Premye Gran Kòmandman an

Pa Eldè Jeffrey R. Holland

Nan Kolèj Douz Apot Yo


Jeffrey R. Holland
Nou gen yon lavi disip devwe pou nou bay pou nou ka montre amou nou pou Senyè a.

Pa gen okenn lòt gwoup nan istwa limanite ki atire senpati m plis pase onz Apot ki te rete yo, imedyatman apre lanmò Sovè mond lan. Mwen panse pafwa nou jis bliye jan yo te ankò san eksperyans ak konbyen yo te konplètman depann de Jezi nan tout bagay. Li te di yo konsa, “Depi tout tan sa a mwen la avèk nou, epi nou poko konen m toujou … ?”1

Men nòmalman, selon yo menm, Li pat pase ase tan avèk yo ditou. Twazan pa ase pou aple yon kolèj Douz Apot konplè pami yon ponyen nouvo konvèti, debarase yo de ansyen koutim yo t ap viv yo, ansenye yo mèvèy levanjil Jezikri a, epi apresa kite yo pou yo dirije travay la jiskaske yomenm tou yo te touye yo. Ala yon pèspektiv difisil pou yon gwoup ansyen ki fèk òdone!

Sitou, lefèt ke y ap rete poukont yo a. Plizyè fwa Jezi te eseye di yo li pa t apral fizikman prezan bò kote yo, men genlè yo pat kapab oubyen yo pat vle konprann yon panse ensipòtab konsa. Mak ekri:

“ Li te ansenye disip li yo, epi li te di yo konsa, Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen pral tonbe anba men lèzòm, yo pral touye mwen. Men, sou twa jou mwen gen pou m' leve soti vivan nan lanmò.

“Men yo pat konpran sans pawòl sa, epi yo te pè pozel kesyon.”2

Epi, apre yon ti tan twò kout pou aprann e ankò mwens tan pou prepare yo, sa yo pat panse a oubyen sa yo pat vle kwè a te rive. Senyè ak Mèt yo a, Konseye yo ak Wa yo a, te krisifye. Ministè motel li te fini, e ti Legliz an difikilte a Li te etabli a te sanble destine pou pase nan ridikil e kondane pou disparèt. Apot Li yo te temwen Li nan eta resisite Li, men sa te sèlman ajoute sou konfizyon yo. Pandan ke, siman, yo t ap mande tèt yo, “Kisa n pral fè kounyeya?” yo te vire gade Pyè, chèf Apot yo, pou yon repons.

Kounyeya m ap mande nou pèmisyon pou libète m ap pran parapò avèk ekriti yo, pou m ka sipoze dialog sa a. Pyè siman te di kòlèg li yo: “Frè m yo, nou pase twa bèl ane. Okenn nan nou pa ta p janm imajine, kèk mwa desa, mirak nou wè ak prezans divin nou te benefisye a. Nou te pale, priye, epi travay avèk Pitit Gason Bondye a Limenm. Nou te mache avèk Li, kriye avèk Li, epi dènye jou swa orib sa a, pa gen moun ki te kriye plis pase mwen menm. Men, sa fini. Li fini travay Li e li resisite. Li reyalize sali pa li ak pa noumenm. Bon, nou mande: “Kisa n ap fè kounyeya?” Mwen pa konn lòt bagay pou m di nou pase retounen nan lavi nou tap mennen anvan an epi rejwi. Mwen menm, entansyon m se pou ‘m al peche’. “Epi, omwen sis nan dis Apot ki te rete yo te dakò pou di: “Nou prale avèk ou tou.” Jan, ki sete youn nan yo, ekri “Yo te ale, epi yo te monte nan bak la imedyatman.”3

Men, elas, lapèch la pat twò bon. Premye nwit yo te retounen sou lak la, yo pat pran anyen, pa menm yon pwason. Lè l te kòmanse fè jou, tou desi, yo te vire bato a kase tèt tounen sou rivaj la, kote a yon distans yo te wè yon silwèt moun ki t ap rele yo, “Timoun, nou pa pran anyen?” San kontantman, Apot sa yo ki te retounen vin pechè pwason ankò a, te bay repons ankenn pechè pa vle bay la, yo te mamote, “Nou pa pran anyen,” e pou agrave sitiyasyon an, yo te trete yo de “timoun.”4

Etranje a te di yo “Lage nas la sou bò dwat kannòt la, n'a jwenn kichòy;”5—e avèk senp mo sa yo, yo te imedyatman raple yo tout bagay. Sa fè jis twazan ke menm mesye sa yo t ap peche nan menm lanmè sa a. Nan okazyon sa a tou, ekriti yo di “yo te pase tout nwit la san yo pat pran anyen,”6 Men yon zanmi Galileyen sou plaj la te di yo pou yo te lage nas la, epi yo te pran yon “kantite pwason,”7 sitèlman anpil nas la te chire. Sa yo te pran yo te ranpli de bato tèlman lou ke yo te kòmanse koule.

E kounyeya, sa te repete ankò. “Timoun” sa yo, jan yo te byen rele yo a, te kontan lage nas la, men “yo pa t kapab rale l soti nan dlo a tèlman li te plen pwason.”8 Jan te di konsa: “Se Senyè a wi.”9 E Pyè, fouge, te plonje soti nan bato a.

Apre yon reyinyon ak kè kontan avèk Jezi resisite a, Pyè te gen yon konvèsasyon avèk Sovè a ki, selon mwen menm, se moman desizif ministè apostolik la an jeneral e ministè Pyè anpatikilye, paske li oryante mesye solid tankou wòch sa a, fè l vin mennen yon lavi majestye kòm sèvitè devwe ak dirijan sanzegal. Pandan l t ap gade bato tou ize yo a, nas chire yo a, ak yon pil etonan 153 pwason, Jezi te di chèf Apot la: “Pyè, èske ou renmenm plis pase ou renmen tout bagay sa yo?” Pyè te reponn, “Wi Senyè; Ou konnen mwen renmen ou.”10

Senyè a te reponn li, men Li te kontinye gade Pyè nan je, epi Li di ankò, “Pyè, eske ou renmen mwen?” San dout ak yon tikras konfizyon pou repetisyon kesyon an, gran pechè pwason an te reponn yon dezyèm fwa: “Wi, Senyè; ou konnen mwen renmen ou.”11

Yon fwa ankò Sovè a te bay yon brèf repons, men ensistans enplakab, Li mande yon twazyèm fwa, “Pyè eske ou renmen mwen?” Nan moman sa a, siman Pyè te santi li reyèlman malalèz. Petèt nan kè li te gen souvni kote sa gen kèk jou sèlman yo te poze l yon lòt kesyon twa fwa e li te reponn kategorikman tou---men negativman. Oubyen petèt li te kòmanse ap mande tèt li si l te mal konprann kesyon Mèt Enstriktè a. Oubyen petèt li t ap sonde kè li, pou chèche yon konfimasyon onèt repons lan l te bay si fasilman, prèske otomatikman an. Kèlkeswa santiman l te genyen, Pyè te reponn yon twazyèm fwa: “Senyè, … ou konnen mwen renmen ou.”12

Epi Jezi te reponn ni ankò (e la a, pèmèt imajine ankò), petèt Li te di yon bagay konsa: “Enben Pyè, sa w ap fè la a? Poukisa ou retounen sou menm rivaj sa a ankò, bò menm nas sa yo, ap fè menm konvèsasyon an? Èske w pa t wè lè sa a e èske w pa wè kounyeya ke si m vle pwason, m kapab jwenn pwason? Sa m bezwen, Pyè, se disip—e m bezwen yo pou tout tan. M bezwen yon moun pou pran swen brebi m yo ak sove mouton m yo. M bezwen yon moun pou preche levanjil mwen an e defann lafwa m nan. Mwen bezwen yon moun ki renmen mwen, ki renmen m vrèman, e ki renmen tach Papa nou ki nan Syèl la konfye m pou m fè a. Mesaj nou an se pa yon mesaj san konviksyon. Se pa yon tach pasaje. Li pa yon bagay konsa konsa; li pa dezespere; li pa destine pou l fini tankou sann nan listwa. Se travay Toupuisan an, e li gen pou chanje mond lan. Konsa, pou yon dezyèm fwa, e m espere pou yon dènye fwa, Pyè, m ap mande ou pou w kite tout bagay sa yo epi al preche ak temwanye, travay epi sèvi fidèlman jiskaske jou a rive kote yo pral fè ou egzakteman sa yo te fè m nan.”

Apresa, siman li te vire gade tout Apot yo epi l te di: “Èske nou enkonsyan menmjan ak Eskrib yo ak Farizyen yo? Menmjan ak Herod ak Pilat? Èske, menmjan avèk yo, nou panse ke yo ta ka touye travay sa a senpleman paske yo touye mwen? Èske, menmjan avèk yo, nou panse ke kwa a ak klou yo ak tonm nan sete fen tout bagay epi nou chak ka alèzman retounen nan kèlkeswa sa nou t ap fè anvan an? Timoun, èske lavi m ak lanmou mwen pa t touche kè nou pi pwofondeman pase sa?

Frè m ak sè m yo, mwen pa konnen sa k pral pase nan jou jijman an men, mwen pa t ap etone si, nan yon moman oswa yon lòt nan konvèsasyon an, Bondye ta poze nou egzakteman menm kesyon Kris la te poze Pyè a: “Èske w te renmen mwen?” Mwen panse Li pral vle konnen si, avèk konpreyansyon mòtèl, ensifizan, e pafwa anfanten nou sou bagay yo, nou te omwen konprann yon sèl kòmandman, premye ak pi gran kòmandman nan tout la—“Nou dwe renmen Senyè Bondye nou an avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, avèk tout fòs nou, e avèk tout lespri nou.”13 Epi si nan moman sa a, nou ka mamòte: “Wi, Senyè, ou konnen mwen renmen ou,” lè sa a, li ka petèt raple nou ke karakteristik siprèm lanmou se toujou lwayote.

Jezi te di : “Si nou renmen mwen, respekte kòmandman m yo,”14 Konsa, nou gen vwazen pou nou beni, timoun pou nou pwoteje, pòv pou nou ede ak verite pou nou defann. Nou gen tò pou nou repare, verite pou nou pwoklame, ak byen pou nou fè. Anbrèf, nou gen yon lavi disip devwe pou nou bay pou demontre lanmou nou pou Senyè a. Nou pa kapab abandone, nou pa kapab fè mach aryè. Apre yon rankont avèk Pitit Gason vivan Bondye a, anyen pa janm menmjan l te ye anvan an. Krisifikasyon, Sakrifis ekspyatwa, ak Rezirèksyon Jezi a make kòmansman yon lavi kretyen, non pa fen li. Sete verite sa a, reyalite sa a ki te pèmèt yon ti goup pechè Galileyen te vin tounen Apòt ankò, ki san “yon grenn sinagòg ni yon grenn epe”15 te kite nas yo yon dezyèm fwa e te transfòme istwa mond la kote n ap viv la jodia.

Mwen temwaye, sot nan fon kè mwen, ak tout nanm mwen, pou tout moun ki ka tande vwa mwen, ke kle apostolik sa yo te retabli sou tè a e nou jwenn yo nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Pou nou menm ki poko vin jwenn nou nan gwo kòz final Kris la sa a, nou di, “Silvouplè, vini.” Pou nou menm ki te avèk nou yon fwa, menm ki fè bak, ki prefere chwazi kèk hors d’oeuvres kiltirèl nan dine Rebablisman an e meprize rès festen an, m ap di ke m pè pou nou pa ap pare tèt nou pou n al pase anpil long nuit avèk filè vid. Apèl la se retounen, rete fidèl, renmen Bondye, epi pote èd nou. Nan apèl pou renouvle fidelite sa a, m ap enkli tout ansyen misyonè, ki te janm kanpe yon jou nan yon fon batismo avèk men leve okare pou yo te di: “Paske m resevwa otorite nan men Jezikri.”16 Otorite sa a dwe te chanje konvèti w la ajamè, men, li sanse chanje ou ajamè tou. Pou jèn yo nan Legliz k ap prepare yo pou misyon, pou tanp ak maryaj, nou di, “Renmen Bondye epi rete pwòp anba san ak peche jenerasyon sa a. Nou gen yon travay fenomenal pou nou fè, ki souliyen nan bèl anons Prezidan Thomas S. Monson te fè fè yè maten an. Papa nou ki nan Syèl la espere lanmou nou ak lwayote nou nan chak etap lavi nou.”

Pou nou tout k ap tande vwa m la a, m ap di ke vwa Kris la sonnen soti nan pwofondè tan yo, pou mande nou chak, pandan ke gen tan ankò a: “Èske nou renmen mwen?” E pou nou chak, m ap reponn avèk onè e ak tout fòs nanm mwen: “Wi, Senyè, nou renmen ou.” E etandone nou mete men nan travay la,”17 nou pap janm gade dèyè jiskaske travay la fini epi lanmou pou Bondye ak pou pwochen nou dirije mond lan. Nan non Jezikri, amèn.

Show References

  1.  

    1.  Jan 14:9.

  2.  

    2.  Mak 9:31–32.

  3.  

    3.  Jan 21:3.

  4.  

    4. Gade Jan 21:5.

  5.  

    5.  Jan 21:6.

  6.  

    6.  Lik 5:5.

  7.  

    7.  Lik 5:6.

  8.  

    8.  Jan 21:6.

  9.  

    9.  Jan 21:7.

  10.  

    10.  Jan 21:15.

  11.  

    11.  Jan 21:16.

  12.  

    12.  Jan 21:17.

  13.  

    13.  Lik 10:27; gade tou Matye 22:37–38.

  14.  

    14.  Jan 14:15.

  15.  

    15. Frederic W. Farrar, The Life of Christ (1994), 656; gade chapit 62 a pou nou gen plis ransèyman sou detrès Legliz sa a ki te fèk fonde a.

  16.  

    16.  Doktrin ak Alyans 20:73.

  17.  

    17.  Lik 9:62.