2018
Jwenn èd pou ede lòt moun
Oktòb 2018


Imaj
ministering

Prensip sèvis Pastoral,Oktòb 2018

Jwenn èd pou ede lòt moun

Kijan nou enplike lòt moun lè nou bezwen èd nan efò nou pou nou sèvi? Patisipe nan entèvyou sèvis pastoral ak nan reyinyon konsèy premye Dimanch yo.

Lè Kathy te gen sklewoz miltip sa te kite l sou chèz woulant, li te wè l bezwen asistans chak swa pou l te ka leve sou chèz woulant la pou l t al sou kabann ni. Travay la te twòp pou nenpòt manm. Donk kolèj ansyen an te fè konsèy sou sitiyasyon l lan epi yo te deside pou yo te fè yon orè pou te ede l chak swa. 1

Lè nou vin konn bezwen ak fòs moun n ap sèvi yo, nou ka twouve ke nou bezwen èd pou nou kapab ede yo. Entèvyou sèvis pastoral yo ak reyinyon konsèy premye Dimanch yo se de opòtinite nou genyen pou nou diskite kijan pou nou enplike lòt moun.

Entèvyou Sèvis Pastoral

Entèvyou trimestriyèl sa yo ant sè k ap sèvi yo ak prezidans Sosyete Sekou a oubyen frè k ap sèvi yo ak prezidans kolèj ansyen an se sèl rapò ofisyèl nou fè konsènan moun n ap sèvi yo. Antrevi a se yon opòtinite pou ke, omwen chak trimès, (1) nou pale osijè fòs, ak bezwen, ak pwoblèm fanmi oubyen moun nou anchaj yo, (2) nou detèmine ki bezwen kowòm nan, Sosyete Sekou, oswa konsèy pawas la ka satisfè, epi (3) nou aprann nan men lidè yo ak pou ankouraje moun nan travay sèvis pastoral yo a.

Prezidan kowòm ansyen an ak prezidant Sosyete Sekou a ap kominike bezwen enpòtan yo dirèkteman bay evèk la epi y ap resevwa konsèy ak direksyon nan men li.

Nou ka jwenn plis enfòmasyon konsènan antrevi sèvis pastoral yo nan ministering.lds.org.

Fè entèvyou sèvis ki gen sans

Pou l te sipòte deklarasyon Prezidan Russel M. Nelson nan ki di ke pwogram sèvis pastoral la ap yon pwen kle pou fè kous Legliz la vin balanse, Èldè Gary E. Stevenson nan Kolèj Douz Apot yo te ansenye: “Reyalizasyon vizyon l lan … ka baze sou fason frè ak sè k ap fè sèvis pastoral yo te anseye ak sou fason yo angaje yo nan antrevi sèvis pastoral la.”2

Men senk sigjesyon pou frè ak sè k ap fè sèvis pastoral yo:

  • Ale nan antrevi a pou yo chèche konsèy. Pare pou yo aprann.

  • Prepare pou yo pale sou bezwen yo ka bezwen èd pou yo satisfè.

  • Fokis sou fòs ak kapasite moun yo, pa sou bezwen yo sèlman.

  • Pale de rezilta ki ta ka montre ke sèvis ou a se yon siksè.

  • Kontakte prezidans lan pou n pale ansanm nan mitan antrevi trimestriyèl yo si gen bezwen.

Men senk konsèy pou dirijan yo:

  • Antrevi yo pa bezwen long, men mete ase tan apa pou nou pale ansanm nan yon kote ki pèmèt nou fè yon konvèsasyon ki valab.

  • Pwofite opòtinite pou sèvi frè oubyen sè k ap fè sèvis pastoral yo.

  • Pa poze kesyon ki bay enpresyon ke ou senpleman ap konte vizit oubyen ap tcheke yon kontak (“Èske w te fè sèvis pastoral ou?”). Poze kesyon ki ranfòse konpòtman nou vle yo (“Ki enspirasyon w te resevwa lè w te priye pou fanmi an? Kisa k te pase lè w te aji selon enspirasyon sa yo?”).

  • Koute sensèman epi pran nòt.

  • Chita ansanm an konsèy. Koup k ap fè sèvis pastoral yo gen dwa pou yo resevwa revelasyon pou moun yo gen tach pou vizite yo.

Kesyon ak repons konsènan Entèvyou Sèvis Pastoral yo

Kisa yon entèvyou sèvis pastoral ye?

Se yon diskisyon ant yon frè k ap sèvi ak yon manm nan prezidans kowòm ansyen an oubyen ant yon sè k ap sèvi ak yon manm nan prezidans Sosyete Sekou a nan yon kote ki pèmèt yo chèche ak resevwa enspirasyon nan men Sentespri a. Kòm rezilta, frè ak sè k ap fè sèvis pastoral yo kapab enspire pou yo veye, renmen, anseye, ak rekonfòte nan fason Sovè a.

Èske antrevi trimèstriyèl sa yo bezwen fèt an pèsòn?

Tipikman yo dwe fèt an pèsòn, men yo gen dwa fèt nan telefòn oubyen sou entènèt tou si reyinyon fasafas yo enposib. An jeneral, toude konpanyon yo dwe patisipe nan antrevi a lè sa apwopriye.

Ki objektif yon entèvyou sèvis pastoral?

Entèvyou sèvis pastoral yo se yon opòtinite pou frè ak sè k ap sèvi yo repase sitiyasyon aktyèl yo, pou yo fè plan pou lefiti, epi pou yo jwenn èd yo bezwen pou moun ak fanmi y ap sèvi yo. Se yon chans pou yo pale de ki resous kowòm nan ak Sosyete Sekou ka bay.

Kijan pou m jere pwoblèm konfidansyèl oswa delika yo?

Frè ak sè k ap sèvi yo dwe pataje enfòmasyon konfidansyèl yo sèlman avèk prezidan kowòm ansyen an oubyen prezidant Sosyete Sekou a—oubyen dirèkteman avèk evèk la. Yo pa dwe pataje enfòmasyon konfidansyèl oubyen delika yo nan reyinyon premye Dimanch yo.

Reyinyon Konsèy Premye Dimanch yo

Anplis entèvyou sèvis pastoral yo, reyinyon konsèy premye Dimanch yo se yon lòt fason pou enplike lòt moun nan sèvis pastoral la. Nan reyinyon Sosyete Sekou ak kowòm ansyen yo, moun k ap asiste yo ka resevwa enspirasyon nan men Lespri a ak nan men lòt moun ki nan gwoup la.

Objektif yon reyinyon konsèy se pou:

  • “Konseye ansanm sou responsiblite, opòtinite, ak pwoblèm lokal yo;

  • “Youn aprann de ide ak eksperyans lòt; epi

  • “Planifye fason pou n aji selon enpresyon nou resevwa nan men Lespri a.”3

Reyinyon konsèy yo plis pase diskisyon: reyinyon yo dirije nou pou nou aji endividyèlman oubyen antanke gwoup selon jan Lespri a enspire nou. Manm yo ka santi yon dezi pou yo akonpli travay Senyè a kòm rezilta reyinyon sa yo.

Envitasyon pou n aji

Èldè Jeffrey R. Holland nan Kolèj Douz Apot yo te di: “Priyè nou jodi a se pou chak gason ak chak fi—ak gason ak fi ki aje yo— angaje yo pi pwofondeman nan pran swen youn lòt, motive sèlman pa lanmou pi Kris la pou yo fè sa.”4

Nòt

  • Gade videyo Mesaj Mòmon “Lift,” lds.org/media-library.

  • Gary E. Stevenson, nan “Ministering Interviews” (video), ministering,lds.org.

  • Vini, Swiv Mwen—Pou Prètriz Mèlkisedèk ak Sosyete Sekou, nan Ensign oswa Lyawona, Nov. 2017, 140; li disponib nan comefollowme.lds.org tou.

  • Jeffrey R. Holland, “Rete Avèk epi Fòtifye Yo,” Ensign oubyen Lyawona Me 2018, 103.