Ekriti yo
2 Nefi 16


Chapit 16

Ezayi wè Senyè a—Peche Ezayi yo padone—Li resevwa apèl pou l pwofetize—Li pwofetize konsènan Juif yo ki rejte ansèyman Jezikri yo—Yon rès pral retounen—Konpare Ezayi 6. Anviwon 559–545 anvan Jezikri.

1 Nan aane wa Ozyas te mouri a, m te wè Senyè a chita sou yon twòn, ki wo anpil, e bvwal li te ranpli tanp la.

2 Anlè twòn nan te gen aserafen yo; chak te gen sis zèl; yo chak te kouvri figi yo avèk de, yo te kouvri pye yo, epi yo te vole ak de sa ki te rete yo.

3 Epi, youn te di lòt avèk yon vwa fò: Senyè tout Lame yo sen, sen, sen; tout tè a ranpli avèk glwa li.

4 Vwa sila ki te rele a te fè apoto yo ki nan pòt la deplase, e kay la te plen ak lafimen.

5 Epi, m te di: Malè pou mwen! paske am pèdi; paske m se yon nonm ki gen bouch sal; m rete nan mitan yon pèp ki gen bouch sal; e je m te wè Wa a, Senyè tout Lame yo.

6 Lè sa a, youn nan serafen an te vole vin jwenn mwen avèk yon achabon dife tou limen nan men l, li te pran l sou lotèl la avèk yon pensèt;

7 E li te depoze l sou bouch mwen, e li di: Bagay sa a te touche bouch ou; ainikite ou yo efase, e m prije peche w yo.

8 M te tande vwa Senyè a tou, li te di: Kiyès moun m ap voye, e kiyès ki prale pou nou? Epi, m di: Men mwen; voye m.

9 Epi, li te di: Ale e di pèp sa a—Sètènman ou tande, men ou pa t konprann; sètènman ou wè, men ou pa t pèsevwa.

10 Fè kè pèp sa a ensansib, fè zòrèy yo angoudi, e fèmen je yo—pou yo pa wè avèk je yo, pa tande avèk azòrèy yo, pa konprann avèk kè yo, pou yo kapab pa konvèti pou yo geri.

11 Epi, m te di: Senyè a, pou konbyen tan? E, li te di: Jistan vil yo vin vid nèt, san moun, kay yo san moun, e peyi a dezole antyèman;

12 Epi, Senyè a te avoye tout moun byen lwen, paske peyi a pral abandone nèt.

13 Men, gen yon dizyèm ki pral retounen, yo pral manje yo tankou yon pye tiyèl, ak yon pye bwatchèn ki konsève boujon yo lè fèy yo tonbe; konsa, desandan sen an se aboujon yo.

      • SVD 750 anvan Jezikri.

      • SVD woulèt rad li, oubyen jip yo.

      • NLE li vle di fondasyon pòtay yo te tonbe.

      • NLE li vle di koupe, sa vle di te tris akoz peche li yo ak peche pèp li a.

      • SVD senbòl pirifikasyon.

      • SVD menm jan ak yon pye bwa, menm si fèy li yo gaye, li konseve nan li lavi ak kapasite pou bay fwi.