2018
Konsiltasyon konsènan Bezwen Yo
Septanm 2018


Imaj
ministering

Prensip Sèvis, Septanm 2018

Konsiltasyon konsènan Bezwen Yo

Ou pa oblije fè sa poukont ou. Konsiltasyon sa yo kapab founi èd ou bezwen pou ede lòt moun.

Bondye te envite w pou ou sèvi yon moun oubyen yon fanmi nan pawas oubyen branch ou an selon bezwen yo. Kijan ou ka vin konnen sa bezwen sa yo ye? Prensip konsiltasyon an, legliz la konsantre sou li, se kle.

Apre nou diskite sa nou ka konsidere fè konsiltasyon sou li a, nou pral eksplore:

  1. Konsiltasyon avèk Papa nou ki nan Syèl la.

  2. Konsiltasyon avèk moun ak fanmi yo te asiyen nou an.

  3. Konsiltasyon avèk konpanyon nou.

  4. Epi konsiltasyon avèk lòt moun ki gen menm moun oubyen menm fanmi an.

Konsiltasyon avèk dirijan nou yo esansyèl tou. Yon atik Prensip Sèvis k ap vini nan Lyawona a ap eksplore konsiltasyon avèk dirijan yo ansanm ak wòl entèvyou sèvis jwe nan pwosesis sa a.

Sou Kisa Nou Fè Konsiltasyon

Konprann bezwen yo esansyèl pou nou ka sèvi youn lòt. Men ki fòm bezwen sa yo ka pran, epi èske gen yon bagay anplis nou dwe chèche konnen?

Bezwen ka vini sou plizyè fòm. Moun n ap sèvi yo kapab fè fas ak defi ki emosyonèl, finansye, fizik, edikasyonèl, ak plis. Kèk bezwen gen pi gwo priyorite pase lòt. Kèk ladan yo nap gen mwayen pou ede; lòt ka oblije nou mande èd pou tèt nou. Nan efò nou pou ede reponn ak bezwen lòt moun, pa bliye apèl pou sèvi a gen ladann ede lòt moun pwogrese sou chemen alyans lan, ap prepare pou resevwa òdonans prètriz ki esansyèl pou egzaltasyon.

Anplis konsiltasyon konsènan bezwen yon moun oubyen fanmi l nou dwe chèche konnen pwenfò yo. Ak kisa yo pa bezwen èd? Ki abilite ak don yo genyen ki ka beni lòt moun? Nan ki fason yo gen kapasite inik pou ede konstwi wayòm Bondye a? Li kapab enpòtan pou nou konprann fòs yon moun menmjan ak bezwen l yo.

Konsilte avèk Papa nou ki nan Syèl la

Youn nan fasèt santral lafwa nou sèke Papa nou ki nan Syèl la pale ak pitit Li yo (gade Atik Lafwa 1:9). Lè nou resevwa yon nouvo asiyasyon pou nou sèvi yon moun, nou ta dwe konsilte ak Papa nou Ki nan Syèl la nan lapriyè, pou nou chache ide epi konprann bezwen ak fòs yo. Pwosesis konsiltasyon sa atravè lapriyè ta dwe kontinye pandan tout asiyasyon sèvis nou an.

Konsiltasyon avèk Moun yo ak Fanmi yo

Fason ak kilè nou apwoche moun ak fanmi nou aple pou nou sèvi yo kapab varye depann de sikonstans yo, men konsiltasyon dirèk avèk moun nan oubyen fanmi an esansyèl pou bati yon relasyon epi konprann bezwen yo, enkli kijan yo ta vle resevwa èd. Gen kèk kesyon ki ka bezwen tann jiskaske yon relasyon serye devlope. Pandan pa gen yon sèl fason korèk pou fè sa, konsidere bagay sa yo:

  • Chèche konnen kijan epi kilè yo prefere nou kontakte yo.

  • Aprann konsènan enterè yo ak kote yo soti.

  • Vini ak sikjesyon konsènan kijan ou ka ede, epi mande sikjesyon.

Lè nou bati konfyans, konsidere diskite bezwen endividyèl ak familyal yo. Poze kesyon jan Sentespri a enspire w. 1 Paregzanp:

  • Ak ki defi yo fè fas?

  • Kisa yo genyen kom objektif familyal oswa endividyèl? Paregzanp, èske yo vle vin pi bon nan fè sware familyal regilyèman, oubyen vin pi otonòm?

  • Kijan nou ka ede yo avèk objektif yo ak defi yo?

  • Ki òdonans levanjil k ap vini nan lavi yo? Nan ki fason nou ka ede yo prepare yo?

Sonje ofri yo èd spesifik, tankou, “Ki apremidi nou kapab pote manje pou ou semèn sa a?” Yon òf vag tankou, “Fè nou konnen si gen nenpòt bagay nou ka fè,” pa vrèman itil.

Konsiltasyon avèk Konpanyon Nou

Paske ou menm ak konpanyon w gendwa pa toujou ansanm lè ou nan entèaksyon ak moun nan oubyen fanmi an, li enpòtan pou kowòdone epi konsilte ansanm pou chache enspirasyon kòm konpayon. Men kèk kesyon pou ou konsidere:

  • Kijan epi chak kilè n ap kominike ak youn lòt kòm yon koup?

  • Kijan nou ka itilize fòs endividyèl nou yo pou nou sèvi bezwen moun ak bezwen fanmi nou yo?

  • Ki bagay ou te aprann, ki eksperyans ou te genyen, epi ki enspirasyon ou te resevwa depi dènye fwa ou te pale konsènan moun oubyen fanmi an.

Konsiltasyon avèk Lòt Moun ki Gen Menm tach la

Li ka yon bon bagay tanzantan pou pale ak lòt moun ki gen tach pou vizite menm moun oubyen menm fanmi nou genyen yo.

Kominike pou Leve Defi yo.

Elder Chi Hong (Sam) Wong nan Swasanndis la aplike yon istwa ki soti nan Mak 2 ak jou nou yo pou ilistre kijan konsiltasyon ansanm rann sa posib pou kat moun jwenn kijan pou yo pèmèt yon nonm ki gen paralizi vin nan prezans Jezi.

Elder Wong te di, “Sa siman te pase konsa.” Kat moun t ap ranpli yon tach evèk yo te ba yo pou y al fè vizit nan fwaye yon mesye ki te gen paralizi. … Nan dènye konsèy pawas la, apre yo te fin pale sou bezwen ki genyen nan pawas la, evèk la te ba yo tach pou yo t al “pote sekou.” Kat moun sa yo te gen tach pou yo t al ede mesye sa. …

“[Lè yo te rive nan kay kote Jezi te ye a,] chanm nan te twò boure. Yo pa t ka rantre nan pòt la. Mwen sèten yo te fè tout sa yo te kapab panse, men yo pa t ka antre. … Yo te konsilte ansanm pou yo te konnen kisa pou yo te fè—kòman yo ta pral mennen mesye sa a bay Jezi pou l te geri li. … Yo te deside yon plan—se pat yon plan fasil, men yo te aplike li.

“… ‘ Yo te dekouvri twatikay kote l te ye an: Apre yo te fin kraze l, yo te glise desann kabann kote nonm ki te gen paralizi la te kouche a (Mak 2:4). …

“… ‘Lè Jezi te wè lafwa yo, li te di nonm ki gen paralizi a, Pitit mwen, peche ou yo padonnen.’ (Mak 2:5).”2

Envitasyon pou Aji

Elder Dieter F. Uchtdorf nan Kolèj Douz Apot yo te di, “Fè konsiltasyon ansanm, itilize tout resous ki disponib, chèche enspirasyon Sentespri a, mande Senyè a konfimasyon Li, epi apresa, twouse manch nou epi al travay.

“M fè nou yon pwomès, si nou suiv modèl sa a, n ap resevwa direksyon pou konnen presizeman kimoun, kisa, kilè, ak ki kote pou nou rann sèvis nan fason Senyè a.” 3

Nòt

  1. Gade Preche Levanjil Mwen an: Yon Gid pou Sèvis Misyonè (2004), 183.

  2. Chi Hong (Sam) Wong, “Rescue in Unity,” Ensign oswa Lyawona, Nov. 2014, 14–15.

  3. Dieter F. Uchtdorf, “Providing in the Lord’s Way,” Lyawona, Nov. 2011, 55.