2010–2019
Lanmou Pi: Siy Chak Vrè Disip
Avril 2018


Lanmou tout bon: Mak fabrik tout vrè disip

Levanjil Jezikri a santre sou lanmou Papa a ak Sovè a ak sou lanmou nou pou yo ak youn pou lòt.

Nou renmen Prezidan Thomas S. Monson epi nou sonje li, e nou renmen Prezidan Russell M. Nelson epi nou soutni li. Prezidan Nelson gen yon plas espesyal nan kè m.

Pandan m te yon jèn papa, ti pitit gason nou an, ki te gen senkan, te rantre sot lekòl yon jou epi l te mande manman l, “Ki jan de travay papa m ap fè?’’ Aprèsa li te eksplike ke nouvo kamarad klas li yo te kòmanse diskite sou travay papa yo. Gen youn ki te di papa l sete chèf lapolis nan vil la, yon lòt te deklare avèk fyète ke papa l sete chèf yon gwo konpayi.

Lè yo te mande l kisa papa l t ap fè, pitit gason m nan te senpleman reponn: “Papa m ap travay nan yon biwo, devan yon òdinatè.” Aprèsa, lè l te remake repons li a pa t twò enpresyone nouvo zanmi l yo, li te ajoute: “Anfèt, papa m se chèf inivè a.”

M sispèk sa te fini konvèsasyon an.

M te di madanm mwen: “Li lè pou nou anseye l plis detay sou plan sali a ak kiyès ki vrèman anchaj.”

Lè nou te ansenye pitit timoun nou yo plan Sali a, lanmou yo pou Papa nou ki nan Syèl la ak pou Sovè a te grandi lè yo te aprann ke l se yon plan lanmou. Levanjil Jezikri a a santre sou lanmou Papa a ak Sovè a ak lanmou nou pou yo ak lanmou nou youn pou lòt.

Èldè Jeffrey R. Holland te di: “Premye gran kòmandmantout letènite a se pou nou renmen Bondye ak tout kè nou, tout pouvwa nou, tout lespri nou ak tout fòs nou—sa se premye gran kòmandman an. Men premye gran veritetout letènite a sèke Bondye renmen nou ak tout kè l, ak tout pouvwa li, tout lespri l ak tout fòs li. Lanmou sa a se wòch fondasyon etènite a, epi li ta dwe wòch fondasyon lavi nou chak jou.”1

Paske l se wòch fondasyon lavi kotidyèn nou, kondisyon an se pou tout vrè disip Jezikri posede lanmou tout bon sa a.

Pwofèt Mòmon te ansenye: “Se poutèt sa, frè byenneme m yo, priye Papa a avèk tout enèji kè nou, pou nou kapab chaje avèk lanmou l, li te devèse sou tout moun ki se vrè disip Pitit Gason li a, Jezikri.”2

Anfèt, lanmou se veritab mak fabrik chak vrè disip Jezikri.

Vrè disip yo renmen sèvi. Yo konnen sèvis se yon ekspresyon vrè lanmou ak yon alyans yo te fè nan batèm.3 Kèlkeswa apèl yo nan Legliz la oubyen wòl yo nan kominote a, yo ge4n yon dezi ki plis anplis ap grandi pou yo renmen ak sèvi Senyè a epi pou youn renmen ak sèvi lòt.

Vrè disip yo renmen padone. Yo konnen Sakrifis Ekspyatwa Sovè a kouvri tout peche ak erè nou chak. Yo konnen ke pri l te peye a se “yon pri ki enkli tout bagay.” Taks espirityèl, frè, komisyon ak penalite ki anrapò avèk peche, erè, oubyen move zaksyon yo, tout kouvri. Vrè disip yo rapid pou padone epi yo rapid pou mande padon.

Chè frè m ak sè m yo, si n ap lite pou n jwenn fòs pou nou padone, pa panse ak sa lòt moun te fè nou, men panse ak sa Senyè a te fè pou nou, epi n ap jwenn lapè nan benediksyon redanmtè Sakrifis Ekspyatwa l la.

Vrè disip yo renmen soumèt tèt yo bay Senyè a avèk lapè nan kè yo. Yo enb epi yo soumi paske yo renmen l. Yo gen lafwa pou aksepte volonte l totalman, non sèlman nan sa l fè men nan fason l aji ak nan moman l aji tou. Vrè disip yo konnen ke vrè benediksyon yo pa toujou sa yo vle a men pito se sa Senyè a vle pou yo.

Vrè disip yo renmen Senyè a plis pase mond lan epi yo inebranlab e yo pa chanje nan lafwa yo. Yo rete solid e fèm nan yon mond chanjan ak dewoutan. Vrè disip yo renmen koute vwa Lespri a ak vwa pwofèt yo epi yo pa kite vwa mond lan twonpe yo. Vrè disip yo renmen “rete nan lye sen”4epi yo renmen fè kote yo ye vin lye sen tou. Nenpòt kote yo ale, yo pote lanmou Senyè a ak lapè nan kè lòt moun. Vrè disip yo renmen obeyi kòmandman Senyè a, epi yo obeyi paske yo renmen Senyè a. Paske yo renmen alyans yo epi yo kenbe yo, kè yo renouvle e menm nati yo chanje.

Lanmou tout bon se vrè mak fabrik chak vrè disip Jezikri.

Manman m te aprann mwen kisa lanmou tout bon ye. Li pa t manm Legliz la.

Yon jou, sa gen dèzane, m t al vizite manman m, ki t ap lite anba kansè. M te konnen l ta pral mouri, men, sa te enkyete paske l t ap soufri. M pa te di anyen, men manman m, ki te konnen m byen, te di : “M konnen w ap bay tèt ou pwoblèm.”

Epi, mwen te etone anpil lè l te mande m nan yon vwa tou fèb: “Èske w ka ansenye m kijan pou m priye? M vle priye pou ou. M konnen nou dwe kòmanse di ‘Chè Papa nou ki nan Syèl la,’ men aprèsa kisa pou m di?”

Pandan m te mete m ajenou bò kabann ni epi li t ap priye pou mwen an, m te santi yon lanmou m pa t janm te konn santi anvan. Sete yon lanmou senp, vrè, pur. Malgre l pa t konn anyen sou plan sali a, nan kè l, li te gen plan lanmou pèsonèl pa l, plan lanmou yon manman pou pitit gason li. Li t ap soufri anba doulè, li te menm ap lite pou l te jwenn fòs pou l te priye a. Mwen te apèn ka tande vwa l, men san okenn dout, mwen te santi lanmou li.

Mwen sonje m t ap panse, “Kòman yon moun ki anba si gwo doulè konsa ka fè priye pou yon lòt moun? Se li menm ki nan bezwen.”

Epi, repons lan te vini byen klè nan lespri m: vrè lanmou. Li te renmen m sitèlman ke l te bliye tèt li. Nan moman ki te pi kritik li a, li te renmen m plis pase tèt li.

Chè frè m ak sè m yo, èske se pa sa Sovè a te fè? Sètènman, l te fè l nan yon nivo pi wo ak pi etènèl. Men, nan mitan pi gwo doulè li, nan jaden an lannuit sa a, sete li k te bezwen èd la, pandan l t ap soufri nan yon fason nou pa menm ka imajine ni konprann. Men alafen, li te bliye tèt li epi l te priye pou nou jiskaske l te peye tout pri a. Kijan sa te fè posib? Akoz vrè lanmou li pou Papa a ki te voye l la, ak pou nou. Li te renmen Papa a avèk nou plis pase tèt li.

Li te peye pou yon bagay li pa t fè. Li te peye pou peche l pa t komèt. Poukisa? Lanmou pur. Paske l te peye pri total la, li te nan pozisyon pou l te ofri nou benediksyon sa l te peye a, a kondisyon pou nou repanti. Poukisa l te ofri sa? Ankò epi toujou, lanmou toutbon.

Lanmou toutbon se vrè mak fabrik chak vrè disip Jezikri.

Prezidan Thomas S. Monson te di: “Annou kòmanse kounyeya, jodia menm, pou n eksprime lanmou pou tout pitit Bondye yo, keseswa yo se manm fanmi nou, zanmi nou, senp konesans, oubyen etranje total. Chak maten lè nou leve, annou pran detèminasyon pou nou reyaji avèk lanmou ak jantiyès nan nenpòt sa k ta prezante devan nou.”5

Frè m ak sè m yo, levanjil Jezikri a se yon levanjil lanmou. Pi gran kòmandman an pale de lanmou. Pou mwenmenm, tout bagay se yon kesyon lanmou. Lanmou Papa a, ki te sakrifye Pitit Gason l lan pou nou. Lanmou Sovè a, ki te sakrifye tout bagay pou nou. Lanmou yon manman oubyen yon papa ki ap bay nenpòt bagay pou pitit yo. Lanmou moun k ap sèvi an silans yo, ke pèsòn pa konnen eksepte Senyè a ki konnen yo byen. Lanmou moun ki toujou padone tout bagay. Lanmou moun ki bay plis pase sa yo resevwa.

M renmen Papa m ki nan Syèl la. M renmen Sovè m nan. M renmen levanjil la. M renmen Legliz sa a. M renmen lavi mèvèye sa a. Pou mwen, tout bagay se yon kesyon lanmou.

Se pou jou sa a kote n ap selebre Rezireksyon Sovè a kapab yon jou renouvèlman espirityèl pou nou chak. Se pou jou sa a kapab kòmansman yon vi ranpli lanmou, ki se “wòch fondasyon lavi kotidyèn nou.”

Se pou kè nou ranpli ak lanmou pi Kris la, vrè mak fabrik chak vrè disip Jezikri. Se priyè mwen, nan non Jezikri, amèn.