoni konsekrasyon yo, men, okenn langaj mòtèl pa ka dekri manifestasyon selès ki te fèt yo, nan jou memorab sa a. Te gen zanj ki te parèt devan kèk moun, pandan ke tout moun ki te la yo te santi yon prezans divin epi chak kè te ranpli ak yon lajwa gloriye ki pa ka dekri.”1

Manifestasyon divin ki te fèt nan Tanp Kirtland yo te poze fondasyon pou objektif Legliz retabli Jezikri a, ki se reyalize sali ak egzaltasyon pitit Pè Selès yo.2 Pandan n ap prepare n pou n rankontre Bondye a, nou ka konn kisa responsablite l konfye nou yo ye nan egzamine kle sakre ki te retabli yo nan Tanp Kirtland nan.

Nan priyè konsekrasyon an, Pwofèt Joseph Smith te enbleman priye Senyè a pou l te “aksepte kay sa a … ke [l] te kòmande nou pou n bati a.”3

Yon semèn apre, yon jou Dimanch Pak, Senyè a te parèt nan yon vizyon mayifik epi li te aksepte tanp li a. Sa te pase le 3 Avril  1836, prèske egzakteman san katrevendezan anvan Dimanch Pak sa a. Sete sezon Pak Juif la tou—youn nan okazyon ra kote de Pak sa yo tonbe menm lè. Lè vizyon an te fini, twa ansyen pwofèt, Moyiz, Elyas, ak Eli te parèt epi yo te remèt kle ki te endispansab pou akonpli objektif Senyè a pou Legliz retabli l lan nan dispansasyon sa a. Objektif sa a, ki defini senpleman, men avèk elokans, se rasanble Izrayèl, sele yo antanke fanmi, epi prepare mond lan pou Dezyèm Vini Senyè a.4

Eli ak Moyiz ki te parèt la sete yon “paralèl frapan” avèk ‘tradisyon Juif la, ki di ke Moyiz ak Eli t ap rive ansanm ‘nan fen tan’ yo.’”5 Selon doktrin nou an, aparisyon sa a sete akonplisman retablisman fondamantal kèk kle yo te “bay … pou dènye jou yo e pou la dènyè fwa, nan sa ki se dispansasyon plenitid tan yo.”6

Tanp Kirtland nan, dapre anplasman li ak lajè li, te relativman ensiyifyan. Men nan tèm enpòtans enòm ni pou limanite, li te gen yon pòte etènèl. Ansyen pwofèt te retabli kle prètriz yo pou òdonans sali etènèl yo nan levanjil Jezikri a. Sa te pote gwo lajwa pou manm fidèl yo.

Kle sa yo bay “pouvwa ki soti anwo”7 pou responsablite yo konfye n divinman yo, ki lè sa a ak kounyeya, konstitiye objektif prensipal Legliz la.8 Nan bèl jou Pak sa a nan Tanp Kirtland nan, gen twa kle ki te retabli:

Premyèman, Moyiz te parèt epi l te remèt kle rasanbleman Izrayèl soti nan kat kwen tè a, ki se travay misyonè.9

Dezyèmman, Elyas te parèt epi l te remèt kle dispansasyon levanjil Abraham nan, ki gen ladan retablisman alyans Abraramik la.10 Prezidan Russell M. Nelson te anseye ke objektif kle alyans yo se pou prepare manm yo pou wayòm Bondye a. “Nou konn kiyès nou ye epi [nou konn] kisa Bondye atann de nou.”11

Twazyèmman, Eli te parèt epi li te remèt kle pouvwa sèlman an nan dispansasyon sa a, ki se travay istwa familyal ak òdonans pa pwokirasyon ki ap pèmèt sali pou vivan yo ak pou mò yo.12

Sou direksyon Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz Apot yo, gen twa konsèy egzekitif nan katye jeneral Legliz la k ap sipèvize twa responsablite sa yo Bondye konfye nou an, ki baze sou kle ki te retabli yo nan Tanp Kirtland nan. Se Konsèy Egzekitif Misyonè a, Konsèy Egzekitif Prètriz ak Fanmi an, ak Konsèy Egzekitif Travay Istwa Familyal ak Tanp lan.

Ki kote nou ye jodia nan akonplisman responsablite sa yo nou resevwa divinman an?

Premyèman, nan sa ki konsène retablisman kle rasanbleman Izrayèl yo Moyiz te remèt la, jodia, nou gen prèske 70.000 misyonè ki simaye nan tout mond lan, k ap preche levanjil li a pou rasanble eli l yo. Sa se kòmansman akonplisman gran travay mèveye Nefi te predi pami Janti yo ak kay Izrayèl la. Nefi te wè epòk nou an, kote Sen Bondye yo t ap sou tout sifas tè a, men yo pa t ap anpil akoz inikite. Sepandan, li te predi ke yo t ap “ ame avèk lajistis, e avèk pouvwa Bondye nan anpil glwa.”13 Lè nou gade brèf istwa Legliz retabli a, travay misyonè a te remakab anpil. Nou konstate akonplisman vizyon Nefi a. Byenke kantite manm nou yo relativman fèb, n ap pousuiv efò nou epi n ap lonje lamen bay moun ki ap reponn a mesaj Sovè a.

Dezyèmman, Elyas te parèt epi l te remèt kle dispansasyon levanjil Abraram nan, ki deklare ke nan noumenm ak nan posterite nou tout jenerasyon apre nou yo ap beni. Nan konferans sa a, gen konsèy enpòtan ki te bay pou ede nan pèfeksyonman Sen yo ak nan prepare yo pou wayòm Bondye a.14 Anons yo te fè nan sesyon prètriz la konsènan kowòm ansyen yo ak kolèj gran prèt yo pral mennen yon devèsman pouvwa ak otorite prètriz la. Enstriksyon ofwaye ak vizit ofwaye, ke yo rele “sèvis pastoral” kounyeya, jan yo te si byen eksplike nou nan sesyon sa a, pral prepare Sen Dènye Jou yo pou yo rankontre Bondye.

Twazyèmman, Eli te remèt kle sèlman yo pou dispansasyon sa a. Pou noumenm ki vivan yo nan epòk sa a, pwogresyon travay tanp ak istwa familyal la fenomenal. Vitès sa a ap kontinye akselere jiska Dezyèm Vini Sovè a; si se pa sa, tout tè a t ap devaste nèt lè l vini.”15

Travay istwa familyal la, ke syèl la beni avèk teknoloji a, pwogrese anpil anpil nan dènye ane k sot pase yo. Nou pa t ap saj si n ta neglije responsablite yo konfye nou divinman sa a epi tann pou Tant Jane oubyen kèk lòt paran angaje okipe sa pou nou. Kite m pataje kòmantè Prezidan Joseph Fielding Smith te fè a: “Okenn moun pa egzan de obligasyon sa a. Li la pou apot la osibyen ke frè [oswa sè] ki pi enb la. Plas, distenksyon, oubyen sèvi lontan nan Legliz la p ap bay yon moun dwa pou l neglije sali zansèt li.”16

Kounyeya, nou gen tanp ki simaye nan tout mond lan ak fon asistans pou ede moun ki pa genyen yo ki abite lwen tanp yo.

Pèsonèlman, nou ta dwe evalye efò nou nan zafè travay misyonè, travay tanp ak istwa familyal, ak nan prepare nou pou n rankontre Bondye.

Ladwati, inite ak egalite devan Senyè a apiye responsablite sakre sa yo

Konsènan ladwati a, lavi sa a se moman pou nou tout prepare nou pou n rankontre Bondye.17 Liv Mòmon an bay anpil egzanp sou konsekans trajik ki genyen lè moun oubyen gwoup moun pa respekte kòmandman Bondye yo.18

Pandan peryòd m ap viv la, pwoblèm ak sousi mond lan pase nan yon ektrèm al nan yon lòt—soti nan rechèch frivol ak initil pou al nan imoralite grav. Se yon bagay ki merite louwanj lè moun devwale ak denonse imoralite san konsantman.19 Kalite imoralite sa a ale alankont lwa Bondye yo ak lwa sosyete a. Moun ki konprann plan Bondye yo dwe opoze yo a imoralite ki konsanti tou, ki se yon peche. Pwoklamasyon pou mond lan sou fanmi an avèti ke “moun ki vyole alyans chastete yo, ki maltrete konjwen yo oubyen pitit yo … pral rann kont devan Bondye yon jou.”20

Lè n gade bò kote nou, nou wè devastasyon inikite ak adiksyon pote nan tout kote. Si, pèsonèlman, nou vrèman sousye nou de jijman final Sovè nou an, nou dwe chèche repanti. Mwen pè pou anpil moun pa vin plis anplis pa santi yo responsab devan Bondye e vire do bay ekriti yo oubyen pwofèt yo pou yo jwenn gidans. Si noumenm, antanke sosyete, nou ta reflechi sou konsekans peche, t ap gen yon opozisyon piblik masiv anfas pònografi ak degradasyon fi yo.21 Jan Alma te di pitit li Koryanton nan Liv Mòmon an: “Inikite pa t janm te bonè.”22

Konsènan inite, Sovè a te deklare: “Si nou pa fè youn, nou pa moun mwen.”23 Nou konnen se nan dyab la espri kontansyon soti.24

Nan epòk pa nou an, yo grandman inyore egzòtasyon pou inite a nan ekriti yo, epi, anpil moun mete aksan sou gwoup sosyal,25 ki souvan baze sou pozisyon, sèks, ras, ak richès. Nan anpil peyi, si se pa nan pifò, moun yo grandman divize nan zafè fason pou yo viv. Nan Legliz Senyè a, sèl kilti nou anbrase ak anseye se kilti levanjil Jezikri a. Inite n ap chèche a se inite avèk Sovè a ak ansèyman l yo.26

Lè nou egzamine objektif prensipal Legliz la, nou wè ke yo tout baze sou egalite devan Senyè a27 ak respè pou kilti levanjil Jezikri a. Nan zafè travay misyonè, kalifikasyon prensipal pou batèm yo se bese tèt nou devan Bondye epi vini avèk yon kè brize ak yon lespri kontri.28 Enstriksyon, richès, ras, oubyen nasyonalite pa menm konsidere.

Epitou, misyonè yo enbleman sèvi kote yo aple yo. Yo pa atann pou yo sèvi an fonksyon pozisyon sosyal yo oubyen preparasyon yo pou fiti karyè yo. Yo sèvi ak tout kè yo, tout pouvwa yo, tout espri yo ak tout fòs yo kèlkeswa kote yo voye yo. Yo pa chwazi konpayon misyonè yo, men yo chèche avèk dilijans pou yo devlope vèti kretyen,29 ki nan sant kilti Jezikri a.

Ekriti yo ba nou direksyon pou relasyon ki pi enpòtan nou yo. Sovè a te anseye ke premye kòmandman an se “renmen Senyè a, Bondye ou.” Epi dezyèm nan se “renmen pwochen ou tankou tèt ou.”30

Nan apre Sovè a te eksplike ke tout moun se pwochen nou.31 Liv Mòmon an di nou klèman ke pa dwe gen okenn -it, tribi, ni klas nan mitan nou.32Nou dwe fè youn e nou dwe egal.

Òdonans sakre yo ak responsablite diven yo repoze sou prensip sa a. Mwen espere pou eksperyans nou nan tanp lan ka menmjan ak pa m. Lè m te kite mond travay chak jou a nan San Francisco epi m te rive nan Tanp Oakland nan, mwen te fè eksperyans yon santiman lanmou ak lapè depasan. Sete an gran pati paske m te pi pre Bondye ak objektif li. Òdonans sali yo sete sousi prensipal mwen, men yon gwo pati nan bèl santiman sa yo sete egalite ak inite ki egziste nan tanp lan. Tout moun abiye an blan. Pa gen okenn bagay ki montre nivo richès, ran sosyal, oswa nivo enstriksyon moun; nou tout se frè ak sè ki imilye tèt nou devan Bondye.

Nan sal sakre sèlman an, òdonans maryaj etènèl la se menm pou tout moun. Mwen renmen lefèt ke koup ki soti nan sikonstans ki pi pòv la ak koup ki soti nan sikonstans ki pi rich la viv egzakteman menm eksperyans la. Yo mete menm kalite rad yo epi yo fè menm kalite alyans yo sou otèl la. Yo resevwa menm benediksyon prètriz etènèl la tou. Sa akonpli nan yon bèl tanp ki bati avèk dim Sen yo kòm mezon sakre Senyè a.

Akonpli responsablite nou resevwa divinman yo, baze sou lajistis, inite, ak egalite devan Senyè a, pote bonè ak lapè pèsonèl nan mond sa a e prepare nou pou lavi etènèl nan mond ki gen pou vini an.33 Sa prepare nou pou n rankontre Bondye.34

Nou priye pou ke, kèlkeswa sikonstans aktyèl nou, nou chak al rankontre evèk nou epi mete nou diy pou n gen yon rekòmandasyon tanp.35

Nou rekonesan dèske plis kantite manm ap prepare yo pou y al nan tanp. Depi kèk ane, gen yon ogmantasyon siyifikan nan kantite adilt ki diy pou gen rekòmandasyon tanp yo. Rekòmandasyon pou izaj limite pou jèn ki diy yo ogmante anpil tou nan de dènye ane k sot pase yo. Sa klè ke nwayo manm fidèl yo nan Legliz la pa t janm te osi solid konsa.

An konklizyon, m ta renmen nou konnen ke dirijan Legliz yo k ap dirije objektif Legliz la yo divinman resevwa yo, resevwa asistans divin. Yo resevwa asistans sa a nan men Lespri a epi pafwa dirèkteman nan men Sovè a. Toulède moun sa yo bayo gidans espirityèl. Mwen rekonesan dèske m te resevwa kalite asistans sa a. Men gidans sa a, Senyè a bay li nan tan pa li, liy apre liy, enstriksyon apre enstriksyon,36 lè “yon Bondye toupuisan chwazi pou l anseye nou.”37 Direksyon pou Legliz la an jeneral, se pwofèt li a sèlman li bay li.

Nou tout te gen privilèj pou n te soutni Prezidan Russell M. Nelson kòm pwofèt ak Prezidan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo nan konferans sa a. Douz yo, an gwoup e endividyèlman, te viv yon eksperyans espirityèl ekstraòdinè lè nou te mete men nou sou tèt Prezidan Nelson epi, Prezidan Dallin H. Oaks, ki te pòtpawòl, te òdone l epi mete l apa kòm Prezidan Legliz la. Mwen temwaye ke li te preòdone e prepare pandan tout lavi li pou l vin pwofèt Senyè a nan epòk nou an. Nan non Jezikri, amèn.