2018
Konstwi Relasyon ki gen valè
Out 2018


Imaj
ministering

Prensip Sèvis, Out 2018

Konstwi Relasyon ki gen valè

Nou ogmante kapasite nou pou n pran swen lòt moun lè nou gen relasyon ki gen valè avèk yo.

Envitasyon pou nou rann lòt moun sèvis la se yon opòtinite pou n konstwi relasyon atansyone avèk yo—kalite relasyon ki ap fè yo santi yo konfòtab pou yo mande oubyen aksepte èd nou. Lè nou fè efò pou nou devlope mòd relasyon sa a, Bondye ka chanje lavi sou toude bò relasyon sa a.

Sharon Eubank, Premyè Konseyè nan Prezidans Jeneral Sosyete Sekou a te di “Mwen kwè toutbonvre pa gen okenn chanjman enpòtan san relasyon enpòtan.” Epi pou zak sèvis nou yo transfòme lavi lòt moun, yo dwe “anrasinen nan dezi sensè pou n geri ak koute ak kowopere ak respekte.”1

Relasyon ki gen valè pa yon taktik. Yo konstwi sou baz konpasyon, efò sensè, ak “lanmou enfayib” (D&A 121:41).2

Mwayen pou konstwi ak fòtifye relasyon

Eldè Dieter F. Uchtdorf nan Kolèj Douz Apot yo te di “Nou bati [relasyon] yon sèl moun alafwa,”3 Pandan n ap fè efò pou n bati relasyon ki gen valè ak moun n ap sèvi yo, Sentespri a kapab gide nou. Sigjesyon sa yo baze sou yon modèl Prezidan Uchtdorf te ofri. 4

  • Aprann konsènan yo.

    Prezidan Ezra Taft Benson (1899-1994) te ansenye, “Ou pa ka sèvi moun ou pa byen konnen.” Li te sigjere pou n konn non chak manm fanmi an epi rete okouran evenman enpòtan yo tankou anivèsè, benediksyon, batèm, ak maryaj. Sa bannou opòtinite pou nou ekri yon nòt oubyen fè yon koutfil pou felisite yon manm fanmi an nan yon reyisit oubyen yon akonplisman. 5

  • Pase tan ansanm.

    Yon relasyon pran tan pou l devlope. Chache opòtinite pou n kenbe kontak. Etid demontre ke relasyon ki ansante mande pou nou kite moun konnen nou sousye de yo.6 Vizite moun nou aple pou nou sèvi yo souvan. Pale avèk yo nan legliz la. Itilize kèlkeswa mwayen adisyonèl ki fè sans—tankou imèl, Facebook, Instagram, Twitter, Skype, apèl telefòn oubyen voye yon kat. Eldè Richard G. Scott (1928-2015) nan Kolèj Douz Apot yo te pale konsènan pouvwa ekspresyon lanmou ak sipò ki senp ak kreyatif: “Anpil fwa m konn ouvri ekriti m yo …epi m konn jwenn you nòt afeksyon ak sipò [madanm mwen] Jeanene te glise nan paj yo. … Nòt presye sa yo …kontinye rete yon trezò rekonfò ak enspirasyon san pri.”7

    Epitou, sonje ke yon relasyon bezwen de moun. Ou ka ofri lanmou ak lamitye, men relasyon an pa p grandi amwenske yo aksepte epi fè menm jès la. Si lòt moun nan pa sanble l vle resevwa l, pa fòse relasyon an. Ba l on ti tan pou l wè efò sensè ou, epi si sa nesesè, konseye avèk lidè w yo pou w wè si gen posiblite pou w gen yon relasyon ki gen valè avèk moun nan ou non.

  • Kominike avèk atansyon.

    Konstwi relasyon ki gen valè mande pou nou ale odela sa ki sipèfisyèl. Kominikasyon sipèfisyèl chaje ti pawòl konsènan kalandriye, meteyo, ak lòt pwoblèm minè,men li pa gen pataje santiman, kwayans, objektif, ak sousi ki nesesè pou fè koneksyon ki gen valè. Papa nou ki nan Syèl la te montre nou modèl kominikasyon ki gen valè sa a lè l pataje santiman l ak plan l li avèk Pitit Gason l lan (gade Jan 5:20) epi avèk nou palentèmedyè pwofèt li yo (gade Amòs 3:7). Lè nou youn pataje evenman chak jou yo ak pwoblèm lavi nou yo ak lòt selon jan Lespri a gide nou, nou vin gen yon apresyasyon youn pou lòt pandan n ap jwenn enterè an komen epi pandan n ap pataje eksperyans.

    Koute se yon pati enpòtan nan kominikasyon ki montre ke nou sousye. 8 Lè nou koute avèk atansyon, opòtinite n pou nou ede lòt moun vin jwenn Kris la ogmante pandan n ap akeri konpreyansyon ak ide sou bezwen yo epi pandan y ap santi ke nou renmen yo, nou konprann yo, epi yo ansekirite.

  • Apresye diferans yo osibyen ke bagay nou gen an komen yo.

    Eldè Uchtdorf te di “Gen kèk … moun ki panse Legliz la vle kreye chak manm sou yon sèl modèl—kivledi chak moun dwe sanble ak lòt, santi yo menmjan ak lòt, panse, epi konpòte yo tankou chak lòt.” “Sa t ap kontredi jeni Bondye, ki te kreye chak moun diferan de frè li. …

    “Legliz la pwospere lè nou pwofite divèsite sa a epi nou youn ankouraje lòt pou devlope ak itilize talan nou pou edifye ak fòtifye disip parèy nou yo.”9

    Pou nou renmen lòt moun jan Bondye renmen nou an sa mande pou nou eseye wè lòt moun jan Bondye wè yo a. Prezidan Thomas S. Monson (1927–2018) te ansenye, “Nou dwe devlope kapasite pou nou wè [lòt] moun non pa jan yo ye kounyea men jan yo kapab vin ye.”10 Nou kapab priye pou èd pou nou ka wè lòt moun jan Bondye wè yo. Lè nou trete lòt moun baze sou potansyalite yo pou yo pwogrese, gen anpil chans pou yo simonte defi a.11

  • Sèvi yo.

    Ret sansib ak bezwen moun w ap sèvi yo epi dispoze pou bay tan w ak talan w, keseswa nan moman bezwen oubyen jis paske ou sousye. Ou ka prezan pou pote rekonfò, sipò, ak èd yo bezwen lè gen yon nesesite, yon maladi, oubyen yon sitiyasyon ijans. Men nan twòp relasyon, nou reyaktif. Bondye bannou libabit pou nou ka aji olye ke bagay aji sou nou (gade 2 Nefi 2:14). Menmjan Apot Jan te ansenye ke nou renmen Bondye paske l te renmen nou an premye a (gade 1 Jan 4:19), lè lòt moun santi lanmou sensè nou atravè zak sèvis nou yo, sa ka adousi kè yo epi ogmante lanmou yo ak konfyans yo.12 Sa kreye yon toubiyon zak jantiyès ki ka konstwi relasyon.

Sèvi jan Sovè a te fè

Jezikri te bati relasyon enpòtan avèk disip li yo (gade Jan 11:5). Li te konnen yo (gade Jan 1:47-48). Li te pase tan avèk yo (gade Lik 24:13–31). Kominikasyon li te depase nivo sipèfisyèl (gade Jan 15:15). Li te apresye diferans ki te gen antreyo (gade Matye 9:10) epi li te wè potansyalite yo (gade Jan 17:23). Li te sèvi tout moun, malgre l te Senyè tout bagay, li te di l te vini non pa pou moun sèvi l men pou l te sèvi lòt moun (gade Mak 10:42–45).

Kisa w ap fè pou w ka bati relasyon ki pi solid avèk moun ou aple pou w sèvi yo?

Nòt

  1. Sharon Eubank, nan “Humanitarian Acts Must Be Rooted in Relationship, Sharon Eubank Says,” mormonnewsroom.org.

  2. Gade “Prensip Sèvis: lonje lamen avèk konpasyon,”Lyawona, Jiyè 2018, 6–9.

  3. Dieter F. Uchtdorf, “Konsènan bagay ki pi enpòtan yo” Lyawona, Nov. 2010, 22.

  4. Gade Dieter F. Uchtdorf, “Konsènan bagay ki pi enpòtan yo”

  5. Gade Ezra Taft Benson, “Ak Enstriktè Fwaye Legliz la,” Ensign, Me 1987, 50.

  6. Gade Charles A. Wilkinson and Lauren H. Grill, “Expressing Affection: A Vocabulary of Loving Messages,” in Making Connections: Readings in Relational Communication, ed. Kathleen M. Galvin, 5th ed. (2011), 164–73.

  7. Richard G. Scott, “Benediksyon Etènèl Maryaj,” Lyawona, Me 2011, 96

  8. Gade “Prensip Sèvis Pastoral: Senk bagay moun ki gen bon ekout yo fè,” Lyawona, Jen 2018, 6-9.

  9. Dieter F. Uchtdorf, “Kat Tit,” Lyawona, Me 2013, 59.

  10. Thomas S. Monson, “Wè lòt moun jan yo ka tounen” Lyawona, Nov. 2012, 68.

  11. Gade Terence R. Mitchell ak Denise Daniels, “Motivation,” in Handbook of Psychology vol. 12, ed. Walter C. Borman ak lòt (2003), 229.

  12. Gade Edward J. Lawler, Rebecca Ford, ak Michael D. Large, “Unilateral Initiatives as a Conflict Resolution Strategy,” Social Psychology Quarterly, vol. 62, no. 3 (Sept. 1999), 240–56.