Kisa yon nonm kapab bay an echanj nanm ni?

Pa eldè Robert C. Gay

Nan Swasanndis yo


Robert C. Gay
Nou dwe abandone tout peche nou yo, piti kou gwo, pou n jwenn rekonpans lavi etènèl Papa a.

Sovè a te poze disip li yo kesyon sa a yon fwa: “Kisa yon nonm ka bay en echanj nanm ni?”1

Sa a se kesyon papa m te byen anseye m pou m te konsidere sa gen dèzane. Lè m t ap grandi, paran m te konn ban m tach nan kay la epi yo te toujou peye m yon ti kòb pou travay sa a. Mwen te konn itilize lajan sa a, yon ti jan plis pase 50 santim pa semèn, pou ale nan sinema. Nan epòk sa a, yon fim te koute 25 kòb pou yon timoun onzan. Sa te kite m ak 25 kòb pou m te depanse nan sirèt, ki te koute 5 kòb chak. Yon fim avèk senk sirèt! Sa pa ta ka pi byen pase sa.

Tout bagay te anfòm jiskaske m te vin gen douzan. Pandan m te kanpe nan liy nan yon aprèmidi, mwen te reyalize ke pri fim yo pou yon timoun 12 an sete 35 kòb, e sa te vle di m t ap gen de sirèt an mwens. M pa t ko prepare pou fè sakrifis sa a, mwen te di tèt mwen: “Ou parèt menm jan w te ye semèn pase a.” Epi mwen te avanse e m te mande yon biyè 25 kòb. Vandè a pa t di anyen e m te achte senk sirèt m te abitye achte yo olye de twa.

Kontan pou akonplisman m nan, mwen te kouri al lakay mwen apresa pou m te di papa m gwo kou m te reyalize. Pandan m t ap rakonte l tout detay yo, li pa t di anyen. Lè m te fini, li te senpleman gade m epi l te di: “Pitit gason m, èske w ap vann nanm ou pou yon santim?” Pawòl li yo te pèse nanm 12 an m nan. Sa se yon leson m pap janm bliye.

Dèzane apre m te twouve m ap poze yon detantè Prètriz Mèlkisedèk inaktif menm kesyon an. Li sete yon bon gason ki t ap viv avèk fanmi li. Men, li pa t al legliz depi anpil tan. Li te gen yon pitit gason plen talan ki te jwe nan yon gwo ekip espò k t ap vwayaje tout tan ki te konn jwe lè Dimanch. Ekip sa a te ranpòte plizyè gwo chanpyona. Lè nou te rankontre, mwen te raple li ke antanke yon detantè Prètriz Mèlkisedèk, li te pwomèt ke si li respekte sèman ak alyans prètriz li a, li t ap resevwa “tout sa Papa a genyen.”2 Epi apresa mwen te mande li: “Èske yon chanpyona nasyonal vo plis pase tout sa Papa a genyen?” Li te reponn jantiman: “Mwen wè kisa w vle di” e li te pran randevou pou l t al wè evèk li.

Jodia li si fasil pou nou kite nou akapare pa bri mond lan---malgre bon entansyon nou. Mond lan ap ba nou presyon pou n “gade pi lwen liy nan.”3 Sa pa gen lontan yon moun te mande m: “Èske yon vè alkòl se reyèlman yon pwoblèm?” Èske nou pa ka wè sa se kesyon advèsè a? Kayen te mande: “Kiyès ki Senyè a pou m ta konnen l?”4 epi apresa li te pèdi nanm ni. Lè nou ke peche sa a se yon ti peche, pou jistifye tèt nou, Satan triyonfe. Pou yon boutèy lèt,5 yon non mal eple,6 yon bouyon pwa,7 moun konn twoke dwa nesans yo ak eritaj yo.

Lè nou konsidere ti echanj ak gwo echanj nou jwenn tantasyon pou n fè nan lavi nou yo, nou ka oubyen jistifye aksyon nou yo, tankou Kayen, oubyen eseye soumèt nou anba volonte Bondye. Kesyon ki devan nou se pa mande si nou ap fè bagay ki bezwen koreksyon, paske nou toujou ap fè yo. Men, kesyon an se: èske n ap “obeyi” oubyen “fini” tach la Papa a mande nou an?8

Senyè a renmen fidelite nou men li mande nou pou nou kontinye repanti ak soumèt nou. Nan Bib la nou li ke sete yon jenòm rich ki t ap obeyi kòmandman yo k te ajenou devan Sovè a pou te mande l kisa l te bezwen fè pou l te ka gen lavi etènèl la. Li te vire ale tou chagren lè Sovè a t di: “Yon sèl bagay ou manke; ... vann tou sa ou genyen.”9

Men, te gen yon lòt mesye mond lan ki te rich, wa anchèf Lamanit yo, papa Lamoni, ki te poze menm kesyon an tou sou lavi etènèl, kote l te di: “Kisa m dwe fè pou m nedenouvo nan Bondye, pou m derasinen lespri mechan sa a nan lestomak mwen, pou m resevwa Lespri l? ... M ap bay tout sa m genyen; wi m ap kite wayòm mwen an pou m kapab gen lajwa sa a.”10

Èske nou sonje repons Senyè a te bay wa a pa bouch sèvitè Li Aawon? “Si w repanti nan tout peche w yo, e si w vle bese devan Bondye, epi ou rele non li ak lafwa, si w kwè w kapab resevwa, lè sa a, w ap resevwa esperans ou vle genyen an.”11

Lè wa a te konprann sakrifis yo te mande l la, li te bese tèt li epi li te pwostène atè epi li te priye: “O Bondye, ... M ap kite tou peche m pou m kapab konnen ou.”12

Sa se echanj Sovè a mande nou pou n fè a: pou nou abandone tout peche nou yo, piti ak gwo, pou rekonpans lavi etènèl Papa a. Nou dwe bliye istwa, eskiz, eksplikasyon, defans, neglijans, aparans, ògèy pèsonèl, pote jijman, k ap fè nou jistifye tèt nou yo, ak fè bagay yo nan fason pa nou an. Nou dwe depouye tèt nou de tout bagay monden epi pran imaj Bondye sou figi nou.13

Frè m ak sè m yo, sonje chay sa a se plis pase jis pa fè move bagay. Paske nou anba yon enmi ki aktif, nou menm tou nou dwe aji e pa chita “sou twòn nou.”14 Mete imaj Bondye sou figi nou vledi pou youn sèvi lòt. Gen peche komisyon ak peche omisyon e nou dwe evite toulède.

Pandan m t ap sèvi kòm prezidan misyon an Afrik, mwen te aprann gwo verite sa a pou jamè. Mwen te nan wout pou m t ale nan yon reyinyon lè m te wè yon jèn tigason poukont li, k ap kriye byen fò bò wout la. Yon vwa andedan m te di m: ”Kanpe pou w ede tigason sa a.” Osi vit ke m te tande vwa a, nan yon segond, mwen te jistifye tèt mwen “Ou pa ka kanpe. W ap anreta. Se ou menm ki pral fè reyinyon an e ou pa ka anreta.”

Lè m te rive nan chapèl la, mwen te tande menm vwa a ankò: “Al ede tigason an.” Lè sa a m te remèt yon manm Legliz la ki te rele Afasi kle machin nan epi m te mande l pou l te mennen tigason an ban mwen. 20 minit apresa, mwen te santi yon ti tap sou zepòl mwen. Tigason an te deyò a.

Li te gen apeprè 10 an. Nou te aprann ke papa l te mouri e manman l te nan prizon. Li t ap viv nan bidonvil Accra yo avèk yon moun, ki te ba l manje ak yon kote pou l dòmi. Pou l te peye pou sa, li te vann pwason seche nan lari a. Men apre l te fin vann pou jou sa a, lè l te foure men nan pòch li, li te jwenn yon twou ladan. Li te pèdi tout tikòb li te fè a. Afasi avèk mwen te imedyatman konnen ke si l te retounen san lajan an, yo t ap di l ap bay manti, yo t ap menm bat li, epi apresa mete l deyò. Sete nan moman detrès sa a mwen te wè li premye fwa a. Nou te kalme li, nou te ranplase lajan an pou li, epi nou te mennen l retounen al lakay moun ki te ba l lojman an.

Pandan m t ap retounen lakay mwen jou swa a a, mwen te reyalize de gwo verite. Premyèman, mwen te vin konnen, jan m pa t janm konnen anvan sa, ke Bondye sousye pou nou chak e li pa janm bliye nou; e dezyèmman, nou dwe koute vwa Lespri a ki andedan nou an epi mache “dwat”15kèlkeswa kote sa mennen nou, kèlkeswa krent nou oswa nenpòt enkonvenyan.

Yon jou aprèmidi disip yo te mande Sovè a kiyès ki te pi gran nan wayòm syèl la. Li te di yo pou yo te konvèti, vin enb, soumi tankou timoun piti. Apresa li te di: “Pitit Gason Lòm nan vini pou sove moun ki pèdi.”16 Avèk sèl fraz sa a, li te defini misyon nou. Nou dwe chèche---sa ki pèdi a, sa yo rele dènye a, ak sa yo konsidere kòm mwen enpòtan an. Li pa sifi pou n evite peche, nou dwe “soufri kwa li a”17 epi aktivman angaje,”18, ede lòt moun vin konvèti tou. Avèk konpasyon ak lanmou, nou anbrase pitit fi pwodig la,19 reponn kri òfelen k ap kriye a, apèl moun ki nan tenèb ak dezespwa yo,20, ak apèl detrès yon fanmi ki nan bezwen. Èldè Neal A. Maxwell te di: “Satan pa bezwen fè okenn moun vin tankou Kayen oswa Jida, ... Li sèlman bezwen fè moun ki kapab yo ...wè tèt yon tankou moun ki pa apatni a okenn kote.”21

Apre yon konferans pye, yon adolesan te pwoche bò kote m epi l te mande: “Èske Bondye renmen mwen?” Se pou lavi sèvis nou toujou montre ke Bondye pa bliye okenn moun.

Pou kesyon “Kisa yon moun ap bay an echanj nanm ni an?” Satan ta renmen pou nou vann lavi nou pou sirèt ak chanpyona mond sa a. Men, Sovè a rele nou, san pri, pou chanje peche nou yo, pou pran imaj li nan figi nou, epi ede moun nou kapab enfliyanse yo pou yo fè sa tou. Pou bagay sa a nou gen dwa resevwa tout sa Bondye genyen, ke yo di nou ki pi gwo pase tout trezò tè sa a annantye.22 Èske nou ka imajine sa?

Nan yon vwayaj m sot fè Nicaragua, mwen te wè yon plak lakay yon fanmi modès nou t al vizite. Li di: “Temwayaj mwen se byen ki pi presye m genyen.” Se konsa sa ye pou mwen. Temwayaj mwen se trezò nanm mwen, e nan entegrite kè m, m ap kite nou avèk temwayaj mwen ke Legliz sa a se vrè Legliz Bondye a, Sovè nou an kanpe nan tèt li e li dirije l palentèmedyè pwofèt li chwazi a. Nan non Jezikri, amèn.

Show References

  1.  

    1.  Matye 16:26.

  2.  

    2.  Doktrin ak Alyans 84:38.

  3.  

    3.  Jakòb 4:14.

  4.  

    4.  Moyiz 5:16.

  5.  

    5. Yon boutèy lèt ak krèm ni (bon jan krèm) te lakoz diskisyon ant madanm Thomas B. Marsh ak madan Harris, ki te pran desizyon pou yo te mete resous yo ansanm pou yo te fè fwomaj. Lè Madan Harris te wè ke Madan Marsh pa t mete tout krèm nan men li te kenbe enpe pou tèt li, Madan Harris te plenyen, e medàm yo te fè diskisyon. Thomas Marsh te mennen bagay la devan evèk la, ki te dakò avèk Madan Harris. Li te soti kot evèk la pou al devan Gran Konsèy Premye Prezidans lan, you tout te dakò ke Madan Marsh pa t gen rezon. Sa te mennen yon gwo vid ant Thomas Marsh ak Frè yo. Byen vit apresa, Thomas Marsh te temwaye devan yon majistra nan Missouri ke Mòmon yo te ostil anvè eta Missouri a. (Gade George A. Smith, “Discourse,” Deseret News, Apr. 16, 1856, 44.)

  6.  

    6. Lè Pwofèt Joseph Smith te aple Simonds Ryder pou l te sèvi yon misyon, Ryder te dekouvri ke yo te eple non li “Rider” nan revelasyon enprime a. Li te vin ofanse, epi sa te mennen l nan apostazi e li te finalman patisipe nan vide goudwon ak plim poul sou pwofèt la. Ryder pa t konnen ke Joseph Smith te abityèlmandikte sekretè l revelasyon yo e li pa t gen anyen pou wè nan eple non an. (Gade Milton V. Backman Jr., The Heavens Resound: A History of the Latter-day Saints in Ohio, 1830–1838 [1983], 93–94; Donald Q. Cannon and Lyndon W. Cook, eds., Far West Record: Minutes of The Church of Jesus Christ of Latter-day Saints, 1830–1844 [1983], 286.)

  7.  

    7. Nan Jenèz 25 nou aprann ke Esau te vann Jakòb dwa nesans li pou “pen ak bouyon pwa” (vèsè 34).

  8.  

    8. Gade Doktrin ak Alyans 19:18–19.

  9.  

    9. Gade Mak 10:21–22.

  10.  

    10.  Alma 22:15.

  11.  

    11.  Alma 22:16.

  12.  

    12.  Alma 22:18.

  13.  

    13. Gade Alma 5:14–19.

  14.  

    14.  Alma 60:7.

  15.  

    15.  Mak 1:18.

  16.  

    16.  Matye 18:11.

  17.  

    17.  Jakòb 1:8.

  18.  

    18.  Doktrin ak Alyans 58:27.

  19.  

    19. Gade Lik 15:11–32.

  20.  

    20. Gade Joseph Smith—History 1:15–16.

  21.  

    21. Neal A. Maxwell, Deposition of a Disciple (1976), 88.

  22.  

    22. Gade Doktrin ak Alyans 19:38.