2018
Senk bagay bon ekoutè kapab fè
June 2018


Imaj
Ministering

Prensip sèvis, Jen 2018

Senk bagay bon ekoutè kapab fè

Si nou vrèman byen koute, sa ap ede nou konn kijan pou n ede satisfè bezwen espirityèl ak tanporèl lòt moun jan Sovè a t ap fè.

Èldè Jeffrey R. Holland nan Kolèj Douz Apot yo te di: “Petèt sa ki menm pi enpòtan pase pale se koute. … Si nou koute avèk lanmou, nou p ap bezwen mande tèt nou kisa pou n di. N ap resevwa l—pa Lespri a.”1

Koute se yon kalite nou ka aprann. Koute montre lanmou nou pou lòt moun, li ede bati relasyon solid, epi li envite Lespri a pou beni nou avèk don disènman pou ede nou konprann bezwen lòt moun.2 Men senk fason nou ka amelyore fason n ap koute.

1. Bay moun yo tan

Anpil moun bezwen tan pou yo rasanble panse yo anvan yo pale. Ba yo tan pou yo panse defwa anvan ak aprè yo di yon bagay (gade Jak 1:19). Jis paske yo fin pale a pa vle di ke yo fin di tout sa yo te bezwen di. Pa pè silans (gade Jòb 2:11–3:1 ak Alma 18:14–16).

2. Pote atansyon

Nou panse vit pase lòt moun pale. Reziste ak tantasyon pou n vole nan konklizyon oubyen pou n panse davans ak sa nou pral di lè nou fini (gade Pwovèb 18:13). Olyesa, koute avèk entansyon pou nou konprann. Repons nou ap pi bon paske l ap enfòme pa yon pi gwo konpreyansyon.

3. Klarifye

Pa pè poze kesyon k ap klarifye yon bagay nou pa t konprann (gade Mak 9:32). Klarifikasyon ap redui movèz entèpretasyon epi l ap montre enterè nou nan sa k ap di a.

4. Reflechi

Parafraze sa nou tande a ak fason nou konprann lòt moun. Sa ede yo konnen si nou konprann yo epi sa ba yo yon opòtinite pou yo pote klarifikasyon.

5. Chèche pwen komen

Nou gen dwa pa dakò avèk tout sa ki te di, men nou dwe dakò ak sa n kapab san nou pa mal entèprete pwòp sa nou santi. Lè nou agreyab, sa ka ede dezamòse anksyete epi ede nou pa ala defansiv (gade Matye 5:25).

Prezidan Russell M. Nelson te anseye ke nou ta dwe “aprann pou n koute, epi koute pou n aprann youn nan men lòt.”3 Si nou koute avèk entansyon pou n aprann osijè lòt moun, n ap nan yon pi bon pozisyon pou n konprann bezwen yo ak tande enspirasyon sou fason nou ka pran swen moun bò kote nou jan Sovè a t ap fè.

Koute se renmen

Gen yon istwa Èldè Holland ki ilistre pouvwa ki genyen nan koute:

“Zanmi mwen, Troy Russell te fè bak tou dousman avèk machin nan pou l te soti nan garaj li. … Li te santi kawoutchou dèyè a pase sou yon bagay. … Li te soti nan machin nan pou l t al gade epi l te wè ti pitit gason presye l la, Austen, kouche fas anba atè a. … Austen te mouri.

“Enkapab pou l dòmi, enkapab pou l jwenn lapè, Troy te enkonsolab. … Men, nan epòk agonizan sa a te gen … John Manning … ki te vini.

“Franchman m pa konn nan ki frekans John ak jèn konpayon l lan te fè vizit nan kay Russell yo. … Sa m konnen sèke, nan prentan ki sot pase a, Frè Manning te lonje lamen pou l te rale Troy Russell soti nan trajedi twotwa sa a jis menmjan l t ap lonje lamen pou pran ti Austen limenm nan. Tankou … frè nan levanjil li te sipoze ye a, John te senpleman pran responsablite li nan prètriz la pou l te veye sou byennèt Troy Russell epi te pran l anchaj. Li te kòmanse di: ‘Troy, Austen vle pou w retounen sou pye w—ansanm ak sou teren baskèt la—konsa, m ap vini chak maten a 5:15. M vle konnen prè …

“’Troy te di m nan aprè: ’M pa t anvi ale, paske m te toujou konn mennen Austen avèk mwen. … Men, John te ensiste, konsa m t ale. Depi nan premye jou sa a, nou te pale—oubyen m te pale epi John te koute. … Sa te difisil toudabò, men avèk letan, m te reyalize ke m te retwouve fòs mwen gras ak [John Manning}, ki te renmen m epi ki te koute m jiskaske solèy te leve sou lavi m ankò.’”4

Nòt

  1. Jeffrey R. Holland, “Witnesses unto Me,” Liahona, Jiyè 2001, 16.

  2. David A. Bednar, nan “Panèl Diskisyon” (reyinyon fòmasyon mondyal pou dirijan yo, Nov. 2010), broadcasts.lds.org.

  3. Russell M. Nelson, “Listen to Learn,” Ensign, Me 1991, 23.

  4. Jeffrey R. Holland, “Reprezantan Legliz yo,” Liahona,Nov. 2016, 62.