Ekriti yo
2 Nefi 22


Chapit 22

Tout moun pral louwe Senyè a nan jou milenyòm nan—Li pral rete nan pami yo—Konpare Ezayi 12. Anviwon 559–545 anvan Jezikri.

1 Epi, jou sa a, ou pral di: O Senyè, m ap louwe w; malgre ou te fache kont mwen, kòlè w sispann, epi w ban m kouraj.

2 Gade, Bondye se sali m; m ap akwè, e m p ap pè; paske Senyè a bJewova se fòs mwen ak chante mwen; li vin tounen sali m tou.

3 Se poutèt sa, ou pral tire adlo nan pwi sali yo ak lajwa.

4 Epi, jou sa a nou pral di: aLouwe Senyè a, rele non li, pale sa li fè nan pami pèp, la fè konnen non li egzalte.

5 aChante pou Senyè a; paske li te fè bagay ki ekselan; tout tè a konn sa.

6 Nou menm abitan Siyon yo, louvri bouch nou laj, arele paske Sen Izrayèl la gran nan pami nou.