Ekriti yo
1 Nefi 8


Chapit 8

Leyi wè pyebwa ki bay lavi a nan vizyon—Li manje nan fwi pyebwa a, e li vle moun lakay li fè menm jan—Li wè yon bafè, yon wout etwat e kwense, ak yon gouf tenèb ki vegle je lèzòm—Sariya, Nefi ak Sam manje nan fwi a, men Laman ak Lemyèl refize. Anviwon 600–592 anvan Jezikri.

1 Epi, se te konsa, nou te rasanble divès semans, tout kalite grenn ak tout kalite semans ki kapab genyen.

2 Epi, se te konsa, pandan papa m te rete nan dezè a, li di nou konsa: Koute, mwen te a yon rèv; oubyen di, mwen te fè yon bvizyon.

3 Epi gade, poutèt bagay m te wè a, m gen rezon pou m rejwi nan Senyè a pou aNefi ak pou Sam; paske m gen rezon pou m sipoze yomenm ak anpil nan jenerasyon yo pral sove.

4 Men, aLaman ak Lemyèl, m pè anpil pou nou; Paske, m sonje m te wè yon dezè fènwa ki dezole nan rèv mwen an.

5 Epi, se te konsa, m te wè yon nonm abiye avèk yon awòb blan ki te vin kanpe devan m.

6 Epi, se te konsa, nonm nan te pale avèk mwen, e li te kòmande m pou m suiv li.

7 Epi, se te konsa, lè m te suiv li, m te wè m nan mitan yon dezè fènwa ki te dezole.

8 Epi lè m te fin vwayaje pandan yon pakèt tan nan fènwa, m te kòmanse priye Senyè a pou l ta gen amizerikòd pou mwen, daprè tout kantite mizèrikòd byenveyan li yo.

9 Epi, se te konsa, lè m te fin priye Senyè a m te wè yon gwo ateren byen laj.

10 Epi, se te konsa, m te wè yon apyebwa, ki te gen bfwi dezirab pou fè kè moun kontan.

11 Epi, se te konsa, m te ale e m te manje nan afwi pyebwa a; m te wè li te pi dous, pase tout fwi m te janm goute. Wi, e m te wè fwi a te blan, pi blan pase tout bsa ki blan m te janm konn wè.

12 Epi, lè m te manje nan fwi a, li te ranpli nanm mwen avèk anpil alajwa; se poutèt sa m te kòmanse bvle pou fanmi m ta manje ladan l tou; paske m te konnen li pi cdezirab pase tout lòt fwi.

13 Epi lè m te vire je m toupa tou, pou m te kapab petèt dekouvri fanmi m tou, m te wè yon arivyè dlo; li t ap koule, e li te pre pyebwa ki gen fwi m te manje a.

14 Epi, m te gade pou m wè kote rivyè a te sòti; e m te wè tèt dlo a yon ti jan pi lwen; e nan tèt dlo a, m te wè manman nou, Sariya, Sam ak Nefi e yo te kanpe tankou yo pa konnen kote pou yo ale.

15 Epi, se te konsa, m te fè yo siy; e m te di yo avèk yon vwa fò, pou yo vin jwenn mwen pou yo te kapab manje nan fwi a, ki te pi dezirab pase tout lòt fwi.

16 Epi, se te konsa, yo te vin jwenn mwen e yo te manje nan fwi a tou.

17 Epi, se te konsa, m te vle pou Laman ak Lemyèl ta vin manje nan fwi a tou; se poutèt sa, m te voye je m nan direksyon tèt rivyè a pou m te wè si petèt m ta kapab wè yo.

18 Epi, se te konsa, m te wè yo, men yo apa t vle vin jwenn mwen pou yo manje nan fwi a.

19 Epi m te wè yon abafè ki pase sou kote rivyè a, epi li te mennen nan pyebwa kote m te kanpe a.

20 Epi tou m te wè yon wout aetwat e kwense, ki te mache ak bafè a, ale jis bò pyebwa kote m te kanpe a; epi tou li te mennen nan tèt dlo a, jis nan yon gwo bteren byen laj, tankou se te lemondantye.

21 Epi m te wè anpil moun, anpil ladan yo t ap mache vit pou yo te kapab rive sou awout ki te mennen nan pyebwa kote m te kanpe a.

22 Epi, se te konsa, yo te vini e yo te derape sou wout ki mennen nan pyebwa a.

23 Epi, se te konsa, te gen yon agouf tenèb ki te leve; wi, yon gouf tenèb tèlman gran, moun yo ki te derape sou wout la te pèdi chemen yo, yo te egare, e yo te pèdi.

24 Epi, se te konsa, m te wè lòt moun ki t ap mache vit, yo te vini e yo te kenbe pwent bafè a; yo te mache vit atravè gouf tenèb la, yo te kenbe bafè a byendi jistan yo te vin rive manje nan afwi pyebwa a.

25 Epi, lè yo te fin manje nan fwi pyebwa a, yo te vire je yo toupatou tankou yo te awont.

26 Epi, m te voye je m toupatou, e m te wè, lòtbò rivyè dlo a, yon gwo kay abyenlaj; e se te tankou l te kanpe sispandi anlè, san okenn sipò atè.

27 Epi li te chaje a moun, gran moun kon jèn moun, gason kon fi; e fason yo te abiye a te rafine anpil; li te asanble yo t ap moke e yo t ap lonje dwèt sou moun ki te fin manje nan fwi a.

28 Epi lè yo te fin agoute nan fwi a, yo te bwont poutèt lòt moun yo ki t ap pase yo nan betiz; e yo te ctonbe sou wout entèdi yo, e yo te pèdi.

29 Kounyeya, mwen menm Nefi, m pa pale atout pawòl papa m yo.

30 Men, pou m fè istwa a pi kout; li te wè pakèt lòt moun ki t ap mache vit; yo te vini e yo te kenbe pwent abafè a; yo te mache vit sou wout yo, yo te kontinye kenbe bafè a byendi jistan yo te vini, yo te tonbe e yo te manje nan fwi pyebwa a.

31 Epi li te wè lòt akantite moun ki t ap tatonnen pou jwenn chemen yo nan direksyon gwo kay byenlaj.

32 Epi, se te konsa, anpil moun te nwaye anba pwofondè afontèn nan; e anpil lòt te pèdi devan je l, yo te egare nan yon wout etranj.

33 Epi, kantite moun ki te antre nan gwo kay etranj la te anpil. Lè yo te fin antre andedan gwo kay la, yo te lonje dwèt asou mwen ak tout lòt moun ki te manje nan fwi a pou yo pase nou nan betiz; men nou pa okipe yo.

34 Men pawòl papa m yo: Tout moun ki te aokipe yo te pèdi.

35 Papa m di konsa, aLaman ak Lemyèl pa t manje nan fwi a.

36 Epi, se te konsa, lè papa m te fin pale tout pawòl rèv oubyen vizyon li a, ki te anpil, li te di nou konsa, poutèt bagay sa yo li te wè nan yon vizyon, li te pè anpil pou Laman ak Lemyèl; wi, li te pè pou Senyè a pa rejte yo nan prezans li.

37 Epi, lè sa a, li te egzòte yo avèk tout santiman yon apapa ki sansib, pou yo ta koute pawòl li, petèt sa ta fè Senyè a gen mizèrikòd pou yo, pou l pa chase yo; wi, papa m te preche yo.

38 Epi lè l te fin preche yo, ak pwofetize yo anpil bagay, li te kòmande yo pou yo respekte kòmandman Senyè a yo; e li te sispann pale avèk yo.