Ekriti yo
2 Nefi 17


Chapit 17

Efrayim ak Siri fè lagè kont Jida—Jezikri la pral fèt epi manman li ap yon vyèj—Konpare Ezayi 7. Anviwon 559–545 anvan Jezikri.

1 Epi, se te konsa, e epòk Akaz, pitit gason Jotam nan, pitit gason Ozyas la, wa Jida a; Retsen, wa Siri a ak Peka, pitit gason Remalya, wa Izrayèl la, te monte pou yo fè lagè kont Jerizalèm, men yo pa t kapab bat li.

2 Epi, li te pale avèk kay David la, li di: Siri mete ansanm avèk aEfrayim. Epi, kè l ak kè pèp li a tranble tankou lè van ap souke fèy bwa nan forè a.

3 Apre sa, Senyè te di Ezayi: Al rankontre Akaz kounyeya, ou menm ak aChea-Jachoub, pitit gason ou nan, nan pwent chemen ki bò anwo lak ki pase kote gwo wout bò kote jaden foulon an;

4 Epi, di li: Fè atansyon, rete trankil; apa pè anyen, e pa kite kè ou twouble devan de bout bwa limen k ap fè lafimen yo, poutèt vye kòlè Retsen avèk Siri a, ak pitit gason Remalya a.

5 Paske Siri, Efrayim ak pitit gason Remalya a, yo te fè konplo sou ou, yo di:

6 An nou monte kont Jida, an nou atake l an nou louvri ayon pòt pou nou kapab mete yon wa sou tèt li; wi, pitit gason Tabeèl la.

7 Konsa Senyè Bondye di konsa: Plan sa a gen pou l tonbe nan dlo, li p ap akonpli.

8 Paske Damas anlè tèt Siri, Retsen anlè tèt Damas; e nan swasant-senk ane Efrayim pral separe epi li p ap yon pèp ankò.

9 Samari anlè tèt Efrayim, e pitit gason Remalya anlè tèt Samari. Si ou apa vle kwè, sètènman, ou p ap reziste.

10 Apre sa, Senyè a te pale avèk Akaz ankò, li di:

11 Mande Senyè Bondye w la yon asiy; mande l anba nan ravin fon, oubyen anlè nan syèl la.

12 Men Akaz te di: M p ap mande, ni tou m pa vle atante Senyè a.

13 Epi, li te di: Kounyeya, O kay David la, koute; èske li pa ase pou ou fatige lèzòm, men ou vle fatige Bondye m nan tou?

14 Se poutèt sa, Senyè a li menm pral ba ou yon siy—Gade, yon avyèj pral ansent, li pral fè yon pitit gason, e li pral pote non bEmanyèl.

15 Li pral manje bè ak siwo myèl, pou l kapab konnen pou l refize mal, e pou l chwazi byen.

16 Paske, anvan atimoun nan konnen pou l refize mal, e pou l chwazi byen, peyi ou pa renmen an pral pèdi btou de wa li yo.

17 Senyè a pral alage sou ou, sou pèp ou a, ak sou kay papa w la, kèk jou ki pa t janm rive depi lè bEfrayim te kite Jida, wa Asiri a.

18 Epi, se pral konsa, jou sa a, Senyè pral asoufle mouch ki lòtbò nan pwent Ejip ak myèl ki nan peyi Asiryen yo.

19 Epi, yo tout pral vin poze nan vale dezole yo, nan twou wòch yo, sou tout pikan yo ak sou raje yo.

20 Menm jou sa a, Senyè a pral lwe yon arazwa moun yo ki lòtbò rivyè a, ak bwa Asiri a, pou l raze tèt, ak pwal janm yo; e li pral boule bab yo tou.

21 Epi, se pral konsa, jou sa a, yon nonm pral anouri yon vach bèf ak de mouton;

22 Epi, se pral konsa, pou kantite lèt yo pral bay moun pral manje bè; paske tout moun ki rete nan peyi sa a pral manje bè ak siwo myèl pou nouriti yo.

23 Epi, se pral konsa, jou sa a, chak kote ki te gen mil kawo jaden pou mil pyès monnen pral kouvri avèk raje ak pikan.

24 Moun pral vini avèk flèch, peyi paske tout a pral kouvri avèk raje ak pikan.

25 Epi moun p ap pè raje ak pikan yo nan tout kolin yo, ki pral vin plat anba kout pikwa, okontrè yo pral mennen towo bèf ak kabrit manje sou yo.