2010–2019
Sa chak detantè Prètriz Aawon bezwen konprann
Avril 2018


Sa chak detantè Prètriz Aawon bezwen konprann

Òdinasyon ou nan Prètriz Aawon an esansyèl pou ede pitit Bondye yo resevwa pouvwa ekspyatwa Kris la.

Frè m yo, se yon privilèj pou m avèk nou la a nan konferans istorik sa a. Lè m te yon nouvo prezidan misyon, m te eksite pou m te resevwa premye gwoup nouvo misyonè yo. Kèk nan misyonè ki te gen plis eksperyans nou yo t ap prepare sal kote no uta pral fè yon brèf reyinyon avèk yo a. M te remake ke yo te ranje kèk ti chèz timoun an demi sèk.

M te mande: “Poukisa ti chèz piti sa yo?”

Misyonè yo te reponn timidman: “Pou nouvo misyonè yo.”

Mwen kwè ke fason nou gade lòt moun gen yon pwofon enpak sou pèsepsyon yo de kiyès yo ye ak sa yo ka devni.1 Nouvo misyonè nou yo te chita sou chèz adilt jou sa a.

Mwen pè ke, pafwa, nou figirativman bay jènjan nou yo nan Prètriz Aawon an tichèz timoun pou yo chita olye nou ede yo wè ke Bondye konfye yo yon konfyans sakre ak yon travay enpòtan pou yo fè.

Prezidan Thomas S. Monson te anseye nou ke jènjan yo bezwen konprann “sa sa vledi … pou yo se detantè prètriz Bondye a. Yo bezwen nou ede yo pran spirityèlman pran konsyans de nati sakre apèl yo òdone yo nan.”2

Jodia, mwen priye pou Sentespri a gide nou pou n ka gen yon pi gwo konpreyansyon sou pouvwa ak nati sakre Prètriz Aawon an epi pou l enspire nou pou n ka pi konsantre nou sou devwa prètriz nou yo. Mesaj mwen an adrese a tout detantè Prètriz Aawon, enkli moun ki detni Prètriz Mèlkisedèk yo tou.

Èldè Dale G. Renlund te anseye ke bi prètriz la se pou bay pitit Bondye yo aksè nan pouvwa ekspyatwa Jezikri a.3 Pou n resevwa pouvwa ekspyatwa sa a nan lavi nou, nou dwe kwè nan li, repanti pou peche nou, fè ak kenbe alyans atravè òdonans, epi resevwa Sentespri a.4 Sa yo se pa prensip nou pratike yon sèl fwa; men, yo se prensip ki travay ansanm, pou youn ranfòse ak edifye lòt nan yon pwosesis pwogresyon kontinyèl pou “vin jwenn Kris la, epi vin pèfeksyone nan li.”5

Konsa, ki wòl Prètriz Aawon an nan sa? Kijan l ede nou gen aksè nan pouvwa ekspyatwa Kris la? Mwen kwè repons la chita nan kle Prètriz Aawon yo—kle ministè zanj yo ak levanjil preparatwa a.6

Ministè Zanj

Ann kòmanse avèk yon aspè nan ministè zanj lan. Anvan pitit Bondye yo ka gen lafwa nan Jezikri, yo bezwen konnen li e yo bezwen nou anseye yo levanjil li a. Jan Apot Pòl te di:

“Kijan yo ka fè kwè nan li si yo pa tande pale de li? e, kijan pou yo tande pale de li si pa gen yon moun pou preche yo sa?

“Epi, kijan moun ka preche yo, si yo pa voye yo?...

“Konsa, lafwa soti nan sa nou tande, epi san nou tande a soti nan pawòl Bondye a.”7

Depi nan kòmansman tan yo, Bondye te “voye zanj li yo pou preche pitit lèzòm, pou pale konsènan … aparisyon Kris la.”8 Zanj yo se èt selès ki pote mesaj Bondye.9 Nan Ebre ak nan Grèk, rasin mo zanj la se “mesaje.”10

Menmjan zanj yo se mesaje otorize Bondye voye pou deklare pawòl li ak edifye lafwa a, noumenm ki detni Prètriz Aawon yo, nou òdone pou nou “anseye, ak envite tout moun pou vin jwenn Kris la.”11 Preche levanjil la se yon devwa prètriz. Epi pouvwa ki asosye ak tach sa a se pa sèlman pou pwofèt yo oubyen jis pou misyonè yo. Se pou nou tou!12

Konsa, kijan nou ka jwenn pouvwa sa a? Kijan yon dyak 12 zan—oubyen nenpòt nan nou—ka fè lafwa nan Kris la antre nan kè pitit Bondye yo? Nou dwe kòmanse pa chèche konn pawòl li pou pouvwa l ka demere nan nou.13 Li pwomèt ke, si nou fè sa, n ap gen pouvwa Bondye pou konvenk lèzòm.”14 Se ka petèt yon opòtinite pou n anseye nan yon reyinyon kowòm oubyen nan vizit kay yon manm. Se gen dwa yon bagay mwens fòmèl, tankou yon konvèsasyon avèk yon zanmi oubyen yon manm fanmi. Nan nenpòt nan ka sa yo, si nou prepare, nou ka anseye levanjil la nan fason zanj yo fè l: pa pouvwa Sentespri a.15

Imaj
Jakòb ak frè Holmes

Dènyèman m te tande Jacob, yon detantè Prètriz Aawon nan Papua nan Nouvelle Guinée, temwaye de Liv Mòmon an ak ki fason l te ede l reziste ak mal ak suiv Lespri a. Pawòl li yo te ogmante lafwa mwen ak lafwa lòt moun. Lafwa m te grandi pa sa m te tande detantè Prètriz Aawon yo ap anseye ak temwaye nan reyinyon kowòm yo.

Jènjan, nou se mesaje otorize. Atravè pawòl nou ak aksyon nou, nou ka pote lafwa nan Kris la nan kè pitit Bondye yo.16 Jan Prezidan Russell M. Nelson te di: “Pou yomenm, nou tankou yon zanj k ap ministre.”17

Levanjil preparatwa a

Lafwa ogmante nan Kris la toujou mennen nan yon dezi pou chanje oubyen repanti.18 Konsa, li lojik pou kle ministè zanj yo akonpaye pa kle levanjil preparatwa a, “levanjil repantans ak batèm, ak remisyon peche yo.”19

Si nou etidye devwa nou nan Prètriz Aawon an, n ap wè yon tach klè pou n envite lòt moun pou yo repanti ak amelyore.20 Sa pa vledi pou nou kanpe nan kwen yon lari ap rele: “Repanti!” Pi souvan, sa vledi ke nou repanti, nou padone, epi pandan n ap sèvi lòt moun, nou ofri yo lespwa ak lapè repantans pote a—paske nou fè eksperyans li pou tèt pa nou.

M konn avèk detantè Prètriz Aawon lè y al vizite manm kowòm parèy yo. Mwen konn wè byenveyans yo adousi kè e ede frè yo santi amou Bondye. M te tande yon jènjan ki t ap rann kanmarad li temwayaj li konsènan repantans. Pandan l t ap fè sa a, kè te adousi, angajman te pran, epi nou te santi pouvwa gerisè Kris la.

Prezidan Gordon B. Hinckley te anseye: “Repanti se youn. Men se yon lòt bagay pou n jwenn remisyon pou peche nou ak padon. Pouvwa ki reyalize sa a, nou jwenn ni nan Prètriz Aawon an.”21 Odonans batèm ak sentèn nan Prètriz Aawon yo temwaye de repantans nou pou yon remisyon peche epi yo konplete li.22 Prezidan Dallin H. Oaks te eksplike l nan fason sa a: “Yo kòmande nou pou n repanti pou peche nou epi pou nou vin jwenn Senyè a avèk yon kè brize ak yon lespri kontri epi pran sentsèn nan. … Lè nou renouvle alyans batèm nou yo nan fason sa a, Senyè a renouvle efè pirifikatè batèm nou an.”23

Frè m yo, se yon privilèj sakre pou n administre òdonans ki pote yon remisyon peche po kè repantan yo atravè pouvwa ekspyatwa Sovè a.24

Yo te pale m dènyèman de yon prèt, ki te gen pwoblèm pou eksprime li, ki t ap beni sentèn nan pou lapremyè fwa. Pandan l t ap fè sa a, gen yon espri puisan ki te tonbe sou li ak sou asanble a. Nan apre, nan reyinyon an, li te rann yon temwayaj senp e klè sou pouvwa Bondye l te santi pandan òdonans sa a.

Imaj
Kowòm prèt la ak fanmi Mbuelongo

Nan Sidney, an Ostrali, kat manm yon kowòm prèt te batize manm fanmi Mbuelongo yo. Manman youn nan prèt sa yo te rakonte m kijan eksperyans sa a te fè yon gwo enpak sou pitit gason l lan. Prèt sa yo te vin konprann kisa sa vledi pou yo te “resevwa otorite nan men Jezikri.”25

Jan nou konnen, prèt yo ka ofisye kounyeya nan fè batèm pa pwokirasyon nan tanp. Pitit gason 17 tan m nan fèk sot batize m pou kèk nan zansèt nou yo. Nou toulède te santi yon pwofon rekonesans pou Prètriz Aawon an ak privilèj pou n travay pou sali pitit Bondye yo.

Jènjan yo, lè nou angaje nou ak dilijans nan devwa prètriz nou, nou patisipe avèk Bondye nan travay li pou “reyalize imòtalite ak lavi etènèl lòm nan.”26 Eksperyans tankou sa yo ogmante dezi nou e prepare nou pou n anseye repantans ak batize konvèti yo kòm misyonè. Yo prepare nou pou sèvis tout yon lavi nan Prètriz Mèlkisedèk la tou.

Jan Batis, egzanp nou

Detantè Prètriz Aawon yo, nou gen privilèj ak devwa pou se konpayon sèvis Jan Batis. Yo te voye Jan kòm yon mesaje otorize pou rann temwayaj konsènan Kris la ak pou envite tout moun pou yo repanti ak batize—sa vledi, li te egzèse kle Prètriz Aawon nou sot pale yo. Apresa jan te deklare: “Mwen menm, mwen batize nou nan dlo, pou fè wè nou tounen vin jwenn Bondye. Men, moun k ap vin apre mwen an gen plis pouvwa anpil pase m … : Li va batize nou nan Sentespri a ak nan dife.”27

Konsa, Prètriz Aawon an, ak kle ministè zanj yo ak levanjil preparatwa a prepare chemen pou pitit Bondye yo resevwa, atravè Prètriz Mèlkisedèk la, pi gran don nou ka resevwa nan lavi sa a.28

Ala yon gwo responsablite Bondye bay detantè Prètriz Aawon yo!

Yon envitasyon ak yon pwomès

Paran yo ak dirijan prètriz yo, èske nou santi enpòtans konsèy Prezidan Monson nan pou ede jènjan yo konprann “kisa savledi … pou yo se detantè prètriz Bondye a”?29 Konprann ak mayifye Prètriz Aawon an ap prepare yo pou yo se detantè fidèl nan Prètriz Mèlkisedèk la, pou yo se misyonè plen pouvwa, ak mari ak papa ki jis. Atravè sèvis yo, yo ap konprann ak santi reyalite pouvwa prètriz la, pouvwa pou aji nan non Kris la pou sali pitit Bondye yo.

Jènjan yo, Bondye gen yon travay pou nou fè.30 òdinasyon nou nan Prètriz Aawon an esansyèl po ede pitit Bondye yo resevwa pouvwa ekspyatwa Kris la. Mwen pwomèt nou si nou mete devwa sakre sa yo nan sant lavi nou, n aps anti pouvwa Bondye plis pase jamè anvan. N ap konprann idantite nou kòm pitit gason Bondye, ki aple avèk yon apèl sakre pou fè travay li. Epi, tankou Jan Batis, n ap ede prepare chemen pou vini Pitit Gason Bondye a. Konsènan verite sa yo, mwen rann temwayaj, nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. C’est ce qui est arrivé à MoïseAprès sa remarquable rencontre avec Dieu, il a commencé à se voir autrement: il était fils de Dieu. Cette perception l’a aidé à résister à Satan qui l’appelait « fils de l’homme » (voir Moïse 1:1–20). Voir aussi Thomas S. Monson, «  Voir les autres tels qu’ils peuvent devenir ,” Le Liahona, Nov. 2012, 68–71; Dale G. Renlund, “Through God’s Eyes,” Le Liahona, novembre. 2015, 93–94.

  2. Thomas S. Monson, réunion des dirigeants, conférence générale, mars 2011.

  3. Voir Dale G. Renlund, “ La prêtrise et le pouvoir expiatoire du Sauveur ,” Le Liahona, nov. 2017, 64–67.

  4. Voir 2 Nephi 31–32; 3 Nephi 11:30–41; 27:13–21; Ether 4:18–19; Moïse 6:52–68; 8:24.

  5. Moroni 10:32; voir aussi Prêchez mon Évangile, guide du service missionnaire (2004), 6.

  6. Voir Doctrine et Alliances 13:1; 84:26–27; 107:20.

  7. Romians 10:14–15, 17. Joseph Smith, le prophète, a enseigné la même vérité : « La foi vient en entendant la parole de Dieu, par l’intermédiaire du témoignage des serviteurs de Dieu ; ce témoignage est toujours accompagné de l’Esprit de prophétie et de révélation ( Enseignements des présidents de l’Église : Joseph Smith [2007], 385).

  8. Moroni 7:22; voir aussi Alma 12:28–30; 13:21–24; 32:22–23; 39:17–19; Helaman 5:11; Moroni 7:21–25, 29–32; Doctrine et Alliances 20:35; 29:41–42; Moïse 5:58; voir aussi Matthieu 28:19; Romians 10:13–17.

  9. Voir George Q. Cannon, Gospel Truth, sel. Jerreld L. Newquist (1987), 54.

  10. Voir James Strong, The New Strong’s Exhaustive Concordance of the Bible (1984), section consacrée au dictionnaire hébraïque et chaldéen », p. 66, section consacrée au dictionnaire grec, p. 7.

  11. Doctrine et Alliances 20:59.

  12. Voir Henry B. Eyring, “>« Afin qu’il devienne fort aussi »,” Le Liahona, nov. 2016, 75–78; Alma 17:3; Helaman 5:18; 6:4–5; Doctrine et Alliances 28:3.

  13. Voir 1 Jean 2:14; Alma 17:2; 26:13; 32:42Fulfilling My Duty to God: For Aaronic Priesthood Holders is a valuable tool to help accomplish this.

  14. Doctrine et Alliances 11:21; voir aussi Doctrine et Alliances 84:85.

  15. Voir 2 Nephi 32:3; Doctrine et Alliances 42:14; 50:17–22.

  16. Voir Moroni 7:25.

  17. Russell M. Nelson, “« Honorer la prêtrise »,” L’Étoile, juillet 1993, 40; voir aussi Alma 27:4.

  18. Voir Alma 34:17; Hélaman 14:13.

  19. Doctrine et Alliances 84:27.

  20. Voir Doctrine et Alliances 20:46, 51–59, 73–79. Fulfilling My Duty to God: For Aaronic Priesthood Holders is a valuable tool to help us understand our duties.

  21. Gordon B. Hinckley, “ La Prêtrise d’Aaron, don de Dieu ,” L’Étoile, juillet 1988, 46.

  22. D. Todd Christofferson a expliqué : « Le baptême d’eau est l’étape finale ou le point culminant du processus du repentir. Le renoncement au péché, ajouté à notre alliance d’obéissance, complète notre repentir. En effet, sans cette alliance, le repentir reste inachevé (“ Acquérir la foi au Christ ,” Le Liahona, Sept. 2012, 14–15). Voir aussi D. Todd Christofferson, “ Acquérir la foi au Christ ,” Le Liahona, cov. 2011, 38–41; Joseph Smith, Mathieu 26:24 (dans le Guide des Écritures).

    Dallin H. Oaks a enseigné que « chaque semaine, l’ordonnance de la Sainte-Cène nous donne l’occasion de renouveler les alliances sacrées qui nous permettent d’avoir part à la grâce expiatoire du Sauveur, avec les mêmes effets spirituels purificateurs que le baptême et la confirmation » (“Comprendre nos alliances avec Dieu ,” Le Liahona, juil 2012, 21). Voir aussi Dallin H. Oaks, “ Ayez toujours son Esprit ,” L’Étoile, nov. 1996, 59–61.

  23. Dallin H. Oaks, “ La prêtrise d’Aaron et la Sainte-Cène jan. 1999, 44.

  24. David A. Bednar a expliqué : « Les ordonnances du salut et de l’exaltation qui sont administrées dans l’Église rétablie du Seigneur sont bien plus que des pratiques rituelles ou symboliques. Elles constituent en réalité les canaux de la prêtrise à travers lesquels les bénédictions et les pouvoirs des cieux peuvent se déverser dans notre vie » (“ Toujours conserver le pardon de nos péchés ,” Le Liahona, mai 2016, 60).

  25. Doctrine et Alliances 20:73.

  26. Moses 1:39.

  27. Matthieu 3:11.

  28. Nombre de dirigeants de l’Église ont déclaré que le Saint-Esprit est le plus grand don que l’on puisse recevoir dans la condition mortelle.

    Dallin H. Oaks a enseigné : « La compagnie constante du Saint-Esprit est ce que nous pouvons avoir de plus précieux dans la condition mortelle («  La Prêtrise d’Aaron et la Sainte-Cène ,” L’Étoile, jan. 1999, 44).

    Bruce R. McConkie a enseigné : « Au regard de l’éternité, la vie éternelle est le plus grand de tous les dons de Dieu. Mais si l’on ne considère que cette vie, le don du Saint-Esprit est le plus grand don que puisse recevoir un être mortel » (« What Is Meant by ‘The Holy Spirit’? » (“What Is Meant by ‘The Holy Spirit’?” Instructor, Feb. 1965, 57).

    Le président Woodruff a témoigné : « Si vous avez le Saint-Esprit avec vous – et tout le monde devrait l’avoir – je peux vous dire qu’il n’y a pas de plus grand don, il n’y a pas de plus grande bénédiction, il n’y a pas de plus grand témoignage donné à qui que ce soit sur la terre. Vous pouvez avoir le ministère des anges, voir beaucoup de miracles, beaucoup de merveilles sur la terre ; mais j’affirme que le don du Saint-Esprit est le plus grand don qui puisse être conféré à l’homme » ( Enseignements des présidents de l’Église : Wilford Woodruff [2004], 49).

    Et David A. Bednar a ajouté : « Les commandements de Dieu auxquels nous obéissons et les conseils inspirés de nos dirigeants de la prêtrise que nous suivons se concentrent principalement sur l’obtention de la compagnie de l’Esprit. Tous les enseignements et toutes les activités de l’Évangile sont fondamentalement centrés sur le fait d’aller au Christ en recevant le Saint-Esprit dans notre vie » (« (“ Recevez le Saint-Esprit ,” Le Liahona, nov. 2010, 97).

  29. Thomas S. Monson, réunion des dirigeants, conférence générale, mars 2011.

  30. Voir Moise 1:6.