2017
Pa pè fè byen
November 2017


Mesaj Premye Prezidans, Novanm 2017

Pa pè fè byen

Senyè a di nou lè nou kanpe ak lafwa sou wòch li, dout ak laperèz diminye; dezi pou fè byen ogmante.

Chè frè m ak sè m yo, mwen priye enbleman pou Lespri Senyè a avèk nou pandan m ap pale jodia. Kè m ranpli ak rekonesans pou Senyè a, ki se mèt Legliz sa a, pou enspirasyon nou te santi nan priyè fèvan, diskou enspire, ak chante anjelik yo nan konferans sa a.

An Avril dènye, Prezidan Thomas S. Monson te bay yon mesaj ki te pwofondeman touche kè moun nan tout mond lan, enkli kè pa m. Li te pale de pouvwa Liv Mòmon an. Li te priye nou pou n etidye, medite, ak aplike ansèyman l yo. Li te pwomèt si nou te pase yon ti tan chak jou ap etidye ak medite ak kenbe kòmandman Liv Mòmon an genyen yo, nou t ap vin gen yon temwayaj enpòtan sou verasite li, epi temwayaj nou t ap resevwa konsènan Kris vivan an t ap ede nou andire nan moman twoub yo. (Gade “The Power of the Book of Mormon,” Liahona, Me 2017, 86–87.)

Tankou anpil nan nou, m te tande pawòl pwofèt la tankou sete vwa Senyè a ki t ap pale avè m. Epi, tankou anpil nan nou tou, m te deside obeyi pawòl sa yo. Depi m te yon jèn tigason, m te konn santi temwayaj ke Liv Mòmon an se pawòl Bondye, Papa a ak Pitit la te parèt epi yo te pale avèk Joseph Smith, epi Ansyen Apot te vin jwenn Pwofèt Joseph pou te retabli kle prètriz yo nan Legliz Senyè a.

Avèk temwayaj sa a, m te li Liv Mòmon an chak jou pandan plis pase 50 tan. Konsa, petèt m te ka rezonabman panse ke pawòl Prezidan Monson yo sete pou yon lòt moun. Men, tankou anpil nan nou, m te santi ankourajman pwofèt la ak pwomès li a envite m pou te fè yon pi gwo efò. Anpil nan nou te fè sa m te fè a: priye avèk pi gwo entansyon, medite ekriti yo avèk plis entansite, epi eseye pi plis pou n sèvi Senyè a ak lòt moun pou li.

Bèl rezilta a pou mwen, ak pou anpil nan nou, sete sa pwofèt la te pwomèt la. Sila nan pami nou yo ki te koute konsèy enspire l la te tande Lespri a pi klè. Nou te jwenn yon pi gwo pouvwa pou n reziste anba tantasyon epi nou te santi pi gwo lafwa nan yon Jezikri resisite, nan levanjil li a, ak nan legliz vivan l lan.

Nan yon epòk ki gen si gwo boulvès nan mond lan, ogmantasyon sa yo nan temwayaj nou an ap chase krent ak laperèz epi yo pote santiman lapè pou nou. Koute konsèy Prezidan Monson nan te fè de efè ekstraòdinè {nb}sou mwen: Premyèman, Lespri l te pwomèt la te pwodui yon santiman optimis sou sa k ap tann devan yo, menm pandan ajitasyon nan mond lan sanble l ap ogmante. Epi, dezyèmman, Senyè a bay mwenmenm—avèk ou—yon pi gwo santiman lanmou toujou pou moun ki nan detrès. Nou te santi yon pi gwo dezi pou n al pote lòt moun sekou. Dezi sa a sete esans ministè ak ansèyman Prezidan Monson.

Senyè a te pwomèt Pwofèt Joseph Smith ak Oliver Cowdery lanmou pou lòt moun ak kouraj lè tach ki t ap tann yo a te sanble l depasan. Senyè a te di kouraj sa a yo te bezwen an t ap soti nan lafwa yo nan Li kòm wòk yo: Senyè a te di kouraj sa a yo te bezwen an t ap soti nan lafwa yo nan Li kòm wòk yo:

Pa pè fè byen, pitit gason m yo, paske nenpòt sa nou simen, se sa n ap rekòlte; se poutèt sa, si nou simen byen, n ap rekòlte byen tou kòm rekonpans.

Se poutèt sa, pa pè, ti twoupo; fè byen; kite tè ak lanfè mete ansanm kont nou, paske si nou bati sou wòch mwen an, yo pa kapab gen viktwa.

Gade, m pa kondane nou; ale fè wout nou epi pa fè peche ankò; akonpli travay m te kòmande nou an avèk lespri nou klè.

Gade sou mwen nan chak panse; pa doute, pa pè.

Gade blese ki te pèse bò kòt mwen yo, epi tou gade mak klou yo nan men m yo ak pye m yo; rete fidèl, respekte kòmandman m yo, epi n ap eritye wayòm syèl la. (D&A 6:33–37).

Senyè a te di dirijan Retablisman yo, e Li di nou, lè nou kanpe ak lafwa sou wòch li, dout ak laperèz diminye; dezi pou n fè byen ogmante. Si nou aksepte envitasyon Prezidan Monson nan pou plante yon temwayaj Jezikri nan kè ò nou an, n ap jwenn pouvwa, dezi, ak kouraj pou n al pote lòt moun sekou san sousye de pwòp bezwen pa nou.

Mwen wè lafwa ak kouraj sa a plizyè fwa lè Sen Dènye Jou kwayan ap travèse eprèv terib. Paregzanp, m te nan Idaho lè baraj Teton an te kraze jou 5 Jen 1976 la. Yon mi dlo te desann. Dèmilye moun te kouri kite kay yo . Dè milye kay ak biznis te detwi. Mirakilezman, te gen mwens pase 15 moun ki te mouri.

Sa m te wè kote sa a, se sa m konn wè kèlkeswa lè Sen Dènye Jou kanpe fèm sou wòch yon temwayaj konsènan Jezikri. Paske yo pa gen dout ke l ap veye sou yo, yo vin san krent. Yo inyore pwòp eprèv pa yo pou y al pote lòt moun sekou. Epi yo fè sa pa amou pou Senyè a, san mande rekonpans.

Paregzanp, lè Baraj Teton an te kase a, yon koup Sen Dènye Jou te nan vwayaj, dè santèn kilomèt lwen lakay yo. Osito yo te tande nouvèl yo nan radyo, yo te kouri retounen Rexburg. Olye ke yo t al lakay yo pou yo te wè si l te detwi, yo t al chèche evèk yo a. Li te nan yon bilding yo te itilize kòm sant rekiperasyon. Li t ap ede dirije dè milye volontè ki t ap rive nan bis lekòl jòn yo.

Koup la te mache al jwenn evèk la epi yo te di: “Nou fè k retounen. Evèk, ki kote nou ka ede? Li te ba yo non yon fanmi. Koup sa a te rete ap retire labou ak dlo nan yon kay apre lòt. Yo te travay maten rive jis aswè pandan dè jou. Yo te finalman pran yon poz pou yo t al wè sa k te rive pwòp kay pa yo a. Li t ale nan inondasyon an, pa t gen anyen rete pou yo te netwaye. Konsa, yo te retounen vit kot evèk la ankò. Yo te mande: “Evèk, èske w gen yon moun pou nou ede?”

Mirak kouraj ak charite an silans sa a—amou pi Kris la—te repete plizyè fwa atravè ane yo ak nan tout mond lan. Sa te rive nan jou terib pèsekisyon ak jijman nan epòk Pwofèt Joseph Smith la nan Missouri. Sa te rive lè Brigham Young te dirije egzòd la soti Novou epi rele Sen yo nan lye dezè yo toupatou nan Lwès Etazini, pou youn ede lòt kreye Siyon pou Senyè a.

Si w li sa k ekri nan jounal pyonye sa yo, w ap wè mirak lafwa ki chase dout ak laperèz. Epi w ap li konsènan Sen ki kite pwòp enterè yo dèyè pou ede yon lòt moun pou Senyè a, anvan yo retounen al jwenn pwòp twoupo pa yo oubyen pwòp jaden pa yo ki poko plante.

M te wè menm mirak sa a sa gen kèlke jou sèlman apre pasaj Siklòn Irma a nan Pòto Riko, Saint Thomas, ak an Florid, kote Sen Dènye Jou yo te mete ansanm ak lòt legliz, gwoup kominote lokal, ak òganizasyon nasyonal pou yo te kòmanse fè netwayaj yo.

Tankou zanmi m yo nan Rexburg la, yon koup ki pa manm Legliz la nan Florid te konsantre l sou ede kominote a olye ke yo t al travay sou pwòp pwopriyete pa yo. Lè kèk vwazen ki se manm legliz la te ofri pou te ede yo avèk de gwo pyebwa ki te bloke antre lakay yo a, koup la te eksplike ke yo te depase epi yo te si angaje nan ede lòt moun, paske yo te gen lafwa ke Senyè a t ap bayo èd yo te bezwen an pou kay pa yo a. Epi mari a te di ke, anvan manm legliz nou yo te rive pou vin mande pou ede yo a, koup la t ap priye. Yo te resevwa yon repons ki te di èd ap vini. Èd la te rive tousuit apre asirans sa a. Yo te resevwa yon repons ki te di èd ap vini. Èd la te rive tousuit apre asirans sa a.

M te tande yon rapò ki te di kèk moun te kòmanse rele Sen Dènye Jou ki te gen mayo jòn Men Edan an sou yo “Zanj Jòn yo.” Yon Sen Dènye Jou te mennen machin ni vini pou ede, epi mesye ki t ap ede l la te dekri “eksperans spirityèl” li te fè lè moun ki te abiye ak mayo jòn yo te retire pyebwa ki te tonbe nan lakou l yo epi apresa, li te di, yo “te chante yon kantik pou mwen ki te rele m se yon pitit Bondye.”

Yon lòt rezidan nan Florid—ki pa manm Legliz la tou—te rakonte ke Sen Dènye Jou yo te vin lakay li pandan l t ap travay nan jaden l lan ki te devaste epi pandan l te santi l dekouraje, li te cho e l te prèske pou kriye. Nan pwòp mo pa li, volontè yo te kreye “yon vrè mirak.” Yo te sèvi non sèlman ak dilijans men avèk ri ak souri tou, epi, yo pa t aksepte anyen anretou.

Mwen te wè dilijans sa a e m te tande ri sa yo lè, byen ta yon jou Samdi, m t al vizite yon gwoup Sen Dènye Jou nan Florid. Volontè yo te stope travay netwayaj la pou yo te ka kite m ba yo lamen. Yo te di te gen 90 manm nan pieu yo a nan Georgie ki te kreye yon plan pou te vin pote sekou an Florid egzakteman nan lavèy.

Yo te kite Georgie a 4:00 dimaten, yo te kondui pandan plizyè èdtan, yo te travay tout lajounen ak lannuit la, epi yo te planifye pou yo te travay ankò nan demen.

Yo te dekri m tout bagay sa yo avèk souri ak bòn imè. Sèl strès m te santi yo te genyen se paske yo te vle m sispann remèsye yo pou yo te ka retounen al travay. Prezidan pieu a te redemare si ameto li epi l t al travay pou koupe yon pyebwa epi yon evèk t ap deplase branch bwa pandan nou t al nan machin nou pou n t al vizite nan pwochen ekip sekou a.

Pi bonè nan jounen sa a, pandan nou t ap derape soti nan yon lòt sit, yon mesye te mache vin bò machin nan, }li te retire kepi li, epi l te remèsye nou pou volontè yo. Li te di: “Mwen pa manm Legliz nou an. M pa ka kwè sa n fè pou nou la a. Se pou Bondye beni nou.” Volontè SDJ abiye ak mayo jòn ki te kanpe bò kote l la te souri epi l te sekwe zepòl li, kòmsi li pa t merite okenn lwanj.

Pandan volontè k te soti Georgie yo te vin ede mesye sa a ki pa ka kwè sa a , dè santèn Sen Dènye Jou ki te soti nan pati ki te devaste nan Florid yo te pati sou dè santèn kilomèt al nan sid pou yo t al nan yon lòt kote nan Florid la kote yo te tande te gen moun siklòn nan te frape anpil.

Jou sa a, mwen te sonje, e m te pi byen konprann pawòl pwofesik Pwofèt Joseph Smith yo te di yo: “Yon moun ki ranpli ak lanmou Bondye pa dwe kontante l pou chèche benediksyon pou fanmi l sèlman, men se pou l mache nan tout mond lan, ap chèche fè byen pou tout kretyen vivan” (Enseignements des présidents de l’église: Joseph Smith [2007], 426).

Nou wè lanmou sa a nan lavi Sen Dènye Jou yo toupatou. Chak fwa gen yon evenman trajik nenpòt kote nan mond lan, Sen Dènye Jou yo bay don epi yo pòte yo volontè nan travay imanitè Legliz la. Yo pa menm bezwen yo rele yo. Anfèt, nan kèk okazyon, nou konn oblije mande moun ki vle al volontè yo pou yo ret tann anvan yo vwayaje al nan lye sekou yo jiskaske moun k ap dirije travay la pare pou resevwa yo.

Dezi sa a pou beni an se fwi yon pèp ki gen yon temwayaj konsènan Jezikri, konsènan levanjil Li a, Legliz retabli L la, ak pwofèt Li a. Se poutèt sa pèp Senyè a pa doute ni yo pa pè. Se poutèt sa misyonè yo volontè pou yo sèvi nan tout kwen nan mond lan. Se poutèt sa paran yo priye avèk pitit yo pou lòt moun. Se poutèt sa dirijan yo mande jèn yo pou yo koute demann Prezidan Monson nan pou yo plonje yo nan Liv Mòmon an. Rekonpans lan vini non paske dirijan yo prese yo men paske jèn yo aji ak lafwa. Lafwa sa a, lè yo pouse l alaksyon—sa k mande sakrifis—pote chanjman nan kè ki pèmèt yo santi amou Bondye.

Men, kè nou ap rete chanje sèlman si nou kontinye suiv konsèy pwofèt la. Si nou sispann eseye apre yon grenn ti efò, chanjman an aprale.

Sen Dènye Jou fidèl yo ogmante lafwa yo nan Senyè Jezikri, nan Liv Mòmon an kòm pawòl Bondye, ak nan retablisman kle prètriz yo nan vrè legliz li a. Temwayaj ogmante sa a ba nou pi plis kouraj ak sousi pou lòt pitit Bondye yo. Men difikilte ak opòtinite k ap tann yo pral mande nou plis pase sa.

Nou pa ka predi detay yo, men nou konn gran imaj la. Nou konnen, nan dènye jou yo, tout tè a pral nan gwo boulvès. Nou konnen, nan mitan kèlkeswa twoub ki vini, Senyè a ap dirije Sen Dènye Jou fidèl yo pou yo pote levanjil Jezikri a bay tout nasyon, fanmi, lang, ak pèp. Epi nou konnen vrè disip Senyè a yo ap diy e prepare pou resevwa li lè l vini ankò. Nou pa bezwen pè.

Konsa, menmsi nou deja bati lafwa ak kouraj nan kè nou, Senyè a espere plis nan men nou—ak nan men jenerasyon apre nou yo. Yo pral bezwen pi solid ak pi brav paske yo pral gen pou yo fè bagay ki menm pi difisil ak pi rèd pase sa nou fè yo. Epi yo pral jwenn pi plis opozisyon nan men enmi nanm nou an.

Se Senyè a ki te bay fason pou nou jwenn optimis pandan n ap avanse a: “Gade sou mwen nan chak panse; pa doute, pa pè.” (D&A 6:36). Prezidan Monson te di nou kijan pou nou fè sa. Nou dwe medite sou Liv Mòmon an ak pawòl pwofèt yo e aplike yo. Toujou priye. Kwè. Sèvi Senyè a ak tout kè nou, ak tout fòs nou, ak tout lespri nou. Nou dwe priye priye avèk tout enèji kè nou pou don charite a, amou pi Kris la (gade Mowoni 7:47–48). Epi, anwo tout bagay, nou dwe konstan ak pèsistan nan suiv konsèy pwofèt yo.

Lè chemen an difisil, nou ka konte sou pwomès Senyè a—pwomès Prezidan Monson raple nou an, kote l toujou site pawòl sa yo Sovè a te di: “Epi nenpòt moun ki resevwa nou, m ap la tou, paske m prale devan nou. M ap sou kote dwat nou ak sou kote goch nou, epi Lespri m ap nan kè nou, epi zanj mwen yo ap alantou nou pou pote nou anlè” (D&A 84:88

Mwen temwaye ke Senyè a aprale devan nou lè se travay li n ap fè. Pafwa se noumenm ki pral zanj Senyè a voye pou pote lòt moun anlè. Pafwa se oumenm k ap antoure pa zanj k ap pote ou anlè. Men w ap toujou gen Lespri li nan kè w, jan ou pwomèt nan chak reyinyon sentsèn nan. Nou pwomèt pou n respekte kòmandman l yo tou.

Gen pi bon jou ki dèyè pou wayòm Bondye a sou tè a. Lopozisyon ap fòtifye lafwa nou nan Jezikri, jan sa te toujou ye depi nan tan Pwofèt Joseph Smith la. Lafwa toujou venk laperèz. Kanpe ansanm pote inite. Epi priyè nou pou moun ki nan nesesite yo, gen yon Bondye eman ki tande yo e ki reponn yo. Li pa janm kabicha ni li pa janm dòmi.

Mwen rann temwayaj ke Bondye Papa a vivan e li vle nou retounen al jwenn ni. Sa a se vrè Legliz Senyè Jezikri a. Li konnen nou; Li renmen nou; e L ap veye sou nou. Li te ekspye pou peche nou ak pa m ak peche tout pitit Papa nou ki nan Syèl la. Suiv li nan lavi nou ak nan sèvi lòt moun se sèl chemen ki mennen nan lavi etènèl.

Mwen temwaye konsènan sa e m kite benedikson m ak lanmou m pou nou. Nan non sakre Jezikri, amèn.