Ekriti yo
1 Nefi 7


Chapit 7

Pitit gason Leyi yo retounen Jerizalèm e yo envite Ismayèl ak fanmi l pou vwayaje avèk yo—Laman ak kèk lòt fè rebèl—Nefi egzòte frè l yo pou yo gen lafwa nan Senyè a—Yo mare l avèk kòd e yo planifye destriksyon l—li libere pa pouvwa lafwa—Frè l yo mande padon—Leyi ak konpayon l yo ofri sakrifis ak olokòs yo. Anviwon 600–592 anvan Jezikri.

1 Epi kounyeya, m ta vle pou nou konnen, lè papa m Leyi te fin apwofetize konsènan desandan li yo, se te konsa, Senyè a te pale avèk li ankò, li di l se pa byen pou li menm, Leyi, ta mennen fanmi l yo pou kont yo nan dezè a; men pitit gason li yo ta dwe pran bfi pou yo cmarye, pou yo kapab elve desandan pou Senyè a nan tè pwomiz la.

2 Epi, se te konsa, Senyè a te akòmande l pou l di mwen menm, Nefi, ak frè m yo retounen ankò nan peyi Jerizalèm, e pou nou mennen Ismayèl ak fanmi l desann nan dezè a.

3 Epi, se te konsa, mwen menm Nefi, m te sòti aankò avèk frè m yo nan dezè a pou nou monte al Jerizalèm.

4 Epi, se te konsa, nou te monte lakay Ismayèl, Ismayèl te favorize nou, konsa nou te pale li pawòl Senyè a yo.

5 Epi, se te konsa, Senyè a te tèlman touche kè Ismayèl ak moun lakay li yo, yo te vwayaje desann nan dezè a avèk nou kote tant papa nou an.

6 Epi, se te konsa, pandan nou t ap vwayaje nan dezè a, Laman ak Lemyèl epi de nan pitit fi Ismayèl yo ak de pitit agason Ismayèl yo, ak fanmi yo te fè rebèl kont nou; wi, yo te fè rebèl kont mwen menm Nefi ak Sam epi papa yo, Ismayèl, ak madanm li ak twa lòt pitit fi li yo.

7 Epi, se te konsa, nan rebelyon sa a, yo te vle retounen nan peyi Jerizalèm.

8 Epi, kounyeya, mwenmenm Nefi, m ate tris poutèt kè yo te di, se poutèt sa m te pale avèk yo, m di, wi, m te pale menm avèk Laman e avèk Lemyèl: Nou wè, nou se gran frè m, e kòman fè kè nou di konsa, epi panse nou tèlman avèg, mwen menm ki ti frè nou, pou m oblije pale nou, wi pou m oblije trase egzanp pou nou?

9 Kòman nou fè pa koute pawòl Senyè a?

10 Kòman nou fè abliye nou te wè yon zanj Senyè a?

11 Wi, epi kòman nou fè bliye gran bagay yo Senyè a te fè pou nou, lè li te adelivre nou anba men Laban, epi pou nou te kapab jwenn rejis yo?

12 Wi, e kòman nou fè bliye Senyè a kapab fè tout abagay daprè volonte l pou pitit lèzòm, si yo egzèse blafwa nan li? Se poutèt sa, an nou gen lafwa nan li.

13 Epi si nou gen lafwa nan li, n ap jwenn atè pwomiz la; epi n ap konnen nan yon tan k ap vini, pawòl Senyè a gen pou l akonpli konsènan bdestriksyon Jerizalèm nan; paske tout bagay Senyè a te pale konsènan destriksyon Jerizalèm nan dwe akonpli.

14 Paske gade Lespri Senyè a pral sispann lite avèk yo talèkonsa; paske gade, yo te arejte pwofèt yo e yo te jete bJeremi nan prizon. Epi yo te tèlman vle detwi clavi papa m, yo te chase l sòti nan peyi a.

15 Kounyeya gade m di nou konsa, si nou retounen Jerizalèm n ap peri avèk yo tou. Kounyeya si se sa nou chwazi, monte nan peyi a e sonje pawòl m pale nou yo, si nou ale n ap peri tou; paske se konsa Lespri Senyè a oblije m pale.

16 Epi, se te konsa, lè mwen menm Nefi, m te fin pale frè m yo pawòl sa yo, yo te fache kont mwen. Epi, se te konsa, yo te mete men sou mwen, paske yo te fache anpil, e yo te amare m avèk kòd e yo te chèche detwi lavi m pou yo kapab kite m nan dezè a pou bèt sovaj devore m.

17 Men, se te konsa, m te priye Senyè a, m di: O, Senyè, daprè lafwa m gen nan ou, tanpri, delivre m anba men frè m yo; wi ban m fòs pou m kapab menm akase kòd sa yo ki mare m nan.

18 Epi, se te konsa, lè m te fin di pawòl sa yo, gade, kòd la te demare sòti nan men m ak pye m yo, epi m te kanpe devan frè m yo e m te pale avèk yo ankò.

19 Epi, se te konsa, yo te fache kont mwen ankò, e te vle mete men yo sou mwen; men, youn nan pitit afi Ismayèl yo, ak manman l, ak youn nan pitit gason Ismayèl yo te sipliye frè m yo jistan kè yo te touche; e yo te sispann chèche detwi lavi m.

20 Epi, se te konsa, yo te tèlman gen lapenn poutèt mechanste yo, yo te bese devan m epi yo te sipliye m pou m ta padone yo pou sa yo te fè kont mwen an.

21 Epi, se te konsa, m te padone yo aktoutkè pou sa yo te fè, e m te egzòte yo pou yo priye Senyè Bondye yo a pou apadon. Epi yo te fè sa. E, se te konsa, lè yo te fin priye Senyè a nou te vwayaje ankò nan direksyon tant papa nou an.

22 Epi, se te konsa, nou te desann nan tant papa nou an. Epi apre mwen menm ak frè m yo ak tout lafanmi Ismayèl te fin desann nan tant papa m nan, yo te bay Senyè Bondye yo a aremèsiman; e yo te ofri l bsakrifis ak olokòs yo.