Ekriti yo
1 Nefi 6


Chapit 6

Nefi ekri konsènan zafè Bondye yo—Objektif Nefi se pou l konvenk lèzòm pou yo vin jwenn Bondye Abraram nan e pou yo sove. Anviwon 600–592 anvan Jezikri.

1 Epi kounyeya, mennmwen Nefi, m pa bay jeneyaloji zansèt mwen yo nan pati asa a ke m ap ekri a; ni tou m p ap ekri l pita sou bplak sa yo m ap ekri a, paske li ekri nan rejis cpapa m te ekri yo; se poutèt sa, m pa ekri l nan rejis sa a.

2 Paske li ase pou m di sèlman, nou se desandan aJozèf.

3 Epi li pa nesesè pou mwen pou m rakonte tout zèv papa m yo, m pa kapab ekri yo sou aplak sa yo, paske m vle plas la pou m kapab ekri zèv Bondye yo.

4 Paske, tout entansyon m se pou m akonvenk lèzòm pou yo bvin jwenn Bondye Abraram nan, ak Bondye Izarak la, ak Bondye Jakòb la, e pou yo sove.

5 Se poutèt sa, m pa ekri bagay ki pou fè mond lan aplèzi, men, mwen ekri bagay ki fè Bondye ak moun ki pa nan mond sa a plezi.

6 Se poutèt sa, m ap bay desandan m yo kòmandman pou yo pa ankonbre plak sa yo avèk bagay ki pa nesesè pou pitit lèzòm.