2010–2019
Ansèyman nan fwaye a—Yon bèl responsablite sakre
Avril 2018


Ansèyman nan fwaye a—Yon bèl responsablite sakre

Mwen priye pou syèl la ede nou pandan n ap fè efò pou n se enstriktè nan fason Kris la nan fwaye nou.

Madanm mwen, Julie, avèk mwen te elve sis pitit presye, e kounyeya fwaye nou vid. Prezans pitit nou yo nan fwaye nou tout tan an manke nou anpil. M sonje opòtinite pou m te aprann nan men yo ak anseye yo a anpil.

Jodia, m ap adrese pawòl mwen ak tout paran ak tout moun ki anvi vin paran. Anpil nan nou ap elve timoun pou kounyeya. Pou lòt, tan sa a siman ap vini byento. Epi pou lòt ankò, sa ka yon benediksyon ki pi lwen. M priye pou nou tout rekonèt bèl responsablite sakre sa ye pou n anseye yon timoun nan. 1

Antanke paran, nou fè pitit nou yo konnen Pè Selès la ak Pitit Gason l lan, Jezikri. Nou ede yo fè premye priyè yo. Nou bayo gidans ak sipò pandan y ap antre nan chemen alyans lan atravè batèm.2 Nou anseye yo pou yo obeyi kòmandman Bondye yo. Nou anseye yo osijè plan li pou pitit li yo, epi nou ede yo rekonèt chichotman Sentespri yo. Nou rakonte yo istwa ansyen pwofèt yo epi nou ankouraje yo pou yo suiv pwofèt vivan yo. Nou priye pou reyisit yo epi nou soufri avèk yo nan eprèv yo. Nou rann pitit nou yo temwayaj konsènan benediksyon tanp yo, epi nou eseye byen prepare yo pou yo sèvi misyon aplentan. Nou ofri yo bon ti konsèy lè yo vin paran yomenm. Men—menm lè sa a—nou pa janm sispann rete paran yo. Nou pa janm sispann rete pwofesè yo. Nou pa janm relve nan apèl etènèl sa yo.

Jodia, ann gade kèk nan bèl opòtinite nou genyen pou anseye pitit nou yo nan fwaye nou yo.

Sware familyal

Ann kòmanse avèk sware familyal, ki sete yon gwo priyorite nan fwaye plen lafwa kote m te grandi a. M pa sonje tout leson yo te anseye nou nan sware familyal men m sonje nou pa t janm rate yon semèn.3 M te konnen sa te enpòtan pou paran m.4

M raple m youn nan aktivite sware familyal prefere mwen. Papa m te konn mande youn nan pitit li yo pou yo pase “Tès la” Li te konn bay timoun nan yon seri enstriksyon tankou: “Al nan kuizin nan, ouvri frijidè a epi fèmen l. Epi kouri al nan chanm mwen an e pran yon pè chosèt nan timwa m nan. Apresa vin jwenn mwen, sote twa fwa, epi di ‘papa, m reyisi!’”

M te renmen lè sete tou pa m. M te vle reyisi chak etap e m te renmen moman kote m te konn kapab di “Papa, m reyisi!” a. Aktivite sa a te ede m bati konfyans nan mwen epi li te pèmèt tigason ajite m te ye a pote atansyon lè manman m oubyen papa m t ap anseye yon prensip levanjil.

Prezidan Gordon B. Hinckley te konseye: “Si nou gen dout sou enpòtans sware familyal, eseye l. Rasanble pitit nou bò kote nou, anseye yo, rann yo temwayaj nou, li ekriti yo ansanm epi pase yon bon moman ansanm.”5

Ap toujou gen bagay k ap anpeche nou fè sware familyal.6 Men, mwen egzòte nou pou n chèche jwenn yon mwayen pou n kontoune obstak yo e fè sware familyal vin yon priyorite—epi fè pati amizan an vin yon kle ladan l.

Anseye Priyè familyal

Priyè familyal se yon lòt okazyon ekselan pou n anseye.

Mwen renmen fason papa Prezidan N. Eldon Tanner te anseye l pandan sware familyal. Prezidan Tanner te di:

“M sonje yon sware familyal kote nou te mete ajenou pou n te priye ansanm, papa m te di Senyè a “Eldon te fè yon bagay li pa ta dwe fè jodia; li dezole, e si w ap padone li, li p ap fè sa ankò.”

“Sa te ban m detèminasyon pou m pa t fè sa ankò—plis pase jan nenpòt koreksyon t ap ka fè.”7

Lè m te piti, m te konn pafwa irite poutèt sa k te konn sanble twòp priyè familyal pou mwen, e m te konn panse: “èske sa pa gen sèlman kèk minit depi nou sot priye?” Kounyeya, ke m te vin paran, m konnen nou p ap janm ka priye twòp kòm fanmi.8

M te toujou enpresyone pa fason Pè Selès la entwodui Jezikri kòm Pitit Gason Byeneme li.9 M renmen priye pou pitit mwen yo pa non yo pandan y ap koute m ap di Pè Selès la konbyen yo chè pou mwen. Se kòmsi pa gen pi bon moman pou n kominike lanmou nou pou pitit nou yo pase lè n ap priye avèk yo oubyen lè n ap beni yo. Lè fanmi yo rasanble ansanm nan lapriyè enb, leson puisan ak etènèl anseye.

Ansèyman spontane

Ansèyman parantal se tankou wòl yon doktè alatant. Nou toujou bezwen pare pou n anseye pitit nou yo paske nou pa janm konn kilè opòtinite a ap prezante.

Imaj
Jezi k ap anseye fi bò pi a

Nou tankou Sovè a, ke ansèyman l yo te souvan “pa t fèt nan yon sinagòg men, nan kontèks jounalye yo---pandan l t ap manje avèk disip li yo, pandan l t ap tire dlo nan yon pi, oubyen pandan l t ap pase bò kot yon pye figye.”10

Sa gen kèk ane, manman m te di nou de pi bon konvèsasyon l te genyen avèk gran frè m nan, Matt, sete yon fwa pandan l t ap pliye rad avèk li ak yon lòt fwa pandan l t ap kondui l al kay dantis. Youn nan pil fason m ki fè m te admire manman m sete dispozisyon l pou l te anseye pitit li.

Ansèyman parantal li pa t janm fini. Pandan m t ap sèvi kòm evèk, manman m, ki te gen 78 tan lè sa a, te di m mwen te bezwen al fè cheve m. Li te konnen m te bezwen yon egzanp, e li pa t ezite di m sa. Mwen renmen w, manman!

Antanke papa, mwen motive pou m etidye ak medite sou ekriti yo pèsonèlman pou m kapab reponn lè pitit mwen yo oubyen pitit pitit mwen yo prezante m yon opòtinite ansèyman sanzatann.11 “Kèk nan pi bon moman ansèyman yo kòmanse avèk yon kesyon oubyen yon sousi nan kè yon manm fanmi an.”12 Èske n ap koute pandan moman sa yo?13

Mwen renmen envitasyon Apot Pyè a: “Se pou n toujou pare pou n bay yon repons chak fwa yon moun [e m ap ajoute yon timoun] mande nou esplikasyon sou esperans nou gen nan kè nou an.”14

Lè m te tinedjè, papa m avèk mwen te konn kontan pou nou youn afwonte lòt pou n te wè kiyès ki te gen plis fòs. Nou youn te konn gripe men lòt epi sere osi fò nou te kapab nan yon efò pou n te fè lòt la fè grimas anba doulè. Sa gen dwa pa sanble yon bagay amizan kounyeya, men, sa te amizan nan epòk la. Apre youn nan afwontman sa yo, Papa m te gade m nan je epi l te di: “Ou gen men solid, pitit gason m. M espere men w ap toujou gen fòs pou l pa janm touche yon jènfi nan fason k pa apwopriye.” Apresa li te egzòte m pou m te rete moralman pur epi ede lòt fè menm bagay la.

Èldè Douglas L. Callister te pataje bagay sa a apwopo papa li: “Pandan nou t ap retounen lakay sot nan travay yon jou, papa m te di toudenkou: “M te peye dim mwen jodia. M te ekri”mèsi” sou chèk dim nan. Mwen rekonesan anpil anvè Senyè a paske l beni fanmi nou.”

Apresa Èldè Calliser te rann omaj a papa enstriktè l la: “Li te anseye obeyisans pa aksyon li ak atitid li.”15

Mwen panse l saj pou n ta mande tèt nou pafwa: “Kisa m pral anseye, oubyen kisa m ap anseye pitit mwen yo sou obeyisans pa aksyon m ak atitid mwen?”

Ansèyman pa etid ekriti an fanmi

Etid ekriti familyal la se yon kad ideyal pou anseye doktrin nan nan fwaye a.

Prezidan President Russell M. Nelson te di: “Non sèlman paran yo dwe akwoche yo a pawòl Senyè a, men yo gen yon manda diven pou anseye pitit yo li tou.”16

Pandan Julie avèk mwen t ap elve pitit nou yo, nou te eseye rete konsistan ak kreyatif. Yon ane, nou te deside li Liv Mòmon an an Espanyòl an fanmi. èske se rezon sa a k fè Senyè a te aple chak nan pitit nou yo ki te sèvi yon misyon aplentan nan misyon ki pale Espanyòl? Se posib.

Mwen te pwofondeman touche lè frè Brian K. Ashton te di m ke limenm ak papa l te li chak paj nan Liv Mòmon an ansanm pandan dènye ane l nan lekòl segondè. Frè Ashton renmen ekriti yo. Yo ekri nan lespri li ak nan kè l. Papa l te plante semans sa a lè Frè Ashton te yon tinedjè, epi semans sa a17 grandi vin tounen yon pyebwa laverite byen anrasine. Frè Ashton fè menm bagay la po pi gran pitit li yo tou.18. Pitit gason uitan l lan te mande l dènyèman: “Papa, kilè m ap ka li Liv Mòmon an avèk ou?”

Anseye palegzanp

Pou m fini, ansèyman parantal k ap gen plis enpak la se egzanp nou. Yo mande nou pou n “yon egzanp pou moun ki kwè yo, nan pawòl, nan konvèsasyon, nan charite, nan lespri, nan lafwa, nan pite.”19

Pandan yon vwayaj dènyèman, Julie avèk mwen t al legliz epi nou te wè vèsè sa a alaksyon. Yon jenòm, ki te gen pou l t al fè misyon li, te pale nan reyinyon sentsèn nan.

Li te di: “Nou tout panse papa m se yon moun eksepsyonèl nan legliz la, men …” Li te fè yon tip oz, epi m t ap mande m kisa l ta pral di apre. Li te kontinye epi l te di: “Li se yon pi bon moun nan kay la.”

Imaj
Fanmi Stewart

M te remèsye jenòm sa a nan apre pou omaj enspiral l te fè pou papa l la. Apresa m te aprann papa l sete evèk pawas la. Malgre evèk sa a t ap sèvi pawas li fidèlman, pitit gason l lan te santi ke pi bon travay li te fè yo sete nan fwaye li.20

Èldè D. Todd Christofferson konseye: “Nou gen anpil mwayen pou n anseye … jenerasyon k ap grandi a, e nou dwe dedye tout panse nou ak efò nou pou n totalman pwofite avantaj sa yo. Anlè tout bagay, nou bezwen kontinye ankouraje ak ede paran yo pou yo vin pi bon enstriktè ki pi konsistan … espesyalman palegzanp.”21

Se konsa Sovè a anseye.22

Ane pase, pandan nou te an vakans avèk de pi jèn pitit nou yo, Julie te sigjere pou nou fè batèm pa pwokirasyon nan Tanp St.George la ak nan tanp San Diego a. M te panse nan tèt mwen: “N al nan tanp lè nou lakay nou, men kounyeya nou an vakans. Poukisa nou pa fè yon bagay ki pi sanble a vakans?” Apre batèm yo, Julie te vle pou n pran foto deyò tan plan. M te mimire ansilans—ankò. Nou ka devine kisa nou te fè nan apre—nou te pran foto.

Imaj
Durrant yo nan tanp San Diego a nan Kalifòni
Imaj
Durrant yo nan tanp St. George la nan Utah

Julie te vle pou pitit nou yo gen souvni sou sa nou te fè pou zansèt nou yo, e mwenmenm tou. Nou pa t bezwen yon leson fòmèl sou enpòtans tanp. Nou te viv li—gras ak yon manman ki renmen tanp e ki vle transmèt amou sa a bay pitit li.

Lè paran yo apresye youn lòt epi yo se egzanp jis, timoun yo beni etènèlman.

Konklizyon

Pou nou tout k ap eseye fè tout sa n kapab pou anseye nan fwaye nou, ke nou jwenn lapè ak lajwa nan efò nou. Epi, si nou santi nou bezwen amelyorasyon oubyen pi gwo preparasyon, tanpri, pa ezite suiv sa Lespri a enspire nou yo epi pran angajman pou n aji.23

Èldè Elder L. Tom Perry te di: “Sante nenpòt sosyete, bonè pèp li, pwosperite yo, ak lapè yo, tout gen rasin yo nan anseye timoun yo nan fwaye a.”24

Wi, fwaye m vid kounyeya, men m toujou an sèvis, toujou pare e kontan pou m jwenn opòtinite adisyonèl presye pou m anseye pitit adilt mwen yo, ak piti pa yo, epi yon jou, m espere, pitit piti pa yo.

Mwen priye pou syèl la ede nou pandan n ap efòse nou pou n enstriktè ki plis sanble ak Kris la nan fwaye nou. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gade Doktrin ak Alyans 68:25; 93:40.

    Èldè L. Tom Perry te anseye: “Enfliyans advèsè a ekstrèmeman repann epi l ap atake, l ap eseye wonje ak detwi fondasyon sosyete nou an, menm fanmi yo. Paran yo dwe pran rezolisyon pou yo fè ansèyman nan fwaye yo vin yon responsablite ki pi sakre ak pi enpòtan” (“Mothers Teaching Children in the Home,” Liahona, Me 2010, 30).

    Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz Apot yo te anseye: “Mari ak madanm gen yon responsablite solanèl pou youn renmen ak pran swen lòt epi pou yo renmen ak pran swen pitit yo. ‘Pitit se yon eritaj Senyè a’ (Som 127:3). Paran yo gen yon devwa sakre pou yo elve pitit yo nan lanmou ak jistis, pou satisfè bezwen fizik ak espirityèl yo, pou anseye yo pou yo sèvi epi pou youn renmen lòt, pou yo respekte kòmandman Bondye yo epi pou yo tounen sitwayen ki obeyi lwa kèlkeswa kote yo abite. Mari ak madanm—manman ak papa—pral gen responsablite devan Bondye pou akonplisman obligasyon sa yo” (“Fanmi: Yon pwoklamasyon pou mondd lan,” Liahona, Me 2017, 145).

  2. Gade Russell M. Nelson, “Pandan n ap avanse ansanm,” Liahona, Avr. 2018, 7.

  3. Èldè David A. Bednar te di: “Jodia, si w ta mande pitit gason adilt nou yo kisa yo sonje sou priyè familyal, etid ekriti familyal, ak sware familyal, m kwè m konnen sa yo t ap reponn. yo siman pa t ap mansyone yon priyè an patikilye oubyen yon moman etidi ekriti patikilye oubyen yon spesyal sware familyal kòm moman definitive nan pwogresyon spirityèl yo. Sa yo t ap sonje sèke sware familyal te toujou konsistan” (“Pi dilijan ak sousye lakay,” Liahona, Nov. 2009, 19).

  4. Gade “Notre foyer ici-bas,” Cantiques, no. 188.

  5. Enseignements des presidents de l’église: Gordon B. Hinckley (2016), 171.

  6. Gade 2 Nefi 2:11.

  7. N. Eldon Tanner, “Never Be Ashamed of the Gospel of Christ,” Ensign, Fev. 1980, 4.

  8. Gade 3 Nefi 18:21.

  9. Gade Matye 3:16–17; 3 Nefi 11:6–8; Doktrin ak Alyans 18:34–36; Joseph Smith—Istwa 1:17.

  10. “Pwofite moman ansèyman spontane yo,” Anseye nan fason Sovè a (2016), 16. Anseye nan fason Sovè a gen yon varyete konsèy ak zouti pou ansèyman nan fwaye a.

  11. Gade Doktrin ak Alyans 11:21; 84:85.

  12. Anseye nan fason Sovè a16.

  13. Gade “Listen,” Preche levanjil mwen an: yon gid pou travay misyonè (2004), 185–86.

  14. 1 Pyè 3:15.

  15. Douglas L. Callister, “Most Influential Teacher—Emeritus Seventy Pays Tribute to Father,” Aug. 29, 2016, news.lds.org.

  16. Russell M. Nelson, “Mets ta maison en ordre,” Liahona, Jan. 2002, 81.

  17. Gade Alma 32:28–43.

  18. Sè Melinda Ashton ranples mari l lè Frè Ashton nan deplasman.

  19. 1 Timote 4:12; gade tou Alma 17:11.

  20. Evèk Jeffrey L. Stewart sèvi nan Dezyèm Pawas Southgate la nan St. George, Utah. Samuel, pitit gason li, ap sèvi nan Misyon Medellín nan nan Kolonbi kounyeya.

  21. D. Todd Christofferson, “Fortifier la foi et la conversion à long terme de la génération montante” diskou l te fè nan reyinyon dirijan pou konferans jeneral la, Sept. 2017.

  22. Gade 3 Nefi 27:21, 27.

  23. Gade Doktrin ak Alyans 43:8–9.

  24. L. Tom Perry, “Mothers Teaching Children in the Home,” 30.