Esperans limyè Bondye a

Pa Pezidan Dieter F. Uchtdorf

Dezyèm Konseye nan Premyè Prezidans lan


Dieter F. Uchtdorf
Si nou fè efò pou nou fè lanmou nou pou Bondye grandi e pou nou renmen pwochen nou, limyè levanjil la ap antoure nou e l ap elve nou.

Aksè nan limyè a

Nan biwo mwen, m gen yon tablo mwen renmen anpil, ki releAksè nan limyè a. Se yon zanmi m kite fèl, yon atis pent danwa ki rele Johan Benthin, ki te premye prezidan pye Copenhague la, nan peyi Danemark.

Tablo montre yon chanm fènwa avèk yon pòt ki ouvè kote limyè a ap briye. Mwen twouve l enteresan ke limyè a k ap soti nan pòt la pa klere tout pyès la, men sèlman espas imedyat devan pòt la.

Pou mwen menm, fènwa ak limyè ki nan tablo sa a se senbòl lavi a. Sa fè pati kondisyon mòtèl nou antanke kretyen vivan pou nou santi nou anviwonnen ak fènwa pafwa. Se petèt paske nou pèdi yon moun ki chè pou nou, oubyen nou gen yon timoun ki kite wout levanjil la, oubyen nou resevwa yon move rezilta medikal, oubyen nou rankontre pwoblèm pwofesyonèl e nou kofre anba dout ak laperèz, oubyen nou santi nou poukont nou oubyen moun pa renmen nou.

Men, menm lè nou santi nou depase pa pwoblèm ke nou genyen kounyeya, Bondye pwomèt esperans limyè li; li pwomèt pou li klere wout ki devan nou an epi montre nou mwayen pou nou sòti nan fènwa.

Yon chanm plonje nan fènwa

Mwen ta renmen pale nou de yon fi ki te grandi nan yon chanm plonje nan fènwa---m ap rele l Jeanne.

Depi lè Jeanne te gen twazan, yo te toujou ap bat li, yo fè l santi li pa anyen, epi abize l. Yo te menase l epi pase l nan betiz. Chak maten li te konn leve san li pa konnen si l ap wè demen. Moun ki ta dwe pwoteje l yo se yo menm ki tap fèl pase mizè oswa pèmèt move tretman yo kontinye.

Pou l te ka pwoteje tèt li, Jeanne te aprann sispann gen santiman. Li pat gen okenn espwa delivrans, kidonk li te fè tèt li vin andisi emosyonèlman pou l te ka reziste anba reyalite òrib li tap viv la. Pat gen limyè nan mond pa l la, li te vin reziyen l ak fènwa a. Avèk yon endiferans ki ka soti sèlman nan kontak san rete e san pitye ak mal, li te aksepte ke li ta ka mouri nenpòt lè.

Epi lè l te gen 18 an, Jeanne te vin dekouvri Legliz Jezi pou Sen Dènye Jou yo. Lajwa ak espwa levanjil retabli a te rantre nan kè l, e li te aksepte envitasyon pou l batize. Se premye fwa limyè te rantre nan lavi l, li te wè yon chimen klere devan je l. Li te kite lavi fènwa a e li te deside al lekòl trè lwen moun ki te konn abize l la. Anfen li te santi l libere anba anviwonman fènwa ak mal -- lib poul jwi lapè Sovè a ak mirak gerizon.

Men, kèk ane apre moun ki te konn abize l la te mouri, move moman ki te pase lè l te piti yo te kontinye ap boulvèse lespri l. Gwo chagren ak kòlè te menase kraze bèl limyè Jeanne te jwenn nan levanjil la. Li te reyalize si li kite fènwa sa a wonje li, moun ki t ap fè l pase mizè a t ap gen laviktwa.

Li te chèche konsèy ak èd psikolojik e li te kòmanse reyalize ke pou li menm, pi bon wout gerizon an se konprann ak aksepte ke fènwa ekziste-men li pa dwe kontinye ap panse avèk li. Paske, jan li te konnen kounyeya, limyè ekziste tou---e se sou sa l te deside pou l te rete.

Akoz de pase difisil li a, Jeanne te ka fasilman vin tounen yon moun ki vle vanje, yon moun dezagreyab ou menm vyolan. Men li pa t vin konsa. Li te reziste anba tantasyon pou l repann fènwa nan refize kite kòlè, santiman blese yo wonje li. Olye sa, li te akwoche l byen fèm nan esperans ke, avèk èd Bondye, li t ap kapab geri. Li te deside ke l t ap yon sous limyè e li te konsakre lavi l nan ede lòt moun. Desizyon sa a te pèmèt li kite lepase dèyè pou l te gen aksè ak yon avni gloriye.

Li vin tounen yon pwofesè lekòl, e kounyeya, anpil ane apre, lanmou li chanje lavi plizyè santèn timoun, ede yo konnen ke yo gen valè e ke yo enpòtan. Li vin tounen yon gwo defansè moun ki fèb yo, moun ki viktim yo, moun ki dekouraje yo. Li edifye, fòtifye, epi enspire tout mounn ki bò kote l.

Jeanne te vin aprann ke gerizon vini lè nou elwaye nou de fènwa epi nou mache vè esperans yon limyè ki pi klere. Sete lè l te mete lafwa li, esperans li ak charite li an pratik ke l te non sèlman transfòme pwòp vi pa li, men li te pote enfliyans benefik nan lavi anpil, anpil lòt moun.

Limyè atache a Limyè

Petèt nan pami nou, gen moun ki santi fènwa anvayi yo. Ou gen dwa petèt santi ou akable pa fado enkyetid, laperèz, oswa dout. M ap repete pou oumenm e pou nou tout, yon bèl verite e yon verite san melanj: Limyè bondye se yon reyalite. Li disponib pou tout moun! Li bay tout bagay lavi.1 Li gen pouvwa pou l adousi soufrans blesi ki pi pwofon an. Li kapab yon medikaman pou geri moun ki nan solitid ak moun ki malad nan nanm yo. Nan moman dezespwa, li kapab plante semans yon esperans ki pi briyan. Li kapab mete lajwa menm nan moman pi gwo chagren yo. Li ka klere chemen devan nou epi gide nou atravè lanwit fènwa pou fè nou antre nan pwomès yon nouvo jou ki ap kòmanse.

Sa se “Lespri Jezikri”, ki bay tout moun ki vin nan mond lan limyè” a.2

Men, li ra pou limyè espirityèl al jwenn moun ki chita nan fènwa ap tann yon moun limen limyè a pou yo. Sa mande pou nou aji avèk lafwa pou nou ouvri je nou devan limyè Jezikri a. Je chanèl nou pa ka rekonèt limyè espirityèl la. Jezi Kri limenm te anseye nou: “Mwen se limyè ki klere nan fènwa yo e fènwa yo pa konprann li.”3 Paske “Yon moun ki pa gen Lespri Bondye a nan kè l pa ka asepte verite ki soti nan Lespri Bondye a. Pou li, se pawòl moun fou yo ye. Li pa kapab konprann yo, paske se Lespri Bondye a ki pou ede l konprann yo.”4

Konsa, kijan nou kapab louvri je nou pou nou rekonèt esperans limyè Bondye a?

Premyèman, kòmanse kote ou ye la a.

Èske se pa yon bèl bagay pou nou konnen nou pa oblije pafè pou nou resevwa tout benediksyon ak don Bondye Papa nou ki nan Syèl al? Nou pa bezwen tann jis lè nou vin pafè pou nou resevwa benediksyon Bondye yo. Alaverite, benediksyon yo kòmanse tonbe sou nou menm lè nou fèk wè limyè a.

Pi bon kote pou kòmanse a se egzakteman kote ou ye la a kounyeya. Keseswa ou panse ou pa merite sa oubyen ou santi ou byen lwen dèyè parapò a lòt moun. Nan moman menm ou kòmanse chèche Papa w ki nan Syèl la, se nan moman sa a menm esperans limyè l la ap kòmanse reveye, anime, epi fè nanm ou vin pi nòb.5 Fènwa yo gen dwa pa disparèt yon sèl kou men, osi sèten ke lanwit toujou fè plas a douvan jou, limyè a ap vini.

Dezyèmman, tounen kè w bay Senyè a.

Leve nanm ou nan lapriyè epi eksplike Papa w ki nan Syèl la sa w santi. Rekonèt defo w yo. Devèse kè w epi di l rekonesans ou. Fè l konnen eprèv w ap rankontre yo. Mande l fòs ak sipò nan non Kris la. Mande l pou zòrèy ou ka ouvri pou ou ka tande vwa li. Mande l pou je w ka louvri pou ou ka wè limyè li

Twazyèmmna, mache nan limyè a.

Papa w ki nan Syèl la konnen w ap fè erè. Li konnen w ap fè fo pa--- anpil fwa petèt. Sa fè l tris, men li renmen ou. Li pa vle brize lespri ou. Okontrè, li vle ou kanpe epi vin tounen moun ou te dwe ye a.

Se pou tèt sa, Li te voye Pitit Gason l lan pou l klere chemen an epi montre nou kijan pou nou pase an sekirite atravè pyèdachopman ki sou wout nou yo. Li ban nou levanjil la, ki montre nou chemen disip la. Li anseye nou sa nou dwe konnen, sa nou dwe fè, ak sa nou dwe ye pou nou ka mache nan limyè l la, pandan n ap suiv tras pye Pitit Gason Byeneme l la, Sovè nou an.

Limyè simonte fènwa

Wi, nou ap fè erè.

Wi, nou ap febli.

Men, si nou chèche ogmante lanmou nou pou Bondye epi fè efò pou nou renmen pwochen nou yo, limyè levanjil la ap antoure nou epi mete nou pi wo. Fènwa ap disparèt kanmenm, paske li pa ka rete nan prezans limyè. Amezi n ap vin pi pre Bondye, l ap vin pi pre nou.6 Epi, jou apre jou, esperans limyè Bondye ap grandi nan nou, “l ap vin pi klere chak jou jiskaske jou pafè a rive.”7

M ap envite nou tout ki gen enpresyon ke nou ap mache nan fènwa yo pou nou mete konfyans nan pwomès sèten sa a ke Sovè nou an te fè lèzòm nan: “Mwen se limyè mond lan; moun ki swiv mwen va gen limyè ki bay lavi a. Yo p ap janm mache nan fènwa.”8

Yon limyè an Afrik

Sa gen kèk ane, madanm mwen, Harriet, avèk mwen te viv yon kokennchenn eksperyans kote nou te wè pwomès sa a akonpli. Nou te nan Afrik de Lwès, yon bèl kote nan mond lan kote Legliz la ap pwogrese e Sen Dènye Jou yo adorab. Sepandan, Afrik de Lwès gen anpil pwoblèm tou. Espesyalman, kè m te fèm mal lèm te wè kijan moun yo pòv. Nan vil yo, gen anpil moun ki nan chomaj e souvan fanmi yo ap lite pou satisfè bezwen toulèjou yo ak sekirite yo. Kè m te dechire lè m te aprann anpil nan manm presye Legliz la tap viv nan move kondisyon sa yo. Men mwen te aprann tou ke bon kalite manm sa yo viv nan youn ede lòt yon fason pou oun soulaje fado lòt.

Nou te rive finalman nan youn nan kat chapèl nou yo, ki toupre yon gwo vil. Men olye nou te jwenn yon pèp ki akable e ki te plonje nan fènwa, nou te dekouvri yon pèp ki te gen anpil lajwa e ki te reyone ak limyè. Kè kontan yo te santi pou levanjil la te kontajye e sa te ankouraje nou. Nou te santi nou piti devan lanmou yo te montre pou nou. Souri yo te sensè e sa te fè nou souri tou.

Mwen sonje m te mande tèt mwen nan moman an, si te kapab gen yon pèp pi kontan pase yo sou tout tè a. Menm lè bon Sen sa yo te chaje ak difikilte ak eprèv, yo te ranpli avèk limyè!

Reyinyon an te kòmanse e mwen te kòmanse pale. Men byenvit yo te pran kouran nan chapèl la epi nou te twouve nou nan yon gwo fènwa.

Pandan yon moman mwen pa t kapab wè okenn moun nan sal la, men m te kapab wè ak santi bèl souri eklatan Sen nou yo. Oh! ala kontan m te kontan nan konpayi bon moun sa yo!

Blakawout nan chapèl la te kontinye, konsa mwen te chita bò kot madanm mwen pou m te tann yo rebay limyè a. Pandan nou tap tann nan gen yon gwo bagay ki te pase.

Kèk moun te kòmanse chante youn nan kantik Retablisman yo. Epi kèk lòt te antre nan chante a tou. Epi anpil lòt te pran chante tou. Byenvit, yon gwo koral mèveye te ranpli chapèl la.

Manm sa yo nan Legliz la pat bezwen liv chan; yo te konn chak mo nan chak chante yo te chante. E yo te chante kantik yo youn aprè lòt avèk yon enèji ak yon espri ki te touche nanm mwen.

Finalman, yo te rebay kouran an epi limyè te anvayi sal la. Harriet te gade m, mwen te gade Harriet, dlo tap koule nan je nou.

Nan mitan gwo fènwa a, bèl Sen mèveye sa yo te ranpli chapèl la ak nanm nou avèk limyè.

Se te yon moman ki te ranpli ak emosyon pou nou-yon moman ke Harriet avèk mwen pap janm bliye.

Vini nan limyè a

Wi, de tanzantan fènwa kapab afekte lavi nou ou menm anvlope li. Pafwa, lanwit ki anvironnen nou an ka parèt opresan, dekourajan, e efreyan.

Kè m fè m mal pou kantite doulè kèk nan nou genyen, pou moun ki rete poukont yo e pou tout lapèrèz kap toumante nou yo.

Men, m ap rann temwayaj ke esperans vivan nou se nan Jezikri li ye! Li se veritab aksè, san melanj ak pisan nan limyè divin nan.

Mwen temwaye ke avèk Kris la, fènwa pa ka genyen batay la. Fènwa pap gen laviktwa sou limyè Kris la.

Mwen rann temwayaj ke fènwa pa ka kanpe devan limyè eklatan Pitit gason Bondye vivan an!

Map envite nou chak pou nou louvri kè nou ba Li. Chèche l nan etid ak nan lapriyè. Vini nan Legliz Li a, Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Aprann nan men li ak nan levanjil li a, patisipe aktivman, se pou youn ede lòt, epi sèvi Bondye nou an avèk kè kontan.

Frè m ak sè m yo, menm apre nuit ki pi fènwa a, Sovè mond lan ap kondui nou mennen nou nan yon nouvo jou gradyèl, dous, e briyan k ap leve anndan nou.

Pandan n ap mache pou nou al nan esperans limyè Bondye a, n ap dekouvri konpasyon, lanmou, ak bonte yon Pè Selès ki renmen nou, “ki pa gen fèwa ditou nan li.”9 Mwen temwaye de sa nan non Jezikri, Amèn.