Ekriti yo
2 Nefi 14


Chapit 14

Siyon ak pitit fi li yo pral rachte e pirifye nan jou milenyòm nan—Konpare Ezayi 4. Anviwon 559–545 anvan Jezikri.

1 Epi, jou sa a, sèt fi pral poze men sou yon gason, epi yo pral di: Nou p ap mande ni manje, ni rad; nou sèlman vle pote non w pou efase akritik nou yo.

2 Jou sa, abranch Senyè a pral bèl e li pral glorifye; fwi tè a pral ekselan e li pral bèl pou tout moun ki chape nan Izrayèl.

3 Epi, se pral konsa, moun ki rete nan Siyon e ki rete nan Jerizalèm pral pote non sen, tout moun ki gen non yo ekri nan pami vivan Jerizalèm yo—

4 a Senyè a blave salte pitit fi Siyon yo, e lè l fin prije san Jerizalèm nan mitan yo avèk lespri jijman, e avèk lespri cdife.

5 Epi, sou tout kay ki sou mòn Siyon, ak sou asanble li yo, Senyè a pral fè parèt yon anyaj ak lafimen, lajounen, ak yon dife limen lan nuit; paske laglwa Siyon pral yon defans sou tout moun.

6 Epi pral gen yon tabènak kòm lonbraj lajounen kont chalè a, kòm yon plas arefij ak yon kouvèti kont siklòn ak lapli.