2018
Lonje Men ak Konpasyon
Jiyè 2018


Imaj
Ministering

Prensip Sèvis Jiyè 2018

Lonje Men ak Konpasyon

Lè nou swiv ekzanp konpasyon Sovè a, n ap wè nou ka fè yon diferans nan lavi lòt moun.

Konpasyon se lè nou konsyan de detrès lòt moun epitou lè nou gen yon dezi pou aleje oubyen soulaje l. Yon alyans pou swiv Sovè a se yon alyans konpasyon pou “pote chay youn lòt” (Mozya 18:8). Devwa pou veye sou lòt moun se yon opòtinite pou sèvi jan Senyè a t ap fè sa: ak “konpasyon, pou fè yon diferans” (<66> Jid 1:22</66>). Senyè a te kòmande, “Se pou chak moun montre frè l pitye ak konpasyon” (Zakari 7:9).

Konpasyon Sovè a

Konpasyon se te fòs motè nan ministè Sovè a (gade ba ki a kote a: “Yon Sovè Ki Gen Konpasyon”). Konpasyon L pou pwochen L yo te lakòz Li lonje men bay moun ki bò kote l yo yon pakèt fwa. Li te kapab beni moun epi anseye yo nan yon fason ki te gen enpòtans pou yo paske L te kapab disènen bezwen ak dezi yo. Dezi Sovè a pou L leve nou pou simonte detrès nou te mennen zak konpasyon siprèm nan; Ekspyasyon L pou peche ak pou soufrans jan imen an.

Kapasite L pou L reponn ak bezwen pèp la se yon bagay nou tout ka lite pou li lè n ap rann sèvis. Lè nou viv ak lajistis epi koute chichotman Lespri yo, n ap enspire pou nou lonje men nou nan fason ki itil.

Alyans Konpasyon Nou

Papa nou ki nan Syèl la vle pou pitit Li yo gen Konpasyon (wè 1 Korentyen 12:25-27). Pou n vin vrè disip, nou dwe devlope epi montre konpasyon bay lòt moun, spesyalman pou moun ki nan bezwen (D&A 52:40).

Lè nou pran non Jezikri sou nou atravè alyans batèm nou an, nou temwaye ke nou vle ekzèse konpasyon. Prezidan Henry B Eyring, Dezyèm Konseye nan Premye Prezidans lan, te ansenye don Sentespri a ede nou fè sa: “Nou se yon manm alyans Legliz Jezikri a. …

“Se poutèt sa nou gen yon santiman ki fè nou anvi ede yon moun k ap lite pou l avanse anba yon chay doulè ak difikilte. Nou te pwomèt pou nou ede Senyè a rann fado yo a pi lejè pou yo ka rekonfòte. Nou te resevwa pouvwa pou nou ede soulaje fado sa yo lè nou te resevwa don Sentespri a.”1

Pa ekzanp, yon sè nan Larisi te gen yon sitiyasyon familyal difisil ki te fè l pa ka asiste legliz pandan plis pase yon ane. Yon lòt sè nan branch lan te lonje men ba li ak konpasyon chak Dimanch lè l te rele l pou l te pale l konsènan diskou yo, leson yo, apèl misyonè yo, bebe ki te fèt, ak lòt nouvèl branch lan. Lè sitiyasyon fanmi sè sa a ki pa t ka kite kay la te rezoud, li te santi l toujou fè pati branch lan akoz apèl chak semèn zanmi l lan.

Nòt

  1. Henry B. Eyring, “Konsolatè a,” Lyawona,Me 2015, 18.