2017
Twa Sè
November 2017


Mesaj vizit nan fwaye, Novanm 2017

Twa Sè

Nou responsab pwòp eta disip nou, e sa pa gen anyen—anyen menm— pou wè avèk fason lòt moun trete nou.

Chè sè m yo, chè zanmi mwen, kòmanse konferans jeneral la avèk yon sesyon pou fi yo nan tout mond lan se yon bagay ki siyifikan e mayifik. Jis imajine: sè tout laj, tout orijin, tout nasyonalite, ak tout lang ki ini nan lafwa ak lanmou pou Senyè a, Jezikri.

Dènyèman, nou te rankontre pwofèt byeneme nou an, Prezidan Thomas S. Monson, epi li te di nou konbyen li renmen Senyè a. E m konnen Prezidan Monson rekonesan anpil pou lanmou nou, priyè nou yo, ak devosyon nou pou Senyè a.

Sa gen lontan, nan yon peyi byen lwen, te gen yon fanmi ki te gen twa sè.

Premye sè a te tris. Tout bagay, soti nan nen l rive nan manton li, epi soti nan po l rive nan zòtèy li, pa t sanble yo te bon ase pou li. Lè l te pale, pawòl li te pafwa sonnen maladwatman, epi moun te konn ri. Lè yon moun te kritike l oubyen te “bliye” envite l nan yon bagay, li te vin tou wouj, li te deplase, epi l t al chèche jwenn yon andwa sekrè kote l te pouse yon soupi byen tris epi mande tèt li poukisa lavi a te si tris e monotòn konsa.

Dezyèm sè a te fache. Li te konsidere tèt li kòm yon moun trè entelijan, men te toujou gen yon lòt moun ki te fè pi gwo nòt pase l nan lekòl. Li te konsidere tèt li kòm yon moun amizan, jis, alamòd e enteresan. Men te toujou sanble gen yon moun ki te pi amizan, pi bèl, pi alamòd, oubyen pi enteresan pase l.

Li pa t janm premye nan anyen, e li pa t ka sipòte bagay sa a. Lavi a pa t sipoze konsa!

Pafwa li te konn lache sou lòt moun, epi li te toujou prèt pou l santi l endiye pa yon bagay oswa yon lòt.

Natirèlman, sa pa t rann ni pi senpatik ni popilè. Pafwa li te sere dan li, sere pwen li, epi l te panse: “Lavi a pa jis!”

Epi te gen twazyèm sè a. Epi te gen twazyèm sè a. Kontrèman ak sè tris ak sè fache l la, li te—kontan. E se pa t paske l te pi entelijan ni pi bèl ni pi kapab pase sè l yo. Non, pafwa moun te konn evite l oubyen inyore l tou. Yo te konn pafwa moke sa l te mete oubyen sa l t ap di. Pafwa yo te konn di bagay mechan sou li. Men li pa t kite anyen nan bagay sa yo deranje li.

Sè sa a te renmen chante. Li pa t gen bèl vwa, epi moun te konn ri l pou sa, men sa pa t stope li. Li te konn di: “Mwen p ap kite opinyon lòt moun anpeche m chante!”

Lefèt menm ke l te kontinye ap chante a te fè premye sè l la tris epi dezyèm sè l la fache.

Ane te pase, epi finalman, chak sè sa yo te rive nan fen lavi yo sou tè a.

Premye sè a, ki te toujou ap dekouvri ke te gen anpil desepsyon nan lavi a, te finalman mouri tris.

Dezyèm nan, ki chak jou te konn jwenn yon nouvo bagay pou l pa t renmen, te mouri, fache.

Epi twazyèm sè a, ki te pase lavi l ap chante ak tout kè li ak yon souri konfyan sou figi li, te mouri kontan.

Natirèlman, lavi pa janm osi senp konsa, epi, moun pa janm osi senp ak enchanjab tankou twa sè yo nan istwa sa a. Men, menm egzanp ekstrèm tankou sa yo kapab anseye nou yon bagay osijè tèt nou. Si w menmjan ak pifò nan noumenm, ou ka rekonèt pati pa w la nan youn, de, oubyen petèt twa sè sa yo. Ann gade yo chak pi pre.

Viktim nan

Premye sè a te wè tèt li kòm yon viktim—kòm yon moun ki te sibi aksyon lòt moun.1 Sete kòmsi yon bagay oubyen yon lòt te toujou rive pou te rann ni mizerab. Ak apwòch sa a nan lavi, li te bay lòt moun kontwòl sou fason l te santi l ak konpòte l. Lè nou fè sa, nou kite chak grenn van opinyon pote nou ale—e, nan epòk kote medya sosyal toujou prezan sa a, van sa yo soufle tankou siklòn.

Chè m yo, poukisa pou n abandone bonè nou nan men yon moun, oubyen yon gwoup moun, ki pa menm sousye de nou ni de bonè nou?

Si w twouve w ap sousye pou sa lòt moun ap di sou ou, kite m sigjere w remèd sa a: sonje kiyès ou ye. Sonje w soti nan mezon wayal wayòm Bondye a, pitit fi Paran Selès, ki reye sou tout inivè a.

Ou gen ADN espirityèl Bondye. Ou gen don unique ki soti nan kreyasyon spirityèl ou, ki te devlope pandan gwo entèval lavi premòtèl ou a. Ou se pitit Pè Selès mizerikòdye ak etènèl nou an, Senyè Lame yo, Moun ki kreye inivè a, ki simaye zetwal k ap vire atravè tout etandi lespas la, epi ki plase planèt yo nan òbit respektif yo.

Ou nan men li.

Trè bon men.

Men eman.

Men ki sousye.

Epi, pa gen anyen yon moun di sou ou ki kapab chanje sa. Pawòl yo san sans konpare ak sa Bondye di osijè oumenm.

Ou se pitit presye li.

Li renmen ou.

Menm lè w bite, menm lè w vire do ba li, Bondye renmen ou. Si w santi w pèdi, abandone, oubyen bliye—pa pè. Bon Bèje a ap jwenn ou. L ap leve w mete sou zepòl li. Epi l ap pote w retounen lakay.2

Chè sè m yo, tanpri, kite verite divin sa yo penetre byen fon nan kè nou. Epi n ap wè gen anpil rezon pou n pa tris, paske nou gen yon destine etènèl pou n akonpli.

Sovè byeneme mond lan te bay lavi l pou w te kapab chwazi pou w fè destine sa a vin yon reyalite. Ou te pran non l sou ou; ou se disip li. Epi, gras avèk li, ou ka abiye tèt ou ak rad laglwa etènèl.

Moun ki rayi a

Dezyèm sè a te fache kont tout mond lan. Tankou sè tris li a, li te santi tout pwoblèm lavi l yo te rive akoz yon lòt moun. Li te blame fanmi li, zanmi li, patwon li ak kòlèg li yo, lapolis, vwazen yo, dirijan Legliz yo, tandans lamòd aktyèl yo, entansite fize solè yo, ak senp malchans. Epi li te lache sou yo tout.

Li pa t konsidere tèt li tankou yon move moun. Okontrè, li te santi ke l te sèlman ap defann tèt li. Li te kwè ke tout lòt moun te motive pa egoyis, meskinri ak rayiman. Limenm, yon lòtbò, te motive pa bon entansyon—jistis, entegrite, ak lanmou.

Malerezman, fason sè fache a te panse a se yon bagay ki trè komen. Yo te note sa nan yon etid resan ki te eksplore konfli ant gwoup rival. Kòm pati etid la, anketè yo te entèvyouve Palestinyen ak Izreayelit nan Mwayen Oryan an, ak Repibliken ak Demokrat nan Etazini. Yo te dekouvri ke, “yo chak te panse ke gwoup pa yo a te motive pa lanmou plis pase rayiman, men lè yo te mande yo poukisa gwoup rival yo a te enplike nan konfli a, yo te di ke sete rayiman ki se faktè ki motive lòt gwoup la .”3

Otremadi, chak gwoup te konsidere tèt yo kòm “bon moun”—jis, janti, ak sensè. Men, yo te wè rival yo tankou “move moun”—ki te inyoran, malonèt, e menm mechan.

Nan ane m te fèt la, mond lan te plonje nan yon lagè terib ki te pote doulè atwòs ak soufrans ravajan nan mond lan. Lagè sa a te deklanche pa pwòp peyi mwen—pa yon gwoup moun ki te idantifye kèk lòt gwoup kòm mechan e ki te ankouraje moun rayi yo.

Yo te fèmen bouch moun yo pa t renmen yo. Yo te imilye yo e fè konnen yo sete dyab. Yo te konsidere yo enferyè—menm mwens pase èt imen. Lè w degrade yon gwoup moun, w ap toujou jistifye pawòl ak zak vyolans ou fè kont yo.

Mwen fremi lè m panse ak sa k te rive nan Almay 20tyèm syèk la.

Lè yon moun opoze oubyen pa dakò avèk nou, nou gen tandans asime ke dwe gen yon bagay ki pa mache nan yo. Epi, apati panse sa a, se trè fasil pou n jwenn pi move motif yo nan pawòl yo ak aksyon yo.

Natirèlman, nou dwe toujou defann sa k bon, e gen moman kote nou dwe leve vwa nou pou koz sa a. Men, lè nou fè sa ak kòlè ak rayiman nan kè nou—lè nou atake lòt moun pou blese yo, pou imilye yo, oubyen pou fèmen bouch yo—li pwobab ke nou pa fè sa selon prensip lajistis yo.

Kisa Sovè a te anseye?

“Men, m di nou, renmen enmi nou, beni moun ki modi nou, fè byen ak moun ki rayi nou, e priye pou moun ki maltrete nou ak moun ki pèsekite nou;

“Pou nou kapab vin pitit Papa nou ki nan syèl la.”4

Sa se fason Sovè a. Se premye etap nan kraze baryè ki kreye si anpil kòlè, rayiman, divizyon, ak vyolans nan mond lan.

Nou gen dwa di “Wi, m ta byen dispoze pou renmen enmi m yo—si sèlman yo te dispoze pou fè menm bagay la tou.”

Men, se pa sa k konte, pa vre? Nou responsab pwòp eta disip nou, e sa pa gen anyen pou wè ak fason lòt moun trete nou. Evidamman nou espere ke y ap konpreyansif ak charitab anretou, men, lanmou nou pou yo pa depann de sa yo santi pou nou.

Petèt efò nou pou renmen enmi nou yo ap adousi kè yo e enfliyanse yo an byen. Petèt non. Men, sa pa chanje angajman nou pran pou n suiv Jezikri a.

Konsa, antanke manm Legliz Jezikri a, n ap renmen enmi nou.

N ap simonte kòlè oswa rayiman.

N ap ranpli kè nou ak lanmou pou tout pitit Bondye.

N ap lonje lamen pou beni lòt moun ak sèvi yo—menm moun ki “maltrete nou ak pèsekite nou.”5

Vrè disip la

Twazyèm sè a reprezante vrè disip Jezikri a. Li te fè yon bagay ki ka ekstrèmman difisil pou fèt—li te mete konfyans li nan Bondye menm anfas mokri ak soufrans. Anfèt, li te kenbe lafwa li ak esperans li, malgre mepri ak sinism ki te antoure l yo. Li te viv jwayezman, non pa paske sitiyasyon l te jwaye men paske li te yon moun jwaye.

Pa gen okenn nan nou ki travèse vwayaj lavi a san opozisyon. Ak sitèllman fòs k ap eseye rale nou deyò, kijan nou ka kenbe je nou fikse sou bonè gloriye yo pwomèt fidèl yo?

Mwen kwè nou ka jwenn repons la nan yon rèv yon pwofèt te fè, sa gen dè milye ane. Non pwofèt la se Leyi, epi rèv la ekri nan Liv Mòmon presye ak mèveye nou an.

Nan rèv li a, Leyi te wè yon gwo teren byen laj, te gen yon gwo pyebwa sou li, ki te bèl depase deskripsyon. Li te wè anpil gwoup moun ki t ap mache al nan pyebwa a. Yo te anvi goute bèl fwi l yo. Yo te santi epi yo te konnen li t ap ba yo gwo bonè ak lapè etènèl.

Te gen yon chemen kwense ki te mennen nan pyebwa a, epi toutolon li te gen yon bafè ki te ede moun yo rete sou chemen an. Men te gen yon gouf tenèb tou ki te anpeche yo wè chemen an ak pyebwa a. Epi petèt, sa k te menm pi danjere, te gen son gwo ri ak mokri ki t ap soti nan yon gwo kay byen laj ki te tou pre a. Sa k te terib, sèke mokè yo te menm konvenk kèk moun ki te rive nan pyebwa a e ki te goute bèl fwi l yo e yo te kòmanse santi yo wont e yo te pèdi.6

Petèt yo te kòmanse doute ke fwi a te bèl jan yo te reyèlman panse l te ye a. Petèt yo te kòmanse kesyone reyalite sa yo te fè eksperyans lan. Petèt yo te kòmanse kesyone reyalite sa yo te fè eksperyans lan.

Petèt yo te panse ke si yo te vire al lwen pyebwa a, lavi a t ap pi fasil. Petèt ke moun pa t ap ridikilize yo, ni moke yo ankò. Petèt ke moun pa t ap ridikilize yo, ni moke yo ankò.

Anfèt, moun ki t ap pase yo nan betiz yo te sanble moun ki te gen kè kontan e ki t ap amize yo. Konsa, petèt, si yo ta abandone pyebwa a, yo t ap akeyi yo nan asanble ki te nan gwo kay byen laj la epi yo t ap aplodi yo pou bon jijman yo, entelijans yo ak rafinman yo. Konsa, petèt, si yo ta abandone pyebwa a, yo t ap akeyi yo nan asanble ki te nan gwo kay byen laj la epi yo t ap aplodi yo pou bon jijman yo, entelijans yo ak rafinman yo.

Rete sou chemen an

Chè sè m yo, chè zanmi mwen, si nou twouve l difisil pou n kenbe bafè a e mache fèm al nan sali; si ri ak mokri lòt moun ki sanble yo si konfyan yo fè nou ezite; si nou santi n twouble pa kesyon ki san repons oswa pwen doktrin nou poko konprann; si nou santi n tris akoz desepsyon, mwen egzòte nou pou n sonje rèv Leyi a.

Rete sou chemen an!

Pa janm lache bafè a—pawòl Bondye a!

Epi, lè nenpòt moun ap eseye fè nou wont paske nou patisipe nan lanmou Bondye, inyore yo.

Pa janm bliye, nou se pitit Bondye; gen anpil benediksyon ki sere pou nou; si nou ka aprann fè volonte li, n apral viv avèk li ankò!7

Pwomès elòj ak akseptasyon mond lan pa fyab, ni sensè, ni satisfezan. Pwomès Bondye yo asire, yo vrè, epi yo bèl—kounyeya ak pou tout tan. Pwomès Bondye yo asire, yo vrè, epi yo bèl—kounyeya ak pou tout tan.

M envite nou pou n konsidere relijyon ak lafwa nan yon pèspektiv ki pi wo. Pa gen anyen yo ofri nan gwo kay laj la ki ka konpare avèk fwi ki genyen nan viv levanjil Jezikri a.

Anfèt, “bagay pèsonn pa janm wè, ni okenn moun pa janm tande, bagay okenn moun pa t janm mete nan tèt yo, se sa Bondye prepare pou moun ki renmen li.”8

Mwen aprann pou tèt pa m ke chemen disip nan levanjil Jezikri a se chemen ki mennen nan lajwa. Se chemen ki mennen nan sekirite ak lapè. Se chemen ki mennen nan laverite.

Mwen temwaye ke, atravè don ak pouvwa Sentespri a, nou ka aprann sa pou tèt pa nou.

Pandan tan sa a, si chemen an vin difisil pou ou, m espere w ap jwenn refij ak fòs nan bèl òganizasyon nou yo nan Legliz la—Primè, Jènfi, ak Sosyete Sekou. Yo se tankou pwen ravitayman sou chemen an, kote w ka renouvle konfyans ou ak lafwa ou pou vwayaj k ap tann ou an. Yo se yon fwaye plen sekirite, kote w ka santi ou lakay ou e resevwa ankourajman nan men sè w yo ak disip parèy ou.

Sa w aprann nan Primè yo prepare w pou verite adisyonèl w ap aprann nan jènfi. Chemen disip ou mache nan klas Jènfi a mennen w vin byen entegre nan Sosyete Sekou. Ak chak etap sou chemen an, ou gen opòtinite adisyonèl pou demontre lanmou w pou lòt moun atravè zak lafwa konpasyon, charite, vèti, ak sèvis. Chemen disip ou mache nan klas Jènfi a mennen w vin byen entegre nan Sosyete Sekou. Ak chak etap sou chemen an, ou gen opòtinite adisyonèl pou demontre lanmou w pou lòt moun atravè zak lafwa konpasyon, charite, vèti, ak sèvis.

Chwazi chemen disip sa a ap mennen nan bonè ak akonplisman nati divin nou.

Li pap fasil. Sa ap mande pou n bay tout nou menm—tout entelijans nou, kreyativite nou, lafwa, entegrite, fòs, detèminasyon, ak lanmou nou. Men yon jou, nou va gade dèyè sou efò nou, epi, o, ala nou pral rekonesan dèske nou te rete solid, dèske nou te kwè, epi nou pa t kite chemen an.

Avanse

Gen dwa gen anpil bagay nan lavi a ki depase kontwòl nou. Men, alafen, nou gen pouvwa pou n chwazi destinasyon nou ak anpil nan eksperyans nou sou wout la. Se pa tèlman kapasite nou men chwa nou yo ki fè diferans nan lavi a.9

Nou pa ka kite sikonstans yo fè nou tris.

Nou pa ka kite yo fè nou fache.

Nou ka rejwi dèske nou se pitit fi Bondye. e. Nou ka jwenn lajwa ak bonè nan lagras Bondye ak nan lanmou Jezikri.

Nou ka kontan.

Mwen priye nou pou n ranpli kè nou ak rekonesans pou bonte abondan ak enfini Bondye. Sè byeneme m yo, nou ka fè sa! Mwen priye ak tout nanm mwen pou n ka fè chwa pou avanse al nan pyebwa lavi a. Mwen priye pou n chwazi leve vwa nou e fè lavi nou vin yon senfoni louwanj gloriye, pandan nap rejwi nan sa lanmou Bondye ak mèvèy Legliz li ak levanjil Jezikri a kapab pote pou mond lan.

Kantik vrè disip la kapab sanble l gen move nòt oubyen menm yon ti jan twò fò pou kèk moun. Sa te konsa depi nan kòmansman tan yo. Sa te konsa depi nan kòmansman tan yo.

Men pou Papa nou ki nan Syèl la, ak pou moun ki renmen l ak onore li, se chan ki pi presye ak pi bèl—chan siblim ak sanktifyan lanmou redanmtè ak sèvis pou Bondye ak pou pwochen nou.10

M ap kite nou avèk benediksyon mwen antanke Apot Senyè a, pou nou kapab jwenn fòs ak kouraj pou nou jwayezman efòse nou antanke pitit fi Bondye pandan n ap mache kontan chak jou sou chemen gloriye disip la. Nan non sakre Jezikri, amèn.