2010–2019
Ti bagay senp yo
Avril 2018


Ti bagay senp yo

Nou bezwen sonje ke, lè yo akimile atravè yon peryòd tan long, ti bagay ki aparaman piti yo pèmèt nou reyalize gwo bagay.

I.

Chè frè m ak sè m yo, menmjan avèk nou, mwen pwofondeman touche ak edifye ak enspire pa mesaj yo ak mizik yo ak sa m te santi yo nan moman sa a nou sot pase ansanm nan. Mwen sèten ke m ka pale nan non nou tout pou esprime remèsiman nou pou frè n ak sè nou yo ki te sèvi kòm enstriman nan men Senyè a pou pèmèt nou fòtifye nan moman sa a nou sot pase ansanm nan.

Mwen rekonesan pou opòtinite m genyen pou m pale avèk asanble sa a nan jou Dimanch Pak sa a. Jodia, nou ini nou avèk lòt kretyen yo pou n selebre Rezirèksyon Senyè a, Jezikri. Pou manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, Rezirèksyon literal Jezikri a se yon pilye lafwa nou.

Paske nou kwè nan resi Labib yo ak Liv Mòmon an konsènan Rezirèksyon literal Jezikri a, nou kwè nan pil pasaj ekriti ki anseye ke tout moun ki te janm viv sou tè sa a ap gen pou yo resevwa yon rezirèksyon menmjan an tou. Rezirèksyon sa a ba nou sa Apot Pòl rele “yon esperans vivan” an (1 Pyè 1:3). Esperans vivan sa a se konviksyon nou ke lanmò se pa fen idantite nou men se senpleman yon etap nesesè nan plan mizèrikòdye Papa a pou sali pitit li yo. Plan sa a mande yon tranzisyon soti nan mòtalite a al nan imòtalite. Bagay santral tranzisyon sa a se pasaj soti nan kouche nan lanmò a pou al nan maten gloriye a ki rann posib pa Rezirèksyon Senyè ak Sovè nou an n ap selebre jou Dimanch Pak sa a.

II.

Nan yon bèl kantik ke pawòl yo te ekri pa Eliza R. Snow, nou chante:

Qu’il soit honoré pour toujours

Le divin plan de Vie

Qui réunit justice, amour,

En céleste harmonie!1

Pou akonpli plan diven sa a ak reyalize amoni divin sa a, nou rasanble nan reyinyon, tankou konferans sa a, pou youn anseye ak ankouraje lòt.

Maten an, mwen santi m pouse pou m itilize ansèyman Alma te bay pitit gason l Elaman an, ki nan Liv Mòmon an: “Se avèk ti bagay senp, gwo bagay fèt” (Alma 37:6).

Yo anseye nou anpil ti bagay senp nan levanjil Jezikri a. Li nesesè pou nou raple nou ke, lè nou akimile yo e fè total yo sou yon bon peryòd tan, ti bagay aparaman piti sa yo pèmèt nou reyalize gwo bagay. Gen anpil diskou Otorite Jeneral yo ak anpil lòt gwo enstriktè te deja fè sou sijè sa a. Men li si enpòtan ke m santi pou m  pale de li ankò.

Pandan m t ap mache yon jou maten, m te wè yon bagay ki te raple m pouvwa ti bagay senp yo genyen avèk tan k ap pase. Men yon foto m te pran. Twotwa an beton epè sa a ap fann. Èske se rezilta yon gwo pouse puisan ki soti pa anba? Non, se youn nan rasin pyebwa k tou pre a ki grandi piti piti jiskaske l vin lakoz fann sa a. Men yon lòt egzanp menmjan an m te wè nan yon lòt katye.

Imaj
Fann sou twotwa a
Imaj
Yon lòt fann sou yon twotwa

Fòs pouse ki te fann twotwa an beton epè sa yo te twò piti pou yon moun ta mezire l chak jou oubyen menm chak mwa, men, avèk letan, efè li te vin enkwayabman puisan.

Se efè puisan sa a ti bagay senp ekriti yo ak pwofèt vivan yo anseye nou yo genyen avèk letan. Panse a etid ekriti yo mande nou pou nou entegre nan lavi nou chak jou a. Oubyen, panse a priyè pèsonèl ak priyè fanmi nou mete ajenou pou n fè yo, ki se pratik regilye pou Sen Dènye Jou fidèl yo. Panse a seminè pou jèn yo oubyen klas enstiti pou jèn adilt yo. Byenke chak nan bagay sa yo parèt piti ak senp, avèk letan, yo pote kwasans ak pwogresyon spirityèl puisan. Sa fèt paske chak nan ti bagay senp sa yo envite konpayi Sentespri a, ki se Temwen ki eklere nou ak gide nou pou n jwenn laverite a, jan Prezidan Eyring te eksplike a.

Yon lòt sous edifikasyon ak pwogresyon spirityèl se pratik repantans kontinyèl la, menm pou ti transgresyon ki parèt piti yo. Si nou fè yon bon jan evalyasyon tèt nou, sa ka ede nou wè ki kote nou echwe ak ki fason nou ka fè pi byen. Nou dwe fè kalite repantans sa a chak semèn anvan nou pran sentsèn. Nan kantik “Have I Done Any Good? (Èske m te fè byen)” an, nou ka jwenn kèk nan sijè nou ta dwe konsidere nan pwosesis repantans sa a.

Èske m te fè byen nan mond lan jodia?

Èske m te ede yon moun ki nan bezwen?

Èske m te ankouraje yon moun tris oubyen fè yon moun santi l kontan?

Si non, mwen echwe.

Èske fado yon moun te vin pi lejè jodia

Paske m te dispoze pou m pataje?

Èske malad la ak moun fatige a te resevwa èd sou wout yo?

Lè yo te bezwen èd mwen, èske m ta la?2

Asireman bagay sa yo se ti bagay senp, men, yo se bon egzanp sou sa Alma te anseye pitit gason l Elaman an: “Epi, Senyè Bondye a fè yon mwayen pou l kapab reyalize gwo objektif etènèl li a; epi avèk bagay ki piti anpil, Senyè a … sove anpil nanm (Alma 37:7).

Prezidan Steven C. Wheelwright te bay yon asanble nan Inivèsite Brigham Youn-Awayi a deskripsyon enspire sa a sou ansèyman Alma a: “Alma konfime pou pitit gason l lan ke chema Senyè a suiv lè nou egzèse lafwa nan li ak suiv konsèy li nan ti bagay senp yo, sèke li beni nou avèk ti mirak chak jou, epi avèk bagay mèveye, amezi tan ap pase.”3

Prezidan  Howard W. Hunter te anseye: “souvan se ti tach òdinè yo … ki gen gwo efè pozitif nan lavi lòt moun, kontrèman ak bagay mond lan si souvan konsidere ki gran yo.”4

Dan Coats, yon ansyen Senatè nan Indiana, te bay yon ansèyman layik konvenkan sou menm prensip sa a; ki di: “Sèl preparasyon pou desizyon pwofon sa a ki ka chanje yon lavi, oubyen menm yon nasyon an, se dè santèn ak dè milye desizyon aparaman ensiyifyan, detèminan pou nou, ke nou pran an prive, san nou pa menm rann nou kont yo.”5

Desizyon pèsonèl ki “parèt ensiyifyan” sa yo gen ladan yo fason nou itilize tan nou, sa n ap gade nan televizyon ak sou Entènèt, sa n ap li, bagay atistik ak mizik ki antoure nou nan travay nou ak nan fwaye nou, tip distraksyon n ap chèche, ak fason nou respekte angajman nou te pran pou n rete onèt ak sensè a. Yon lòt ti bagay ki aparaman senp se itilizasyon koutwazi ak lajwa nan rapò nou avèk lòt moun.

Okenn nan ti bagay senp ki dezirab sa yo p ap pwodui gwo bagay si nou pa pratike yo regilyèman e kontinyèlman. Yo di nou Prezidan Brigham Young te di: “Lavi nou fèt avèk ti sikonstans senp ki reprezante anpil lè nou mete yo ansanm, e ki reprezante tout lavi yon gason oubyen yon fi.”6

Nou antoure pa enfliyans media ak deteryorasyon kiltirèl ki ka antrene prensip nou yo nan kouran yo si nou pa reziste kontinyèlman. Pou nou soti anba kouran sa yo pou n al nan bi etènèl nou, nou bezwen rame tout tan, san rete. Sa ap pi fasil si nou fè pati yon ekip  ki ap rame ansanm, tankou yon ekip ramè ki an aksyon. Pou n ale pi lwen toujou nan egzanp sa a, kouran kiltirèl yo si fò ke, si jamè nou sispann rame, y ap mennen nou ale nan yon destinasyon nou p ap chèche men ki ap inevitab si nou pa konstamman eseye avanse devan.

Apre l te fin pale de yon evenman ki te piti an aparans men ki te pote gwo konsekans, Nefi te ekri: “Epi konsa, nou te wè, avèk ti mwayen Senyè a kapab fè gwo bagay.” (1 Nefi 16:29). Ansyen Testaman an gen yon egzanp memorab konsènan sa. Ladan, nou li kijan Izrayelit yo te viktim anba sèpan move ak zèl. Anpil moun te mouri anba blesi yo (gade Nonb 21:6). Lè Moyiz te priye pou l te ka jwenn sekou, li te jwenn enspirasyon pou l te fè “yon sèpan eren, pou l te mete l sou pwent yon bwa.” Lè sa a, “si sèpan yo te mòde yon moun, lè l te gade sèpan eren an sou bwa a, li te geri” (vèsè 9). Yon ti bagay si piti konsa pou yon rezilta osi mirakile! Men, jan Nefi te eksplike lè l t ap site egzanp sa a pou moun ki t ap rebele kont Senyè a yo, menm lè Senyè a te prepare yon mwayen senp pou yo te kapab geri a, “poutèt senplisite mwayen an, oubyen poutèt fasilite li, anpil te peri” (1 Nefi 17:41).

Egzanp sa a ak ansèyman sa a raple nou ke senplisite mwayen an oubyen fasilite tach yo ba nou an pa vledi ke l gen mwens enpòtans pou nou akonpli dezi ki jis nou yo.

Menmjan tou, menm ti aksyon dezobeyisans piti yo oubyen ti ratman nan fè bagay ki jis yo ka antrene nou al nan yon rezilta yo avèti nou pou n evite. Pawòl Sajès la bay yon bon egzanp sou sa. Se pwobab ke nou pa ka mezire efè yon sigarèt oubyen yon vè alkòl oubyen dòz yon lòt dwòg genyen sou kò a. Men, avèk letan, efè yo puisan epi yo pa ka chanje. Sonje fann nan sou twotwa a ki te fèt pa ti pouse gradyèl rasin pyebwa a. Yon bagay ki sèten, sèke nou ka totalman evite konsekans terib ki mache avèk nenpòt sa k ka ka vin tounen yon adiksyon yo, tankou dwòg ki atake kò nou oubyen bagay pònografik ki degrade panse nou yo, si nou pa janm goute yo yon premye fwa—pa menm yon fwa.

Sa gen kèk ane, nan yon konferans jeneral,  Prezidan M. Russell Ballard te dekri “kijan ti bagay senp yo ka gen yon enfliyans devastan sou sali yon moun.” Li te di: “Tankou ti fil tou piti ki fòme yon fisèl, e finalman yon kòd, lè nou mete yo ansanm, ti bagay piti sa yo ka vin si solid ke nou pa ka kraze yo. Nou dwe toujou konsyan de pouvwa ti bagay senp yo ka genyen nan bati spirityalite. An menm tan tou, nou dwe konnen ke Satan ap itilize ti bagay piti pou l mennen nou nan dezespwa ak nan mizè.”7

Prezidan Wheelwright te bay yon avètisman menmjan an pou moun ki t ap koute l nan Inivèsite Brigham Youn nan Awayi yo: “Se lè nou pa fè ti bagay senp yo ke lafwa nou febli, mirak sispann, epi pwogresyon nou pou n al jwenn Senyè a ak wayòm ni an ranplase pa aktivite tanporèl ak anbisyon pwofàn.”8

Po pwoteje nou kont efè negatif akimile ki ka detwi pwogresyon spirityèl nou yo, nou bezwen suiv chema espirityèl ti bagay senp yo. Nan yon konferans pou fi yo nan Inivèsite Brigham Young nan, Èldè David A. Bednar te di: “Nou ka aprann anpil sou nati ak enpòtans chema espirityèl sa a apati teknik … vide dlo gout a gout atè tou dousman” an, kontrèman ak inonde oubyen devèse gwo kantite dlo nan kote sa pa nesesè.

Li te eksplike: “Gout dlo regilye yo antre pwofondeman nan sòl la epi yo ba l yon nivo imidite ki wo ki pèmèt plant yo byen pouse. Menmjan tou, si oumenm avèk mwen konsantre epi nou regilye nan resevwa gout nourisman espirityèl yo, rasin levanjil yo kapab penetre pwofondeman nan nanm nou, yo ka vin etabli e chita byen fèm, epi yo ka pwodui fwi ki ekstraòdinè ak delisye.

Li te kontinye: “Chema espirityèl ti bagay senp yo k ap reyalize gwo bagay yo pwodui fèmte ak konsistans, yon devosyon pi pwofon, ak yon konvèsyon pi total nan Senyè a, Jezikri, ak levanjil li a.”9

Pwofèt Joseph Smith te anseye prensip sa a nan pawòl ki ekri nan Doktrin ak Alyans yo jodia: “Pèsonn pa dwe konsidere yo tankou ti bagay piti; paske gen anpil bagay … konsènan sen yo, ki depann sou bagay sa yo” (D&A 123:15).

An koneksyon avèk premye tantativ pou l te etabli Legliz la nan Missouri yo, Senyè a te konseye l pou l te gen pasyans paske “tout bagay dwe fèt nan tan pa yo” (D&A 64:32). Apresa, li te ba l gwo ansèyman sa a: “Se poutèt sa, pa sispann fè byen, paske n ap poze fondasyon yon gwo travay. Epi se nan ti bagay, sa ki gran soti” (D&A 64:33).

Mwen kwè ke nou tout anvi suiv konsèy Prezidan Russell M. Nelson an pou n avanse devan “sou chemen alyans lan.”10 Angajman nou pou n fè sa a ap ranfòse si, avèk konsistans, nou suiv “ti bagay senp” yo levanjil Jezikri a ak dirijan Legliz li yo anseye nou yo. Mwen temwaye konsènan li epi mwen envoke benediksyon l sou tout moun k ap chèche kenbe chemen alyans li yo, nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. « Oh, quel amour », Cantiques, n° 113.

  2. « Ai-je fait du bien » Hymnes, 1954, n° 194.

  3. Steven C. Wheelwright, “The Power of Small and Simple Things” (Brigham Young University–Hawaii devotional, Aug. 31, 2007), 2, devotional.byuh.edu.

  4. Enseignements des présidents de l’Église : Howard W. Hunter (2015), 165.

  5. Dan Coats, “America’s Youth: A Crisis of Character,” Imprimis, vol. 20, no. 9 (Sept. 1991), 4; see also Elder Wilford Andersen in his column in the Mesa Tribune, May 1996.

  6. Brigham Young, discours donné dans le tabernacle d’Ogden le 19 juillet 1877, rapporté dans « Discourse », Deseret News17 octobre 1877, p. 578.

  7. M. Russell Ballard, « Des choses petites et simples», L’Étoile, juillet 1990, p. 6, 7.

  8. Steven C. Wheelwright, « The Power of Small and Simple Things», p. 4.

  9. David A. Bednar, « C’est par des choses petites et simples que de grandes choses sont réalisées », conférence des femmes à l’université Brigham Young, 29 avril 2011, womensconference.byu.edu. Russell M. Nelson, « Tandis que nous allons de l’avant ensemble », Le Liahona, avril 2018, p. 4.

  10. Russell M. Nelson, “As We Go Forward Together,” Liahona, Apr. 2018, 4, 7.